Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Numbers 8 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Our Father spoke to Moses, saying: Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
2 "Say to Aaron: When you mount the lamps, the seven must shine before the lampstand." “Pale avèk Aaron e di li: ‘Lè ou monte lanp yo, sèt lanp sa yo va bay limyè pa devan chandelye a.’”
3 Aaron did so, lighting its lamps to shine toward the lampstand's front, as our Father commanded Moses. Konsa, Aaron te fè sa. Li te monte lanp pa li a pa devan chandelye a, jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.
4 The lampstand's work: hammered gold, hammered from base to blossoms—made exactly as our Father showed Moses. Men kòman mendèv chandelye a te ye; fèt avèk lò ki bat, soti nan baz li jis rive nan flè yo, li te yon travay ki bat. Selon modèl ke SENYÈ a te montre a Moïse la, konsa li te fè chandelye a.
5 Our Father spoke to Moses, saying: Ankò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
6 "Take the Levites from among the people of Israel and cleanse them. “Pran Levit yo soti nan fis Israël yo e fè yo vin pwòp.
7 To cleanse them, do this: sprinkle purification water on them, run a razor over their whole body, wash their clothes, and be clean. Se konsa ou va fè pou fè yo vin pwòp: flite dlo ki pirifye sou yo. Kite yo pase razwa sou tout kò yo e lave rad yo; epi yo va vin pwòp.
8 Let them take a young bull from the herd, its grain offering of fine flour mixed with oil, and you are to take a second young bull from the herd for a sin offering. Konsa, kite yo pran yon towo avèk ofrann sereyal li a, farin fen mele avèk lwil; epi yon dezyèm towo, ou va pran kòm yon ofrann peche.
9 Bring the Levites before the tent of meeting, and gather the whole community of Israel's people. Alò, ou va prezante Levit yo devan Tant Asanble a. Ou va osi rasanble tout kongregasyon a fis Israël yo.
10 When you present the Levites before me, Israelites are to lay hands on the Levites, Ou va prezante Levit yo devan SENYÈ a. Fis Israël yo va poze men yo sou Levit yo,
11 Aaron is to wave the Levites before me, an offering from the Israelites, to do my service. epi Aaron va prezante Levit yo devan SENYÈ a kòm yon ofrann balanse vè lotèl la, soti nan fis Israël yo, pou yo kapab kalifye pou fè sèvis SENYÈ a.
12 The Levites will lay their hands on the bulls' heads; offer one as a sin offering, one as a burnt offering to me, to atone for the Levites. “Alò, Levit yo va poze men yo sou tèt a towo yo, epi ou va ofri youn kòm yon ofrann peche, e lòt la kòm yon ofrann brile bay SENYÈ a pou fè ekspiyasyon pou Levit yo.
13 Set the Levites before Aaron and his sons, and present them to me as a wave offering. Ou va fè Levit yo kanpe devan Aaron ak devan fis li yo pou prezante yo kòm yon ofrann balanse vè lotèl la bay SENYÈ a.
14 Separate the Levites from among Israel's people; the Levites are mine. Konsa, ou va separe Levit yo soti nan fis Israël yo, e Levit yo va vin pou Mwen.
15 Then the Levites will enter to serve the tent of meeting, once you've cleansed and waved them as a wave offering. “Epi apre sa, Levit yo kapab antre pou fè sèvis nan Tant Asanble a. Konsa, ou va netwaye yo e prezante yo kòm yon ofrann balanse vè lotèl la;
16 For they are fully given to me from among Israel's sons, in place of every womb-opener—firstborn of all Israel's sons—I took them for myself. paske yo te vin pou Mwen nèt soti nan fis Israël yo. Mwen te pran yo pou Mwen menm nan plas a tout sila ki sòti nan vant yo, premye ne nan tout fis Israël yo.
17 All Israel's firstborn, human or animal, are mine; the day I struck all Egypt's firstborn, I set them apart for myself. Paske tout gason premye ne pami fis Israël yo se pou Mwen, pami moun yo, ak pami bèt yo. Nan jou ke M te frape tout premye ne nan peyi Égypte yo, Mwen te sanktifye yo pou Mwen menm.
18 And I have taken the Levites in place of all the firstborn among the people of Israel. Men Mwen te pran Levit yo nan plas a chak premye ne pami fis Israël yo.
19 I have given the Levites to Aaron and his sons, a gift from Israel's people, to serve Israel's people at the tent of meeting, atone for Israel's people, so no plague strikes Israel's people nearing the sanctuary." Mwen te bay Levit yo kòm yon kado bay Aaron ak fis li yo soti pami fis Israël yo, pou ranpli sèvis a fis Israël yo nan Tant Asanble a, e pou fè ekspiyasyon pou fis Israël yo, jis pou pa vin gen gwo epidemi pami fis Israël yo akoz ke yo vin pwoche toupre sanktyè a.”
20 Moses, Aaron, and Israel's whole assembly did to the Levites all our Father commanded Moses about the Levites; Israel's people did to them. Konsa Moïse avèk Aaron, ak tout kongregasyon a fis Israël yo te fè pou Levit yo. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse konsènan Levit yo, konsa fis Israël yo te fè yo.
21 The Levites purified themselves from sin, washed their clothes; Aaron offered them as a wave offering before our Father, atoned for them to cleanse them. Levit yo tou, te pirifye yo menm de peche e te lave rad yo. Aaron te prezante yo kòm yon ofrann balanse vè lotèl la devan SENYÈ a. Aaron, osi, te fè ekspiyasyon pou yo, pou fè yo vin pwòp.
22 After that, the Levites came to serve in the tent of meeting before Aaron and his sons; they did to the Levites as our Father commanded Moses. Epi apre Levit yo te antre pou fè sèvis pa yo nan Tant Asanble a, devan Aaron ak devan fis li yo: jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse konsènan Levit yo, se konsa yo te fè pou yo.
23 Our Father spoke to Moses, saying: Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
24 "This applies to the Levites: from age twenty-five, they are to come to serve in the work at the tent of meeting. “Sa se lòd ki aplike pou Levit yo: soti nan laj venn-senkan e plis, yo va antre pou fè sèvis nan travay a Tant Asanble a.
25 From age fifty they must retire from service work and serve no longer. Men nan laj a senkantan, yo va pran retrèt nan sèvis travay la. Yo p ap travay ankò.
26 They may assist their brothers at the tent of meeting by standing guard, but do no work. This is how you are to assign the Levites' duties." Sepandan, yo va asiste frè yo nan Tant Asanble a, pou kenbe devwa yo, men yo pa pou travay yo menm. Konsa ou va aji avèk Levit yo konsènan devwa yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]