Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Numbers 23 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Balaam told Balak, "Build me seven altars here, prepare seven bulls and seven rams for me here." Alò, Balaam te di a Balak: “Bati sèt lotèl pou mwen isit la, e prepare sèt towo pou mwen isit la.”
2 Balak did as Balaam said; Balak and Balaam offered a bull and a ram on each altar. Balak te fè ojis sa ke Balaam te pale a. Balak avèk Balaam te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl.
3 Balaam told Balak, "Stand by your burnt offering while I go; maybe God will meet me, and I'll tell you whatever he shows me." Then he went to a bare height. Balaam te di a Balak: “Kanpe bò kote ofrann brile pa w la, e mwen va ale. Petèt SENYÈ a va vin rankontre m, e nenpòt sa ke Li montre mwen, mwen va di ou li.” Konsa, li te ale kote yon ti mòn ki pa t gen anyen sou li.
4 Our Father met Balaam, who said to him, "I have set up seven altars and offered a bull and ram on each altar." Bondye te rankontre Balaam, e li te di Li: “Mwen te ranje sèt lotèl yo, e mwen te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl.”
5 Our Father put a word in Balaam's mouth: "Return to Balak and say this." Konsa, SENYÈ a te mete yon pawòl nan bouch Balaam. Li te di: “Retounen kote Balak. Ou va pale konsa.”
6 He went back to Balak—there Balak stood beside his burnt offering, with all the princes of Moab. Konsa, li te retounen kote li. E gade byen, Balak te kanpe bò kote ofrann brile li a; li menm avèk tout chèf Moab yo.
7 He took up his oracle and said: "From Aram Balak brought me, Moab's king from the eastern mountains: Come, curse Jacob for me; come, denounce Israel. Balaam te pran diskou li, e te di: “Depi nan Aram, Balak te mennen m, wa Moab ki soti nan mòn Lès yo. ‘Vin modi Jacob pou mwen. Vin denonse Israël!’
8 How can I curse those our Father has not cursed? How can I denounce those our Father has not denounced? Kijan mwen kapab modi, lè Bondye pa t modi? Epi kijan mwen kapab denonse sila ke SENYÈ a pa t denonse?
9 From the top of the rocks I see them, from the hills I look on them: a people dwelling alone, not counting itself among the nations. “Jan mwen konn wè li soti anwo nan pwent wòch yo, e mwen gade li depi sou kolin yo. Gade byen, yon pèp ki rete apa, ki p ap kab konte pami nasyon yo.
10 Who can count the dust of Jacob or number even a fourth of Israel? Let me die as the upright die, and let my end be like theirs!" Kilès ki kab konte pousyè a Jacob, oswa konte menm yon ka an Israël? Kite mwen mouri lanmò a jis yo, pou lafen pa mwen an tankou pa li.”
11 Balak said to Balaam, "What have you done to me? I brought you to curse my enemies, and look—you've only blessed them!" Konsa, Balak te di a Balaam: “Kisa ou te fè m konsa? Mwen te pran ou pou modi lènmi mwen yo, e gade byen, ou te vrèman beni yo!”
12 He answered, "Must I not be careful to say what God puts in my mouth?" Li te reponn: “Èske mwen pa oblije fè atansyon pou pale sa ke SENYÈ a mete nan bouch mwen?”
13 Then Balak said, "Please come with me to another place where you can see them. You will see only their outer edge, not all of them, and curse them for me from there." Alò Balak te di li: “Souple, vin avèk mwen nan yon lòt kote pou ou ka wè yo. Malgre w ap wè sèlman ti bout a dènye pwent lan, e ou p ap wè tout a yo. Modi yo pou mwen depi la.”
14 He took him to the field of Zophim, to the top of Pisgah, built seven altars, and offered a bull and a ram on each. Konsa, li te pran li rive nan chan Tsophim nan, nan pwent Mòn Pigsa a. Li te bati sèt lotèl e li te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl.
15 Balaam said to Balak, "Stand here by your burnt offering while I meet with him over there." Konsa, li te di a Balak: “Kanpe bò kote ofrann brile ou a, pandan mwen menm, mwen ap rankontre SENYÈ a soti lòtbò.”
16 Our Father met Balaam, put a word in his mouth, and said, "Return to Balak and say this." Alò, SENYÈ a te rankontre Balaam e Li te mete yon pawòl nan bouch li. Li te di li: “Retounen jwenn Balak, e konsa ou va pale.”
17 He came to him—there, standing by his burnt offering, with Moab's princes. Balak said to him, "What has God spoken?" Li te vin kote li, e gade byen, li te kanpe bò kote ofrann brile pa li a, epi chèf Moab yo te avèk li. Konsa, Balak te di li: “Kisa SENYÈ a te pale a?”
18 He took up his oracle: "Rise, Balak, and hear; listen to me, son of Zippor: Alò, li te pran diskou li. Li te di: “Leve ou menm, O Balak, pou tande! Ban m zòrèy ou, O fis a Tsippor!
19 Our Father is not a man, that he should lie, nor a son of man, that he should change his mind. Has he ever said something and not done it? Has he ever spoken and not fulfilled it? Bondye se pa yon nonm ke li ye pou L ta bay manti, ni fis a yon nonm pou L ta repanti. Èske Li pa t pale, e èske Li p ap fè l vrè?
20 Look, I have received a command to bless. He has blessed, and I cannot revoke it. Gade byen, mwen te resevwa lòd pou beni. Lè se Li menm ki beni, alò, mwen p ap kab revoke sa.
21 He has seen no misfortune in Jacob, nor seen trouble in Israel. Our Father is with him, and the shout of a King is among them. Li pa t wè malè nan Jacob, ni Li pa t wè twoub nan Israël. SENYÈ a, Bondye li a avè l, epi gran vwa a yon wa pami yo.
22 Our Father, who brought them out of Egypt, is for them like the horns of the wild ox. Bondye mennen yo sòti an Égypte. Li pou yo tankou kòn sou bèf mawon.
23 There is no enchantment against Jacob, no divination against Israel. Now it will be said of Jacob and of Israel, 'See what our Father has done!' Paske, nanpwen wanga kont Jacob, ni pa gen divinasyon kont Israël. Nan tan etabli a, li va pale a Jacob, e a Israël de sa Bondye te fè a!
24 Look, a people rising up like a lioness, rousing itself like a lion; it will not lie down until it devours the prey and drinks the blood of the slain." Gade byen, yon pèp ki leve tankou yon manman lyon, tankou yon lyon li leve li menm. Ni li p ap kouche jiskaske li fin devore viktim nan, pou l bwè san a sila li touye a.”
25 Balak said to Balaam, "Don't curse them at all, and don't bless them at all!" Alò, Balak te pale a Balaam: “Pa modi yo ditou, ni pa beni yo ditou!”
26 But Balaam answered Balak, "Didn't I tell you I must do all that God says?" Men Balaam te reponn a Balak: “Èske mwen pa t di ou, ‘Nenpòt sa ke SENYÈ a pale, se sa mwen oblije fè’?”
27 Balak said to Balaam, "Come, let me take you elsewhere. Maybe God will let you curse them for me from there." Alò Balak te di a Balaam: “Souple, vini; mwen va mennen ou yon lòt kote. Petèt li va agreyab a Bondye pou ou modi yo depi kote sa a.”
28 So Balak took Balaam to the top of Peor, which overlooks the wasteland. Konsa, Balak te pran Balaam vè tèt mòn Peor ki domine tout dezè a.
29 Balaam told Balak, "Build me seven altars here, and prepare seven bulls and seven rams here." Balaam te di a Balak, “Bati sèt lotèl pou mwen isit la, e prepare sèt towo ak sèt belye pou mwen isit la.”
30 Balak did as Balaam had said, and offered a bull and a ram on each altar. Balak te fè jan ke Balaam te di a, e li te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]