Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Numbers 12 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Miriam and Aaron spoke against Moses over the Cushite woman he had married—he had married a Cushite woman. Marie avèk Aaron te vin pale kont Moïse akoz fanm Koushit ke li te marye a; paske li te marye avèk yon fanm Koushit;
2 They said, "Has our Father spoken only through Moses? Hasn't he also spoken through us?" And our Father heard it. Konsa, yo te di: “Èske SENYÈ a vrèman te pale sèlman ak Moïse? Èske Li pa t pale ak nou menm tou?” Epi SENYÈ a te tande sa.
3 Now the man Moses was very humble, more than anyone else on the face of the earth. Alò, nonm Moïse la te trè enb, plis pase tout moun ki te sou sifas latè a.
4 Suddenly our Father told Moses, Aaron, and Miriam, "Come out, you three, to the tent of meeting." The three went out. Sibitman, SENYÈ a te di a Moïse ak Aaron avèk Marie: “Nou twa a, vin sòti nan tant asanble a”. Alò, yo twa a te sòti.
5 Then our Father came down in a pillar of cloud, stood at the tent entrance, called Aaron and Miriam, and both came forward. Epi SENYÈ a te desann nan yon pilye nwaj. Li te kanpe nan pòtay tant asanble a, e Li te rele Aaron avèk Marie. Yo toude te vin avanse.
6 He said, "Hear my words: if a prophet is among you, I, your Father, reveal myself to him in a vision, speak to him in a dream. Li te di: “Koute pawòl Mwen koulye a: Si gen yon pwofèt pami nou, Mwen, SENYÈ a, Mwen va fè Mwen menm vin rekonèt a li menm nan yon vizyon. Mwen va pale avèk li nan yon rèv.
7 Not so with my servant Moses; he is faithful in all my house. Se pa konsa avèk sèvitè Mwen, Moïse. Li fidèl nan tout kay Mwen;
8 With him I speak mouth to mouth, clearly and not in riddles, and he sees the form of our Father. Why then were you not afraid to speak against my servant Moses?" Avèk li, Mwen pale bouch a bouch, byen klè, pa nan pawòl parabòl, epi li wè fòm SENYÈ a menm. Poukisa, konsa, nou pa t pè pou pale kont sèvitè Mwen an, kont Moïse?”
9 So the anger of our Father burned against them, and he departed. Epi kòlè SENYÈ a te brile kont yo, e Li te pati.
10 When the cloud lifted from over the tent, there was Miriam—diseased, white as snow. Aaron turned to Miriam, and there—diseased. Lè nwaj la te kite tant lan, vwala, Marie te gen lalèp, blan tankou lanèj. Epi lè Aaron te gade, alò, Marie te gen lalèp.
11 Aaron told Moses, "Please, my lord, don't hold against us the sin of our foolishness and wrongdoing. Aaron te di Moïse: “O senyè Mwen an! Mwen mande ou souple, pa konte peche sa a kont nou, nan sila nou te aji avèk foli a, ak nan sila nou te peche a.
12 Don't let her be like a stillborn, its flesh half-consumed leaving its mother's womb." O Pa kite chè Marie rete kòm yon timoun ki fenk fèt mouri, ki sòti nan vant manman li avèk chè li mwatye manje!”
13 So Moses cried out to our Father, "Please, my Father, please heal her!" Moïse te kriye fò bay SENYÈ a. Li te di: “O Bondye, geri li, mwen priye Ou!”
14 But our Father told Moses, "If her father had only spit in her face, wouldn't she be ashamed seven days? Shut her outside the camp seven days; then bring her back." Men SENYÈ a te reponn Moïse: “Si papa li te sèlman krache nan figi li, èske li pa t ap pote wont li pandan sèt jou? Kite li rete fèmen pandan sèt jou deyò kan an. Apre, l ap kapab rantre ankò.”
15 Miriam was shut outside the camp seven days; the people did not move until she was brought back. Konsa Marie te fèmen deyò kan an pandan sèt jou, e pèp la pa t deplase jiskaske Marie te vin rantre ankò.
16 After that the people set out from Hazeroth and camped in the Wilderness of Paran. Apre sa a, pèp la te deplase kite Hatséroth pou te fè kan nan dezè Paran an.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]