Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Matthew 27 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 At dawn, all the chief priests and elders of the people met and plotted to kill Jesus. Alò, lè maten vin rive, tout chèf prèt yo avèk lansyen a pèp la te pran diskite kont Jésus pou mete Li a lanmò.
2 So they bound him, led him away, and handed him over to Pilate the governor. Yo te mare Li, mennen L ale pou te livre Li a Pilate, gouvènè peyi a.
3 Then Judas, his betrayer, seeing Jesus condemned, felt remorse and returned the thirty pieces of silver to the chief priests and elders, Konsa, lè Judas ki te trayi Li a te wè ke Li te kondane, Li te sanse regrèt. Li te retounen bay trant pyès ajan yo bay chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo.
4 saying, "I sinned, betraying innocent blood." They said, "Not our concern. You'll see to it." Li te di yo: “Mwen te peche. Mwen te trayi san inosan an.” Men yo te reponn l: “Kisa sa ye pou nou? Okipe sa ou menm!”
5 He threw the pieces of silver into the temple, went out, and hanged himself. Pou sa a, li te jete pyès ajan yo nan santyè tanp lan. Li te sòti, e te ale pann tèt li.
6 The chief priests took the silver and said, "We can't put this in the treasury—it was payment for blood." Chèf prèt yo te pran pyès ajan yo, e te di: “Sa pa pèmèt pou nou mete yo nan kès tanp lan, akoz ke se pri san.”
7 So they consulted, then bought the potter's field with it, to bury foreigners. Konsa, yo te mete tèt yo ansanm. Avèk kòb la, yo te achte yon chan yo te rele Chan Kanari a pou yon simityè pou etranje yo.
8 That is why that field has been called the Field of Blood to this day. Pou rezon sa a, yo rele chan sa a Chan San an, jiska jodi a.
9 Then what the prophet Jeremiah spoke was fulfilled: "They took the thirty pieces of silver, the price set on him, whom some of Israel's sons priced, Epi sa ki te pale pa pwofèt Jérémie a te akonpli, sa ki te di: “Yo te pran trant pyès ajan, pri sou Sila a ke yo te etabli yon pri; ke kèk nan fis Israël te etabli,
10 and they gave them for the potter's field, as our Father directed me." epi yo te bay yo pou Chan Kanari a jan Senyè a te dirije m nan.”
11 Jesus stood before the governor; the governor asked, "Are you the King of the Jews?" Jesus said, "You say so." Alò, Jésus te kanpe devan gouvènè a, e gouvènè a te kesyone L konsa: “Èske ou se Wa a Jwif yo”? Jésus te reponn li: “Se konsa ou di a.”
12 But when he was accused by the chief priests and elders, he gave no answer. Lè Li te akize pa chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo, Li pa t reponn.
13 Then Pilate said to him, "Don't you hear how many charges they're bringing against you?" Konsa, Pilate te di L: “Èske ou pa tande konbyen bagay yo temwaye kont Ou?”
14 He gave him no answer, not even to a single charge, so the governor was greatly amazed. Li pa t reponn li menm a yon sèl akizasyon. Gouvènè a te byen etone pou sa.
15 At each feast the governor would release one prisoner the crowd wanted. Alò, nan fèt la, gouvènè a te abitye lage pou pèp la yon sèl prizonye selon volonte pa yo.
16 At that time they were holding a notorious prisoner called Barabbas. Nan moman sa a, yo te gen yon move prizonye byen rekonèt, yo te rele Barabbas.
17 When they had gathered, Pilate asked, "Which do you want me to release—Barabbas, or Jesus called Christ?" Konsa, lè yo te reyini ansanm, Pilate te mande yo: “Kilès nou vle m lage pou nou? Barabbas, oubyen Jésus ke yo rele Kris la?”
18 For he knew that it was out of envy that they had handed him over. Paske li te byen konprann ke se jalouzi ki te fè yo livre Li.
19 While he sat on the judgment seat, his wife sent to him: Have nothing to do with that righteous man, for I suffered much today in a dream because of him. Pandan Li te chita sou chèz jijman an, madanm li te voye di li: “Pa gen anyen pou fè avèk Nonm jis sila a; paske jodi a, mwen te soufri anpil nan yon rèv akoz de Li menm.”
20 But the chief priests and elders persuaded the crowds to ask for Barabbas and to have Jesus put to death. Men chèf prèt yo avèk lansyen yo te konvenk yo pou mande pou Barabbas, e pou mete Jésus a lanmò.
21 The governor said, "Which of the two should I release to you?" They said, "Barabbas." Men gouvènè a te reponn e te di yo: “Kilès nan de sa yo nou ta vle m lage bannou?” E yo te di: “Barabbas!”
22 Pilate asked them, "What then do I do with Jesus called Christ?" They all said, "Have him crucified!" Pilate te di: “E kisa pou mwen ta fè avèk Jésus ke yo rele Kris la?” E yo te di: “Krisifye Li!”
23 He said, "Why? What wrong has he done?" But they cried out louder, "Crucify him!" Li te di: “Poukisa, ki mal Li fè?” Men yo te kontinye rele pi fò: “Krisifye Li!”
24 Seeing he could do nothing, but a riot was starting instead, Pilate took water, washed his hands before the crowd, and said, "I am innocent of this man's blood; you see to it." Konsa, lè Pilate te wè ke li pa t ap rezoud anyen, men okontrè, pèp la te kòmanse ap fè tenten, li te pran dlo pou te lave men li devan pèp la, e te di: “Mwen inosan a san Nonm sila a; fè l nou menm”.
25 And all the people answered, "His blood be on us and on our children!" Tout pèp la te reponn e te di: “Kite san Li sou nou e sou Pitit nou yo!”
26 Then he released Barabbas to them, had Jesus whipped, and handed him over to be crucified. Konsa, li te lage Barabbas pou yo; men li te fè yo bat Jésus avèk fwèt, epi li te livre Li pou L te krisifye.
27 Then the governor's soldiers took Jesus into the governor's headquarters and gathered the whole regiment around him. Epi sòlda a gouvènè yo te pran Jésus ale nan pretwa a (lakou gad la), e te rasanble tout kowòt la (yon bann sòlda Women) pou antoure Li.
28 They stripped him and put a scarlet robe on him. Yo te retire rad sou Li, e te abiye Li avèk yon vètman wouj.
29 They twisted a crown of thorns, set it on his head, put a reed in his right hand, knelt before him, and mocked him: "Hail, King of the Jews!" Epi lè yo fin trese yon kouwòn avèk bwa pikan, yo te mete li sou tèt Li, ak yon wozo nan men dwat Li. Yo te bese ajenou devan L pou te moke L. Yo te di L: “Salitasyon, Wa a Jwif yo!”
30 And they spit on him, took the reed, and struck him on the head again and again. Yo te krache sou Li, yo te pran wozo a e te kòmanse bat Li nan tèt.
31 After mocking him, they stripped off the robe, dressed him in his own clothes, and led him away to crucify him. Lè yo te fin moke L, yo te retire vètman wouj la sou Li, e te remete rad Li sou Li pou mennen L al krisifye.
32 Going out, they found a Cyrenian named Simon and forced him to carry Jesus's cross. Pandan yo t ap sòti, yo te rankontre yon nonm peyi Siryen ke yo te rele Simon, e yo te fòse li pote Kwa Li a.
33 And when they came to a place called Golgotha (which means Place of a Skull), Lè yo te rive nan yon plas yo rele Golgotha, ki vle di Plas Zo Bwa Tèt La,
34 they gave him wine mixed with bitter gall to drink; he tasted it and refused to drink. yo te bay Li diven pou bwè mele avèk fyèl. Men lè L te goute l, Li pa t dakò bwè l.
35 And when they had crucified him, they divided his garments among themselves by casting lots. Answit lè yo te fin krisifye L, yo te pataje vètman Li pami yo selon tiraj osò.
36 Then they sat down and kept watch over him there. Epi konsa, yo te chita e te kòmanse veye L la.
37 Over his head they posted the charge against him: "This is Jesus, the King of the Jews." Yo te plase anwo tèt Li akizasyon ki te kont Li an ki te di: “SA SE JÉSUS WA JWIF LA”.
38 Then two robbers were crucified with him, one on his right and one on his left. Nan menm lè sa a, de vòlè te krisifye avè L, youn pa adwat Li, e youn pa agoch Li.
39 Those who passed by hurled insults at him, shaking their heads, Sila yo ki t ap pase la yo t ap voye kout lang sou Li, e t ap souke tèt yo.
40 saying, "You who would destroy the temple and rebuild it in three days—save yourself! If you're the Son of God, come down from the cross!" Yo t ap di: “Ou menm k ap detwi tanp lan pou rebati li nan twa jou a, sove pwòp tèt ou! Si ou se Fis Bondye a, sòti sou kwa a.”
41 In the same way the chief priests, with the scribes and elders, also mocked him, saying, Epi menm jan an, chèf prèt yo avèk skrib ak lansyen yo t ap moke L e t ap di:
42 "he saved others; himself he can't save. He's King of Israel—let him come down from the cross now, and we'll believe in him. “Li te sove lòt yo; Li pa kapab sove pwòp tèt Li. Si Li se Wa Israël la, koulye a, kite L sòti sou kwa a, e n ap kwè nan Li.
43 He trusts in God—let God save him now, if he wants him, for he said, 'I am God's Son.'" Li mete konfyans nan Bondye. Kite Li sove Li koulye a, si Li vlè L; paske Li te di: ‘Mwen se Fis Bondye a’”.
44 And the robbers who were crucified with him also heaped insults on him in the same way. Anplis, volè ki te krisifye avè L yo t ap voye menm ensilt yo sou Li.
45 Now from noon until three in the afternoon darkness came over all the land. Alò, depi sizyèm lè (midi), fènwa te tonbe sou tout tè a jis rive nan nevyèm lè (twazè).
46 About three in the afternoon, Jesus cried loudly, "Eli, Eli, lema sabachthani?"—meaning, "My God, my God, why have you forsaken me?" Nan anviwon nevyèm lè, Jésus te kriye avèk yon vwa byen fò: “Eli, Eli, lima sabachthani?” Ki vle di: “Bondye m, Bondye m, Poukisa Ou abandone Mwen?”
47 When some of those standing there heard this, they said, "This man is calling Elijah." Epi kèk nan yo ki te kanpe la, lè yo te tande sa, yo te kòmanse di: “Nonm sa a ap rele Elie”.
48 One of them ran at once, soaked a sponge in sour wine, put it on a reed, and gave him a drink. E lapoula, youn nan yo te kouri pran yon eponj. Li te ranpli li avèk vinèg si, e plase li sou yon wozo pou te bay Li pou bwè.
49 But the others said, "Leave him alone. Let us see whether Elijah will come to save him." Men lòt yo te di: “Annou wè si Elie ap vin sove L”.
50 And Jesus cried out again with a loud voice and gave up his spirit. Konsa, Jésus te kriye ankò avèk yon vwa fò, e te kite nanm Li sòti.
51 Suddenly the curtain of the temple was torn in two, from top to bottom. The earth shook, the rocks split. Epi gade, vwal tanp lan te chire de bout soti anwo, rive jouk anba, epi latè te tranble, e wòch yo te vin fann.
52 The tombs were opened, and many bodies of the holy ones who had fallen asleep were raised. Konsa, tonm yo te louvri e kò anpil sen ki t ap dòmi te vin leve.
53 After Jesus's resurrection, they left the tombs, entered the holy city, and appeared to many. Yo te sòti nan tonm yo lè Li te fin resisite e te antre nan vil sen an kote yo te parèt a anpil moun.
54 The centurion and those with him guarding Jesus saw the earthquake and what happened, and were terrified, saying, "Truly this man was the Son of God!" Epi santenye a ak sila ki te avèk li yo ki t ap veye Jésus yo, lè yo te wè tranbleman de tè a, ak bagay ki t ap fèt yo te vin fè pè anpil. Yo te di: “Anverite, sa se te Fis a Bondye a!”
55 Many women watched from a distance; they had followed Jesus from Galilee to serve him. Anpil fanm te la. Yo t ap gade a yon distans. Se te sila ki te swiv Jésus yo soti Galilée pandan yo t ap sèvi L.
56 Among them: Mary Magdalene, Mary mother of James and Joseph, and the mother of Zebedee's sons. Pami yo, te gen Marie a Magdala, Marie, manman a Jacques ak Joseph, e manman a fis Zébédée yo.
57 At evening a rich man from Arimathea named Joseph came, himself a disciple of Jesus. Lè li te fin fènwa, te vini yon nonm rich ki te soti Arimathée, ke yo te rele Joseph. Li menm osi, li te deja yon disip a Jésus.
58 He went to Pilate and asked for Jesus' body. Then Pilate ordered it given to him. Mesye sila a te mande Pilate pou kò Jésus. Konsa Pilate te kòmande ke li te livre bay li.
59 Joseph took the body, wrapped it in a clean linen cloth. Epi Joseph te pran kò a e te vlope li nan yon twal lèn pwòp.
60 He put it in his new tomb, cut into the rock, rolled a large stone across the tomb's entrance, and left. Li te mete li nan pwòp tonm nèf pa li, ki te fouye nan wòch. Li te woule yon gwo wòch kont antre a, e li te kite lye a.
61 Mary Magdalene and the other Mary were there, sitting opposite the tomb. Epi Marie ki te sòti Magdala te la avèk lòt Marie a, ki te chita anfas tonm lan.
62 The next day—after Preparation Day—the chief priests and Pharisees gathered before Pilate, Konsa, nan jou swivan an, ki te jou apre preparasyon an, chèf prèt yo avèk Farizyen yo te reyini avèk Pilate.
63 and said, "Sir, we remember that deceiver, while still alive, said, 'After three days I will rise.' Yo te di l: “Mèt, nou sonje ke lè Li te vivan an ke twonpè sila a te di: ‘Apre twa jou, Mwen va leve ankò.’
64 So order the tomb secured until the third day, or his disciples may come, steal him, and tell the people, 'He has been raised from the dead.' That last deception would be worse than the first." Pou sa, kòmande pou yo mete tonm nan an sekirite jiska twa jou. Otreman, disip Li yo kab vin vòlè Li e di pèp la ke Li gen tan leve nan lanmò; epi dènye desepsyon sila a ap pi mal pase premye a.”
65 Pilate said to them, "You have a guard. Go, make it as secure as you can." Pilate te di yo: “Nou genyen gad la; ale mete li ansekirite jan nou konnen an.”
66 So they went and made the tomb secure by sealing the stone and posting the guard. Epi yo te ale mete tonm nan ansekirite. Plis ke gad la, yo te mete yon so sou wòch la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]