Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Mark 8 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In those days, again a large crowd gathered with nothing to eat. Jesus called his disciples and said, Nan jou sa yo, lè te gen ankò yon gwo foul ki pa t gen anyen pou yo manje, Jésus te rele disip Li yo. Li te di yo:
2 "I feel compassion for the crowd—they've been with me three days now and have nothing to eat. “Mwen santi konpasyon pou foul la pwiske yo rete avèk Mwen koulye a pandan twa jou, e yo pa gen anyen pou yo manje.
3 If I send them home hungry, they'll collapse on the way—some have come from far off." Si Mwen voye yo lakay yo grangou, y ap fennen nan wout la, e gen nan yo ki sòti yon bon distans.”
4 And his disciples answered him, "How can anyone feed these people with bread here in the wilderness?" Disip Li yo te reponn Li: “Kote yon moun kapab jwenn ase pen isit la pou satisfè moun sa yo nan yon andwa izole konsa”?
5 And he asked them, "How many loaves do you have?" They said, "Seven." Li te mande yo: “Konbyen moso pen nou genyen?” Yo te di Li: “Sèt”.
6 He told the crowd to sit on the ground, took the seven loaves, gave thanks, broke them, and gave them to his disciples to serve to the people; and they served the crowd. Konsa, Li te fè yo chita atè. Li te pran sèt pen yo, e te kase yo an mòso. Li te kòmanse bay yo a disip Li yo pou sèvi yo, e yo te bay yo a foul la.
7 They also had a few small fish; after blessing them, he told the disciples to serve these to the people. Anplis yo te genyen kèk ti pwason. Lè L fin beni yo, Li te kòmande sa yo anplis pou separe bay.
8 And they ate and were satisfied. And they took up seven baskets of the leftover pieces. Yo te manje e yo te satisfè. Yo te ranmase sèt gwo panyen plen avèk moso kase ki te rete.
9 About 4,000 people were there. And he sent them away. Te gen anviwon kat mil ki te la. Konsa, Li te voye yo ale.
10 Then immediately he got into the boat with his disciples and went to the district of Dalmanutha. Nan menm moman sa a, Li te antre nan kannòt la avèk disip Li yo, pou te rive nan peyi yo rele Dalmanutha a.
11 The Pharisees came and began debating with him, testing him by demanding a sign from heaven. Farizyen yo te parèt e yo te kòmanse diskite avè L. Yo te mande L yon sign ki sòti nan syèl la pou teste li.
12 Sighing deeply in his spirit, he said, "Why does this generation demand a sign? Truly I tell you, no sign will be given to this generation." Avèk yon gwo soupi ki sòti nan lespri Li, Li te di: “Poukisa jenerasyon sila a ap chèche yon sign? Anverite Mwen di nou: Nanpwen sign k ap parèt a jenerasyon sila a.”
13 And he left them, got back into the boat, and went to the other side. Lè L fin kite yo, Li te monte kannòt la pou te ale lòtbò.
14 They'd forgotten to bring bread—only one loaf was with them in the boat. Yo te bliye pran pen, e pa t gen plis ke yon moso nan kannòt la avèk yo.
15 And he warned them, "Watch out—beware of the yeast of the Pharisees and the yeast of Herod." Li te avèti yo pou di: “Veye byen! Fè atansyon kont ledven Farizyen yo, ak ledven Hérode la!”
16 And they began discussing with one another that they had no bread. Konsa, yo te kòmanse diskite youn avèk lòt pwoblèm ke yo pa t gen pen an.
17 Knowing this, Jesus asked, "Why discuss having no bread? Do you still not see or grasp? Are your hearts hardened? Jésus te konprann sa byen, e te di yo: “Poukisa nou ap pale afè pen an? Èske nou poko wè ni konprann? Èske nou gen kè di?
18 Having eyes, do you not see? Having ears, do you not hear? And do you not remember? Malgre nou gen zye, èske nou pa wè? E malgre nou gen zòrèy, èske nou pa tande? E èske nou pa sonje
19 When I broke the five loaves for the 5,000, how many baskets full of fragments did you collect?" They said, "Twelve." lè Mwen te kase senk pen yo pou senk mil moun, konbyen panyen plen avèk moso kase nou te ranmase?” Yo te di Li: “Douz”.
20 "And when I broke the seven for the 4,000, how many basketfuls of broken pieces did you gather?" They said, "Seven." “Epi lè Mwen te kase sèt pou kat mil moun yo, konbyen gwo panyen plen avèk moso kase nou te ranmase?” Yo te di li: “Sèt”.
21 And he said to them, "Do you still not understand?" Li te mande yo: “Èske nou poko menm konprann?”
22 They came to Bethsaida, where people brought him a blind man and begged Jesus to touch the man. Yo te rive Bethsaïda. Moun yo te pote bay Li yon mesye avèg e yo te sipliye L pou te touche l.
23 He took the blind man's hand, led him out of the village, spit on his eyes, laid hands on him, and asked, "Do you see anything?" An pran mesye avèg la pa men li, Li te mennen l sòti nan vil la. Lè L fin krache sou zye li e mete men L sou li, Li te mande l: “Èske ou pa wè anyen?”
24 He looked up and said, "I see people, but they look like trees, walking." Konsa, li te leve tèt li gade e te di: “Mwen wè moun. Konsi mwen wè yo tankou pyebwa k ap mache toupatou.”
25 Then Jesus put his hands on the man's eyes again; he looked intently, was restored, and saw everything distinctly. Ankò Li te mete men Li sou zye li. Li te gade byen fiks, e li te vin restore. Konsa, li te wè tout bagay byen klè.
26 And he sent him home, saying, "Do not even go into the village." Li te voye li lakay li e te di: “Pa menm antre nan vil la.”
27 Jesus and his disciples went to the villages of Caesarea Philippi. On the way he asked them, "Who do people say I am?" Jésus te sòti avèk disip Li yo pou lantre nan vilaj Césarée Philippe. Sou wout la Li te diskite ak disip Li yo. Li te mande yo: “Kilès moun yo di ke Mwen ye?”
28 They told him, "John the Baptist; and others say Elijah; and others, one of the prophets." Yo te di Li: “Jean Baptiste, e kèk lòt Élie, men lòt, youn nan pwofèt yo”.
29 Then he asked them, "But who do you say I am?" Peter answered, "You are the Christ." Li te kesyone yo plis; “Men kilès nou menm nou di ke Mwen ye?” Pierre te reponn e te di Li: “Ou menm se Kris la.”
30 And he strictly warned them not to speak about him. Konsa, Li te avèti yo pou pa di pèsòn anyen sou Li menm.
31 He began teaching them the Son of Man must suffer much, be rejected by the elders, chief priests, and scribes, be killed, and rise after three days. Li te kòmanse enstwi yo ke Fis a Lòm nan t ap oblije soufri anpil bagay, vin rechte pa ansyen yo avèk chèf prèt ak skrib yo, e touye. E apre twa jou, Li ta resisite ankò.
32 He said this plainly. And Peter took him aside and began to rebuke him. Li t ap pale bagay la byen klè. Konsa, Pierre te mennen L akote e te kòmanse repwoche L.
33 But turning, he looked at his disciples and rebuked Peter: "Get behind me, Satan! For you are not setting your mind on the things of our Father, but on the things of man." Men lè l te vire gade dèyè, Li te wè disip Li yo, e Li te repwoche Pierre, e te di l: “Mete ou dèyè M, Satan! Paske ou p ap mete panse ou sou enterè Bondye a, men enterè lòm.”
34 He called the crowd and his disciples and said to them, "Whoever wants to come after me must deny himself, take up his cross, and follow me. Li te rele foul la avèk disip Li yo. Li te di yo: “Si yon moun vle swiv Mwen, fòk li renonse pwòp tèt li, pran kwa li, e swiv Mwen.
35 Whoever wants to save his life will lose it; whoever loses his life for my sake and the good news will save it. Paske nenpòt moun ki vle sove vi li, va pèdi li; men nenpòt moun ki pèdi vi li akoz Mwen ak levanjil la, ap sove li.
36 What good does it do a person to gain the whole world and forfeit his soul? “Paske kisa sa sèvi a yon nonm si l genyen tou lemonn men l pèdi nanm li?
37 For what can a person give in exchange for his soul? Paske kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm Li.
38 For whoever is ashamed of me and my words in this adulterous, sinful generation—the Son of Man will be ashamed of them too when he comes in his Father's glory with the holy angels." “Paske nenpòt moun ki wont de Mwen menm avèk pawòl Mwen, nan jenerasyon adiltè e konwonpi sila a, Fis a Lòm nan ap wont de li menm tou lè Li vini nan glwa a Papa Li avèk zanj sen yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]