Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Numbers 19 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Our Father spoke to Moses and Aaron, saying: Senyè a te pale ak Moïse avèk Aaron e te di:
2 "This is the statute of the law our Father commanded: Tell the Israelites to bring you a red heifer, flawless, with no defect, never yoked. “Sa se règleman lalwa ke SENYÈ a te kòmande a. Li te di: ‘Pale a fis Israël yo pou yo pote ba ou yon gazèl wouj, san defo, sou sila yon jouk pa t janm vin poze.
3 Give it to Eleazar the priest; it is to be led outside the camp and slaughtered before him. Nou va bay li a Éléazar, prèt la, li va pote li deyò kan an, e touye li nan prezans li.
4 Eleazar the priest is to dip his finger in its blood and sprinkle it seven times toward the front of the tent of meeting. Apre, Éléazar, prèt la, va pran kèk nan san li avèk dwèt li, e flite kèk nan san li an pa devan tant asanble a sèt fwa.
5 The heifer is to be burned as he watches—hide, flesh, blood, and waste together. Alò, gazèl la va brile devan zye li; po li, chè li avèk san li, avèk poupou li, va brile.
6 The priest must take cedar wood, hyssop, and scarlet yarn, and throw them into the fire burning the heifer. Prèt la va pran bwa sèd avèk izòp ak twal wouj, e li va jete li nan mitan gazèl k ap brile a.
7 The priest must wash his clothes, bathe his body in water, then enter the camp—but remains unclean until evening. Epi prèt la va lave vètman li yo, benyen kò li nan dlo, e apre, li va antre nan kan an.
8 He who burns it must wash his clothes in water, bathe his body in water, and remain unclean until evening. Sila ki brile li a, va osi lave kò li nan dlo, apre li va vini nan kan an, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
9 "A clean man will gather the heifer's ashes and put them in a clean place outside the camp. Israel's community will keep them for water of cleansing—it removes sin. “‘Alò, yon nonm ki pwòp, va ranmase sann gazèl la pou depoze yo deyò kan an nan yon kote ki pwòp. Epi fis Israël yo va konsève li pou sèvi nan dlo pirifikasyon. Li se yon ofrann pou peche.
10 The one gathering the heifer's ashes must wash his clothes and remain unclean until evening. This is a permanent law for Israelites and the foreigner living among them. Sila ki ranmase sann gazèl la va lave rad li, e li va rete pa pwòp pou jis rive nan aswè. Li va yon règleman ki pou tout tan pou fis Israël yo ak pou etranje ki rete pami yo a.
11 "Whoever touches the dead body of any person is to be unclean for seven days. “‘Sila ki touche kadav a nenpòt moun, va pa pwòp pandan sèt jou.
12 He must purify himself with it on days three and seven; then he'll be clean. If he doesn't purify himself on days three and seven, he won't be clean. Li dwe pirifye tèt li avèk dlo nan twazyèm jou a ak nan setyèm jou a. Apre, li va pwòp. Men si li pa pirifye tèt li nan twazyèm jou a ak nan setyèm jou a, li p ap vin pwòp.
13 Anyone who touches a corpse—the body of someone who died—and doesn't purify himself makes the tabernacle of our Father unclean; that person is cut off from Israel. Since the water of purification wasn't sprinkled on him, he stays unclean; his uncleanness remains on him. Nenpòt moun ki touche yon mò, kò a yon moun mouri, e li pa pirifye tèt li, li degrade tabènak a SENYÈ a; epi moun sa va koupe retire de Israël a. Akoz dlo pirifikasyon an pa t flite sou li, li va vin pa pwòp. Pa pwòp li a rete sou li.
14 "This is the law: when someone dies in a tent, everyone entering it and everyone in it is unclean seven days. “‘Sa se lalwa lè yon nonm mouri nan yon tant: tout moun ki antre nan tant lan ak tout moun ki deja nan tant lan, vin pa pwòp pandan sèt jou.
15 And every open vessel that has no lid fastened on it is to be unclean. Tout veso ki louvri, ki pa gen kouvèti mare sou li, pa pwòp.
16 "Whoever touches, in an open field, one killed by the sword, one who has died naturally, a human bone, or a grave, becomes unclean seven days. “‘Osi, nenpòt moun ki nan chan louvri, e ki touche yon moun ki te touye pa nepe, oswa ki te mouri nenpòt jan, swa yon zo Kretyen oswa yon tonm, li va vin pa pwòp pandan sèt jou.
17 "For the unclean person, they are to take ashes from the burned purification offering, put them in a vessel, and add fresh running water. “‘Alò, pou sila ki pa pwòp yo, yo va pran kèk nan sann pirifikasyon peche ki te brile a, e dlo k ap koule va mele avèk yo nan yon veso.
18 A clean person is to take hyssop, dip it in the water, and sprinkle it on the tent, on all the vessels, on everyone who was there, and on whoever touched a bone, a slain person, a corpse, or a grave. Yon moun pwòp va pran izòp e fonse li nan dlo a, flite li sou tant lan ak sou tout zafè li yo, ak sou tout moun ki te ladann yo, tout sila ki te touche zo a, oswa sa ki te touye, oswa sa ki te mouri yon lòt jan, oswa yon tonm.
19 The clean person is to sprinkle the unclean one on the third and seventh day, purifying him on the seventh day. He must wash his clothes, bathe in water, and be clean by evening. Alò, moun pwòp la va flite sou sila ki pa pwòp la nan twazyèm jou a ak nan setyèm jou a. Nan setyèm jou a, li dwe pirifye tèt li. Li va lave rad li, benyen nan dlo e li va pwòp nan aswè.
20 Anyone unclean who doesn't purify himself must be cut off from the assembly, for he has made our Father's sanctuary unclean; the water of purification wasn't sprinkled on him—he is unclean. Men sila ki pa pwòp la, ki pa pirifye tèt li a, li va koupe retire nan mitan asanble a, akoz li te degrade sanktyè SENYÈ a. Dlo pirifikasyon an pa t flite sou li, e li pa pwòp.
21 This is a lasting statute for them: whoever sprinkles the water of purification must wash his clothes; whoever touches the water of purification is unclean until evening. “‘Se konsa sa va yon règleman pou tout tan pou yo. Sila ki flite dlo pirifikasyon an, va osi lave rad li, e sila ki touche dlo pirifikasyon an va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
22 Whatever the unclean person touches becomes unclean; whoever touches that is unclean until evening." Anplis, nenpòt bagay ke moun pa pwòp la touche, va vin pa pwòp. Moun ki touche li a, va vin pa pwòp jis rive nan aswè.’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]