Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Mark 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 He went out from there and came to his hometown, and his disciples followed him. Jésus te kite la. Li te vini nan pwòp vil pa Li a, e disip Li yo te swiv Li.
2 On the Sabbath he began teaching in the synagogue. Many who heard were amazed: "Where did this man get this? What wisdom is this, given to him? How do such miracles happen through his hands? Lè Saba a te vin rive, Li te kòmanse enstwi nan sinagòg la. Anpil moun te tande L. Yo te etone e te di: “Kote nonm sa a twouve bagay sa yo, e se ki sajès sa ke Li resevwa, pou mirak konsa yo ka fèt pa men L?”
3 Isn't this the carpenter, Mary's son, brother of James, Joses, Judas, and Simon? Aren't his sisters here with us?" They were offended by him. Se pa chapant lan, fis Marie a, frè a Jacques, avèk Joses, ak Jude, ak Simon an? Se pa sè Li yo ki avèk nou? E yo te ofanse de Li.
4 Jesus said to them, "A prophet lacks honor only in his hometown, among his relatives, and in his own household." Konsa, Jésus te di yo: “Yon pwofèt pa janm san onè sof ke nan pwòp vil pa L, pami pwòp fanmi li e nan pwòp kay Li.”
5 He could do no miracle there, except laying hands on a few sick and healing them. Li pa t kab fè anpil mirak la, malgre Li te poze men Li sou kèk moun malad, e Li te geri yo.
6 He was amazed at their lack of faith. Then he went around the villages teaching. Li te etone pa enkredilite yo. Epi Li t ap ale toupatou nan ti bouk yo pou bay enstriksyon.
7 He called the twelve and began sending them out two by two, giving them authority over unclean spirits. Li te rele douz yo e te kòmanse voye yo sòti de pa de, e Li te bay yo otorite sou move lespri yo.
8 He ordered them to take only a staff for the road—no bread, no bag, no money in their belts, Konsa, Li te avèti yo ke yo pa t pou pran anyen pou vwayaj la sof ke yon baton; ni pen, ni yon sak, ni lajan pou mete nan senti yo;
9 but to wear sandals and not put on two tunics. men yo te gen pou mete sapat yo, e Li te di anplis: “Pa menm mete de tinik (yon wòb lejè)”.
10 And he said to them, "Wherever you enter a house, stay there until you leave that place. Li te di yo: “Nenpòt kote nou antre nan yon kay, rete la jouk lè nou kite vil la.
11 Whatever place refuses to welcome or hear you, leaving there, shake the dust off your feet as testimony against them." Epi nenpòt kote ki pa resevwa nou, oswa koute nou, pandan nou ap kite la, souke retire menm pousyè ki anba pye nou kon temwayaj kont yo. Asireman mwen di ou, l ap pi tolerab pou Sodome ak Gomorrhe nan jou jijman an pase vil sa a!”
12 So they went out and proclaimed that people should repent. Yo te sòti deyò e yo t ap preche ke moun dwe repanti.
13 And they drove out many demons and anointed many sick people with oil and healed them. Yo t ap chase anpil move lespri, yo t ap onksyone malad yo avèk lwil, e t ap geri yo.
14 King Herod heard of it, for Jesus's name had become known. Some were saying, "John the Baptist has been raised from the dead; that is why these miraculous powers are at work in him." Wa Hérode te tande de bagay sa yo pwiske non Li te deja vini byen koni. Moun t ap di ke Jean Baptiste te gen tan leve soti nan lanmò, ki fè L vin gen pouvwa pou fè tout mirak sa yo.
15 But others said, "He's Elijah." Others said, "He's a prophet, like one of the prophets of old." Men lòt t ap di: “Li menm se Élie”. Lòt t ap di: “Li se yon pwofèt, kon youn nan ansyen pwofèt yo”.
16 But when Herod heard of it, he said, "John, whom I beheaded, has been raised." Men lè Hérode te tande sa, Li t ap di: “Jean, tèt de sila ke m te fin koupe a, gen tan resisite!”
17 Herod had sent and seized John, binding him in prison because of Herodias, his brother Philip's wife, whom he had married. Paske se te Hérode menm ki te voye fè arete Jean, e li te mare l nan prizon pou koz Hérodias, madanm a frè li a, Philippe, akoz ke li te marye avè l.
18 For John kept telling Herod, "It is not lawful for you to have your brother's wife." Paske Jean t ap di a Hérode: “Li pa pèmèt pou ou gen madanm a frè ou”.
19 And Herodias held a grudge against him and wanted to kill him, but she could not, Konsa, Hérodias te gen yon kont avèk li, e te vle mete L a lanmò men l pa t kab fè l;
20 Herod feared John, knowing him righteous and holy, and protected him. Hearing John left Herod deeply puzzled, yet he gladly listened to him. Paske Hérode te pè Jean, pwiske li te konnen ke li te yon nonm ladwati ki sen, e li te pwoteje l. Lè Hérode te konn koute l, li te konn byen twouble; men li te bay li plezi pou koute l.
21 Then a fitting day came: Herod's birthday, when he gave a banquet for his nobles, military commanders, and Galilee's leading men. Men yon jou okazyon an te vin parèt pandan fèt nesans Hérode. Li te ofri yon gwo fèt pou gwo chèf dirijan avèk kòmandan militè yo nan Galilée.
22 When Herodias's daughter entered and danced, she delighted Herod and his dinner guests. The king told the girl, "Ask me for anything you want, and I'll give it to you." Lè fi a Hérodias la te vini pou kont li e te danse, li te fè Hérode kontan ak tout vizitè li yo nan fèt la. Konsa Wa a te di fi a: “Mande mwen nenpòt sa ou vle, e m ap bay ou li”.
23 He swore to her, "Whatever you ask me, I'll give you—up to half my kingdom." Li te sèmante a li menm: “Nenpòt sa ou vle, m ap bay ou li, jiska mwatye wayòm mwen an”.
24 She went out and said to her mother, "What should I ask?" She said, "The head of John the Baptist." Konsa, li te ale deyò e te mande manman l: “Kisa mwen dwe mande?” Epi li te di l: “Tèt a Jean Baptiste”.
25 She went in immediately, with urgency, to the king and asked, "I want you to give me this instant the head of John the Baptist on a platter." Lapoula, li te vini avèk vitès devan Wa a avèk yon demann. Li te di: “Mwen vle ke ou ban mwen koulye a menm, tèt a Jean Baptiste sou yon plato”.
26 Deeply grieved, the king still wouldn't refuse her, because of his oaths and his guests. Malgre ke Wa a te byen tris akoz sèman an, men akoz vizitè li yo, li pa t gen kouraj pou l refize l.
27 The king at once sent an executioner, ordering John's head brought. He went and beheaded him in the prison, Imedyatman Wa a te voye yon gad avèk lòd pou vini avèk tèt li. Li te ale, e te fè yo koupe tèt li nan prizon an.
28 and brought his head on a platter, gave it to the girl, and the girl gave it to her mother. Konsa yo te pote tèt li sou yon plato pou te bay fi a, e fi a te bay li a manman l.
29 When John's disciples heard, they came, took his body, and laid it in a tomb. Lè disip li yo te tande sa, yo te vin pran kò l, e te mete l nan yon tonm.
30 The apostles gathered to Jesus and told him all that they had done and taught. Apòt yo te rasanble avèk Jésus. Yo te bay Li yon rapò de tout sa yo te fè ak sa yo te enstwi.
31 He told them, "Come away by yourselves to a quiet place and rest a while." For many were coming and going, and they had no time to eat. Li te di yo: “Vini apa pou kont nou nan yon plas apa pou pran yon ti repo”. Paske anpil moun t ap antre, sòti, e yo pa t menm gen tan manje.
32 And they went away in the boat to a desolate place by themselves. Yo te kite la nan yon kannòt pou ale nan yon plas apa pou kont yo.
33 Many saw them leave and recognized them; they ran on foot from every town and got there ahead of them. Konsa, lè pèp la te wè ke yo t ap prale, anpil moun te rekonèt yo. Yo te kouri jwenn yo apye, sòti nan tout vil yo, epi yo te rive avan yo.
34 Stepping ashore, he saw a large crowd and felt compassion for them, for they were like sheep without a shepherd, and began teaching them many things. Lè Jésus te rive atè, Li te wè yon gwo foul. Konsa, Li te gen konpasyon pou yo paske yo te tankou mouton san gadò. Li te kòmanse enstwi yo anpil bagay.
35 When it was already late, his disciples came to him and said, "This is an isolated place, and it's already late. Lè li te deja byen ta, disip Li yo te vin kote Li. Yo te di: “Plas sa a byen izole, e li deja fin byen ta.
36 Send them away to go into the surrounding countryside and villages and buy themselves something to eat." Voye yo ale pou yo kapab ale nan landwa pa yo avèk vil pa yo pou achte kèk manje pou tèt yo.”
37 He replied, "You give them something to eat." They said, "Should we go buy 200 denarii of bread and give them it to eat?" Men Li te di yo: “Nou menm bay yo manje!” Yo te reponn Li: “Ou vle nou ale depanse de-san denye nan pen pou nou bay yo manje?”
38 He asked them, "How many loaves do you have? Go and see." They found out and said, "Five, and two fish." Li te di yo: “Konbyen pen nou genyen? Al gade!” Lè yo konnen, yo di: “Senk pen ak de pwason”.
39 Then he commanded them all to sit down in groups on the green grass. Konsa, Li te kòmande yo pou chita pa gwoup nan zèb vèt la.
40 So they sat down in groups, by hundreds and by fifties. Yo te chita pa gwoup de santèn, e pa gwoup de senkantèn.
41 Taking the five loaves and two fish, he looked up to heaven, gave thanks and broke the loaves, gave them to the disciples to set before the people, and divided the two fish among them all. Li te pran senk pen yo avèk de pwason yo. Li te gade vè syèl la, e Li te beni manje a. Li te kase pen yo, e Li te kontinye bay disip yo pou mete devan yo. Li te divize bay nan de pwason yo pami yo tout.
42 And they all ate and were satisfied. Yo tout te manje, e yo te satisfè.
43 And they took up twelve baskets full of broken pieces and of the fish. Yo te ranmase douz panyen byen plen avèk moso kase yo; e anplis, pwason.
44 And those who ate the loaves were 5,000 men. Te gen senk-mil mesye ki te manje pen yo.
45 At once he made his disciples board the boat and go ahead to the other side, toward Bethsaida, while dismissing the crowd. Konsa, Jésus te fè disip Li yo antre nan kannòt la pou ale devan Li lòtbò vè Bethsaïda, pandan Li menm t ap voye foul la ale.
46 And after he had taken leave of them, he went up on the mountain to pray. Lè Li fin di yo orevwa, Li te ale nan mòn nan pou priye.
47 When evening came, the boat was out on the sea, and he was alone on the land. Lè lannwit te rive, kannòt la te nan mitan lanmè a, e Jésus te atè pou kont Li.
48 He saw them straining at the oars, for the wind was against them. Around three in the morning he came to them, walking on the sea. He meant to pass by them, Lè L te wè yo t ap fè fòs sou zaviwon yo akoz van an te kont yo, nan anviwon katriyèm è nan aswè, Li te vin kote yo ap mache sou lanmè a, kòmsi Li te gen entansyon ale devan pou kite yo dèyè.
49 but seeing him walk on the sea, they thought it was a ghost and cried out, Men lè yo te wè L ap mache sou lanmè a, yo te sipoze ke Li te yon fantom e yo te kriye fò;
50 for all saw him and were terrified; but immediately he spoke to them, saying, "Take heart; it is I. Do not be afraid." pwiske yo tout te wè Li e yo te pè. Men nan moman sa a Li te pale avèk yo. Li te di yo: “Pran kouraj! Se Mwen menm! Pa pè.”
51 He got into the boat with them, and the wind stopped; they were completely amazed among themselves, Li te antre nan kannòt la avèk yo, e van an te sispann. Yo te vrèman sezi.
52 for they did not understand about the loaves, but their hearts were hardened. Akoz yo pa t reyisi gen okenn konprann nan afè pen yo, kè yo te di.
53 When they had crossed over, they came to land at Gennesaret and moored to the shore. Lè yo te fin travèse lòtbò, yo te rive atè nan Génésareth e te mare kannòt la atè.
54 And when they got out of the boat, the people immediately recognized him. Nan moman yo te kite kannòt la, pèp la te rekonèt yo.
55 They ran through that whole region and began carrying the sick on mats to wherever they heard he was. Konsa, pèp la te kouri toupatou nan tout peyi a, e te kòmanse pote sila ki te malad yo sou palèt nan plas kote Li te ye a.
56 Wherever he went—villages, towns, countryside—they laid the sick in the marketplaces, begging to touch just the edge of his cloak. All who touched it were healed. Nenpòt kote Li te antre nan bouk ak gran vil oswa andeyò, yo t ap vin depoze moun malad nan mache yo pou sipliye L pou yo ta kapab sèlman touche rebò vètman Li, akoz tout moun ki te touche l t ap vin geri.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]