Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Numbers 10 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Our Father spoke to Moses, saying: Senyè a te pale avèk Moïse. Li te di li:
2 "Make yourself two silver trumpets, hammered work; use them to call the community and to move the camps. Fè pou ou menm de twonpèt an ajan, yon zèv ajan ki bat, ou va fè yo. Konsa, ou va sèvi ak yo pou fè tout asanble a rasanble, e pou fè kan yo pati.
3 When both sound, the whole community must gather to you at the entrance to the tent of meeting. Lè toude vin sone, tout kongregasyon an va rasanble yo menm anvè ou nan pòtay a tant asanble a.
4 But if only one is blown, the leaders—heads of Israel's clans—are to gather to you. Men si se yon sèl ki sone, alò, se chèf yo, tèt a dè milye an Israël yo ki va rasanble devan ou.
5 When you sound a blast, the camps on the east side are to set out. Lè nou sone pou avèti, kan ki rete nan kote lès yo, va pati.
6 Sound a second blast: camps on the south side set out. Sound a blast for their setting out. Lè nou sone pou avèti yon dezyèm fwa, kan ki nan kote sid yo, va pati. Yon son avèti va soufle pou yo pati.
7 But when you call the assembly together, blow a steady note, not an alarm. Sepandan, lè nou ap reyini asanble a, ou va soufle twonpèt yo, men pa avèk son avèti yo.
8 Aaron's sons, the priests, are to blow the trumpets—a lasting law for you throughout your generations. Anplis, se prèt yo, fis a Aaron yo ki va soufle twonpèt yo. Konsa, sa va pou nou yon règleman pou tout tan pandan tout jenerasyon nou yo.
9 When you go to war in your land against the enemy crushing you, sound an alarm on the trumpets—you will be remembered before me and saved from your enemies. Lè nou fè lagè nan peyi nou kont advèsè ki vin atake nou yo, alò, nou va sone yon son avèti avèk twonpèt yo, pou nou kapab sonje devan SENYÈ a, Bondye nou an, e vin sove de lènmi nou yo.
10 Also on your day of joy, at your appointed feasts and new moons, blow the trumpets over your burnt offerings and over your peace offerings—a memorial for you before our Father. I am your Father." “Osi, nan jou kè kontan yo, nan fèt apwente nou yo, ak nan premye jou nan mwa nou yo, nou va sone twonpèt yo sou ofrann brile nou yo, sou ofrann sakrifis lapè yo. Yo va tankou yon son pou nou menm devan Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.”
11 In the second year, second month, on the twentieth day, the cloud lifted from over the tabernacle of the testimony. Alò, nan dezyèm ane a, nan dezyèm mwa a, nan ventyèm nan mwa a, nwaj la te leve pa anwo tabènak temwayaj la.
12 The Israelites set out from the Sinai wilderness, stage by stage; the cloud settled in the Paran wilderness. Konsa, fis Israël yo te pati nan vwayaj yo soti nan dezè a Sinaï a. Epi nwaj la te vin tan nan dezè Paran an.
13 This was their first setting out, at our Father's command through Moses. Konsa, yo te derape pou premye fwa selon kòmandman SENYÈ a, selon Moïse.
14 Judah's camp banner set out first, by their divisions, Nahshon son of Amminadab over his division. Drapo kan Juda a selon lame pa yo, te sòti avan, avèk Nachschon, fis a Amminadab la sou lame pa li.
15 Nethanel son of Zuar was over the division of the tribe of Issachar, Nethaneel, fis a Tsuar a, te sou lame tribi a fis Issacar yo.
16 and Eliab son of Helon was over the division of the tribe of Zebulun. Eliab, fis a Hélon an, te sou lame tribi a fis Zabulon an,
17 The tabernacle was taken down, and the sons of Gershon and sons of Merari set out, carrying it. Tabènak la te vin demonte, epi fis a Guerschon yo avèk fis a Merari yo, ki t ap pote tabènak la, te pati.
18 Reuben's camp standard set out by divisions, Elizur son of Shedeur over its division. Apre, drapo kan Ruben an, selon lame pa yo te pati avèk Élitsur, fis a Schedéur a sou lame pa li.
19 Shelumiel son of Zurishaddai was over the division of the tribe of Simeon, Schelumiel, fis a Tsurischaddaï a te sou lame tribi a fis Siméon yo.
20 and Eliasaph son of Deuel was over the division of the tribe of Gad. Élisaph, fis a Déuel la te sou lame tribi a fis Gad yo.
21 The Kohathites set out carrying the holy things, and the tabernacle was set up before they arrived. Epi Kehath yo te derape. Yo t ap pote bagay sen yo. Lòt yo te gen tan monte tabènak avan ke yo te rive.
22 Ephraim's camp standard set out by division, Elishama son of Ammihud over its division. Apre, drapo a kan Ephraïm nan te pati, selon lame pa yo. Élischama, fis a Ammihud la te sou tèt lame pa li a.
23 Gamaliel son of Pedahzur was over the division of the tribe of Manasseh, Gamaliel, fis a Pedahstsur te sou tèt lame tribi a fis Manassé yo.
24 and Abidan son of Gideoni was over the division of the tribe of Benjamin. Abidan, fis a Guideoni te sou tèt lame a fis Benjamin yo.
25 Dan's camp standard set out, rear guard of all the camps, by their divisions, with Ahiezer son of Ammishaddai over its division. Drapo kan fis a Dan nan, selon lame yo, te fòme gad an aryè pou tout kan yo. Yo derape avèk Ahiézer, fis a Ammischaddaï sou tèt lame pa li a.
26 Pagiel son of Ochran was over the division of the tribe of Asher, Paguiel, fis a Ocran an te sou tèt lame tribi a fis Aser yo.
27 and Ahira son of Enan was over the division of the tribe of Naphtali. Ahira, fis a Énan an, te sou tèt lame tribi a fis Nephtali yo.
28 This was the order of march for the Israelites by their divisions as they set out. Konsa te lòd vwayaj la a pou fis Israël yo selon lame pa yo, lè yo te vin pati.
29 Moses said to Hobab son of Reuel the Midianite, his father-in-law, "We are traveling to the place our Father said, 'I will give it to you.' Come with us; we will treat you well, for our Father has promised good to Israel." Moïse te di a Hobab, fis a Réuel la, Madyanit lan, bòpè a Moïse la: “Nou ap pati pou kote ke SENYÈ a te di a, ‘Mwen va bannou li.’ Vini avèk nou, e nou va fè ou byen; paske SENYÈ a te pwomèt sa ki bon konsènan Israël.”
30 But Hobab said to him, "I will not go; I am returning to my own land and my own people." Men li te di li: “Mwen p ap vini, men olye de sa, m ap ale nan peyi pa m avèk fanmi pa mwen yo.”
31 Moses said, "Please don't leave us, since you know where we should camp in the wilderness, and you'll be our eyes. Alò li te di: “Souple, pa kite nou, kòmsi ou konnen kote nou dwe fè kan nan dezè a, e ou va pou nou tankou zye nou.
32 If you come with us, whatever good our Father does for us, we'll do the same for you." Se konsa sa va ye, ke si ou ale avèk nou, ke nenpòt sa ki bon ke SENYÈ a fè pou nou, nou va fè pou ou tou.”
33 They set out from the mountain of our Father on a three-day journey, and the ark of our Father's covenant went ahead of them that three-day journey, seeking a resting place for them. Konsa yo te pati soti nan mòn SENYÈ a, yon vwayaj twa jou avèk lach temwayaj SENYÈ a ki te vwayaje pandan twa jou devan yo pou chache yon kote pou yo kab poze.
34 The cloud of our Father was over them by day as they left the camp. Nwaj SENYÈ a te sou yo nan lajounen lè yo te kite kan an.
35 Whenever the ark set out, Moses said, "Rise, O Father! Let your enemies be scattered; let those who hate you flee before you." Epi li te vin rive ke lè lach la te derape ke Moïse te di: “Leve O SENYÈ! Kite sila ki rayi Ou yo Sove ale devan Ou.”
36 Whenever it rested, he'd say, "Return, O Father, to Israel's countless thousands." Lè l te vin poze li te di: “Retounen, O SENYÈ a vè bokou milye de Israël yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]