Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Mark 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 A few days later, when Jesus came back to Capernaum, word spread that he was home. Lè L te retounen kèk jou apre, nouvèl la te gaye ke Li te lakay Li.
2 So many gathered that there was no room left, not even at the door, and he was speaking the word to them. Byen vit anpil moun te rasanble devan pòt la pou jis lè pa t gen plas ankò, e Li te pale pawòl la bay yo.
3 Then some men came, bringing to him a paralyzed man carried by four of them. Epi yo te pote bay Li yon paralitik ki te pote pa kat mesye.
4 Unable to bring him to Jesus because of the crowd, they removed the roof over him, dug through it, and lowered the mat the paralyzed man lay on. Yo pa t kab rive bò kote L akoz foul la. Konsa, yo te retire twati kay la, e lè yo te fin fouye yon twou, yo te lonje palèt la desann sou li avèk mesye paralize ki te kouche a.
5 When Jesus saw their faith, he said to the paralyzed man, "Son, your sins are forgiven." Jésus, lè L te wè lafwa yo, te di a paralitik la: “Fis Mwen, peche ou yo padone.”
6 Now some of the scribes were sitting there, reasoning in their hearts, Men te gen kèk nan skrib yo ki te chita la ki te rezone nan kè yo:
7 "Why does this man speak this way? He is blaspheming! Who can forgive sins but God alone?" “Poukisa nonm sa a pale konsa? L ap blasfeme; kilès sof ke Bondye sèl ki kab padone peche?”
8 Immediately Jesus knew in his spirit they were reasoning this way within themselves, and said to them, "Why are you reasoning these things in your hearts? Epi nan menm moman an, Jésus, okouran nan lespri Li ke yo t ap refleshi konsa, te di yo: “Poukisa nou ap rezone sou bagay sa yo konsa nan kè nou?
9 Which is easier—telling the paralyzed man, 'Your sins are forgiven,' or, 'Get up, take your mat, and walk'? Kisa ki pi fasil pou di a paralitik la: ‘Peche ou yo padone’, oubyen leve pran palèt ou e mache?’
10 But so you'll know the Son of Man has authority on earth to forgive sins"—he told the paralyzed man, Men pou nou ka konnen ke Fis a Lòm nan gen otorite sou latè pou padone peche yo” —Li te di a paralitik la:
11 "I say to you, get up, take your mat, and go home." “Mwen di ou leve, pran palèt ou e ale lakay ou.”
12 He got up, immediately took his mat, and went out before them all, so that everyone was amazed and praised our Father, saying, "We've never seen anything like this." Byen vit, li te leve, pran palèt li, e te sòti deyò devan tout moun. Yo tout te etone. Yo t ap bay glwa a Bondye. Yo t ap di: “Nou pa janm wè yon bagay konsa”.
13 Jesus went out beside the sea again; the whole crowd came to him, and he taught them. Li te ale deyò ankò bò kote lanmè a. Tout foul la te vin kote Li, e Li t ap enstwi yo.
14 Passing by, he saw Levi son of Alphaeus sitting at the tax booth and said, "Follow me." He got up and followed him. Pandan Li t ap pase, Li te wè Lévi, fis a Alphée a, ki te chita nan biwo kontribisyon an. Li te di li: “Swiv Mwen”! Konsa, li te leve pou swiv Li.
15 While Jesus reclined at the table in Levi's house, many tax collectors and sinners reclined with Jesus and his disciples, since many were following him. Li te vin rive pandan Li te sou tab lakay li a, ke anpil kolektè kontribisyon avèk pechè yo t ap dine avèk Jésus ak disip Li yo. Yo te anpil, e yo t ap swiv Li.
16 Seeing him eat with sinners and tax collectors, the Pharisees' scribes asked his disciples, "Why does he eat with tax collectors and sinners?" Lè skrib ak Farizyen yo te wè ke Li t ap manje avèk pechè ak ajan kontribisyon yo, yo te kòmanse di a disip Li yo: “Poukisa L ap manje e bwè avèk ajan kontribisyon yo avèk pechè yo?”
17 Hearing this, Jesus said to them, "The healthy don't need a doctor, but the sick do. I didn't come to call the righteous, but sinners." Lè L te tande sa, Jésus te di yo: “Se pa sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo. Mwen pa t vini pou rele moun ki jis yo, men pechè yo”.
18 John's disciples and the Pharisees were fasting. They came and asked him, "Why do John's disciples and the Pharisees' disciples fast, but yours don't?" Disip a Jean avèk Farizyen yo t ap fè jèn, epi yo te vin di L: “Poukisa disip a Jean avèk disip a Farizyen yo fè jèn, men disip Ou yo pa fè L?”
19 Jesus said to them, "Can wedding guests fast while the bridegroom is with them? As long as they have the bridegroom with them, they cannot fast. Jésus te di yo: “Pandan jenn gason k ap marye a avèk yo, èske patisipan fèt yo fè jèn? Non, depi jennonm nan la, yo pa kapab fè jèn.
20 But days will come when the bridegroom is taken from them; then, on that day, they will fast. Men jou yo ap vini lè jennonm nan va retire de yo. Konsa, nan jou sa a, ya fè jèn.
21 No one sews unshrunk cloth on an old garment; otherwise the new patch tears away from the old, and the tear worsens. “Pèsòn pa koud yon moso twal ki poko lave sou yon vye rad, pou lè l fin lave, twal nèf la pa sere e separe de li; nèf la va kite ansyen an, e rad la va vin chire pi mal.
22 No one puts new wine into old wineskins; the wine bursts the skins, and both are ruined. New wine goes into new wineskins." E pèsòn pa mete diven nèf nan ansyen veso kwi; otreman, diven an va pete kwi a e diven an va vin pèdi, ansanm ak kwi a; men diven nèf toujou ale nan veso kwi ki fre.”
23 One Sabbath, he walked through the grainfields, and as they went, his disciples began picking heads of grain. Konsa, li te vin rive ke pandan Li t ap pase nan chan sereyal yo nan Saba a, pandan disip Li yo t ap ale, yo te kòmanse keyi tèt grenn sereyal.
24 The Pharisees said to him, "Look, why are they doing what's not lawful on the Sabbath?" Farizyen yo t ap di Li: “Gade la, poukisa y ap fè sa ki pa pèmi nan Saba”?
25 And he said to them, "Have you never read what David did when he was in need and hungry, he and those with him, Li te di yo: “Èske nou pa janm li sa ke David te fè lè li te nan bezwen e te vin grangou, li menm avèk moun pa l yo?
26 how he entered the house of our Father in the days of Abiathar the high priest, ate the bread of the Presence—which only priests may eat—and gave some to those with him?" Kijan li te antre menm nan kay Bondye a nan tan wo prèt la Abiathar? Jan li te manje pen konsakre a ki pa pèmi pou pèsòn manje sof ke prèt yo, e li te bay li osi a sila ki te avè l yo?”
27 And he said to them, "The Sabbath was made for people, not man for the Sabbath. Jésus te di yo: “Saba a te fèt pou lòm, e pa lòm pou Saba a.
28 So the Son of Man is Lord even of the Sabbath." Konsa, Fis a Lòm nan se Mèt la, menm a Saba a.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]