Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Numbers 21 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When the Canaanite, king of Arad, living in the Negev, heard Israel was coming by the Atharim road, he fought Israel and took some captive. Lè Chèf Canaran an, wa Arad la, ki te viv nan Negev la te tande ke Israël t ap vini pa chemen a Atharim nan; alò, li te goumen kont Israël, e li te pran kèk nan yo an kaptif.
2 Israel made a vow to our Father: "If you truly give this people into my hand, I will destroy their cities completely." Konsa, Israël te fè yon ve a SENYÈ a, e te di: “Si Ou va vrèman livre pèp sa a nan men m; alò, mwen va detwi vil pa yo a nèt.”
3 Our Father heard Israel's voice and handed the Canaanites over; they destroyed them and their cities completely. So the place was named Hormah. SENYÈ a te tande vwa Israël. Li te livre yo bay Canaran, epi yo te detwi yo nèt ansanm avèk vil yo. Konsa, kote sa a te vin releHorma.
4 They set out from Mount Hor toward the Red Sea to go around Edom's land, but the people grew impatient on the way. Yo te sòti nan Mòn Hor pa wout Lamè Wouj la, pou travèse peyi Édom an. Epi pèp la te vin pèdi pasyans akoz vwayaj la.
5 The people spoke against our Father and against Moses: "Why did you bring us out of Egypt to die in the wilderness? No bread, no water, and we loathe this wretched food." Pèp la te pale kont Bondye ak Moïse: “Poukisa ou te mennen nou sòti an Égypte pou mouri nan dezè a? Paske nanpwen manje, ni dlo, e nou rayi move manje sila a.”
6 Then our Father sent venomous serpents among the people; they bit the people, and many Israelites died. SENYÈ a te voye sèpan dife pami pèp la. Yo te mòde pèp la, e anpil nan pèp Israël la te mouri.
7 The people came to Moses and said, "We sinned by speaking against our Father and against you. Pray to him to remove the serpents from us." So Moses prayed for the people. Konsa, pèp la te vini a Moïse e te di: “Nou te peche, pwiske nou te pale kont SENYÈ a ak ou menm. Entèsede pou nou avèk SENYÈ a, pou Li kapab retire sèpan sa yo sou nou.” Epi Moïse te entèsede pou pèp la.
8 Our Father told Moses, "Make a venomous snake, put it on a pole; anyone bitten who looks at it will live." Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Fè yon sèpan dife e mete li sou yon poto. Konsa, li va vin rive ke tout moun ki mòde, lè li gade li, l ap viv.”
9 Moses made a bronze serpent and put it on a pole; whenever a serpent bit anyone, they looked at the bronze serpent and lived. Moïse te fè yon sèpan an bwonz e li te mete li sou poto a. Epi li te vin rive ke si yon sèpan te mòde nenpòt moun, lè li te gade vè sèpan an bwonz lan, li te viv.
10 The Israelites set out and camped at Oboth. Alò, fis Israël yo te deplase e te fè kan an nan Oboth.
11 They set out from Oboth and camped at Iye-abarim, in the wilderness facing Moab, eastward. Yo te vwayaje soti Oboth pou te fè kan an nan Ijje-Abarim, nan dezè ki anfas Moab a lès la.
12 From there they set out and camped in the Valley of Zered. Soti la, yo te pati pou te fè kan an nan vale Zéred la.
13 From there they moved on and camped beyond the Arnon, in the wilderness that extends from Amorite territory; for the Arnon is Moab's border with the Amorites. Soti la, yo te vwayaje pou te fè kan an sou lòt kote Arnon an, ki se nan dezè ki sòti nan lizyè Amoreyen yo, paske Arnon se te fwontyè Moab, antre Moab ak Amoreyen yo.
14 So the Book of the Wars of our Father says: "Waheb in Suphah, and the ravines of the Arnon, Konsa, sa di nan Liv Lagè SENYÈ a: “Vaheb nan Supha, avèk ravin sèch nan Arnon an,
15 and the slope of the ravines that bends toward the site of Ar and reaches to the border of Moab." ak pant ki rive nan ravin sèch yo ki rive jis nan kote Ar la e ki touche nan lizyè Moab la.”
16 From there they went to Beer, the well where our Father told Moses, "Gather the people—I'll give them water." Soti la, yo rive jis nan Beer, ki se pwi kote SENYÈ a te di Moïse, reyini pèp la pou Mwen kapab bay yo dlo a.”
17 Then Israel sang this song: "Spring up, O well! Sing to it! Epi Israël te chante chan sila a: “Vin bwote o pwi! Chante a li!
18 The well that princes dug, that the nobles of the people dug out with their scepters and staffs." Then from the wilderness they went to Mattanah, Pwi a ke prens yo nan pèp la te fouye, Avèk baton wayal ak Baton soutyen pa yo.” Epi soti nan dezè a, yo te kontinye a Matthana,
19 from Mattanah to Nahaliel, from Nahaliel to Bamoth, soti Matthana a Nahaliel, soti nan Nahaliel a Bamoth,
20 and from Bamoth to the valley in Moab's plain, to Pisgah's peak overlooking the wasteland. soti Bamoth nan vale ki nan peyi Moab la, nan pwent lan vè Mòn Pisga ki kanpe anwo tout dezè a.
21 Then Israel sent messengers to Sihon king of the Amorites, saying, Alò Israël te voye mesaje yo bay Sihon, wa a Amoreyen yo. Li te di:
22 "Let me pass through your land. We won't turn into field or vineyard, or drink well water. We'll go by the King's Highway until we've passed your border." “Kite mwen pase nan peyi ou a. Nou p ap menm vire nan chan, oswa nan rezen yo. Nou p ap bwè dlo nan pwi yo. Nou va ale nan chemen Wa a jiskaske nou fin depase limit fwontyè pa w la.”
23 But Sihon refused to let Israel cross his territory. He gathered all his people, marched into the wilderness against Israel, reached Jahaz, and fought Israel. Men Sihon pa t kite Israël pase nan fwontyè pa li a. Konsa, Sihon te ranmase tout pèp li a pou te sòti kont Israël nan dezè a. Yo te rive a Jahats pou te goumen kont Israël.
24 Israel struck him down with the sword, took his land from the Arnon to the Jabbok—up to the Ammonites, whose border was fortified. Konsa,Israël te frape li avèk tranch nepe, e te pran posesyon peyi li a soti Arnon pou jis rive Jabbok, soti distans a fis Ammon yo; paske nan fwontyè a fis Ammon yo, se te Jazer.
25 Israel captured all these cities and settled in every Amorite city—Heshbon and all its surrounding villages. Israël te pran tout vil yo e Israël te viv nan tout vil Amoreyen yo, nan Hesbon ak nan tout vil li yo.
26 For Heshbon was the city of Sihon king of the Amorites, who fought the former king of Moab and captured all his land from him, up to the Arnon. Paske Hesbon, se te vil a Sihon, wa a Amoreyen yo, ki te goumen kont ansyen wa Moab la, e li te retire tout peyi li a nan men li, jis rive nan Arnon.
27 So the poets say: "Come to Heshbon—let it be rebuilt, let Sihon's city be restored. Se pou sa ke sila ki sèvi ak pwovèb yo di: “Vini Hesbon! Kite li bati! Konsa kite vil a Sihon an fin etabli.
28 For fire went out from Heshbon, a flame from the city of Sihon. It consumed Ar of Moab, the lords of the heights of the Arnon. Paske yon dife te sòti nan Hesbon, Yon flanm soti nan vil a Sihon; Li te devore Ar nan Moab, Pwent wo yo domine Arnon
29 Woe to you, Moab! You are destroyed, people of Chemosh! He has made his sons fugitives and his daughters captives to Sihon king of the Amorites. Malè a nou menm, O Moab! Nou gen tan fin gate nèt, O pèp Kemosch la! Li te bay fis li yo kòm sila k ap sove ale, Epi fi li yo kòm kaptif, pou yon wa Amoreyen, Sihon.
30 But we struck them down; Heshbon perished as far as Dibon. We laid waste as far as Nophah, which reaches to Medeba." Nou te tire sou yo. Hesbon fin gate jis rive Dibon. Konsa, nou te fin piyaje jis rive Nophach, Ki rive nèt nan Médaba.”
31 So Israel settled in the land of the Amorites. Pou sa a, Israël te viv nan peyi Amoreyen yo.
32 Moses sent men to scout Jazer; they captured its villages and drove out the Amorites there. Moïse te voye espyone Jaezer. Yo te kaptire vil li yo e te piyaje Amoreyen ki te la yo.
33 Then they turned and went up the Bashan road, and Og king of Bashan came out against them, with all his people, to fight at Edrei. Epi yo te vire monte nan wout Basan, e Og, wa Basan an, te sòti avèk tout pèp li a pou fè bati Édréï.
34 But our Father told Moses, "Don't fear him—I've given him, all his people, and his land into your hand. Do to him as you did to Sihon king of the Amorites, who lived in Heshbon." Men SENYÈ a te di a Moïse: “Pa pè li, paske Mwen te bay li nan men nou, tout pèp li a ak tout peyi li a. Ou va fè avèk li jan ou te fè Sihon, wa Amoreyen, ki te viv Hesbon yo.”
35 They struck him, his sons, and all his people, leaving no survivor, and took possession of his land. Konsa, yo te touye li avèk fis li yo ak tout pèp li a, jis pa t menm gen yon retay ki te rete de li. Konsa, yo te posede peyi li a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]