Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Matthew 23 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then Jesus spoke to the crowds and to his disciples, Alò, Jésus te pale avèk foul la ak disip Li yo
2 saying, "The scribes and the Pharisees sit on Moses' seat. Li te di yo: “Skrib yo avèk Farizyen yo gen tan chita nan chèz Moïse la.
3 "So do and keep whatever they tell you, but not what they do—they preach, but don't do. Pou sa, tout sa yo mande nou fè ak swiv, fè l. Men pa swiv zak yo, paske yo pale bagay sa yo, men yo pa fè yo.
4 They tie up heavy, hard-to-carry loads and put them on people's shoulders, but they themselves won't lift a finger to move them. Yo mare gwo chaj e mete yo sou zepòl a moun; men yo menm, yo p ap leve menm yon dwèt pou ede yo.
5 They do everything to be seen by others; they widen their phylacteries and lengthen their tassels, “Men yo fè tout zak pa yo pou moun kapab wè. Yo agrandi filaktè pa yo (ti bwat ki pote woulo avèk Ekriti Sen yo ekri ladann) e fè ganiti (alonj ki fèt ak kòd) arebò vètman yo vin pi long.
6 and they love the place of honor at feasts and the best seats in the synagogues, Yo renmen plas onè nan resepsyon yo, avèk plas ki pi enpòtan nan sinagòg yo,
7 and greetings in the marketplaces and being called 'Rabbi' by others. ak salitasyon ki plen respè nan mache yo, e pou tout moun rele yo ‘Rabbi’ (Mèt).
8 You must not be called 'Rabbi,' since you have only one teacher, and you're all brothers. “Men pa kite yo rele nou ‘Rabbi’, paske se yon sèl ki Mèt nou, e nou tout se frè nou ye.
9 And call no one on earth your father, for you have one Father, who is in heaven. Epi pa rele pèsòn sou latè ‘papa’, paske se yon sèl ki Papa nou; Sila ki nan syèl la.
10 Don't let anyone call you 'instructor,' for you have one instructor, the Christ. Ni pa kite yo rele nou Direktè, paske nou gen yon sèl Direktè; se Kris la.
11 The greatest among you will be your servant. “Men pi gran pami nou an va vin sèvitè nou.
12 Whoever raises himself will be humbled; whoever humbles himself will be raised. Konsa, sila ki pran wo plas yo ap desann, e sila ki desann tèt yo ap vin gen yon wo plas.
13 Woe to you, scribes and Pharisees, hypocrites! For you shut the kingdom of our Father before people, neither entering yourselves nor letting in those trying to enter. “Men malè a nou menm Skrib yo avèk Farizyen yo! Ipokrit nou ye! Paske nou devore kay vèv yo menm lè nou pretann n ap fè lapriyè long; pou sa, nou ap resevwa yon pi gwo kondanasyon.
14 Not in this edition “Malè a nou menm Skrib ak Farizyen yo! Ipokrit! Paske nou bloke wayòm syèl la kont moun. Nou p ap antre nou menm, ni nou pa kite sila k ap antre yo ale ladann.
15 Woe to you, scribes and Pharisees, hypocrites! For you cross sea and land to make one convert, then make him twice the child of hell you are. “Malè a nou menm Skrib ak Farizyen yo; ipokrit nou ye! Paske nou travèse tout latè avèk lanmè pou fè yon sèl disip; e lè nou fè l, li vini de fwa plis fis lanfè ke nou menm.
16 Woe to you, blind guides! You say, 'Swearing by the temple means nothing, but swearing by the temple's gold makes the oath binding.' “Malè a nou menm, gid ki avèg! Ki di: ‘Sila ki sèmante sou tanp lan, sa pa anyen, men sila ki sèmante sou lò a tanp lan, se oblije.’
17 Blind fools! Which is greater: the gold, or the temple that makes the gold sacred? Bann sòt ak moun avèg! Kisa ki pi gran? Lò a, oubyen tanp lan ki sanktifye lò a?
18 And you say, 'Swearing by the altar is nothing, but swearing by its gift is binding.' “Epi ‘Sila ki sèmante sou lotèl la, sa pa anyen; men sila ki sèmante sou ofrann ki sou lotèl la, li oblije’.
19 You blind men! For which is greater, the gift or the altar that makes the gift sacred? Moun avèg! Kilès ki pi enpòtan, ofrann sou lotèl la, oubyen lotèl la ki sanktifye lofrann nan?
20 So whoever swears by the altar swears by it and by everything on it. “Pou sa, sila ki sèmante sou lotèl la, sèmante ni sou li, ni sou tout bagay ki sou li.
21 And whoever swears by the temple swears by it and by him who lives in it. Epi sila ki sèmante sou tanp lan, sèmante non sèlman sou tanp lan, men osi sou Sila ki rete ladann nan.
22 And whoever swears by heaven swears by our Father's throne and by him who sits on it. Epi sila ki sèmante sou syèl la, sèmante non sèlman sou twòn Bondye a, men sou Sila ki chita ladann nan.
23 Woe to you, scribes and Pharisees, hypocrites! You bring the tenth of mint, dill, and cumin, yet neglect the law's weightier matters—justice, mercy, faithfulness. These you should have done, without neglecting the others. “Malè a nou menm, Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Paske nou bay ladim nan mant, ani, avèk pèsi (yon kalite epis) men nou neglije pòsyon Lalwa ki pote plis pwa yo; lajistis, mizerikòd, ak fidelite. Men bagay sa yo nou dwe fè yo san neglije lòt yo.
24 You blind guides, straining out a gnat and swallowing a camel! Nou menm, gid ki avèg, ki sèvi ak yon paswa pou retire mouch, men nou vale yon chamo!
25 Woe to you, scribes and Pharisees, hypocrites! You clean the cup and dish outside, but inside they're full of greed and excess. “Malè a nou menm Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Nou netwaye deyò tas la ak plato a, men anndan yo plen avèk bann vòlè k ap peze souse ak mechanste pou achevi tout bezwen pèsonèl yo.
26 Blind Pharisee! First clean the inside of cup and dish, so the outside is clean too. Nou menm, Farizyen ki avèg yo; premyèman, netwaye anndan tas la ak plato a, pou deyò li kapab vin pwòp tou.
27 Woe to you, scribes and Pharisees, hypocrites! You are like whitewashed tombs, appearing beautiful outside but full of dead people's bones and all impurity inside. “Malè a nou menm, Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Paske nou tankou tonm ki blanchi deyò pou parèt bèl, men anndan yo ranpli avèk zo mò ak tout kalite pouriti.
28 So you also outwardly appear righteous to others, but inside you are full of hypocrisy and lawlessness. Menm jan an, nou menm tou, nou gen aparans ladwati, men anndan nou ranpli avèk ipokrizi ak linikite.
29 Woe to you, scribes and Pharisees, hypocrites! For you build tombs of the prophets and decorate the monuments of the righteous, “Malè a nou menm Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Nou bati tonm pou pwofèt yo e dekore moniman a sila ki te jis yo,
30 saying, 'Had we lived in our fathers' days, we would not have joined them in killing the prophets.' epi di: ‘Si nou te viv nan jou zansèt nou yo, nou pa t ap ede yo vèse san a pwofèt yo’.
31 So you testify against yourselves that you are the sons of those who murdered the prophets. An konsekans, nou temwaye kont pwòp tèt pa nou; ke nou menm se fis a moun ki te touye pwofèt yo.
32 Fill up, then, the measure of your fathers. “Konsa, ranpli mezi koupabilite nou, menm jan tankou zansèt nou yo te fè a.
33 You serpents, you brood of vipers, how are you to escape being sentenced to hell? Bann sèpan, nich ranpli ak koulèv; kijan pou nou ta kapab chape de chatiman lanfè a?
34 So I am sending you prophets, wise men, and scribes—some you will kill and crucify, some you will flog in your synagogues and persecute from town to town, “Pou sa, gade, Mwen ap voye bannou pwofèt ak moun saj, ak Skrib yo. Kèk nan yo, nou va touye e krisifye. Kèk nan yo, nou ap bay kout fwèt nan sinagòg nou yo, e pèsekite yo soti nan yon vil jiska yon lòt,
35 so that all righteous blood shed on earth may come upon you—from righteous Abel's blood to Zechariah son of Berekiah's, whom you murdered between the sanctuary and the altar. pou sa rive ke sou nou kapab tonbe koupabilite pou tout san ki te vèse sou latè yo, kòmanse avèk Abel ki te jis, pou rive jouk nan san Zacharie, fis a Barachie a, ke nou te asasine antre tanp lan ak lotèl la.
36 Truly, I say to you, all these things will come upon this generation. “Anverite, Mwen di nou ke tout bagay sa yo ap rive sou jenerasyon sila a.
37 Jerusalem, Jerusalem—killing the prophets, stoning those sent to you! How often I wanted to gather your children, as a hen gathers her chicks under her wings, but you refused. “O Jérusalem, Jérusalem, ki touye pwofèt yo e asasine sila ki te voye a li menm yo avèk kout wòch! Konbyen fwa Mwen te vle rasanble nou ansanm, kon yon poul rasanble pitit li anba zèl li, men nou pa t vle.
38 Look, your house is left to you desolate. “Gade byen, lakay nou rete nan men nou dezole nèt.
39 I tell you, you won't see me again till you say, 'Blessed is the one coming in our Father's name.'" Paske Mwen di nou: Depi koulye a, nou p ap wè M jiskaske nou di: ‘Beni se Sila ki vini nan non Senyè a.’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]