Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Matthew 26 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When Jesus had finished all these sayings, he said to his disciples, Lè Jésus te fin pale tout pawòl sa yo, Li te di a disip Li yo:
2 "You know Passover comes after two days, and the Son of Man is handed over to be crucified." “Nou konnen ke apre de jou, Jou Pak Jwif la ap vini, e Fis a Lòm nan ap livre a yo menm pou yo kab krisifye L.”
3 Then the chief priests and elders of the people gathered in the courtyard of the high priest Caiaphas, Nan moman sa a, chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo te reyini ansanm nan lakou tribinal wo prèt ke yo te rele Caïphe la.
4 and they plotted together to seize Jesus secretly and kill him. Epi yo te fè konplo ansanm pou sezi Jésus an sekrè e touye Li.
5 But they said, "Not during the festival, or there will be an uproar among the people." Men yo t ap di: “Pa fè l pandan fèt la otreman sa kab fè yon gwo revòlt pami pèp la.”
6 Now when Jesus was in Bethany, in the house of Simon the leper, Alò, lè Jésus te Béthanie nan kay a Simon, lepre la,
7 a woman came to him with an alabaster jar of very expensive perfume and poured it on his head as he sat at the table. yon fanm te vin kote L avèk yon bokal pòslèn plen avèk pafen ki te trè chè. Li te vide li sou tèt Jésus, pandan Li te sou tab la.
8 Seeing this, the disciples were angry, saying, "Why this waste? Men disip yo te mekontan lè yo te wè sa. Yo te di: “Poukisa l ap fè gaspiyaj konsa?
9 For this could have been sold for a large sum and given to the poor." Pwiske pafen sa a ta kapab vann pou yon gwo pri, e lajan sa a ta kapab separe bay a malere yo.”
10 Jesus knew this and said to them, "Why trouble this woman? She has done a beautiful thing to me. Men Jésus te konprann sa, e te di yo: “Poukisa nou ap twouble fanm nan? Li fè M yon bon bagay.
11 For you always have the poor with you, but you will not always have me. Paske malere yo ap toujou avèk nou, men Mwen menm, Mwen p ap la pou tout tan.
12 For when she poured this perfume on my body, she did it to prepare me for burial. Pwiske lè li te vide pafen sila a sou kò M, li te fè l pou prepare Mwen pou lantèman.
13 Truly I tell you: wherever this gospel is preached worldwide, what she did will also be told, in memory of her." Anverite, Mwen di nou ke nenpòt kote ke bòn nouvèl sila a preche nan tout mond lan, sa ke fanm sila a te fè a, ap toujou pale pou yo sonje li nèt.”
14 Then one of the Twelve, the one called Judas Iscariot, went to the chief priests, Konsa, youn nan douz yo ki te rele Judas Iscariot te ale kote chèf prèt yo.
15 and said, "What are you willing to give me, and I will hand him over to you?" And they counted out thirty pieces of silver for him. Li te di yo: “Kisa nou ap ban mwen si mwen livre Li bannou?” Yo te peze bay li trant pyès ajan.
16 And from then on he looked for an opportunity to betray him. Depi lè sa a, li te kòmanse chache yon bon moman pou trayi li.
17 On the first day of Unleavened Bread, the disciples asked Jesus, "Where do you want us to prepare for you to eat the Passover?" Alò, nan premye jou Fèt Pen San Ledven an, disip yo te vin kote Jésus pou mande L: “Kibò Ou vle nou prepare manje Jou Pak Jwif la pou Ou?”
18 He said, "Go into the city to a certain man and tell him, 'The Teacher says: My time is near. I'll keep Passover at your house with my disciples.'" Li te di yo: “Ale nan vil la a yon sèten mesye e di li: ‘Mèt la di nou “Lè Mwen prèske rive. M ap fè fèt Jou Pak la lakay ou avèk disip Mwen yo.”’”
19 And the disciples did as Jesus directed them, and they prepared the Passover. Disip yo te fè sa, jan Jésus te mande yo a. Konsa, yo te prepare Jou Pak la.
20 When evening came, he sat at the table with the Twelve. Alò, lè fènwa te vin rive, Jésus te lonje sou tab la avèk douz disip yo.
21 And as they were eating, he said, "Truly I tell you, one of you will betray me." Pandan yo t ap manje, Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, youn nan nou ap trayi M”.
22 Deeply grieved, they each asked him, "Surely not I, Lord?" Avèk yon doulè pwofon, yo chak te kòmanse mande L: “Asireman, se pa mwen menm, Senyè?”
23 He replied, "The one who has dipped his hand in the bowl with me will betray me. Li te reponn: “Sila ki mete men l avèk mwen nan bòl la, se li menm k ap trayi Mwen an.
24 The Son of Man goes, just as is written of him. But how terrible for the man who betrays him—better for him had he never been born." Fis a Lòm nan gen pou ale, jan ke li ekri sou Li a, men malè a sila ki trayi Fis a Lòm nan! Li t ap pi bon pou li si li pa t janm fèt.”
25 Judas, his betrayer, said, "Surely not I, Rabbi?" He said to him, "You have said so." Judas, ki t ap trayi Li a te reponn: “Asireman se pa mwen menm, Rabbi (Mèt)?” Li te reponn li: “Se ou menm ki di l.”
26 As they ate, Jesus took bread, blessed and broke it, gave it to the disciples, and said, "Take, eat; this is my body." Pandan yo t ap manje, Jésus te pran kèk pen. Li te beni li, kase l epi separe bay disip Li yo. Li te di: “Pran, manje; sa se kò Mwen.”
27 Taking a cup and giving thanks, he gave it to them, saying, "Drink from it, all of you, Li te pran tas la e te bay remèsiman. Li te bay yo e Li te di: “Bwè ladann, nou tout;
28 for this is my blood of the covenant, poured out for many for forgiveness of sins. paske sa se san akò Mwen ki vèse pou anpil moun, pou padon peche yo.
29 I tell you: I won't drink this fruit of the vine again, from now until the day I drink it new with you in my Father's kingdom." Men Mwen di nou, Mwen p ap bwè fwi rezen sila a ankò depi koulye a, jouk rive lè Mwen bwè l de nouvo avèk nou nan wayòm Papa Mwen an.”
30 And when they had sung a hymn, they went out to the Mount of Olives. Apre yo chante yon kantik, yo te ale nan Mòn Oliv la.
31 Then Jesus told them, "Tonight you will all fall away because of me. For it is written: 'I will strike the shepherd, and the flock's sheep will be scattered.' Konsa, Jésus te di yo: “Nou tout ap gaye akoz Mwen pandan nwit sa a, paske sa ekri: ‘Mwen va frape e fè tonbe bèje a, epi tout mouton va gaye.’
32 But after I am raised up, I will go ahead of you to Galilee." Men lè M leve, M ap prale devan nou Galilée.”
33 Peter said to him, "Though they all fall away because of you, I will never fall away." Men Pierre te reponn e te di Li: “Menm lè tout lòt yo fè bak akoz de Ou menm, mwen menm, mwen p ap fè bak.”
34 Jesus said to him, "I tell you the truth: before the rooster crows tonight, you will deny me three times." Jésus te di li: “Anverite Mwen di ou ke menm nwit sa a, avan kòk la gen tan chante, ou ap gen tan nye Mwen twa fwa.”
35 Peter said, "Even if I must die with you, I won't deny you." All the disciples said the same. Pierre te di Li: “Menm si mwen oblije mouri avèk Ou, mwen p ap janm nye Ou.” Tout lòt disip yo te di menm bagay sila a tou.
36 Then Jesus came with them to a place called Gethsemane and told the disciples, "Sit here while I go pray over there." Konsa, Jésus te vini avèk yo nan yon plas yo rele Gethsémané. Li te di a disip Li yo: “Chita isit la pandan Mwen prale lòtbò a pou priye.”
37 And taking with him Peter and the two sons of Zebedee, he became deeply grieved and distressed. Li te pran avè L Pierre, avèk de fis Zébédée yo, epi Li te kòmanse ranpli avèk gwo doulè ak tristès.
38 Then he told them, "My soul is crushed with sorrow, even to death. Stay here and watch with me." Konsa Li te di yo: “Nanm Mwen jis nan fon Mwen tris, jiskaske rive nan pwent pou mouri. Rete isit la pou veye avè M”.
39 Going a little farther, he fell on his face and prayed, "My Father, if possible, let this cup pass from me. Yet not as I will, but as you will." Li te ale yon ti jan pi lwen; Li te tonbe sou figi Li, e te priye konsa: “Papa M, si se posib, kite tas sila a chape de Mwen menm; men pa jan Mwen menm ta vle l la, men jan volonte pa W la.”
40 He came to the disciples and found them asleep. He said to Peter, "So, couldn't you stay awake with me one hour? Li te vin vire vè disip Li yo e te twouve yo t ap dòmi. Li te di a Pierre: “Konsa, nou pa t kapab veye avè M pandan yon sèl èdtan?
41 Stay alert and pray, so you don't fall into temptation; the spirit is willing, but the flesh is weak." Veye byen e priye pou nou pa antre nan tantasyon. Lespri a byen dispoze, men chè la fèb.”
42 A second time he went away and prayed, "My Father, if this cannot pass unless I drink it, your will be done." Li te kite yo yon dezyèm fwa e te priye konsa: “Papa M, si tas sa a p ap kab retire anmwens ke M bwè l, ke volonte Ou fèt.”
43 And he came again and found them sleeping, for their eyes were heavy. Ankò Li te retounen e te twouve yo t ap dòmi, paske zye yo te byen lou.
44 So leaving them again, he went away and prayed a third time, saying the same words again. Konsa, Li te kite yo ankò pou te ale pou priye yon twazyèm fwa. Li te fè menm priyè a yon fwa ankò.
45 Then he came to the disciples and said to them, "Still sleeping and resting? Look, the hour has come, and the Son of Man is betrayed into the hands of sinners. Apre Li te vin kote disip Li yo. Li te mande yo: “Èske nou toujou ap dòmi epi pran repo nou? Gade, lè a rive. Fis a Lòm nan ap livre nan men pechè yo.
46 Get up, let's go! Look, the one who betrays me is here!" Leve, annou ale. Men gade, sila k ap trayi Mwen an gen tan rive!”
47 While he was still speaking, Judas, one of the Twelve, suddenly came with a large crowd carrying swords and clubs, sent by the chief priests and elders of the people. Pandan Li te toujou ap pale, Judas, youn nan douz yo, te pwoche. Li te akonpanye pa yon gwo foul avèk nepe ak baton, ki te voye pa gran prèt ak lansyen a pèp yo.
48 Now the betrayer had given them a signal: "The one I kiss is him—seize him." Konsa, sila ki t ap trayi Li a te deja bay yo yon sinyal. Li te di: “Sila ke m bo a, se Li menm. Sezi Li.”
49 And immediately he came up to Jesus and said, "Greetings, Rabbi!" And he kissed him. Touswit, Li te ale kote Jésus. Li te di: “Bonswa Rabbi (Mèt)!” e li te bo Li.
50 Jesus told him, "Friend, do what you came to do." Then they came, grabbed Jesus, and held him. Jésus te di Li: “Zanmi M, poukisa ou vini la.” Konsa yo vin mete men yo sou Li, e te sezi Li.
51 And look, one of those with Jesus reached out his hand, drew his sword, struck the high priest's servant, and cut off his ear. Epi konsa, youn nan yo ki te avèk Jésus te rale nepe l, te voye l e koupe zòrèy a esklav gran prèt la.
52 Then Jesus said to him, "Put your sword back in its place. All who take the sword will die by the sword. Alò, Jésus te di l: “Remete nepe ou nan plas li; paske tout sila ki leve nepe yo, y ap peri pa nepe.
53 Do you think I can't call on my Father, who'd at once send me more than twelve legions of angels? Men èske nou panse ke Mwen pa kapab fè apèl a Papa M, e l ap voye ban Mwen plis ke douz lejyon (sa vle di 72,000) zanj?
54 But how then would the Scriptures be fulfilled, that it must happen this way?" Men kijan konsa, pou Ekriti Sen yo kab vin akonpli ki fè nou konnen jan l ap oblije fèt?”
55 At that hour Jesus said to the crowds, "Did you come out with swords and clubs to seize me, as against a bandit? I sat teaching in the temple daily, and you didn't arrest me. Nan moman sa a, Jésus te di a foul la: “Èske nou vini avèk nepe ak baton pou arete M, konsi nou ta vin kont yon vòlè? Chak jou Mwen te konn chita nan tanp lan pou enstwi nou, e nou pa t janm sezi M.
56 But all this happened to fulfill the prophets' Scriptures." Then all the disciples abandoned him and fled. Men tout sa vin rive pou Ekriti Sen yo selon pwofèt yo ta kapab vin akonpli.” Lapoula, tout disip Li yo te kouri kite Li.
57 Then those who arrested Jesus brought him to Caiaphas the high priest, where the scribes and the elders had gathered. Sila ki te sezi Jésus yo te mennen L ale pou wè Caïphe, gran prèt la, kote skrib yo avèk lansyen a pèp yo te gen tan rasanble.
58 Peter followed at a distance, to the high priest's courtyard, went in, and sat with the guards to watch how it would end. Men Pierre te swiv Li a yon distans jouk yo rive nan lakou wo prèt la. Li te antre avèk yo e chita avèk gad yo pou wè jan li ta fini.
59 The chief priests and the whole Council sought false testimony against Jesus, to put him to death, Epi chèf prèt yo avèk tout Konsèy la t ap fòse wè si yo ta kab twouve kèk fo temwayaj kont Jésus, pou yo ta kapab mete L a lanmò.
60 but they found none, though many false witnesses came forward. At last two came forward, Men yo pa t twouve okenn, malgre ke anpil fo temwayaj te vin prezante. Men pita, te gen de ki te vin prezante.
61 and said, "This man said, 'I can destroy God's temple and rebuild it in three days.'" Yo te di: “Nonm sa a te di: ‘Mwen kapab detwi tanp Bondye a, e rebati li nan twa jou.’”
62 The high priest stood up and said to him, "Have you no answer? What are these men testifying against you?" Konsa, wo prèt la te kanpe pou te di L: “Èske Ou p ap reponn? Kisa ke moun sa yo ap temwaye kont ou an?”
63 But Jesus was silent. The high priest said, "I put you under oath by the living God: tell us whether you are the Christ, the Son of God." Men Jésus te rete an silans. Epi wo prèt la te di L: “Mwen egzije Ou pa Bondye vivan an, pou di nou, si Ou menm se Kris La, Fis Bondye a.”
64 Jesus told him, "You've said it. But I tell you: from now on you'll see the Son of Man seated at Power's right hand, coming on heaven's clouds." Jésus te di li: “Ou te di li ou menm. Malgre sa, Mwen ap di nou, apre sa, nou va wè Fis a Lòm nan k ap chita sou men dwat Pwisan an e k ap vini sou nyaj ki nan syèl yo.”
65 Then the high priest tore his clothes: "He has blasphemed! Why do we still need witnesses? You've now heard the blasphemy. Konsa wo prèt la te chire rad li e te di: “Li gen tan vin blasfeme! Kisa nou bezwen ankò kon temwayaj? Gade, nou fin tande blasfèm nan.
66 What is your judgment?" They answered, "He deserves death." Kisa nou panse?” Yo te reponn e te di: “Li merite lanmò!”
67 Then they spit in his face and struck him; and some slapped him, Epi yo krache nan figi Li, e te bat Li avèk kout pwen. Lòt yo te souflete L.
68 saying, "Prophesy to us, Christ! Who hit you?" Yo te di: “Pwofetize pou nou, Ou menm Kris la! Kilès ki te frape Ou a?”
69 Peter sat outside in the courtyard. A servant girl approached, saying, "You too were with Jesus the Galilean." Konsa, Pierre te chita deyò a nan lakou a, e yon sèten fi ki t ap sèvi lòt yo te vin kote l. Li te di l: “Ou te osi avèk Jésus, Galileyen an.”
70 But he denied it before them all, saying, "I don't know what you're talking about." Men Li demanti devan tout e te di: “Mwen pa konnen menm de kisa w ap pale a!”
71 As he went out to the gate, another servant girl saw him and told those there, "This man was with Jesus of Nazareth." Epi lè li fin sòti sou galri a, yon lòt fi ki t ap sèvi te wè l e te di: “Mesye sila a te avèk Jésus, Nazareyen an.”
72 And again he denied it with an oath, "I do not know the man." Ankò li te demanti sa avèk yon sèman: “Mwen pa menm konnen mesye sila a!”
73 Shortly after, the bystanders came to Peter: "Surely you're one of them too, since your accent gives you away." Epi yon ti jan pita, sila ki te la yo, te vin kote Pierre. Yo te di l: “Asireman ou menm, ou se youn nan yo. Jan ou pale a devwale ou.”
74 Then he began to curse himself and swear, "I don't know the man." At once a rooster crowed. Konsa li te kòmanse bay madichon e te sèmante: “Mwen pa menm konnen nonm sila a!” Imedyatman, kòk la te chante.
75 Peter remembered Jesus' words: "Before the rooster crows, you will deny me three times." He went out and wept bitterly. Pierre te sonje mo Jésus a, lè Li te di: “Avan kók la chante, ou va nye Mwen twa fwa.” E li te ale deyò pou te kriye yon kriye anmè.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]