Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Numbers 11 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The people complained about their hardship where our Father could hear; he heard, his anger burned, and the fire of our Father blazed among them, consuming the camp's edge. Alò, pèp la te devni kòm sila ki plenyen zafè pwoblèm nan zòrèy a SENYÈ a. Lè SENYÈ a te tande sa, kòlè li te vin limen, dife SENYÈ a te brile pami yo. Li te detwi kèk nan yo nan zòn deyò kan an.
2 The people cried out to Moses, Moses prayed to our Father, and the fire died down. Pou sa, pèp la te kriye fò bay Moïse. Moïse te priye bay SENYÈ a, e dife a te ralanti.
3 So that place was named Taberah, because the fire of our Father had blazed among them. Konsa, non a kote sa a te rele Tabeéra akoz dife SENYÈ a ki te brile pami yo.
4 The mixed crowd among them craved intensely; Israel's people also wept again, saying, "If only we had meat to eat! Sanzave nan mele yo ki te pami yo te gen lide voras. Menm fis Israël yo tou te kriye dlo nan zye ankò. Yo te di: “Kilès k ap bannou vyann pou nou manje?
5 We remember the fish we ate in Egypt free, the cucumbers, melons, leeks, onions, and garlic. Nou sonje pwason ke nou te konn manje gratis nan peyi Égypte, avèk konkonb ak melon, zonyon, ak lay;
6 But now our appetite is gone; there is nothing at all to see but this manna." men koulye a, nanm nou vin sèch. Nanpwen anyen pou nou ta gade sof ke lamàn sa a.”
7 Now the manna was like coriander seed, and it looked like pale resin. Alò, lamàn nan te tankou grenn pitimi avèk aparans gonm arabik.
8 The people went about gathering it, ground it in mills or crushed it in mortars, boiled it in pots, and shaped it into cakes. It tasted like pastry made with oil. Pèp la t ap fè ale retou pou ranmase li. Yo te moulen li antre de wòch moulen, oswa bat li nan yon pilon, bouyi li nan yon chodyè, epi fè gato avèk li. Li gen gou tankou gou a gato ki fèt ak lwil.
9 When the dew fell on the camp at night, the manna fell with it. Lè lawouze te vin tonbe nan kan an pandan nwit lan, lamàn te tonbe avè l.
10 Moses heard the people weeping by their clans, each at his tent entrance. The anger of our Father burned greatly, and it seemed wrong to Moses. Alò, Moïse te tande pèp la ki t ap kriye pami tout fanmi yo, chak mesye nan pòtay a tant li. Konsa, chalè a SENYÈ a te vin limen anpil, e Moïse te malkontan.
11 Moses said to our Father, "Why have you mistreated your servant? Why haven't I found favor with you, that you put this whole people's burden on me? Pou sa, Moïse te di SENYÈ a: “Poukisa Ou te tèlman di avèk sèvitè Ou a? Epi poukisa mwen pa t jwenn favè nan zye ou, ke Ou te vin mete chaj tout pèp sa a sou Mwen?
12 Did I conceive all these people? Did I give birth to them, that you'd tell me, 'Carry them in your arms, as a caregiver carries a nursing baby,' to the land you swore to give their ancestors? Èske se mwen menm ki te vin peple fè tout pèp sa a? Èske se mwen menm ki te fè yo vin parèt pou Ou ta di mwen: ‘Pote yo nan sen ou tankou yon fanm nouris pote yon ti bebe k ap tete, pou rive nan yon peyi ke Ou te sèmante a papa yo?’
13 Where can I get meat for all these people? They keep weeping to me, saying, 'Give us meat to eat!' Kote mwen ap jwenn vyann pou bay tout pèp sa a? Paske yo kriye devan m! Yo te di: ‘Bannou vyann pou nou kapab manje!’
14 I cannot carry all these people by myself; it is too heavy for me. Mwen sèl mwen p ap kab pote tout pèp sa a; se twòp chaj pou mwen.
15 If this is how you treat me, please kill me now—if I have found favor in your eyes—and don't let me see my own misery." Konsa, si W ap aji konsa avè m, souple touye mwen koulye a; konsa, si Mwen pa t twouve favè nan zye Ou, pa kite mwen vin wè mizè mwen.”
16 Then our Father told Moses, "Gather for me seventy men from Israel's elders, whom you know as elders and officers of the people, and bring them to the meeting tent, and let them stand there with you. Konsa, SENYÈ a te di a Moïse: “Rasanble pou Mwen swasann-dis nonm ki soti nan ansyen Israël yo, pami sila a ou konnen kòm ansyen a pèp la, ak ofisyèl yo. Mennen yo nan tant asanble a e kite yo vin fè kanpe pa yo ansanm avè w la a.
17 I will come down, speak with you there, take some of the Spirit on you, and put it on them. They will carry the people's burden with you, so you won't carry it alone. Alò, Mwen va vin desann pou pale avèk ou la a. Konsa, Mwen va pran nan lespri ki sou ou a, pou mete li sou yo; epi yo va pote fado a avèk ou, pou ou pa oblije pote li ou sèl ou.
18 Tell the people: Dedicate yourselves for tomorrow—you will eat meat. You wept in our Father's hearing, saying, 'If only we had meat to eat! We were better off in Egypt.' So our Father will give you meat, and you will eat. “Di a pèp la: ‘Konsakre nou pou demen e nou va manje vyann; paske nou te kriye nan zòrèy SENYÈ a, e te di: “O ke yon moun bannou vyann pou nou manje! Paske nou te byen okipe an Égypte.” Konsa, SENYÈ a va bannou vyann, e nou va manje.
19 Not for one day, two, five, ten, or twenty days will you eat it, Nou va manje, pa pou yon jou, ni de jou, ni senk jou, ni di jou, ni ven jou,
20 but a whole month, until it comes out your nostrils and disgusts you—because you rejected our Father among you, weeping before him, saying, 'Why did we ever leave Egypt?'" men yon mwa nèt, jis li vin sòti nan nen nou, e vin abominab pou nou; akoz nou te rejte SENYÈ a ki pami nou, e nou te kriye devan Li pou te di: “Poukisa nou te janmen kite Égypte?”’”
21 Moses said, "The people I'm with number 600,000 on foot, yet you say, 'I will give them meat to eat for a whole month'?" Men Moïse te di: “Pèp pami sila Mwen ye a se sis-san-mil sou pye; sepandan, Ou te di, ‘Mwen va bay yo vyann, pou yo kab manje jis yon mwa nèt.’
22 Could flocks and herds be slaughtered to satisfy them? Could all the fish of the sea be gathered to satisfy them? “Si bann mouton avèk twoupo yo ta touye pou yo èske sa ta sifi pou yo?”
23 Our Father said to Moses, "Is my hand too short? Now you'll see whether my word comes true for you or not." SENYÈ a te di a Moïse: “Èske pouvwa SENYÈ a limite? Koulye a, ou va wè si pawòl Mwen va vin vrè pou ou oswa non.”
24 Moses went out and told the people our Father's words. He gathered seventy men from the people's elders and stationed them around the tent. Konsa, Moïse te sòti deyò. Li te di pèp la pawòl SENYÈ a. Osi, li te rasanble swasann-dis gason nan ansyen pami pèp la, e li te estasyone yo antoure tant la.
25 Then our Father came down in the cloud, spoke to him, took some of the Spirit on him, and put it on the seventy elders. When the Spirit rested on them, they prophesied—but not again. Alò, SENYÈ a te vin desann nan nwaj la, e Li te pale avèk li. Li te pran nan Lespri ki te sou li a, e li te plase Li sou swasann-dis ansyen yo. Epi lè Lespri a te poze sou yo, yo te pwofetize. Men yo pa t fè sa ankò.
26 Two men had remained in the camp, one named Eldad, the other Medad, and the Spirit rested on them—they were among those registered but had not gone out to the tent—yet they prophesied in the camp. Men de mesye nan ansyen yo te rete nan kan an; Non a youn te Eldad, e non a lòt la te Médad. Epi Lespri a te vin rete sou yo. Yo menm te pami sila ki te anrejistre kòm ansyen yo, men ki pa t sòti pou ale nan tant lan; men yo te pwofetize nan kan an.
27 A young man ran and reported to Moses, "Eldad and Medad are prophesying in the camp." Konsa, yon jennonm te kouri di Moïse: “Eldad avèk Médad ap pwofetize nan kan an.”
28 Joshua son of Nun, Moses' assistant from his youth, said: "My lord Moses, hold them back!" Epi Josué, fis a Nun nan, ki te sèvitè Moïse depi nan jenès li, te di: “Moïse, senyè mwen an, anpeche yo.”
29 But Moses replied, "Are you jealous for me? I wish all our Father's people were prophets, that our Father would put his Spirit on them!" Men Moïse te di li: “Èske ou jalou pou tèt mwen? Pito ke tout pèp SENYÈ a te pwofèt, pou SENYÈ a ta mete Lespri Li sou yo!”
30 Then Moses returned to the camp, he and the elders of Israel. Epi Moïse te retounen nan kan an, ni li, ni ansyen Israël yo.
31 A wind went out from our Father, drove quail from the sea, and dropped them around the camp—about a day's journey on each side, about three feet deep on the ground. Alò, te vin souleve yon van sòti nan SENYÈ a. Li te mennen zwazo kay sòti nan lanmè, e Li te kite yo tonbe akote kan an, anviwon distans de yon vwayaj yon jounen sou yon bò, e vwayaj a yon jounen de lòt bò a, toutotou kan an, epi plis oswa mwens de koude (twa pye) pwofondè sou sifas tè a.
32 The people were up all that day, all night, and all the next day gathering the quail—the least gathered sixty bushels—then spread it all out for themselves around the camp. Pèp la te pase tout jounen, tout nwit lan, ak tout jou aprè a nan ranmase zòtolan. Sila ki te ranmase mwens lan, te ranmase dis omè (ven lit), e yo te poze yo gaye pou yo toupatou nan kan an.
33 While the meat was still between their teeth, not yet chewed, our Father's anger burned against the people, and our Father struck them with a very severe plague. Pandan vyann nan te toujou nan dan yo, avan yo te menm moulen li, kòlè SENYÈ a te vin limen kont pèp la, e SENYÈ a te frape pèp la avèk yon epidemi byen sevè.
34 That place was named Kibroth-hattaavah, because there they buried the people who craved. Konsa, non a kote sa a te rele Kibroth Hattaava, akoz ke se ladann, yo te antere pèp ki te voras yo.
35 From Kibroth-hattaavah the people set out for Hazeroth, and they stayed at Hazeroth. Soti nan Kibroth Hattaava, pèp la te ale Hazeroth, e yo te vin rete Hazeroth.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]