Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Matthew 28 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 After the Sabbath, at dawn on the first day of the week, Mary Magdalene and the other Mary came to see the tomb. Alò, apre Saba a, lè li te kòmanse fè jou nan premye jou semèn nan, Marie Magdala ak lòt Marie a te vini pou gade tonm nan.
2 Suddenly a great earthquake struck, for an angel of our Father came down from heaven, rolled back the stone, and sat on it. Lapoula, te gen yon gwo tranbleman de tè, e yon zanj Bondye te desann soti nan syèl la. Li te vin woule wòch akote a, e li te chita sou li.
3 His appearance was like lightning, and his clothing white as snow. Li te parèt tankou kout eklè, e vètman li te blanch tankou lanèj.
4 The guards trembled in fear of him and became like dead men. Gad yo te vin tranble avèk lakrent, e yo te tounen tankou moun mouri.
5 But the angel said to the women, "Don't be afraid, for I know you're looking for Jesus, who was crucified. Konsa zanj lan te reponn e te di a fanm yo: “Pa pè, paske mwen konnen ke nou ap chèche Jésus ki te krisifye a.
6 He isn't here—he's risen, as he said. Come, see the place where he was lying. Li pa la, paske Li leve, menm jan Li te di a. Vin wè plas kote Li te kouche a.”
7 Go quickly, tell his disciples: He has risen from the dead. Look, he is going ahead of you to Galilee; you will see him there. Listen, I have told you." “Epi ale vit pou di disip Li yo ke Li leve soti nan lanmò. Epi gade byen, l ap prale devan nou nanGalilée. La nou va wè Li. Gade byen, mwen gen tan di nou sa.”
8 So they left the tomb quickly, with fear and great joy, and ran to tell his disciples. Yo te kite tonm nan vit avèk lakrent, avèk gwo lajwa, e yo te kouri ale bay rapò a disip Li yo.
9 Suddenly Jesus met them, saying, "Greetings!" They came to him, grasped his feet, and worshiped him. Pandan yo t ap w ale pou pale disip Li yo, gade byen, Jésus te rankontre yo e te salye yo. Yo te vin kote l, te kenbe pye Li, e te adore L.
10 Then Jesus told them, "Don't be afraid. Go, tell my brothers to leave for Galilee—they will see me there." Jésus te di yo: “Pa pè. Ale di frè M yo pati pou rive nan Galilée. La, yo va wè m.”
11 While on the way, some guards entered the city and reported to the chief priests all that had happened. Pandan yo te nan wout la, konsa kèk nan gad yo te antre lavil la pou te bay rapò a chèf prèt yo sou tout sa ki te rive yo a.
12 After meeting with the elders and forming a plan, they paid the soldiers a large sum, Konsa, lè yo te rasanble avèk tout lansyen yo e te pran konsèy ansanm, yo te bay yon gwo sòm lajan a sòlda yo.
13 telling them, "Say: His disciples came at night and stole him while we slept. Yo te di yo: “Nou gen pou di: ‘Disip Li yo te vini nan lannwit e te vòlè L pote ale pandan nou t ap dòmi.
14 If this reaches the governor, we'll persuade him and keep you free of trouble." Si sa ta gen tan rive nan zòrèy Gouvènè a, n ap pale avè l pou pwoteje nou pou nou pa gen pwoblèm’”.
15 They took the money and did as they were told; this report spread among the Jews to this day. Alò, yo te pran kòb la, e te fè jan yo te enstwi yo. Listwa sila a te gaye pami Jwif yo e kontinye jouk jou sila a.
16 Then the eleven disciples went to Galilee, to the mountain where Jesus had directed them. Men onz disip yo te fè wout yo pou Galilée, vè mòn ke Jésus te dezinye a.
17 When they saw him, they worshiped him, but some doubted. Lè yo te wè Li, yo te adore Li; men kèk te doute.
18 Jesus came and said to them, "All authority in heaven and on earth has been given to me. Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè.
19 Therefore go and make disciples of all nations, baptizing them in the name of the Father and of the Son and of the Holy Spirit, Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an.
20 teaching them to obey all I've commanded you. Remember, I'm with you always, to the end of the age." Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen de laj.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]