Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Matthew 25 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "Then the kingdom of our Father will be like ten virgins who took their lamps and went out to meet the bridegroom. “Konsa, Wayòm syèl la tankou dis vyèj ki te pran lanp yo pou soti e rankontre jennonm k ap marye a.
2 Five of them were foolish, and five were wise. Senk nan yo te manke sajès, men lòt senk yo te gen bon konprann.
3 The foolish ones took their lamps but did not take any oil with them. Lè sila ki manke sajès yo te pran lanp yo, yo pa t pran lwil avèk yo.
4 But the wise ones took oil in flasks along with their lamps. Men saj yo te pran lwil nan veso ansanm avèk lanp yo.
5 When the bridegroom was delayed, they all became drowsy and fell asleep. Konsa, pandan jennonm nan t ap pran reta, yo tout te vin fatige, e dòmi te pran yo.
6 But at midnight a cry rang out: 'Look, the bridegroom! Come out to meet him!' “Men a minwi, te gen yon gwo kri: ‘Men gade, jennonm k ap marye a parèt! Vin rankontre li.’
7 Then all the young women woke up and trimmed their lamps. “Alò, tout vyèj sa yo te leve pou prepare lanp pa yo.
8 The foolish said to the wise, 'Give us some of your oil, because our lamps are going out.' Men sila ki pa t saj yo te di a sila ki te pridan yo: ‘Bannou kèk nan lwil pa nou an, paske lanp nou yo ap etenn.’
9 But the wise answered, 'No, there may not be enough for us and you. Go instead to those who sell, and buy for yourselves.' “Men saj yo te reponn: ‘Non, pwiske si nou fè sa, nou p ap rete kont pou nou. Pito nou ale kote machann pou nou achte pou tèt nou.’
10 While they went to buy it, the bridegroom came. The ready ones went in with him to the wedding feast, and the door closed. “Konsa, pandan yo t ap pral achte, jennonm nan te vin parèt e sila ki te prepare yo te antre avè l nan fèt maryaj la. Epi pòt la te vin fèmen.
11 Later the other young women came too, saying, 'Lord, lord, open the door for us!' “Pita lòt vyèj yo te vini. Yo te di: ‘Senyè, Senyè, louvri pòt la pou nou.
12 But he answered, 'Truly I tell you, I do not know you.' “Men li te reponn yo konsa: ‘Anverite mwen di nou, mwen pa rekonèt nou.’
13 Therefore keep watch, because you do not know the day or the hour. “Pou sa, fè atansyon, paske nou pa konnen ni jou, ni lè.
14 "For it will be like a man going abroad, calling his servants and entrusting them with his property. “Konsa, li menm jan avèk yon nonm ki fenk pare pou fè yon vwayaj. Li rele esklav li yo, e konfye tout sa li posede nan men yo menm.
15 He gave one five bags of silver, another two, another one—each by his own ability—then set out on his journey. A youn li te bay senk talan (yon gwo sòm dajan) a yon lòt de, e a yon lòt, youn, selon kapasite ke chak te genyen. Epi li te sòti pou fè vwayaj la.
16 The one given five bags of silver went at once, put them to work, and gained five more. Imedyatman, sila ki te resevwa senk talan yo te fè afè avèk yo, e te ranmase yon lòt senk talan anplis.
17 In the same way, the one with two bags of silver gained two more. “Menm jan an, sila ki te resevwa de talan yo te vin jwenn de lòt.
18 But the one who received one bag of silver went off, dug in the ground, and hid his master's money. Men sila ki te resevwa yon sèl talan an te ale fouye yon twou nan tè pou te sere lajan mèt li.
19 "After a long time the master of those servants returned and settled accounts with them. “Apre anpil tan, mèt a esklav sa yo te vini pou te regle kont avèk yo.
20 The man who received five bags of silver came, adding five more: 'Master, you entrusted me with five bags of silver; see, I've gained five more.' Sila ki te resevwa senk talan yo te vin pote li avèk yon lòt senk talan ankò, epi te di: ‘Mèt, ou te fè m konfyans ak senk talan. Ou wè, mwen fè l rapòte senk talan anplis.’
21 "His master said, 'Well done, good and faithful servant! You were faithful over a little; I'll put you over much. Enter your master's joy!' “Mèt li te di li: ‘Byen fèt, bon e fidèl sèvitè. Ou te fidèl avèk yon ti kras bagay. M ap fè ou responsab anpil bagay. Antre nan lajwa a mèt ou.’
22 "The one with two bags of silver also came and said, 'Master, you gave me two bags of silver; look, I've earned two more.' “Sila ki te resevwa de talan yo te vini epi te di: ‘Mèt, ou te fè m konfyans ak de talan. Ou wè, mwen fè l rapòte de talan anplis.’
23 "His master told him, 'Well done, good and faithful servant! You were faithful with a little; I'll put you over much. Enter your master's joy!' “Mèt li te di li: ‘Byen fèt, bon sèvitè fidèl la. Ou te fidèl avèk yon ti kras bagay. M ap fè ou responsab anpil bagay. Antre nan lajwa a mèt ou.’
24 "Then the one who had received one bag of silver came and said, 'Master, I knew you were a hard man, reaping where you didn't sow, gathering where you didn't scatter seed.' “Konsa, sila osi ki te resevwa yon sèl talan an te vini e te di: ‘Mèt, mwen te byen konprann ke ou menm se te yon mèt ki di; ke ou rekòlte kote ou pa plante, e ranmase kote ou pa simen.
25 Afraid, I went and hid your silver in the ground. Here is what is yours. Epi mwen te krent, e te ale sere talan an nan tè. Gade byen, ou twouve sa ki pou ou a.’
26 "His master replied, 'You wicked, lazy servant! You knew I harvest where I didn't sow and gather where I didn't scatter seed? “Men mèt li te reponn li e te di: ‘Esklav malveyan e parese! Ou te konnen ke mwen rekòlte kote mwen pa plante, e ranmase kote mwen pa simen.
27 "You should have deposited my money with the bankers, so on my return I'd get it back with interest. Pou sa, ou te dwe mete kòb mwen an labank pou lè m rive mwen ta kapab resevwa l avèk enterè.
28 So take his bag of silver and give it to the one with ten bags of silver. “Konsa, retire talan an nan men li, epi bay li a sila a ki gen dis talan yo.
29 For everyone who has will be given more, and he'll overflow; but the one who has nothing will lose even what he has. Paske a sila a ki genyen an, l ap resevwa plis e l ap gen an abondans, men pou sila a ki pa genyen an, menm sa li genyen an ap retire nan men l.
30 Throw out that worthless servant into the outer darkness, where there will be weeping and grinding of teeth.' Voye esklav initil sila a nan fon tenèb, nan plas kote ap genyen kriye ak manje dan.’
31 "When the Son of Man comes in his glory, with all his angels, he will sit on his glorious throne. “Men lè Fis a Lòm nan vini nan tout glwa Li avèk tout zanj Li yo, Li va chita sou twòn glwa pa Li a.
32 All the nations will be gathered before him, and he will separate them from each other as a shepherd separates sheep from goats. Tout nasyon yo va rasanble devan Li. E Li va separe yo youn de lòt, kon yon gadyen patiraj separe mouton avèk kabrit.
33 He will put the sheep on his right and the goats on his left. Konsa, l ap mete mouton yo adwat li, e kabrit yo agoch Li.
34 Then the King will say to those on his right, 'Come, you blessed by my Father; inherit the kingdom prepared for you since the foundation of the world. “Epi Wa la va di a sila ki adwat li yo: ‘Vini, nou menm ki beni pa Papa m; eritye wayòm nan ki te prepare pou nou depi fondasyon mond lan.
35 "For I was hungry and you fed me; thirsty, and you gave me a drink; a stranger, and you took me in, Paske Mwen te grangou, e nou te ban M bagay pou M manje. Mwen te swaf, e nou te ban M bwè. Mwen te yon etranje, e nou te envite M antre,
36 I was naked and you dressed me, sick and you cared for me, in prison and you visited me.'" Mwen te touni, e nou te ban M rad. Mwen te malad e nou te vizite M. Mwen te nan prizon e nou te vin kote M.
37 "Then the righteous will answer him, 'Lord, when did we see you hungry and feed you, or thirsty and give you drink? “Epi jis yo ap di Li: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou e te bay Ou manje, ni swaf pou te bay Ou bwè?
38 "When did we see you a stranger and shelter you, or naked and dress you? Epi kilè nou te wè Ou yon etranje, epi envite Ou antre, oubyen touni pou te bay Ou rad?
39 When did we see you sick or in prison and come to you?'" Epi kilè nou te wè Ou malad, e te vizite Ou; oubyen nan prizon pou te vizite Ou?’
40 "And the King will reply, 'Truly I tell you, whatever you did for one of the least of these siblings of mine, you did for me.' “Konsa, wa a va reponn yo: ‘Anverite, Mwen di nou menm jan ke nou te fè li a youn nan frè Mwen yo, nou te fè l a Mwen menm tou.’
41 Then he'll tell those on his left, 'Away from me, you cursed ones, into the eternal fire prepared for the devil and his angels. “Apre Li va di a sila ki agoch Li yo: ‘Sòti sou Mwen, nou menm ki modi, pou ale nan dife etènèl ki te prepare pou Satan avèk zanj li yo a.
42 For I was hungry and you gave me nothing to eat, thirsty and you gave me nothing to drink, Paske Mwen te grangou, men nou te refize ban M manje. Mwen te swaf, e nou pa t ban M bwè.
43 I was a stranger, and you didn't take me in; naked, and you didn't dress me; sick and in prison, and you didn't visit me.'" Mwen te yon etranje, e nou pa t envite M antre, touni, e nou pa t ban M rad, nan prizon e nou pa t vizite M.
44 "Then they too will answer, 'Lord, when did we see you hungry, thirsty, a stranger, naked, sick, or in prison, and not serve you?' “Alò yo menm va reponn: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou, oswa swaf, oswa yon etranje, touni, malad oubyen nan prizon, e nou pa t okipe Ou?’
45 "He will answer, 'Truly I tell you: whatever you didn't do for one of the least of these, you didn't do for me.' “Konsa L ap reponn yo: ‘Anverite Mwen di nou, menm jan ke nou pa t fè li pou youn nan pi piti nan sa yo, nou pa t fè l pou Mwen tou.’
46 Then they will go away to eternal punishment, but the righteous to eternal life." Epi sila yo va ale nan pinisyon etènèl, men jis yo nan lavi etènèl.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]