Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Mark 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Once again Jesus entered the synagogue, and a man with a withered hand was there. Li te antre ankò nan sinagòg la, epi yon nonm te la avèk yon men sèch.
2 They watched closely to see if he'd heal the man on the Sabbath, to accuse Jesus. Yo t ap veye L pou wè si Li t ap geri li nan Saba a pou yo ta kapab akize Li.
3 Jesus said to the man with the withered hand, "Stand up and come forward." Li te di nonm avèk men sèch la: “Leve vin devan!”
4 Then he asked them, "Is it lawful on the Sabbath to do good or to do harm, to save life or to kill?" But they stayed silent. Li te di yo: “Èske li pèmi nan Saba a pou fè byen, oubyen pou fè mal, pou sove yon vi, oubyen pou touye”? Men yo te rete an silans.
5 He looked around at them in anger, grieved by their hardness of heart, and told the man, "Stretch out your hand." He stretched it out, and his hand was restored. Lè L fin gade toupatou, byen fache, byen blese akoz kè di yo, Li te di a nonm nan: “Lonje men ou”. Li te lonje l, e men li te geri.
6 Then the Pharisees went out and immediately began plotting with the Herodians how they might destroy him. Imedyatman, Farizyen yo te ale deyò pou fè konplo kont Li avèk Ewodyen yo pou wè kijan yo ta kapab detwi Li.
7 Jesus withdrew with his disciples to the sea; a large crowd from Galilee followed, and from Judea, Jésus te retire kò l bò kote lanmè a ansanm avèk disip Li yo. Yon gran foul ki sòti Galilée t ap swiv li, ansanm avèk moun peyi Judée yo,
8 from Jerusalem, Idumea, beyond the Jordan, and the region around Tyre and Sidon—hearing all he was doing, a great crowd came to him. avèk Jérusalem, Idumée ak lòtbò Jourdain an ak landwa Tyr avèk Sidon. Yon gwo foul moun ki te tande tout sa Li t ap fè, te vin kote Li.
9 He told his disciples to keep a small boat ready, because of the crowd, so they wouldn't crush him. Li te di disip Li yo ke yon kannòt ta dwe prepare pou Li, akoz gran foul la, pou yo pa peze L twòp.
10 For he had healed so many that all who had diseases were pressing forward to touch him. Paske Li te geri anpil moun, e kon rezilta, tout sa ki te aflije yo t ap peze L pou yo ta kapab touche L.
11 Whenever the unclean spirits saw him, they fell before him, shouting, "You are the Son of God!" E nenpòt lè ke move lespri yo te wè L, yo t ap tonbe devan Li, kriye fò e di: “Ou se Fis Bondye a!”
12 But he firmly warned them not to reveal him. Konsa, Li te reponn yo avèk severite pou yo pa di ki moun li te ye.
13 Jesus went up the mountain and called those he wanted; they came to him. Li te monte sou mòn nan, pou L te rele sila ke Li menm te vle yo, e yo te vin kote Li.
14 He appointed twelve, named apostles, so they could be with him and he could send them out to preach, Li te dezinye douz yo, pou yo ta kapab avè L, e pou Li ta kapab voye yo deyò pou preche,
15 and to have authority to drive out demons. e pou yo ta kab gen otorite pou chase move lespri yo:
16 These are the twelve he appointed: Simon, to whom he gave the name Peter; Simon, ki rele Pierre,
17 James son of Zebedee, and John his brother, whom he named Boanerges, meaning Sons of Thunder; Jacques, fis Zébédée a, avèk Jean, frè a Jacques, (a li menm Li te bay non Boanergès ki vle di Fis a tonnè yo);
18 Andrew, Philip, Bartholomew, Matthew, Thomas, James son of Alphaeus, Thaddaeus, Simon the Zealot, André, ak Philippe, ak Barthélemy, ak Matthieu, ak Thomas, ak Jacques, fis Alphée a, ak Thaddée, e Simon, Zelòt la;
19 and Judas Iscariot, who betrayed him. ansanm avèk Judas Iscariot, sila ki te trayi Jésus a.
20 He went home; the crowd gathered again, so he and his disciples couldn't even eat. Apre, Li te retounen lakay Li, e foul la te rasanble ankò jiskaske yo pa t kab menm manje yon repa.
21 When his family heard, they went out to restrain him, for they said, "He's out of his mind." Lè pwòp fanmi pa Li te tande sa, yo te ale deyò pou pran chaj Li, paske yo t ap di: “Li gen tan pèdi bon tèt Li”.
22 The scribes who came down from Jerusalem said, "He has Beelzebul," and, "By the prince of demons he drives out demons." Konsa, skrib ki te sòti Jérusalem yo t ap di: “Se Béelzébul menm ki pran L. Li chase move lespri yo pa mèt move lespri yo”.
23 So Jesus called them to him and spoke in parables: "How can Satan drive out Satan? Li te rele yo a Li menm, e te kòmanse pale ak yo an parabòl: “Kijan Satan kapab chase Satan mete l deyò?
24 If a kingdom is divided against itself, that kingdom cannot stand. Si yon wayòm divize kont tèt li, wayòm sa a p ap kapab kanpe.
25 And if a house is divided against itself, that house will not be able to stand. Si yon kay divize kont tèt li, kay sa a p ap kab kanpe.
26 And if Satan opposes himself and is divided, he cannot stand; his end has come. Si Satan fin leve kont tèt li, epi li divize, li p ap kab kanpe, men li fini!
27 No one can enter a strong man's house and take his goods without first tying up the strong man—then he can plunder the house. “Men pèsòn p ap kapab antre lakay a yon nonm fò, e piyaje byen li, sof ke premyèman li mare mesye fò a; e apre sa, l ap piyaje kay li.
28 Truly I tell you, all sins and insults against God will be forgiven children of mankind, whatever they say, “Anverite, Mwen di nou tout peche fis a lòm yo ap padone, e menm nenpòt blasfèm yo fè;
29 but whoever blasphemes against the Holy Spirit never has forgiveness; they are guilty of an eternal sin," men nenpòt moun ki blasfeme kont Lespri Sen an p ap janm gen padon, men yo va rete koupab de yon peche etènèl.”
30 for they were saying, "He has an unclean spirit." Paske yo t ap di ke “Li gen yon move lespri”.
31 His mother and brothers arrived and, standing outside, sent to him, calling him. Alò, manman Li, avèk frè Li yo te rive kanpe deyò a, yo te voye kote Li e te rele Li.
32 A crowd sat around him and said to him, "Look, your mother and your brothers are outside, asking for you." Yon foul te chita toupatou antoure L, e yo te di Li: “Gade, manman Ou avèk frè Ou yo ap chèche Ou deyò a”.
33 He answered them, "Who are my mother and my brothers?" Li te reponn yo e te di: “Kilès ki manman M ak frè M?”
34 Looking around at those sitting in a circle around him, he said, "Here are my mother and my brothers! Li te gade toupatou sou sila ki te chita antoure Li yo e Li te di: “Gade, men manman M avèk frè M yo!
35 Whoever does the will of our Father is my brother and sister and mother." Paske sila ki fè volonte a Papa M yo, se yo menm ki frè M, sè M, ak manman M”.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]