Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Mark 7 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The Pharisees and some of the scribes who had come from Jerusalem gathered around Jesus, Farizyen yo avèk kèk nan skrib yo te antoure Jésus lè yo te sòti Jérusalem.
2 and they saw that some of his disciples were eating bread with unclean hands—that is, unwashed. Lè yo te wè ke kèk nan disip Li yo t ap manje pen avèk men enpi, sa vle di, san lave,
3 (For the Pharisees and all the Jews don't eat unless they wash their hands ceremonially, keeping the elders' tradition. (pwiske Farizyen yo avèk tout Jwif yo pa manje sof ke yo lave men yo kòrèk, pou obsève tradisyon a ansyen yo.
4 When they come from the market, they don't eat without washing. They also hold to many other traditions they've received—washing cups, pitchers, and copper vessels.). Lè yo sòti nan mache, yo pa manje sof ke yo gen tan benyen. Anplis yo gen anpil lòt bagay ke yo konn resevwa kon prensip, tankou lavaj a tas, avèk krich, ak po kwiv yo.)
5 Then the Pharisees and scribes asked him, "Why don't your disciples follow the elders' tradition, but eat bread with unclean hands?" Pou sa, Farizyen yo ak skrib yo te mande L: “Poukisa disip ou yo pa mache selon tradisyon ansyen yo, men manje pen avèk men ki pa lave?”
6 He replied, "Isaiah prophesied truly about you hypocrites, as written: 'These people honor me with their lips, but their heart is far from me.' Li te reponn yo: “Byen jis Ésaïe te fè pwofesi sou nou kom ipokrit, lè li te ekri: ‘Pèp sa bay Mwen lonè avèk lèv yo, men kè yo lwen Mwen.
7 'They worship me in vain, teaching as doctrines the commandments of men.' Men anven yo adore Mwen lè y ap enstwi kòm doktrin, prensip a lòm.’
8 You abandon the commandment of our Father and hold to the tradition of men." “Nou neglije kòmandman a Bondye yo, pou kenbe tradisyon a lòm yo—kon lavaj krich yo ak anpil lòt bagay”
9 He said to them, "You do a fine job setting aside our Father's commandment to keep your own tradition!" Li t ap di yo anplis: “ Ak konesans nou mete kòmandman Bondye a akote, pou kenbe tradisyon pa nou yo.
10 For Moses said, 'Honor your father and your mother,' and 'Whoever curses father or mother must be executed.' Paske Moïse te di: ‘Onore papa ou avèk manman ou’; epi ‘sila ki pale mal a papa li oswa manman li, fòk li mete a lanmò.’
11 "But you say: if anyone tells his father or mother, 'Whatever you'd have gained from me is Corban' (a gift devoted to our Father), “Men nou di: ‘Si yon nonm di a papa l, ni a manman l, nenpòt sa ke m genyen se Kòba’” (sa vle di, “bay a Bondye”),
12 then you no longer let him do anything for his father or mother. “Nou pa pèmèt moun nan fè anyen ankò ni pou papa l, ni pou manman l.
13 So you cancel the word of our Father with your handed-down tradition. You do many things like this." Konsa nou fè pawòl Bondye a vin nil ak tradisyon ke nou transmèt a youn lòt. Nou fè anpil bagay konsa.”
14 He called the crowd again and said to them, "Listen to me, all of you, and understand: Li te rele foul la kote Li ankò. Li te di yo: “Koute Mwen, nou tout, e konprann:
15 Nothing outside a person entering him can make him unclean; rather, what comes out of a person is what makes him unclean." Nanpwen anyen deyò yon nonm k ap fè l sal, men se bagay ki sòti pa anndan yon nonm ki fè l sal.
16 Not in this edition Si yon moun gen zòrèy, kite li tande.”
17 When he had left the crowd and entered the house, his disciples asked him about the parable. Lè Li te kite foul la, Li te antre nan kay la. Disip Li yo te kesyone L sou parabòl sila a.
18 He said to them, "Are you also this dull? Don't you understand nothing entering a person from outside can make him unclean, Epi Li te di yo: “Èske nou si tèlman manke konprann tou? Èske nou pa konprann ke sa ki sòti deyò yon nonm pou antre ladann pa kapab souye l,
19 since it doesn't enter his heart but his stomach, and then goes out into the sewer?" (Saying this, he declared all foods clean.). paske sa pa antre nan kè l, men nan vant li epi li vin elimine?” (Konsa Li te deklare ke tout kalite manje pwòp.)
20 He said, "What comes out of a person—that makes him unclean. Li te di: “Sa ki sòti nan yon moun, se sa ki souye l.
21 For from within, out of the human heart, come evil thoughts—sexual sin, theft, murder, Paske pa anndan, sòti nan kè lòm tout move panse, fònikasyon, vòl, touye moun, adiltè,
22 adultery, greed, malice, deceit, sensuality, envy, slander, pride, and foolishness. zak lanvi sa ki pou lòt, mechanste, desepsyon, sansyalite, jalouzi, kout lang, ògèy, ak tout kalite foli.
23 All these evils come from inside and make a person unclean." Tout mal sa yo sòti pa anndan, epi souye yon nonm.”
24 Jesus left there for the region of Tyre. He entered a house, wanting no one to know, but couldn't stay hidden. Jésus te leve e te pati pou rejyon Tyr la. Lè Li te antre nan yon kay, Li pa t vle pèsòn konnen sa, men Li pa t kab evite atire atansyon.
25 Instead, a woman whose little daughter had an unclean spirit heard about him at once, came, and fell at his feet. Men lè yon fanm ak yon tifi ki te gen yon move lespri te tande de Jésus, li te vin kote L nan menm moman an, e te tonbe nan pye Li.
26 The woman was Greek, Syrophoenician by birth. She kept asking him to drive the demon out of her daughter. Alò, fanm sila a te yon moun etranje nan ras Siwofonisyèn. E li te kontinye mande L pou chase move lespri a sou pitit li a.
27 He told her, "Let the children eat first, for it's not right to take their bread and toss it to the dogs." Jésus te di li: “Kite zanfan yo satisfè avan, paske li pa bon pou pran pen timoun yo pou jete l bay chen.”
28 But she replied to him, "Sir, even the dogs under the table eat the children's crumbs." Men fanm nan te reponn Li: “Wi Mèt, men menm ti chen anba tab yo manje ti moso ke timoun yo lese tonbe yo.”
29 He said to her, "Because of this answer, go—the demon has left your daughter." Konsa Li te di li: “Akoz repons sa a, al fè wout ou; move lespri a gen tan kite fi ou a.”
30 And she went home and found the child lying on the bed, and the demon gone. E lè fanm nan te retounen lakay li, li te twouve tifi a byen kouche sou kabann nan, e move lespri a te gen tan kite li.
31 Then Jesus left the territory of Tyre, went through Sidon to the Sea of Galilee, into the region of the Decapolis. Ankò Li te kite rejyon Tyr la, e te pase pa Sidon jiska lanmè Galilée a, nan rejyon Decapolis.
32 They brought him a deaf man who could hardly speak, begging him to lay his hand on him. Yo te mennen bay Li yon moun ki te soud, ki te pale avèk anpil difikilte, e yo te sipliye L pou mete men Li sou li.
33 Jesus took him aside privately, away from the crowd, put his fingers in the man's ears, spit, and touched his tongue. Jésus te mennen l apa gran foul la, e te mete dwat Li anndan zòrèy moun nan. Li te krache, e te touche lang li avèk krache a.
34 Then, looking up to heaven, he sighed deeply and said to him, "Ephphatha!" (that is, "Be opened!"). Pandan Li gade vè syèl la, Li te soupire byen fò, e te di li: “Ifafata!” Sa vle di “Ouvri!”
35 And immediately his ears were opened, his tongue was released, and he began to speak plainly. Konsa zòrèy li te louvri. Lang lou a te disparèt, e li te vin pale kon nòmal.
36 Jesus ordered them to tell no one; but the more he ordered, the more they proclaimed it. Li te bay yo lòd pou yo pa pale avèk pèsòn; men plis Li te bay lòd, plis yo te kontinye gaye nouvèl la toupatou.
37 They were completely amazed: "He has done everything well—he makes the deaf hear and the mute speak." Yo te vin etone nèt. Yo t ap di: “Li fè tout bagay byen. Li fè menm soud yo tande, e bèbè yo pale”.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]