Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Matthew 24 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Jesus was leaving the temple when his disciples came to show him its buildings. Jésus te sòti nan tanp lan e t ap fè wout Li. Disip Li yo te vini pou montre Li bèl konstriksyon tanp lan.
2 "Do you see all these?" he answered. "Truly I tell you: not one stone here will be left on another; all will be torn down." Men Li te di yo: “Konsa, nou wè tout bagay sa yo? Anverite, Mwen di nou ke pa menm yon wòch isit la ap rete sou youn lòt ki p ap jete dekonble nèt.”
3 While Jesus was sitting on the Mount of Olives, his disciples came to him privately: "Tell us, when will these things happen, and what sign marks your coming and the end of the age?" Pandan Li t ap chita sou Mòn Oliv la, disip Li yo te vin kote Li an prive. Yo te mande L: “Di nou kilè bagay sa yo ap rive, e ki sign k ap fè nou konnen ke Ou ap vini, e k ap enfòme nou sou fen tan yo?”
4 Jesus answered, "Watch out that no one deceives you. Jésus te reponn yo: “Fè atansyon pou pèsòn pa kondwi nou nan erè!”
5 "For many will come in my name, claiming, 'I am the Christ,' and they will deceive many. Konsa, anpil moun ap vini nan non Mwen k ap di: ‘Se Mwen ki Kris La’, e yo va kondwi anpil moun nan erè.
6 You'll hear of wars and rumors of wars—don't be alarmed. This must happen, but the end isn't yet. “Nou va tande afè lagè, avèk bwi ki pale sou lagè, men fè atansyon pou nou pa pè. Fòk bagay sa yo rive, men sa se pa lafen an.
7 Nation will rise against nation, and kingdom against kingdom, with famines and earthquakes in place after place. Paske nasyon ap leve kont nasyon, epi wayòm kont wayòm. Nan plizyè andwa, va gen gwo grangou avèk tranbleman de tè yo.
8 All these are the beginning of birth pains. Men tout bagay sa yo se sèlman kòmansman an; tankou premye doulè a fanm k ap akouche a.
9 Then they will hand you over to suffering and kill you, hated by all nations because of my name. “Epi konsa yo va livre nou nan touman, e yo va touye nou. Nou va rayi pa tout nasyon yo pou koz a non Mwen.
10 At that time many will fall away and will betray and hate one another, “Konsa, nan tan sa a, anpil moun ap chite. Youn ap denonse lòt, e youn ap rayi lòt.
11 and many false prophets will appear and deceive many people. Epi anpil fo pwofèt ap leve, e y ap mennen anpil moun nan erè.
12 Because lawlessness will increase, the love of most will grow cold, Epi akoz inikite ogmante, lanmou a pi fò moun ap vin fwèt.
13 but the one who endures to the end will be saved. Men sila ki kenbe fèm jiska lafen an ap sove.
14 This good news of the kingdom will be announced worldwide as a testimony to all nations, and then the end will come. “Epi bòn nouvèl a wayòm sila a va preche nan tout lemonn kon yon temwayaj a tout nasyon yo, e apre sa a, lafen an va rive.
15 So when you see the desolating abomination Daniel the prophet spoke of standing in the holy place—let the reader understand, “Pou sa, kon pwofèt Daniel te pale a, lè nou wè abominasyon dezolasyon an ki te pale pa Daniel, pwofèt la, k ap kanpe nan lye sen an, (kite moun k ap li a konprann)
16 then let those who are in Judea flee to the mountains. nan moman sa a kite sila nan Judée yo sove pou ale nan mòn yo.
17 "Let no one on the rooftop go down to take anything out of the house, Nenpòt moun ki anwo kay la pa dwe desann pou pran byen li nan kay li,
18 and let no one in the field go back to get a coat. ni nenpòt moun ki nan chan an pa dwe retounen pou pran rad li.
19 How dreadful it will be in those days for pregnant women and nursing mothers! Men malè a sila ki ansent yo e a sila k ap bay pitit yo tete nan jou sa yo!
20 Pray that your flight will not take place in winter or on the Sabbath. “Men priye pou ou pa oblije sove ale nan livè, ni nan yon jou Saba,
21 For then there will be great suffering, unmatched from the world's beginning until now, and never to be matched again. paske nan tan sa a, ap gen yon gwo tribilasyon yon jan ki pa janm fèt depi nan kòmansman mond lan, jouk rive koulye a, ni p ap janm genyen ankò.
22 If those days had not been cut short, no one would survive; but for the elect's sake, those days will be cut short. Konsa, si jou sa yo pa t rakousi, pa t ap gen vi ki t ap sove. Men pou lakoz a sila ki chwazi yo, y ap rakousi.
23 Then if anyone tells you, 'Look, here's the Christ,' or 'There he is,' don't believe it. “Nan lè sa a, si yon moun di nou: ‘Gade, men Kris la isit la’, oubyen ‘Men Li la’, pa kwè li.
24 False messiahs and false prophets will arise, performing great signs and wonders to deceive, if possible, even the elect. Paske fo Kris yo ak fo pwofèt yo ap prezante e montre gwo sign avèk mirak pou yo ta kab, si li te posib, redwi nan erè menm sila ki eli yo.
25 See, I have told you ahead of time. Veye, Mwen avèti nou davans.
26 So if they say, 'Look, he's in the wilderness,' don't go out; 'Look, in the inner rooms,' don't believe it. “Si yo di nou ‘Men Li nan dezè a’ pa ale la; oubyen ‘Gade la, Li la nan chanm pa anndan an, pa kwè yo.
27 For just as lightning flashes from the east and shows as far as the west, so will the Son of Man's coming be. Paske menm jan ke kout eklè a sòti nan lès pou klere jouk rive nan lwès, konsa n ap wè vini Fis a Lòm nan.
28 Wherever there is a carcass, there the vultures will gather. Nenpòt kote kadav la ye, se la ou va twouve votou yo.
29 Right after the suffering of those days, the sun will go dark, the moon will give no light, stars will fall from the sky, and the powers of the heavens will shake. “Men imedyatman apre tribilasyon nan jou sa yo, solèy la va vin nwa. Lalin lan p ap bay limyè, zetwal yo va tonbe sòti nan syèl la, e pouvwa syèl yo va souke.
30 Then the sign of the Son of Man will appear in heaven, and all earth's peoples will mourn, seeing the Son of Man come on heaven's clouds with power and great glory. “Epi nan moman sa a, sign a Fis a Lòm nan va parèt nan syèl la, e tout tribi sou tè a va kriye avèk doulè, paske yo va wè Fis a Lòm nan vini sòti sou nyaj syèl yo avèk pouvwa ak gran glwa,
31 He will send out his angels with a loud trumpet blast, and they will gather his chosen from the four winds, from one end of the sky to the other. epi Li va voye zanj Li avèk yon gwo twonpèt, e yo va rasanble ansanm ak sila ki eli yo, ki sòti nan kat van yo, sòti nan yon pwent syèl la ale nan lòt pwent lan.
32 Learn this from the fig tree: as soon as its branch softens and leafs out, you know summer is near. “Koulye a, vin konprann parabòl a pye fig frans lan: lè branch li vin vèt, e prezante fèy, nou konnen ke gran sezon chalè a rive sou nou.
33 So also, when you see all these things, know it is near, at the door. Ou menm tou, lè nou wè tout bagay sa yo, rekonèt ke Li pwòch, Li parèt menm nan pòt la.
34 Truly I tell you, this generation will certainly not pass away until all these things have happened. “Anverite, Mwen di nou: Jenerasyon sila a p ap disparèt jouk lè ke tout bagay sa yo fin pase.
35 Heaven and earth will pass away, but my words will never pass away. Syèl la avèk tè a va disparèt, men pawòl pa M yo p ap janm disparèt.
36 "No one knows that day or hour—not the angels in heaven, not the Son—only the Father. Men konsènan jou sa a, avèk lè sa a, pèsòn pa konnen, pa menm zanj nan syèl yo, ni Fis la, men sèl Papa a.
37 As in Noah's days, so will be the Son of Man's coming. “Paske vini a Fis a Lòm nan va menm jan avèk jou a Noé yo.
38 For in the days before the flood, people ate and drank, married and gave in marriage, until the day Noah entered the ark; Paske menm jan ke jou yo te ye avan gwo delij la, yo t ap manje e bwè; yo t ap marye, e t ap bay moun nan maryaj, jouk jou ke Noé te antre nan lach la.
39 and they knew nothing until the flood came and swept them all away. That is how the coming of the Son of Man will be. Epi yo pa t konprann jiskaske delij la te vini e pote yo tout ale; konsa l ap ye avèk vini a Fis a Lòm nan.
40 Two men will be in the field; one will be taken and the other left. “Nan moman sa a, ap gen de mesyè nan yon chan; youn ap prale; lòt la ap rete.
41 Two women will be grinding with a hand mill; one will be taken and the other left. De fanm k ap moulen nan moulen an; youn ap prale, lòt la ap rete.
42 Therefore keep watch, because you do not know on what day your Lord will come. “Pou sa,
43 Understand: had the homeowner known what watch of night the thief was coming, he'd have watched and kept his house from being broken into. men konnen byen yon bagay; si mèt kay la te konnen a kilè nan nwit lan vòlè a t ap parèt, li t ap veye plis, e pa t ap kite kay la kase.
44 So you too must be ready, because the Son of Man comes at an hour you don't expect. Pou rezon sa a, fòk nou menm, nou byen prepare tou. Paske Fis a Lòm nan ap vini nan yon lè ke nou pa sipoze.
45 Who then is the faithful and wise servant, whom the master put in charge of his household to give them food at the right time? “Kilès, konsa, ki se esklav fidèl e rezonab ke mèt la te mete responsab tout lakay li, pou bay yo manje nan lè ke yo bezwen?
46 It will be good for that servant whose master finds him doing so when he returns. Beni se esklav k ap fè sa lè mèt li vini an.
47 Truly I tell you, he will put him in charge of all his possessions. Anverite Mwen di nou ke l ap mete li kòm chèf sou tout byen li yo.
48 But suppose that wicked servant says to himself, 'My master is staying away a long time,' “Men si esklav mechan sa a di nan kè li, ‘Mèt mwen p ap vini pandan anpil jou’,
49 and then begins to beat his fellow servants and to eat and drink with drunkards. epi li kòmanse bat esklav parèy li yo, manje e bwè avèk moun sou yo,
50 That servant's master will come on a day he doesn't expect, at an hour he doesn't know. mèt a esklav sa a ap vini nan yon jou ke li pa t panse, e nan yon lè ke li pa t konnen,
51 He will cut him to pieces and place him with the hypocrites, where people weep and grind their teeth." epi li va koupe li an mòso e bay li yon plas avèk ipokrit yo. Se la, y ap gen kriye avèk manje dan.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]