Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Numbers 22 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then the Israelites set out and camped in the plains of Moab beyond the Jordan, opposite Jericho. Fis a Israël yo te vwayaje pou te fè kan an nan plèn Moab yo, fin kite Jourdain an, anfas Jéricho.
2 Now Balak son of Zippor saw all that Israel had done to the Amorites. Alò Balak, fis Tsippor te wè tout sa ke Israël te fè a Amoreyen yo.
3 Moab feared the people greatly, for they were many; Moab dreaded the Israelites. Konsa, Moab te nan gran perèz akoz pèp la, pwiske yo te anpil; Moab te sezi avèk gwo laperèz akoz fis Israël yo.
4 Moab said to Midian's elders, "This horde will lick up everything around us, as an ox licks up field grass." Balak son of Zippor was king of Moab then. Moab te di a ansyen yo a Madian: “Alò, bann moun sa yo va devore tout sa ki antoure nou, jan yon bèf devore zèb nan chan.” Balak, fis a Tsippor a te wa Moab nan tan sa a.
5 He sent messengers to Balaam son of Beor at Pethor, by the Euphrates in his people's land, to summon him. He said, "Look, a people has come out of Egypt. Look, they cover the face of the land, and have settled facing me. Konsa, li te voye yon mesaje vè Balaam, fis a Beor a nan Pethor, ki toupre Rivyè a, nan peyi a fis pèp li a. Li te di: “Gade byen, yon pèp te sòti an Égypte. Gade byen, yo kouvri sifas peyi a, e y ap viv anfas mwen.
6 Come, please curse this people for me—they are stronger than I am. Maybe then I can strike them and drive them from the land, for I know: whoever you bless is blessed, and whoever you curse is cursed." Alò, pou sa, silvouplè, vin mete yon madichon sou pèp sa a pou mwen; paske, yo twò pwisan pou mwen. Petèt mwen kapab fin bat yo, e pouse yo ale deyò peyi a. Paske mwen konnen ke sila ke ou beni an, beni, e sila ke ou modi a, modi.”
7 The elders of Moab and elders of Midian went, fortune-telling fees in their hand, and came to Balaam and told him Balak's words. Konsa, ansyen a Moab yo avèk ansyen a Madian yo te pati avèk frè pou peye divinasyon nan men yo. Yo te vin kote Balaam pou te repete pawòl a Balak yo pou li.
8 He said to them, "Stay here tonight, and I'll bring back word as God speaks to me." So the officials of Moab stayed with Balaam. Li te di yo: “Pase nwit lan isit la, e mwen va pote yon pawòl bannou jan SENYÈ a kab petèt pale avè m.” Epi dirijan Moab yo te rete avèk Balaam.
9 Then our Father came to Balaam and said, "Who are these men with you?" Epi Bondye te vini a Balaam, e Li te di: “Ki moun sa yo ye ki avèk ou la a?”
10 Balaam said to our Father, "Balak son of Zippor, king of Moab, has sent word to me: Balaam te di a Bondye: “Balak, fis a Tsippor a, wa Moab la te voye yon pawòl ban mwen.
11 Look, the people who came out of Egypt cover the land's face. Come now, curse them for me—maybe I can fight against them and drive them out." ‘Gade byen, gen yon pèp ki sòti an Égypte, yo kouvri sifas peyi a. Alò, vin modi yo pou mwen. Petèt mwen kapab goumen kont yo, e pouse yo deyò.’”
12 But our Father told Balaam, "Do not go with them. Do not curse the people, for they are blessed." Bondye te di a Balaam: “Pa ale avèk yo. Ou p ap modi pèp la, paske yo beni.”
13 Balaam got up that morning and told Balak's officials, "Return to your land—God has refused to let me go with you." Konsa, Balaam te leve nan maten e li te di a chèf Balak yo: “Ale retounen nan peyi nou, paske SENYÈ a refize kite mwen ale avèk nou.”
14 Moab's officials got up, went to Balak, and said, "Balaam refused to come with us." Chèf a Moab yo te leve. Yo te ale kote Balak e te di: “Balaam refize vini avèk nou.”
15 Then Balak sent officials again—more numerous and more honored than the first. Alò, Balak te voye chèf yo ankò, plis an kantite e pi gran pase lòt yo.
16 They came to Balaam and said, "Balak son of Zippor says: Let nothing keep you from coming to me, Yo te vini a Balaam e te di li: “Konsa pale Balak, fis a Tsippor a: ‘Pa kite anyen, mwen mande ou souple, anpeche ou vini kote mwen;
17 for I will honor you greatly, and do whatever you say to me. So please come and curse this people for me." paske vrèman, mwen va onore ou anpil. Mwen va fè nenpòt sa ou mande mwen. Alò, souple, vin modi pèp sa a pou mwen.’”
18 Balaam answered Balak's servants, "Even if Balak gave me his house full of silver and gold, I cannot go beyond God's command, to do small or great. Balaam te reponn a sèvitè a Balak yo, “Malgre Balak ta ban mwen kay li plen avèk ajan ak lò, mwen pa ta kapab fè anyen, ni piti ni gran, ki kontrè kòmand SENYÈ a, Bondye mwen an.
19 Now please, stay here tonight, you too, so I may learn what more our Father will say to me." Alò, silvouplè, rete isit la aswè a pou m ka twouve ki lòt bagay SENYÈ a va pale mwen.”
20 And our Father came to Balaam at night and said to him, "Since these men came to summon you, get up and go with them, but do only what I tell you." Bondye te vin kote Balaam nan aswè. Li te di li: “Si mesye sa yo ta vin rele ou, leve ale avèk yo; men se sèlman pawòl ke M pale avèk ou a ke ou va fè.”
21 So Balaam got up in the morning, saddled his donkey, and went with the officials of Moab. Konsa, Balaam te leve nan maten. Li te mete yon sèl sou bourik li pou te ale avèk chèf Moab yo.
22 But our Father's anger burned because he went, and our Father's messenger stood in the road as Balaam's adversary. Balaam was riding his donkey, with his two servants. Men Bondye te fache akoz li t ap ale a. Konsa, zanj SENYÈ a te vin kanpe nan chemen an kòm yon advèsè kont li. Alò, li te monte sou bourik li, e de sèvitè li yo te avèk li.
23 The donkey saw the messenger of our Father standing in the road, his sword drawn in his hand, and she turned off the road into the field. So Balaam struck the donkey to turn her back onto the road. Lè bourik la te wè zanj SENYÈ a ki te kanpe nan chemen an avèk nepe li parèt nan men l, bourik la te kite chemen an pou te antre nan chan an. Men Balaam te frape bourik la pou fè l retounen nan chemen an.
24 Then our Father's messenger stood in a narrow path between vineyards, a wall on each side. Alò, zanj SENYÈ a te kanpe nan yon wout etwat nan chan rezen yo, avèk yon miray sou yon bò, e yon miray sou lòt bò a.
25 The donkey saw the messenger of our Father, pressed against the wall, and pressed Balaam's foot against it, so he struck her again. Lè bourik la te wè zanj SENYÈ a, li te peze kò l kont mi an, e li te peze pye Balaam kont lòt mi an. Konsa, Balaam te frape li ankò.
26 The messenger of our Father went further and stood in a narrow place with no room to turn right or left. Zanj SENYÈ a te ale pi lwen. Li te kanpe nan yon kote etwat kote pa t gen mwayen pou vire ni adwat, ni agoch.
27 When the donkey saw the messenger of our Father, she lay down under Balaam; his anger flared, and he struck her with his staff. Lè bourik la te wè zanj SENYÈ a, li te kouche anba Balaam. Pou sa, Balaam te fache e li te frape bourik la avèk baton li.
28 Then our Father opened the donkey's mouth, and she said to Balaam, "What have I done to you, that you struck me these three times?" Konsa, SENYÈ a te ouvri bouch a femèl bourik la, e li te di a Balaam: “Kisa m te fè ou, pou ou bat mwen twa fwa sa yo?”
29 Balaam said to the donkey, "You have mocked me! If I had a sword in my hand, I'd kill you now." Alò, Balaam te di a bourik la: “Akoz ou te pase m nan rizib! Si m te gen yon nepe nan men m, Mwen ta gen tan touye ou deja.”
30 The donkey said to Balaam, "Am I not your donkey, the one you've ridden all your life until today? Have I ever treated you this way before?" He said, "No." Bourik la te di Balaam: “Èske mwen pa bourik ou, sou sila ou te monte pandan tout vi ou jis rive Jodi a? Èske Mwen janm te konn abitye fè ou sa?” Epi li te reponn: “Non”.
31 Then our Father opened Balaam's eyes, and he saw our Father's messenger standing in the road, sword drawn in hand, and he bowed low and fell facedown. Alò, SENYÈ a te ouvri zye a Balaam. Konsa, li te wè zanj a SENYÈ a ki te kanpe nan chemen an avèk nepe a rale nan men li. Balaam te bese jiska tè.
32 The messenger of our Father said to him, "Why have you hit your donkey three times? I've come out as an adversary, because your way is reckless before me. Zanj SENYÈ a te di li: “Poukisa ou te frape bourik ou a twa fwa sa yo? Gade byen, Mwen te parèt kòm yon advèsè, akoz direksyon pa w la te kont Mwen.
33 The donkey saw me and turned aside from me these three times. Had she not turned aside, I would have killed you by now and spared her life." Men bourik la te wè M, e li te vire akote pou evite Mwen twa fwa sa yo. Si li pa t vire akote Mwen, Mwen ta, vrèman, gen tan touye ou nan moman sa a, e kite li menm viv.”
34 Balaam said to the messenger of our Father, "I have sinned—I didn't know you stood in the road to oppose me. Now if this is displeasing in your eyes, I'll turn back." Balaam te di a zanj SENYÈ a: “Mwen te peche, paske mwen pa t konnen ke ou te kanpe nan chemen an kont mwen. Alò, koulye a, si sa pa fè ou plezi, mwen va vire retounen.”
35 The messenger of our Father told Balaam, "Go with the men, but say only what I tell you." So Balaam went on with Balak's officials. Men zanj SENYÈ a te di a Balaam: “Ale avèk mesye sa yo, men ou va pale, sèlman, pawòl ke Mwen di ou yo.” Konsa Balaam te ale avèk chèf Balak yo.
36 When Balak heard Balaam was coming, he went out to meet him at the city of Moab, on the Arnon border, at the border's edge. Lè Balak te tande ke Balaam t ap vini, li te sòti pou rankontre li nan vil Moab la, ki nan fwontyè Arnon an, nan dènye pwent lizyè a.
37 Balak said to Balaam, "Didn't I send urgently to call you? Why didn't you come to me? Can I really not honor you?" Epi Balak te di a Balaam: “Èske mwen pa t voye kote ou an ijans? Poukisa ou pa t vin kote mwen? Èske, vrèman, mwen pa kapab onore ou?”
38 Balaam told Balak, "Look, I've come to you now—but can I say just anything? I can only speak what God puts in my mouth." Konsa, Balaam te di a Balak: “Gade byen, Mwen gen tan vini koulye a! Èske mwen kapab pale yon bagay menm? Pawòl ke Bondye mete nan bouch mwen an, se sa ke mwen va pale.”
39 So Balaam went with Balak, and they came to Kiriath-huzoth. Epi Balaam te sòti avèk Balak e yo te vini Kirjath-Hutsoth,
40 Balak sacrificed cattle and sheep, sending shares to Balaam and the officials with him. Balak te fè sakrifis bèf avèk mouton, e li te voye kèk bay Balaam avèk chèf ki te avèk li yo.
41 In the morning Balak took Balaam and brought him up to Bamoth-baal, and from there he saw the edge of the people. Epi li te rive nan maten ke Balak te pran Balaam pou te mennen li monte nan wo plas a Baal yo. E li te wè depi la, yon pati nan pèp Israël yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]