Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Numbers 18 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Our Father said to Aaron, "You, your sons, and your father's house will bear the guilt of the sanctuary; you and your sons will bear the guilt of your priesthood. Konsa, SENYÈ a te di a Aaron: “Ou menm avèk fis ou yo avèk lakay zansèt ou va pote inikite la pou zafè sanktyè a, e nou menm avèk fis nou yo va pote inikite la kon prèt.
2 Bring your brothers too—the tribe of Levi, your father's tribe—to join and serve you, you and your sons, before the tent of the testimony. Mennen avè w osi frè nou yo, tribi Levi a, tribi papa zansèt ou a, pou yo kapab vin jwenn avèk ou e sèvi ou, pandan ou menm avèk fis ou yo devan tant temwayaj la.
3 They must keep your duties and all the tent's duties, but not approach the sanctuary's sacred objects or the altar, or both they and you will die. Yo va kenbe lòd ou avèk devwa tout asanble a, men yo p ap pwoche veso sanktyè yo avèk lotèl la, pou yo pa mouri; ni yo, ni ou menm.
4 They will join you and keep the charge of the tent of meeting, all its service—no outsider may come near you. Yo va vin jwenn avèk ou, e fè devwa a tant asanble a pou tout sèvis tant lan. Men yon etranje pa pou pwoche prè nou.
5 Guard the sanctuary and altar, so wrath never again falls on Israel's people. “Konsa nou va fè tout devwa a sanktyè a ak devwa a lotèl la, pou pa toujou gen kòlè sou fis Israël yo.
6 I have taken your fellow Levites from Israel's sons—a gift to you, given to me, to serve at the tent of meeting. Veye byen, se Mwen Menm ki te pran Levit parèy nou yo pami fis Israël yo. Yo se yon don pou nou menm, ki dedye bay SENYÈ a, pou fè sèvis tant asanble a.
7 You and your sons must guard your priesthood in all matters of the altar and behind the inner curtain; serve there. I give your priesthood as a gift; any outsider who approaches must be put to death." Men ou menm ak fis ou yo ap ranpli pozisyon prèt pou tout bagsay ki konsène otèl la, ak andedann vwal la. Ou va fè sèvis yo. Mwen ap bay ou pozisyon prèt kon yon pozisyon donnen. Men okenn lòt ki pwoche va mete a lanmò.”
8 Our Father said to Aaron, "I have given you charge of my contributions, all the holy gifts of Israel's people. I have given them to you as a portion, and to your sons as a permanent share. Alò, SENYÈ a te pale avèk Aaron: “Gade byen, se Mwen Menm ki te bay ou chaj sou tout ofrann Mwen yo, menm tout don sen a fis Israël yo. Mwen te bay ou yo akoz onksyon an nou resevwa, e a fis ou yo kòm yon dwa ki pou tout tan.
9 This is yours from the most holy things kept from the fire: all their offerings—every grain offering, every sin offering, and every guilt offering they bring me—are most holy, for you and your sons. Sila a va pou nou, soti nan don pi sen pase tout lòt yo ki rezève soti nan dife a; tout ofrann pa yo, menm tout ofrann pa yo, tout ofrann sereyal, tout ofrann peche ak tout ofrann koupab ke yo rann ban Mwen yo, yo va sen pase tout lòt yo pou nou ak fis nou yo.
10 Eat it in the most holy place; every male may eat it—it is holy to you. Kòm don ki sen pase tout lòt yo, nou va manje l. Tout gason va manje li. Li va sen pou nou menm.
11 This too is yours: the contribution from their gifts, all Israel's wave offerings. I've given them to you, your sons, your daughters with you—a permanent law. Anyone clean in your house may eat it. “Sa osi se pou nou, ofrann a don pa yo, menm tout ofrann balanse vè lotèl a fis Israël yo; Mwen te bannou yo ak fis nou yo ak fi nou yo ki avèk nou, kòm yon dwa ki pou tout tan. Tout sila lakay nou yo ki pwòp, kapab manje yo.
12 The best of the oil, new wine, and grain—the firstfruits they give me—I give you. “Tout sa ki pi bon nan lwil fre a, tout sa ki pi bon nan diven fre a ak nan sereyal la, premye fwi a sila ke yo bay a SENYÈ a, Mwen bannou yo.
13 The first produce of their land, brought to me, is yours. Anyone clean in your house may eat it. Premye nan fwi mi ki nan peyi yo, ke yo pote bay SENYÈ a, va pou ou. Tout moun lakay ou ki pwòp, kapab manje li.
14 Every devoted thing in Israel is to be yours. “Tout bagay ki konsakre an Israël va pou ou.
15 Every firstborn of human or animal offered to me is yours—but redeem the firstborn of humans, and redeem the firstborn of unclean animals. Tout premye pòtre nan vant a tout chè, kit se lòm, kit se bèt, ke yo ofri bay SENYÈ a, va pou nou. Men premye ne a lòm nan, nou va anverite peye ranson, e premye ne bèt ki pa pwòp, nou va peye ranson.
16 Redeem them at one month old for about two ounces of silver, by the sanctuary standard. Epi pou pri ranson an, soti nan laj yon mwa, nou va peye ranson yo, selon pri nou yo, senk sik an ajan, selon sik sanktyè a, ki se ven gera.
17 But the firstborn cow, sheep, or goat you must not buy back—they are holy. Splash their blood on the altar, burn their fat as a food offering, a pleasing aroma to me. “Men premye ne a yon bèf oswa yon mouton, oswa premye ne a yon kabrit, ou pa pou peye ranson. Yo sen. Ou va flite san pa yo sou lotèl la, e ou va ofri grès yo nan lafimen kòm yon ofrann pa dife, kòm yon odè ki bon a SENYÈ a.
18 But their flesh is yours, as the wave-offering breast and right thigh are yours. Vyann pa yo va pou ou. Li va pou ou tankou pwatrin ak kwis nan yon ofrann balanse anlè.
19 All the holy offerings Israel brings me I give you, your sons and daughters with you, as a lasting share. It is a salt covenant forever before me, for you and your offspring with you." Tout ofrann a don sen yo, ke fis Israël yo ofri bay SENYÈ a, Mwen te bannou yo, avèk fis ou yo ak fi ou yo ki avèk ou, kòm yon dwa ki pou tout tan. Li se yon kontra disèl devan SENYÈ a avèk ou avèk desandan ou yo avèk ou.”
20 Our Father said to Aaron, "You will have no inheritance in their land, no portion among them. I am your portion and inheritance among Israel's sons." SENYÈ a te di a Aaron: “Ou p ap gen okenn eritaj nan peyi a ni posesyon okenn pati pami yo. Mwen se pati pa ou ak eritaj ou pami fis Israël yo.
21 "I have given the Levites all the tenth in Israel as inheritance in exchange for the service they perform, the service of the tent of meeting. “A fis Levi yo, gade byen, Mwen te bay tout dim an Israël yo kòm eritaj, anretou pou sèvis yo ke yo fè, sèvis a tant asanble a.
22 The Israelites must no longer approach the tent of meeting, or they will bear guilt and die. Fis a Israël pa pou pwoche tant asanble a ankò; sinon, yo va pote peche e yo va mouri.
23 But the Levites will serve at the tent of meeting and bear their own guilt. This is a permanent law for your generations: they get no inheritance among Israel's people. Sèl Levit yo va fè sèvis tant asanble a. Yo va pote inikite pa yo. Sa va yon règleman pou tout tan atravè jenerasyon nou yo. Pami fis Israël yo, yo p ap gen okenn eritaj.
24 For the tenth Israel's people present to me as a contribution, I have given the Levites as their inheritance. So I have told them: they will have no inheritance among Israel's people." Paske dim a fis Israël yo, ke yo ofri kòm yon ofrann bay SENYÈ a, Mwen te bay a Levit yo kòm eritaj. Konsa, Mwen te di konsènan yo: ‘Yo p ap gen okenn eritaj pami fis Israël yo.’”
25 Our Father spoke to Moses, saying, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:
26 "Speak to the Levites and tell them: When you take the tenth I have given you from Israel's people as your inheritance, bring a contribution from it to me—a tenth of the tenth. “Anplis, ou va pale avèk Levit yo pou di yo: ‘Lè nou pran soti nan fis Israël yo, dim ke Mwen te bay a nou menm pou eritaj nou, alò nou va prezante yon ofrann ki sòti nan li bay SENYÈ a, yon dim nan dim nan.
27 Your contribution will count for you as grain from the threshing floor, as full produce from the winepress. Ofrann nou va konte pou nou kòm sila ki sòti nan voye anlè glasi a, oswa pwodwi ki nan basen diven an.
28 You too must present a contribution to me from all your tenth taken from Israel's people, giving from it my contribution to Aaron the priest. Konsa, nou va, osi, prezante yon ofrann bay SENYÈ a, ki soti nan dim nou yo, ke nou resevwa de fis Israël yo. Epi soti nan li, nou va bay ofrann SENYÈ a a Aaron, prèt la.
29 From all your gifts, present every offering to me—from each, the best and holiest part. Nan tout don nou yo, nou va prezante tout ofrann ke nou dwe bay a SENYÈ a, soti nan tout sa ki pi bon nan yo, pati ki sakre nan yo.’
30 "So tell them: when you offer its best part, it counts for the Levites as produce of the threshing floor and winepress. “Ou va di yo: ‘Lè nou ofri meyè pati a, li va kalkile a Levit yo kòm pwodwi a ofrann voye anlè glasi a, oswa pwodwi a basen diven an.
31 Eat it anywhere, you and your households—it is your wage for your service in the tent of meeting. Nou gen dwa manje l nenpòt kote, nou menm avèk lakay nou, paske se pèyman nou an echanj pou sèvis nou nan tant asanble a.
32 You incur no guilt from it once you have offered its best part. But you must not desecrate the holy things of Israel's sons, or you will die." Nou p ap pote peche akoz li, lè nou fin ofri meyè pati a. Men nou pa pou degrade bagay sakre a fis Israël yo; sinon, nou va mouri.’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]