Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Numbers 9 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Our Father spoke to Moses in the Sinai wilderness, in the first month of the second year after they left Egypt: SENYÈ a te pale avèk Moïse nan dezè Sinaï a, nan premye mwa nan dezyèm ane a lè yo te fin sòti nan Égypte la. Li te di:
2 "Let the people of Israel keep the Passover at its appointed time. “Alò, kite fis Israël yo obsève fèt Pak la nan lè ki apwente pou li a.
3 On this month's fourteenth day, at twilight, observe it at its set time, by all its statutes and all its rules." Nan katòzyèm jou nan mwa sa a, nan aswè avan li fènwa, nou va obsève li nan lè apwente a. Nou va obsève li avèk tout règleman e avèk tout òdonans li yo.”
4 So Moses told the people of Israel that they should keep the Passover. Konsa, Moïse te pale ak fis Israël yo pou obsève Pak la.
5 In the wilderness of Sinai, they kept the Passover on day fourteen of the first month, at twilight, as our Father commanded Moses; so the children of Israel did. Yo te obsève Pak la nan premye mwa, nan katòzyèm jou a, nan aswè lè li fenk kòmanse fènwa, nan dezè Sinaï a. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo, se konsa fis Israël yo te fè.
6 Some men were unclean from touching a corpse and could not observe Passover that day, so they came before Moses and Aaron that day. Men te gen kèk mesye ki pa t pwòp akoz yon mò. Akoz sa, yo pa t kab obsève Pak la nan jou sa a. Konsa yo te vin devan Moïse avèk Aaron nan jou sa a.
7 Those men said to him, "We are unclean from a dead body. Why must we be kept from presenting our Father's offering at its appointed time among the Israelites?" Mesye sa yo te di li: “Malgre nou pa pwòp akoz mò a, poukisa nou anpeche vin prezante ofrann SENYÈ a nan lè apwente pami fis Israël yo?”
8 And Moses said to them, "Wait here until I hear what our Father will command about this." Konsa, Moïse te reponn yo: “Tann, e mwen va koute sa ke SENYÈ a va kòmande pou nou menm.”
9 Our Father spoke to Moses, saying, Epi SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
10 "Tell the Israelites: if any of you or your descendants is unclean from a corpse, or off on a distant journey, he may still keep the Passover to our Father. “Pale avèk fis Israël yo pou di: ‘Si nenpòt nan nou, oswa nan desandan nou yo vin pa pwòp akoz yon mò, oswa se nan yon vwayaj, malgre sa, li kapab obsève Pak SENYÈ a.
11 In month two, on day fourteen, at twilight, they must keep it, eating it with unleavened bread and bitter herbs. Nan dezyèm mwa a, sou katòzyèm jou a, nan aswè lè l fenk kòmanse fènwa, yo va obsève li. Yo va manje li avèk pen san ledven ak zèb anmè.
12 They are to leave none of it until morning, break no bone of it, and keep it by every statute of the Passover. Yo p ap kite anyen ladann pou rive nan maten, ni kase okenn zo ladann. Selon tout règleman a Pak la, yo va obsève li.
13 But if a man is clean and not traveling, yet does not keep the Passover, that person must be cut off from his people, because he failed to bring our Father's offering at its set time; that man will bear his sin. Men mesye ki pwòp e ki pa nan yon vwayaj, ki malgre sa, neglije obsève Pak la, moun sa a va vin koupe retire de pèp li a. Paske li pa t prezante ofrann bay SENYÈ a nan lè chwazi a. Nonm sila a va pote peche li.
14 "If a foreigner living among you wants to keep the Passover to our Father, he must follow the Passover's statute and rule. One statute applies to both foreigner and native of the land." “‘Si yon etranje demere pami nou e li obsève Pak SENYÈ a, li gen pou fè l selon règleman a Pak la, ak selon òdonans li. Nou va genyen yon sèl règleman, ni pou etranje, ni pou natif peyi a.’”
15 When the tabernacle—the tent of the testimony—was set up, the cloud covered it; from evening until morning it looked like fire over the tabernacle. Alò, nan jou ke tabènak la te monte a, nwaj te vin kouvri tabènak la ak tant temwayaj la, e nan aswè, li te tankou aparans dife sou tabènak la, jis rive nan maten.
16 So it was continually: the cloud covered it by day, and the appearance of fire by night. Se konsa li te ye tout tan. Nwaj te vin kouvri li nan lajounen, e aparans dife a nan lannwit.
17 Whenever the cloud lifted from over the tent, the Israelites set out; wherever it settled, the Israelites camped. Nenpòt lè nwaj te leve sou tant lan, fis Israël yo te leve vwayaje. Nan plas kote nwaj la te vin poze a, se la fis Israël yo te kanpe fè kan an.
18 At our Father's command Israel's people set out; at our Father's command they camped. As long as the cloud rested over the tabernacle, they remained camped. Sou kòmand a SENYÈ a, fis Israël yo te pati, e sou kòmand a SENYÈ a, yo te fè kan an. Tout tan ke nwaj la te poze sou tabènak la, yo te rete nan kan an.
19 When the cloud lingered over the tabernacle many days, the Israelites kept our Father's charge and did not set out. Menm lè nwaj la te fè reta sou tabènak la pandan anpil jou, fis Israël yo te kenbe lòd SENYÈ a. Yo pa t pati.
20 Sometimes the cloud stayed on the dwelling only a few days: at the command of our Father they camped, at the command of our Father they set out. Si, pafwa nwaj la te rete kèk jou sou tabènak la, selon kòmand SENYÈ a, yo te rete nan kan an. Epi selon kòmand SENYÈ a, yo te vin pati.
21 Sometimes the cloud stayed from evening to morning; when it lifted in the morning, they set out. Whether by day or night, when the cloud lifted, they set out. Si, pafwa nwaj la te rete soti nan aswè pou jis rive nan maten, lè nwaj la te leve nan maten, yo te deplase; oswa, si li te rete nan lajounen ak lannwit, nenpòt lè ke nwaj la te leve a, yo te vin pati.
22 Whether two days, a month, or longer, while the cloud remained over the tabernacle, Israel stayed in camp and did not set out; when it lifted, they set out. Sof ke se te pou de jou, oswa yon mwa, oswa 1 nan ke nwaj la te mize sou tabènak la, depi li rete anwo li, fis Israël yo te rete nan kan an. Yo pa t pati. Men lè li te vin leve, yo te pati.
23 At our Father's command they camped; at his command they set out. They kept his charge, at our Father's command through Moses. Ak kòmand a SENYÈ a, yo te fè kan an, e nan kòmand a SENYÈ a, yo te pati. Yo te kenbe lòd SENYÈ a selon kòmand SENYÈ a, selon Moïse.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]