Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Numbers 13 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Our Father said to Moses, Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
2 "send men to scout the land of Canaan, which I'm giving Israel's people. Send one man per ancestral tribe, each a leader among them." Voye mesye ki kapab fè espyonaj nan peyi Canaran ke Mwen va bay fis Israël yo. Ou va voye yon nonm sòti nan chak tribi zansèt a papa pa yo, youn nan chèf pami yo.
3 So Moses sent them from the wilderness of Paran at our Father's command; all were leaders of Israel's people. Konsa, Moïse te voye yo soti nan dezè Paran an selon kòmand a SENYÈ a. Yo tout te chèf a fis Israël yo.
4 These were their names: from the tribe of Reuben, Shammua the son of Zaccur; Sa yo, alò, se te non yo: soti nan tribi Ruben an, Schammua, fis a Zaccur a;
5 from the tribe of Simeon, Shaphat the son of Hori; soti nan tribi a Siméon an: Schaphath, fis a Hori a;
6 from the tribe of Judah, Caleb the son of Jephunneh; pou tribi a Juda a: Caleb, fis a Jephaunné a;
7 from the tribe of Issachar, Igal the son of Joseph; pou tribi a Issacar a: Jigual, fis a Joseph la;
8 from the tribe of Ephraim, Hoshea the son of Nun; pou tribi a Ephraïm nan: Hosée, fis a Nun nan
9 from the tribe of Benjamin, Palti the son of Raphu; pou tribi a Benjamin an: Palthi, fis a Raphu a;
10 from the tribe of Zebulun, Gaddiel the son of Sodi; pou tribi a Zabulon an: Gaddiel, fis a Sodi a;
11 from the tribe of Joseph (that is, from the tribe of Manasseh), Gaddi the son of Susi; pou tribi a Joseph la, tribi a Manassé a: Gaddi, fis a Sisi a;
12 from the tribe of Dan, Ammiel the son of Gemalli; pou tribi a Dan nan: Ammiel, fis a Guemalli a;
13 from the tribe of Asher, Sethur the son of Michael; pou tribi a Hacer a: Sethur, fis a Micaël la;
14 from the tribe of Naphtali, Nahbi the son of Vophsi; pou tribi a Nephtali a: Nachbi, fis a Vophsi a;
15 from the tribe of Gad, Geuel the son of Machi. pou tribi a Gad la: Guéuel, fis a Maki a.
16 These are the names of the men Moses sent to scout the land. Moses named Hoshea son of Nun, Joshua. Sa yo, se non a mesye ke Moïse te voye pou fè espyonaj peyi a. Men Moïse te rele Hosée, fis a Nun nan, Josué.
17 Moses sent them to scout the land of Canaan and said to them, "Go up this way into the Negev, go up into the hill country, Lè Moïse te voye yo espyone peyi Canaan an, li te di yo: “Monte nan negev la; epi monte toujou nan peyi ti kolin yo.
18 and see what the land is like, and whether the people living there are strong or weak, few or many, Kontwole pou wè kijan peyi a ye, si pèp ki rete ladann nan, gen fòs, oswa si yo fèb, e si yo gen anpil, oswa pa anpil moun.
19 and whether the towns they live in are open camps or fortified, and whether the land is good or bad, Kijan tè kote yo viv la ye, kit li bon, oswa pa bon? Epi kijan vil kote yo viv la ye, èske se kan san pwotèj, oswa avèk fò?
20 and whether the land is rich or poor, and whether it has trees or not. Be brave, and bring back fruit from the land." It was the season of the first ripe grapes. Kijan tè a ye? Èske li rich, oswa pòv? Si gen pyebwa oswa si pa genyen? Epi fè yon efò pou pran kèk nan fwi peyi a.” Alò, se te tan ke premye rezen yo t ap vin mi.
21 So they went up and explored the land from the wilderness of Zin to Rehob, near Lebo-hamath. Se konsa, yo te monte pou te fè espyonaj sou peyi a soti nan dezè a Tsin nan, jis pou rive Rehob, nan chemen Hamath (Lebo-Hamath) lan.
22 They went up through the Negev to Hebron, where Ahiman, Sheshai, and Talmai, Anak's descendants, lived. Hebron was built seven years before Zoan in Egypt. Lè yo te fin monte Negev, yo te rive Hébron kote Ahiman, Schéschaï ak Talmaï, desandan a Anak yo te ye a. (Alò, Hébron te bati sèt ane avan Tsoan an Égypte.)
23 They reached the Valley of Eshcol and cut a branch with one cluster of grapes, carried on a pole between two men; they also brought pomegranates and figs. Yo te rive nan vale Eschcol e soti la, yo te koupe yon sèl branch avèk yon sèl grap rezen; epi yo te pote li sou yon poto antre de gason avèk kèk grenad ak pye fig frans.
24 That place was named Valley of Eshcol, since the Israelites cut a cluster of grapes there. Kote sa a te vin rele vale a Eschcol, akoz gwo grap rezen ke fis Israël la te koupe fè desann soti la yo.
25 At the end of forty days they returned from exploring the land. Yo te sòti retounen nan espyonaj peyi a, nan fen karant jou yo.
26 They came to Moses, Aaron, and the whole community of Israel in the wilderness of Paran, at Kadesh, reported back to them and the whole community, and showed them the land's fruit. Yo te vini vè Moïse avèk Aaron ak tout kongregasyon a fis Israël yo nan dezè Paran an, vè Kadès; epi yo te pote nouvèl la pou di a tout kongregasyon an, e pou te montre yo fwi peyi a.
27 They told him, "We went to the land you sent us to. It truly flows with milk and honey; here is its fruit. Konsa, yo te pale li. Yo te di: “Nou te antre nan peyi kote nou te voye nou an. Vrèman, li koule avèk lèt ak siwo myèl, e sa a se fwi li.
28 Yet the people in the land are strong, the cities fortified and very large—we even saw Anak's descendants there. “Sepandan, pèp ki rete la yo, gen fòs, vil yo byen fòtifye, byen gwo. Anplis, nou te wè desandan Anak yo la.
29 Amalekites live in the Negev. Hittites, Jebusites, and Amorites live in the hills. Canaanites live along the sea and beside the Jordan." Desandan a Amalèk yo ap viv nan peyi Negev la, Etyen yo, Jebisyen yo, Amoreyen yo ap viv nan mòn yo, e Kananeyen yo ap viv bò kote lanmè ak bò kote rivyè Jourdain an.”
30 Caleb silenced the people before Moses and said, "Let's go up now and possess it—we can certainly overcome it." Men Caleb te kalme pèp la devan Moïse e te di: “Sètènman, nou dwe monte pran posesyon a peyi a, paske nou va, anverite, konkeri li.”
31 But the men who went up with him said, "We can't go up against the people, for they are stronger than we are." Men mesye ki te monte avè l yo te di: “Nou pa kapab monte kont pèp la, paske yo twò fò pou nou.”
32 So they gave Israel a bad report of the land they had explored, saying, "The land we crossed to explore devours its inhabitants, and everyone we saw there is of great size. Konsa, yo te livre yon move rapò a fis Israël yo sou peyi kote yo te fè ankèt la. Yo te di: “Peyi kote nou te ale a, nan ankèt sa a, se yon peyi ki devore moun li ye, e tout pèp ke nou te wè ladann yo, se moun ki byen gran.
33 There we saw the Nephilim—Anak's descendants come from the Nephilim. We seemed like grasshoppers to ourselves, and so we seemed to them." La, osi, nou te wè jeyan, fis a Anak yo ki soti nan jeyan yo. Konsa, nou te vin tankou krikèt nan pwòp zye nou ak nan zye pa yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]