Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Mark 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 They came to the other side of the sea, to the region of the Gerasenes. Yo te vini lòtbò lanmè a nan peyi Gadarenyen yo.
2 As Jesus left the boat, a man with an unclean spirit met him at once, from the tombs. Lè Li te fin sòti nan kannòt la, lapoula yon mesye avèk yon move lespri ki sòti nan tonm yo te rankontre Li.
3 He lived among the tombs, and no one could bind him anymore, not even with a chain. Li t ap viv pami tonm yo, e pèsòn pa t kab mare l ankò, menm avèk yon chèn.
4 For he'd often been bound with shackles and chains, but tore the chains apart and shattered the shackles—no one had strength to subdue him. Paske li te konn mare souvant avèk gwo fè avèk chèn nan pye li. Chèn yo te konn vin chire separe nèt pa fòs li, e fè yo te kase an mòso. Pèsòn pa t kab donte l.
5 Night and day, among the tombs and on the mountains, he cried out constantly, cutting himself with stones. Konsa, tout tan, lajounen kon lannwit, pami tonm yo ak nan mòn yo, li t ap kriye fò e t ap blese kò l avèk wòch.
6 And when he saw Jesus from a distance, he ran and fell down before him. Lè l wè Jésus a distans, li kouri pwoche L pou l bese devan L.
7 Shouting loudly, he said, "What do you want with me, Jesus, Son of the Most High God? I beg you by God, don't torment me!" Li te kriye avèk yon vwa fò, e te di: “Kisa m gen avè w Jésus, Fis a Bondye Pi Wo a? Mwen sipliye Ou pa Bondye, pa toumante mwen!”
8 For Jesus had been saying to him, "Come out of the man, you unclean spirit!" Paske Li t ap di a li menm: “Sòti nan mesye sa a, ou menm move lespri a!”
9 Jesus asked, "What is your name?" "Legion," he said, "we are many." Konsa, Li te mande l: “Kòman yo rele ou?” Li te di L: “Yo rele m Lejyon, paske nou anpil.”
10 He kept begging him not to send them out of the region. Li te kòmanse sipliye Li seryezman pou Li pa voye yo deyò peyi a.
11 Now a great herd of pigs was feeding there on the hillside. Konsa, te gen yon gwo bann kochon ki t ap manje la nan mòn nan.
12 And they begged him, "Send us to the pigs; let us enter them." Tout move lespri yo te sipliye Li e te di: “Voye nou nan kochon yo pou nou kapab antre nan yo”.
13 He gave permission. The unclean spirits came out and entered the pigs; the herd—about 2,000—rushed down the cliff into the sea and drowned in the sea. Jésus te bay yo pèmisyon. Konsa nan sòti a, move lespri yo te antre nan kochon yo, e bann nan te kouri desann pant falèz mòn nan, jouk rive nan lanmè. Te gen anviwon de-mil nan yo, e yo te mouri nan dlo lanmè a.
14 The herders fled and told it in town and country; people came to see what happened. Konsa, gadyen yo te kouri kite lye a, e te bay rapò sa nan vil la, tankou andeyò. E moun yo te vini pou wè sa ki te rive a.
15 They came to Jesus and saw the man who had been possessed by the demons, the one who'd had the legion, sitting there, dressed and thinking clearly—and they were afraid. Yo te vin kote Jésus e yo te wè mesye ki te konn gen move lespri a byen chita, byen abiye avèk tout bon lespri li. Se te menm moun ki te gen “Lejyon an”, e yo te vin gen krent.
16 Eyewitnesses told them what had happened to the demon-possessed man, and about the pigs. Konsa, sila ki te wè l yo, te pale ak yo sou jan sa te rive mesye move lespri a, ak tout afè kochon yo.
17 And they began to beg Jesus to leave their region. E yo te kòmanse sipliye L pou L kite landwa sa a.
18 As he was getting into the boat, the once-possessed man begged to be with him. Pandan Li t ap antre nan kannòt la, mesye ki te gen move lespri a te sipliye L pou l ta kapab ale avèk Li.
19 But Jesus refused, telling him instead, "Go home to your own people and tell them how much our Father has done for you, and how he has had mercy on you." Men Li pa t kite L ale, men te di li: “Ale lakay moun ou yo e bay yo rapò sou ki gran bagay SENYÈ a te fè pou ou, ak jan Li te fè ou gras.”
20 He went and began proclaiming in the Decapolis all Jesus had done for him, and everyone was amazed. Li te sòti, e te kòmanse pwoklame nan Decapolis ki kalite bon bagay Jésus te fè pou li, e tout moun te etone.
21 When Jesus crossed again by boat to the other side, a large crowd gathered around him by the sea. Lè Jésus te fin pase lòtbò ankò nan kannòt la, yon gwo foul te rasanble antoure Li. Li te bò kote lanmè a.
22 One of the synagogue leaders, named Jairus, came, saw Jesus, and fell at his feet, Youn nan ofisye sinagòg yo ki te rele Jaïrus te pwoche. Lè l te wè Li, li te tonbe sou jenou Li.
23 and begged him urgently, "My little daughter is dying. Come, lay your hands on her, so she may be healed and live." Li te sipliye Li byen fò e te di: “Tifi mwen an prèt pou mouri. Silvouplè, vin poze men Ou sou Li pou li kapab vin geri e viv.”
24 So Jesus went with him. And a great crowd followed him and pressed around him. Epi Li te ale avèk li. Yon gwo foul t ap swiv Li e yo t ap peze L.
25 And there was a woman with a discharge of blood that had gone on for twelve years. Konsa, te gen yon fanm ki te gen yon emoraji pandan douz ane.
26 She had suffered much under many doctors, spent all she owned, gained nothing, and only grew worse. E li te soufri anpil nan men a anpil doktè. Li te depanse tout sa li te posede san rezilta, men li te vin pi mal atò.
27 Hearing about Jesus, she came up behind him in the crowd and touched his cloak. Apre li te fin tande koze Jésus a, li te pwoche dèyè Li nan foul la, e te touche vètman Li.
28 For she kept saying, "If I just touch his garments, I will be made well." Paske li te reflechi: “Si m sèlman touche rad Li, mwen va geri”.
29 Her flow of blood dried up instantly, and she felt in her body that she was healed of her suffering. Konsa, nan menm moman an, ekoulman san an te vin seche, e fanm nan te santi nan kò l ke maladi a te geri.
30 At once Jesus, aware that power had left him, turned around in the crowd and asked, "Who touched my clothes?" Nan menm moman an, Jésus te santi nan Li menm ke pouvwa a te kite L. Li te vire kote foul la e te di: “Kilès ki te touche vètman Mwen an?”
31 His disciples said to him, "You see the crowd crushing you, yet you ask, 'Who touched me?'" Disip Li yo te di L: “Ou wè tout foul sa a k ap peze Ou, e Ou mande: ‘Kilès ki touche M nan?’”
32 And he looked around to see who had done it. Li te gade toupatou pou wè fanm ki te fè sa a.
33 But the woman, afraid and trembling, knowing what had happened to her, came, fell before him, and told him the whole truth. Konsa, fanm nan, tou ap tranble avèk lakrent, konsyan de sa ki te rive l la, li te vin tonbe devan Li, e te di Li tout laverite.
34 He told her, "Daughter, your faith made you well. Go in peace, healed of your suffering." Jésus te di li: “Fi, se lafwa ou ki bay ou lasante. Ale anpè, e resevwa gerizon de maladi ou a”.
35 While he was still speaking, people came from the synagogue leader's house, saying, "Your daughter has died. Why bother the Teacher any longer?" Pandan Li t ap pale, moun yo te rive sòti lakay ofisye sinagòg la. Yo te di l: “Fi ou a gen tan mouri; ou pa bezwen twouble Mèt la ankò”.
36 But Jesus overheard what they said and told the synagogue leader, "Don't fear, only believe." Men Jésus te gen tan tande sa ki t ap pale a, e te di a ofisye sinagòg la: “Pa pè ankò; sèlman kwè”.
37 And he allowed no one to follow him except Peter, James, and John the brother of James. Konsa, Li pa t kite pèsòn swiv Li sof ke Pierre, Jacques, ak Jean, frè a Jacques.
38 They came to the synagogue leader's house and Jesus saw chaos—people weeping, wailing loudly. Yo te vini lakay ofisye sinagòg la, epi Li te wè yon gwo tènten, ak moun ki t ap kriye fò e rele “anmwey”.
39 Entering, he said to them, "Why this commotion and crying? The child isn't dead, just asleep." Li antre, e Li te di yo: “Poukisa nou ap fè tout bri sa a, e kriye konsa? Pitit sa a pa mouri, men l ap dòmi”.
40 They laughed at him. But he sent them all out, took the child's father and mother and his companions, and entered where the child was. Konsa yo te kòmanse ri sou Li. Men lè Li te fin mete yo tout deyò, Li te pran manman ak papa a pitit la avèk moun pa L yo, e te antre kote pitit la te ye a.
41 He took her hand and said to her, "Talitha koum," which means, "Little girl, I say to you, get up!" Li te pran pitit la pa men li, e te di li: “Talita koum” ki vle di “Tifi, Mwen di ou leve!”
42 At once the girl got up and walked—for she was twelve—and they were instantly overwhelmed with great amazement. Lapoula, tifi a te leve e te kòmanse mache. Li te gen douz ane. Tout moun te sezi.
43 He strictly ordered them to tell no one of this, and said to give her something to eat. Konsa, Li te bay yo yon lòd sevè ke pèsòn pa dwe tande afè sa a. Epi Li di yo pou bay tifi a yon bagay pou li manje.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]