Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Mark 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The beginning of the gospel of Jesus Christ, the Son of our Father. Kòmansman bòn nouvèl Jésus Kris la, Fis Bondye a.
2 As written in Isaiah the prophet: "Look, I send my messenger ahead of you, who will prepare your way. Jan li ekri nan Ésaïe, pwofèt la, “Gade byen, Mwen voye mesaje Mwen an pa devan nou, ki va prepare chemen nou;
3 A voice calling out in the wilderness: 'Prepare the way of the Lord, make his paths straight.'" Se vwa a youn k ap kriye nan dezè a, ‘Prepare chemen SENYÈ a; fè wout li dwat.’”
4 John appeared, baptizing in the wilderness and proclaiming a baptism of repentance for the forgiveness of sins. Jean Baptiste te parèt nan savann nan pou preche batèm repantans lan pou padon peche yo.
5 All Judea and everyone in Jerusalem went out to him, and he baptized them in the Jordan River as they confessed their sins. Tout peyi Judée a t ap prale bò kote li avèk tout pèp Jérusalem lan. Konsa, yo t ap batize pa li menm nan larivyè Jourdain an. Yo t ap konfese peche yo.
6 John was dressed in camel's hair, with a leather belt around his waist, eating locusts and wild honey. Jean te abiye avèk pwal chamo. Yon sentiwon te antoure senti li, epi manje li se te krikèt avèk myèl sovaj.
7 He announced: "After me comes one stronger than I; I'm not worthy to stoop and untie his sandal strap. Li t ap preche pou di: “Apre mwen gen youn k ap vini ki pi gran pase m, epi mwen pa menm dign pou m ta bese demare lasèt sandal Li.
8 I have baptized you with water, but he will baptize you with the Holy Spirit." Mwen batize nou avèk dlo, men Li va batize nou avèk Lespri Sen an.”
9 In those days Jesus came from Nazareth of Galilee and was baptized by John in the Jordan. Nan jou sa yo, Jésus te sòti Nazareth nan Galilée, e te batize pa Jean nan Jourdain an.
10 Immediately, as he came up out of the water, he saw the heavens split open and the Holy Spirit come down on him like a dove. Nan menm moman ke Li te sòti nan dlo a, Li te wè syèl la vin louvri, e Lespri a kon yon toutrèl te vin desann sou Li.
11 And a voice came from heaven: "You are my beloved Son; in you I delight." Yon vwa te sòti nan syèl la: “Ou menm se Fis byeneme Mwen an; nan Ou menm, Mwen byen kontan.”
12 And immediately the Holy Spirit drove him out into the wilderness. Nan menm moman an Lespri a te pouse Li ale nan dezè a.
13 He was in the wilderness forty days, tempted by Satan, with the wild animals, and the angels served him. Konsa, Li te nan dezè a pou karant jou pandan Satan t ap tante Li. Li te avèk bèt sovaj yo, epi se zanj yo ki te okipe Li.
14 Now after John was arrested, Jesus came into Galilee, proclaiming the gospel of our Father, Alò, apre Jean te fin arete, Jésus te vini Galilée. Li t ap preche Bòn Nouvèl Bondye a.
15 and saying, "The time is fulfilled, and our Father's kingdom is near; repent and believe the good news." Li te di: “Lè a gen tan rive, epi wayòm Bondye a pwòch; repanti e kwè nan Bòn Nouvèl la.”
16 Passing the Sea of Galilee, he saw Simon and his brother Andrew casting a net in the sea, for they were fishermen. Pandan li t ap pase bò kote lanmè Galilée a, Li te wè Simon avèk André, frè a Simon an, ki t ap voye yon senn nan lanmè a, paske se moun lapèch yo te ye.
17 And Jesus said to them, "Follow me, and I will make you become fishers of people." Jésus te di yo: “Swiv Mwen, e M ap fè nou fè lapèch moun.”
18 And immediately they left their nets and followed him. La menm, yo te kite senn yo pou te swiv Li.
19 Going a little farther, he saw James son of Zebedee and John his brother in their boat, mending the nets. Pi lwen Li te wè Jacques, fis Zébédée a, ak Jean, frè li a, ki t ap repare senn yo nan kannòt la.
20 At once he called them; leaving their father Zebedee in the boat with the hired hands, they followed him. Lapoula Li te rele yo, e yo te kite Zébédée, papa yo, nan kannòt la avèk sèvitè jounalye yo, e te sòti pou swiv Li.
21 They went to Capernaum. At once, on the Sabbath, he entered the synagogue and began teaching. Yo te ale Capernaüm. Imedyatman nan Saba a, Li te antre nan sinagòg la pou l te kòmanse enstwi.
22 They were amazed at his teaching, for he taught them with authority, not like the scribes. Yo te etone pou jan Li te enstwi a. Paske Li te enstwi kon yon moun ki te gen otorite, e pa kon skrib yo.
23 And immediately there was in their synagogue a man with an unclean spirit, and he cried out. Nan menm lè sa a, te gen yon mesye nan sinagòg la ki te gen yon move lespri. Li t ap rele fò
24 Why meddle with us, Jesus of Nazareth? Have you come to destroy us? I know who you are—God's Holy One! pou di: “Kisa nou gen avè w, Jésus de Nazareth? Èske Ou vini pou detwi nou? Mwen konnen kilès Ou ye Sila ki Sen Bondye a!”
25 But Jesus rebuked him, saying, "Be silent, and come out of him!" Konsa Jésus te reprimande L. Li te di l: “Pe la, e sòti nan li!”
26 And the unclean spirit, convulsing him and crying out with a loud voice, came out of him. Move lespri a te boulvèse li avèk gwo kriz. Li te kriye ak yon vwa fò, e te kite li.
27 All were amazed, and they questioned each other: "What is this? A new teaching with authority - he commands even the unclean spirits, and they obey him!" Yo tout te etone. Yo te diskite pami yo e te di: “Kisa sa ye? Yon enstriksyon nèf? Avèk otorite Li kòmande menm move lespri yo, e yo obeyi Li!”
28 And at once his fame spread everywhere throughout all the surrounding region of Galilee. Byen vit nouvèl la te kouri toupatou nan tout anviwon Galilée a.
29 Immediately he left the synagogue and went to Simon and Andrew's house, with James and John. Depi lè yo kite sinagòg la, yo te antre lakay Simon avèk André ansanm avèk Jacques ak Jean.
30 Now Simon's mother-in-law lay sick with a fever, and immediately they told him about her. Bèlmè Simon an te kouche malad avèk yon lafyèv. Imedyatman an yo te pale avèk Li konsènan li.
31 He came, took her hand, raised her up. The fever left her, and she served them. Jésus te vin kote l. Li te leve li pa men li, epi lafyèv la te kite li. Konsa li te sèvi yo.
32 That evening, when the sun set, they brought him all who were sick and those oppressed by demons. Lè nwit lan te rive e solèy la fin kouche, yo te pote bay Li tout moun ki te malad yo, avèk sila ki te gen move lespri yo.
33 And the whole city was gathered together at the door. Tout vil la te rasanble devan pòt la.
34 He healed many sick with various diseases and drove out many demons, not letting the demons speak, since they knew him. Li te geri anpil moun ki te malad avèk plizyè kalite maladi, e te chase anpil dyab. Li pa t kite yo pale paske yo te konnen kilès Li te ye.
35 Long before dawn, while still dark, he got up, went out to a deserted place, and prayed there. Nan granmmaten, pandan li te toujou fènwa, Li te leve e te ale deyò nan yon kote izole kote li t ap priye.
36 And Simon and those who were with him searched for him, Konsa, Simon avèk sila ki te avè l yo t ap chèche Li.
37 and they found him and said to him, "Everyone is looking for you." Yo te twouve li, e te di L: “Tout moun ap chèche Ou”.
38 He said, "Let us go elsewhere, to the neighboring towns, so I can preach there too, for that is why I came." Li te di yo: “Annou ale yon lòt kote nan vil ki toupre yo pou M kab preche la tou, paske se pou sa ke M te vini.”
39 And he went throughout all Galilee, preaching in their synagogues and casting out demons. Li te ale nan sinagòg yo toupatou nan tout Galilée, e Li t ap preche, e chase move lespri yo.
40 A man with leprosy came, knelt, and begged him, "If you're willing, you can make me clean." Yon lepre te vin kote L, e t ap sipliye L. Li te tonbe ajenou devan L, e te di L: “Si Ou vle, Ou kapab fè m vin pwòp”.
41 Moved with deep compassion, he stretched out his hand, touched him, and said to him, "I am willing; be clean." Kè Li te vin plen avèk konpasyon. Li te lonje men L, te touche li, e te di L: “Mwen vle. Vin pwòp”.
42 And immediately the leprosy left him, and he was made clean. Konsa, touswit lèp la te kite l, e li te vin pwòp.
43 Sternly warning him, he sent him away at once, Konsa, Li te avèti li byen sevè, e byen vit, Li te voye l ale.
44 and told him, "Make sure you tell no one—but go, show yourself to the priest, and offer what Moses commanded for your cleansing, as proof to the people." Li te di li: “Fè atansyon pou pa di anyen a pèsòn; men ale montre ou menm a prèt la, e ofri li yon ofrann pou pirifikasyon ou, sa ke Moïse te kòmande a, kon yon temwayaj a yo menm.”
45 But he went out, proclaiming it freely and spreading the news, so Jesus could no longer enter a town openly, but stayed in lonely places. Yet people came to him from everywhere. Men li te ale deyò e te kòmanse pwoklame sa toupatou. Li te gaye nouvèl la jouk lè Jésus pa t kapab antre piblikman nan yon vil ankò, men te rete andeyò nan zòn dezè yo. Moun yo te sòti vin kote l de tout andwa.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]