Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Numbers 20 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In the first month the whole community of Israel entered the Wilderness of Zin; the people stayed at Kadesh. Miriam died there and was buried there. Konsa, fis Israël yo, tout kongregasyon an, te vini nan dezè a Tsin nan, nan premye mwa a. Pèp la te rete Kadès. Alò, Marie te mouri e li te antere la.
2 Now there was no water for the community, so they gathered together against Moses and Aaron. Pa t gen dlo pou kongregasyon an, e yo te vin reyini yo menm kont Moïse avèk Aaron.
3 The people argued with Moses: "If only we'd died when our brothers died in our Father's presence! Konsa, pèp la te fè kont avèk Moïse e te pale pou di: “Si sèlman nou te mouri lè frè nou yo te mouri devan SENYÈ a!
4 Why bring our Father's assembly into this wilderness to die here, us and our livestock? Epi poukisa ou te mennen asanble SENYÈ a antre nan dezè sila a, pou nou menm avèk bèt nou yo vin mouri isit la?
5 Why did you bring us up from Egypt to this evil place? No grain, figs, vines, or pomegranates—no water to drink." Poukisa ou te fè nou sòti an Égypte pou mennen nou kote mechan sila a? Se pa yon kote ki gen, ni fig, ni grenad, ni pa gen dlo pou bwè.”
6 Moses and Aaron went from before the assembly to the entrance of the tent of meeting, fell facedown, and the glory of our Father appeared to them. Moïse avèk Aaron te sòti nan prezans asanble a nan pòtay tant asanble a, e yo te tonbe sou figi yo. Alò, glwa a SENYÈ a te vin parèt a yo menm.
7 Our Father said to Moses, Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
8 "Take the staff, gather the community—you and Aaron your brother—and speak to the rock before their eyes; it will give its water. Bring water from the rock for them, and give the community and their livestock drink." “Pran baton an. Ou menm avèk frè ou a, Aaron, rasanble kongregasyon an e pale avèk wòch la devan zye yo, pou li kapab bay dlo pa li. Konsa, ou va fè dlo parèt pou yo sòti nan wòch la e kite kongregasyon an avèk bèt yo bwè.”
9 So Moses took the staff from before our Father, as he had commanded him. Konsa, Moïse te pran baton an soti devan SENYÈ a, jis jan ke Li te kòmande li a.
10 Moses and Aaron gathered the assembly in front of the rock. He said, "Listen, you rebels—must we bring water for you out of this rock?" Epi Moïse avèk Aaron te reyini asanble a devan wòch la. Li te di yo: “Koute m koulye a, nou menm k ap fè rebèl; èske n ap fè dlo sòti nan wòch sila a?”
11 Moses raised his hand and struck the rock twice with his staff; water gushed out abundantly, and the community and their livestock drank. Epi Moïse te leve men li e li te frape wòch la de fwa avèk baton an. Dlo te sòti an kantite, e kongregasyon an avèk bèt pa yo te bwè.
12 But our Father told Moses and Aaron, "Because you did not trust me enough to honor me as holy before the Israelites, you will not bring this assembly into the land I have given them." Men SENYÈ a te di a Moïse avèk Aaron: “Akoz ke nou pa kwè M, pou trete m tankou sen devan fis Israël yo; pou sa, nou p ap mennen asanble sila a antre nan peyi ke M te bay yo a.”
13 These are the waters of Meribah, where the children of Israel quarreled with our Father, and he showed himself holy among them. Sa yo se te dlo a Meriba yo, akoz fis a Israël yo te fè kont avèk SENYÈ a, e Li te fè prèv sentete Li pami yo.
14 Moses sent messengers from Kadesh to Edom's king: "Your brother Israel says: You know all the hardship that has found us. Soti nan Kadès, Moïse te voye mesaj vè wa Édom an: “Konsa frè ou a, Israël te pale: ‘Ou konnen tout traka ki gen tan pran nou;
15 Our ancestors went down to Egypt; we lived in Egypt many years, and the Egyptians mistreated us and our ancestors. ke zansèt nou yo te desann an Égypte, e ke nou te rete an Égypte pandan anpil tan, e ke Ejipsyen yo te maltrete nou anpil.
16 So we cried out to our Father; he heard our voice, sent a messenger, and brought us out of Egypt. Now we're at Kadesh, a town on your border's edge. Men lè nou te kriye fò bay SENYÈ a, Li te tande vwa nou. Li te voye yon zanj pou te mennen nou sòti an Égypte. Alò, gade byen, nou rive Kadès, yon vil nan fwontyè teritwa pa nou an.
17 Please let us pass through your land. We won't cross field or vineyard, or drink well water. We'll stay on the King's Highway, not turning right or left, until we've passed through your territory." “Souple, kite nou pase nan peyi pa nou an. Nou p ap pase nan chan yo oswa nan rezen yo. Nou p ap menm bwè dlo nan yon pwi. Nou va ale bò kote chemen wa a, san vire ni adwat, ni agoch jiskaske nou fin pase nan tout teritwa nou an.”
18 Edom said to him, "You will not pass through me, or I'll come out against you with the sword." “‘Men Édom te di li: “Ou p ap pase sou nou; sinon, mwen ap vini kont nou avèk nepe.”’”
19 Israel's people told him, "We'll take the highway. If we or our herds drink your water, we'll pay for it. Just let us cross on foot, nothing more." “Ankò, fis Israël yo te di li: ‘Nou va monte vè chemen an, e si Mwen avèk bèt mwen yo bwè nan dlo nou an; alò, m ap peye pri li. Kite mwen sèlman pase ladann a pye, anyen anplis.’”
20 But he said, "You will not pass through." Edom came against him with great numbers and a strong hand. Men li te di: “Ou p ap pase ladann.” Epi Édom te sòti kont li avèk yon gwo fòs ak yon men pwisan.
21 So Edom refused to let Israel pass through his territory, and Israel turned away from him. Konsa, Édom te refize kite Israël pase nan teritwa pa li a. Pou sa Israël te vire kite li.
22 The whole community of the children of Israel set out from Kadesh and came to Mount Hor. Alò, yo te sòti Kadès, epi fis Israël yo ak tout kongregasyon an te vini nan Mòn Hor.
23 At Mount Hor, on Edom's border, our Father said to Moses and Aaron, SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron nan Mòn Hor akote fwontyè Édom an. Li te di:
24 "Aaron will be gathered to his people; he will not enter the land I gave the Israelites, because you both rebelled against my command at the waters of Meribah. “Aaron va rasanble vè pèp li a; paske li pa pou antre nan peyi ke Mwen te bay a fis Israël yo, akoz nou te vin rebèl kont kòmand Mwen nan dlo a Meriba yo.
25 Take Aaron and Eleazar his son, and bring them up Mount Hor. Pran Aaron avèk fis li a, Éléazar e mennen yo nan Mòn Hor.
26 Strip Aaron of his garments, dress Eleazar his son in them; Aaron will be gathered to his people and die there." Retire tout vètman yo sou Aaron e mete yo sou fis li a, Éléazar. Konsa, Aaron va rasanble vè pèp li a, e li va mouri la.”
27 Moses did as our Father commanded, and they went up Mount Hor as the whole community watched. Konsa Moïse te fè selon SENYÈ a te kòmande a. Yo te monte vè Mòn Hor devan zye a tout kongregasyon an.
28 Moses stripped Aaron's garments and dressed his son Eleazar in them. Aaron died there atop the mountain; Moses and Eleazar went down. Lè Moïse te fin retire vètman yo sou Aaron, li te mete yo sou Éléazar. Aaron te mouri la sou tèt mòn nan.
29 The whole community saw Aaron had died, and Israel's whole house mourned him thirty days. Lè tout kongregasyon an te wè ke Aaron te mouri, tout lakay Israël te kriye pou Aaron pandan trantjou.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]