Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Mark 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Jesus again taught by the sea. So large a crowd gathered around him that he got into a boat on the water and sat, while the whole crowd was on land by the sea. Li te kòmanse enstwi yo ankò bò kote lanmè a. Yon gwo foul te ransanble kote Li jiskaske Li te vin antre nan yon kannòt sou lanmè a e Li te chita. Tout foul la te kanpe atè bò lanmè a.
2 He taught them many things in parables, and in his teaching he said to them: Konsa, Li te enstwi yo anpil bagay an parabòl. Li t ap di yo nan ansèyman li;
3 "Listen! A sower went out to sow. “Koute! Yon moun ki t ap simen te ale deyò pou simen grenn.
4 And as he sowed, some seed fell along the path, and the birds came and devoured it. Pandan li t ap simen, kèk grenn te tonbe akote wout la pou zwazo yo vin manje l nèt.
5 Other seed fell on rocky ground, lacking much soil, and sprang up at once since the soil had no depth. “Lòt grenn te tonbe nan wòch kote pa t gen anpil tè. Byen vit, li te leve, paske tè a pa t gen pwofondè.
6 When the sun rose, the plants were scorched, and since they had no root, they withered. Konsa, lè solèy la fin leve, li te vin brile, e akoz li pa t gen rasin, li te fennen.
7 Other seed fell among thorns, and the thorns grew up and choked it, yielding no grain. “Lòt grenn tonbe pami pikan yo. Pikan yo leve toufe li, e li pa t bay donn.
8 Other seed fell into good soil, producing grain that sprouted, grew, and yielded thirty, sixty, one hundred times what was sown." “Lòt grenn te tonbe nan bon tè e pandan yo t ap grandi, ogmante, yo vin bay yon rekòlt ki te pwodwi trant, swasant, e menm san fwa.”
9 And he said, "Whoever has ears to hear, let him hear." Konsa li te di: “Sila ki gen zòrèy pou tande, kite l tande”.
10 When he was alone, those around him, together with the Twelve, asked him about the parables. Pandan Li te apa pou kont Li, sila ki t ap swiv Li yo ansanm avèk douz yo t ap poze L kesyon sou parabòl yo.
11 He said to them, "To you is given the secret of the kingdom of our Father, but to those outside, everything comes in parables, Li te di yo: “A nou menm te gen tan bay mistè a wayòm Bondye a; men sila ki rete deyò yo, ap resevwa tout bagay an parabòl.
12 so that 'they may look but not perceive, and hear but not understand, and not turn and be forgiven.'" Pou l rive ke Malgre yo wè, yo kapab wè san apèsi; e pandan y ap tande, yo kapab tande e pa konprann. Otreman, yo ta kab retounen pou twouve padon.”
13 He said to them, "You don't understand this parable? Then how will you understand all the parables? Li te di yo: “Èske nou pa konprann parabòl sila a? Alò kijan nou va konprann tout parabòl yo?
14 The sower sows the word. “Moun k ap simen an simen pawòl la.
15 These are the ones on the path where the word is sown: once they hear, Satan comes immediately and takes away the word sown in them. Se sila ki akote wout yo, ke lè pawòl la fin simen, yo tande. Men byen vit, Satan vin pran pawòl ki te simen an, e rachte l soti nan yo.
16 These are the ones sown on rocky ground, who hear the word and immediately receive it with joy. “E nan yon jan ki sanble ak sa, sila yo se yo menm ki te simen kote ki plen wòch yo. Lè yo fin tande pawòl la, byen vit, yo resevwa l avèk jwa.
17 But they have no root in themselves, lasting only briefly; when trouble or persecution comes because of the word, they fall away at once. Men yo pa gen rasin fon nan yo menm. Yo la pou yon ti tan. Lè afliksyon oswa pèsekisyon vini akoz pawòl la, lapoula yo vin chite.
18 And others are the ones sown among thorns. These are those who hear the word, “Lòt yo se sila yo ki te te simen pami pikan yo. Se yo ki te tande pawòl yo,
19 but worries of this age, the deceit of wealth, and desires for other things enter and choke the word, and it produces no fruit. men tout pwoblèm mond sa a ak sediksyon richès yo, avèk lanvi pou lòt bagay toufe pawòl la, pou li pa donnen fwi.
20 And these are the ones sown on good soil: they hear the word, accept it, and produce fruit—thirty, sixty, one hundred times over." “Sila ki te te simen nan bon tè a, se yo menm ki te tande pawòl la, yo te aksepte li, e yo te vin bay fwi trant, swasant e menm san fwa.”
21 He told them, "Does anyone bring in a lamp to put it under a basket or bed—not on a stand? Konsa Li t ap di yo: “Èske yon lanp pote pou mete anba yon panyen oubyen anba yon kabann? Èske yo pa pote li pou mete li sou yon chandelye?
22 Nothing is hidden except to be revealed; nothing is secret except to surface. Paske anyen pa kache, sof ke pou revele, ni anyen pa an sekrè, sof ke pou parèt nan limyè.
23 If anyone has ears to hear, let him hear." Si yon moun gen zòrèy pou tande, kite l tande.”
24 He told them, "Watch what you hear. The measure you use will be measured to you—and more added. E Li t ap di yo: “Fè atansyon a sa nou koute. Menm jan ke nou mezire bay, li va mezire remèt a nou menm; e menm plis, y ap bannou ki tande.
25 For whoever has will be given more; whoever doesn't, even what he has will be taken from him." Paske a nenpòt moun ki genyen, l ap resevwa anplis, e a nenpòt moun ki pa genyen, menm sa li genyen an ap retire nan men li.”
26 He said, "This is what the kingdom of our Father is like: a man scatters seed on the ground. E Li t ap di: “Wayòm syèl la se tankou yon mesye k ap voye semans sou latè.
27 Night and day, asleep or awake, the seed sprouts and grows, though he doesn't know how. Konsa, l ale sou kabann li nan aswè, li leve lajounen, e semans lan pouse e grandi; kijan sa fè fèt, li menm pa konnen.
28 The soil yields grain on its own—first blade, then head, then full kernel in the head. Tè a pwodwi rekòlt pou kont li; premyèman flèch, answit tèt la, e apre sa, grenn mi yo nan tèt la.
29 But when the grain ripens, he immediately sends the sickle, since harvest has come." Men depi rekòlt la vin prè, byen vit l ap bay li kouto, paske lè rekòlt la rive.”
30 He said, "What can we compare the kingdom of our Father to, or what parable can we use for it? Li te di: “Kijan n ap imajine wayòm Bondye a, oubyen selon ki parabòl nou kapab reprezante li?
31 It's like a mustard seed, the smallest of all seeds when sown on the ground. Li tankou yon grenn moutad ke lè l simen nan tè, li pi piti pase tout grenn ki sou latè.
32 Yet once sown, it grows up and becomes the largest of all garden plants, producing branches so big that birds of the air can nest in its shade." Malgre sa, lè l fin simen, li grandi e vin pi gwo pase tout lòt plant nan jaden yo, epi fè gwo branch, pou zwazo anlè yo kab vin fè nich anba lonbraj li.”
33 With many such parables he spoke the word to them, as they were able to hear. Ak anpil parabòl konsa, Li te pale pawòl la avèk yo nan limit yo ta kapab tande l pou konprann.
34 He spoke to them only in parables, but privately explained everything to his own disciples. Li pa t pale avèk yo san parabòl; men Li t ap eksplike tout bagay an prive a disip Li yo.
35 That day, when evening came, he said to them, "Let us cross over to the other side." Nan jou sa a, lè lannwit vin rive, Li te di yo: “Annou pase pa lòtbò”.
36 They left the crowd and took him along, just as he was, in the boat, other boats accompanying him. Yo te kite foul la e te pran Li avèk yo jan Li te ye nan kannòt la. Anplis, te gen lòt kannòt ki te avèk Li.
37 A fierce windstorm came up. Waves broke over the boat, so that it was already being swamped. Konsa, te vin leve yon gwo van tanpèt, ak vag lanmè ki t ap kase sou kannòt la otan ke kannòt la te prèske fin plen nèt.
38 But Jesus was asleep in the stern on the cushion. They woke him and said, "Teacher, don't you care that we're dying?" Jésus Li menm te nan pwent dèyè kote L t ap dòmi sou yon kousen. Yo te fè L leve e te di Li: “Mèt, èske sa pa fè Ou anyen ke n ap mouri?”
39 He got up, rebuked the wind, and told the sea, "Peace! Be still!" The wind stopped, and it grew totally calm. Li te leve, e konsa, Li te reprimande van an e te di a lanmè a: “Fè silans, rete kalm!” Epi van an te vin bese e tan an te vini byen kalm.
40 He said to them, "Why are you so afraid? Do you still have no faith?" Li te di yo: “Poukisa nou pè konsa? Jiska prezan, nou poko gen lafwa?”
41 They were terrified and asked one another, "Who then is this, that even the wind and the sea obey him?" Yo te etone avèk laperèz e yo te di: “Ki moun sa ye ke menm van avèk dlo lanmè obeyi Li?”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]