Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Matthew 22 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Jesus spoke to them again in parables, saying: Ankò Jésus te reponn yo e pale ak yo an parabòl. Li te di:
2 "The kingdom of our Father is like a king who prepared a wedding feast for his son. “Wayòm syèl la tankou yon wa ki fè yon fèt maryaj pou fis li.
3 He sent his servants to summon the invited guests to the wedding feast, but they refused to come. Li te voye esklav li yo deyò pou rele sila yo ki te envite nan fèt maryaj la, men yo pa t dakò vini.
4 Again he sent other servants, saying, 'Tell those invited: Look, I have prepared my dinner; my oxen and fattened cattle are killed, everything ready. Come to the wedding feast.' “Ankò li voye lòt esklav pou di: “Gade, mwen prepare anpil manje. Bèf avèk anpil lòt bèt gra gen tan fin kòche. Tout bagay prè. Vini nan fèt maryaj la.
5 But they paid no attention and went off, one to his farm, another to his business, “Men yo pa t okipe li. Yo fè wout yo. Youn ale nan chan li, yon lòt pou okipe afè l.
6 while the rest seized his servants, mistreated them, and killed them. Konsa, rès yo te sezi esklav li yo, e te maltrete e touye yo.
7 The king was enraged, and he sent his troops, destroyed those murderers, and burned their city. Lè wa a tande sa a, li te anraje. Li te voye lame li pou te detwi tout asasen sa yo, e te mete dife nan vil pa yo.
8 Then he told his servants, 'The wedding is ready, but those invited weren't worthy. “Apre, li te di a esklav li yo: ‘Maryaj la prepare, men sila ki te envite yo pa dign.
9 Go therefore to the main roads and invite to the wedding feast as many as you find.' Pou sa, ale nan gran wout yo, epi tout sila nou twouve la yo, envite yo nan fèt maryaj la.’
10 Those servants went out into the roads and gathered everyone they found, bad and good, and the wedding hall filled with guests. “Konsa, esklav sila yo te ale deyò nan lari yo pou te ranmase tout sa yo te twouve, ni mechan, ni bon, epi chan maryaj la te ranpli avèk moun envite yo.
11 "But when the king came in to see the guests, he saw a man not dressed in wedding clothes. “Men lè wa a te vini pou wè sila ki te vini yo, li twouve yon nonm ki pa abiye avèk vètman maryaj la.
12 He asked, 'Friend, how did you get in here without wedding clothes?' He was speechless. Li te di li: ‘Zanmi m, kijan ou fè antre isit la san vètman maryaj la?’ Moun nan pa t kab menm pale.
13 Then the king told the servants, 'Tie his hands and feet, and throw him into the outer darkness, where there will be weeping and grinding of teeth.' “Konsa, wa a te di a sèvitè yo: Mare men li avèk pye li, e jete li deyò nan fon tenèb. Nan plas sa a, va genyen gwo kriye avèk manje dan.
14 For many are called, but few are chosen." Paske gen anpil moun k ap resevwa apèl la, men pa anpil moun kap chwazi.”
15 Then the Pharisees went and plotted how to trap him with his own words. Konsa, Farizyen yo te ale pran konsèy ansanm pou twouve kijan yo ta kab kenbe L nan pèlen pawòl ke Li te pale yo.
16 They sent their disciples to him, with the Herodians, saying, "Teacher, we know you are truthful and truly teach God's way; you defer to no one, since you don't judge people by rank. Yo te voye disip pa yo ansanm avèk Ewodyen yo. Yo te di: “Mèt, nou konnen ke Ou bay verite, e enstwi chemen Bondye a ak verite, san patipri, paske Ou pa pran pati a pèsòn.
17 Tell us, then, what you think: Is it lawful to pay taxes to Caesar, or not?" Pou sa, di nou kisa Ou panse? Èske li pèmèt pou peye taks a César? Wi oubyen non?”
18 But Jesus, knowing their malice, said, "Why are you testing me, you hypocrites? Men Jésus te konprann mechanste yo. Li te reponn: “Poukisa nou ap tante M konsa? Ipokrit nou ye!
19 Show me the coin used for the tax." And they brought him a denarius. Montre M kòb ke nou sèvi pou peye taks la.” Yo te pote bay Li yon denye.
20 And he said to them, "Whose image is this, and whose inscription?" Li te mande yo: “Limaj avèk lenskripsyon a ki moun nou wè la a?”
21 They said, "Caesar's." Then he said to them, "So pay Caesar what belongs to Caesar, and our Father what belongs to our Father." Yo reponn Li: “Se pou César”. Li te di yo: “Ebyen, bay a César sa ki pou César, e bay Bondye sa ki pou Bondye.”
22 When they heard it, they were amazed; and they left him and went away. Lè yo tande sa, yo te etone e yo te kite Li ale.
23 That same day Sadducees came to him, who say there is no resurrection, and they asked him, Nan menm jou sa a, kèk nan Sadiseyen yo (ki di pa gen rezirèksyon) te vin kote L pou poze L kesyon.
24 saying, "Teacher, Moses said: if a man dies childless, his brother must marry the widow and raise offspring for his brother. Yo te di: “Mèt, Moïse te di: ‘Si yon nonm mouri, li pa gen pitit, frè li, nan fanmi ki pi prè a va marye avèk madanm li, pou l elve yon Pitit pou frè li.’
25 Now there were seven brothers among us. The first married, died, and, childless, left his wife to his brother. Konsa, te gen sèt frè avèk nou. Premye a te marye. Li mouri san fè Pitit e li te kite madanm li pou frè l la.
26 So too the second and the third, down to the seventh. Konsa tou, dezyèm lan, twazyèm nan, jouk rive nan setyèm frè a.
27 Last of all, the woman died. An dènye lye, fanm nan te mouri.
28 In the resurrection, then, whose wife of the seven will she be? For they all had her." Konsa nan rezirèksyon an, se madanm a kilès l ap ye? Paske yo tout te genyen l.”
29 Jesus answered, "You're mistaken—you know neither the Scriptures nor our Father's power. Men Jésus te reponn yo: “Nou twonpe nou. Nou pa konprann Ekriti Sen yo, ni pouvwa Bondye a.
30 For in the resurrection people neither marry nor are married off, but are like angels in heaven. Paske nan rezirèksyon an, yo pa marye, ni bay moun nan maryaj, men se kon zanj nan syèl yo.
31 Now, about the resurrection of the dead, haven't you read what our Father told you: Men konsènan rezirèksyon mò yo, nou pa t li sa ki te pale a nou pa Bondye lè Li di nou:
32 'I'm the God of Abraham, of Isaac, and of Jacob'? He's not God of the dead, but of the living." ‘Mwen menm se Bondye Abraham, Bondye Isaac, Bondye Jacob la’? Li menm pa Bondye a mò yo, men a sila ki vivan yo.”
33 And when the crowds heard it, they were astonished at his teaching. Lè foul la te tande sa, yo te etone de jan Li te enstwi a.
34 But when the Pharisees heard that he had silenced the Sadducees, they gathered together. Men lè Farizyen yo te tande ke Li gen tan fè Sadiseyen yo sispann pale, yo te reyini ansanm.
35 And one of them, an expert in the Law, asked him a question to test him: Youn nan yo, yon avoka, te kesyone L pou pase l a leprèv.
36 "Teacher, which is the great commandment in the Law?" “Mèt, kilès nan kòmandman nan Lalwa a ki pi gran?”
37 He said to him, "Love your Father with all your heart, with all your soul, and with all your mind. Li te reponn li: “‘Ou va renmen Senyè a, Bondye ou avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, e avèk tout lespri ou’.
38 This is the great and first commandment. “Sa se premye e pi gran kòmandman an.
39 And a second is like it: You will love your neighbor as yourself. Dezyèm nan se parèy a li menm: ‘Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou’.
40 On these two commandments depend all the Law and the Prophets." “Sou de kòmandman sa yo depann tout Lalwa, avèk pwofèt yo.”
41 Now while the Pharisees were gathered together, Jesus asked them, Alò, pandan Farizyen yo te ansanm, Jésus te poze yo yon kesyon.
42 "What do you think about the Christ? Whose son is he?" They said to him, "David's." Li te mande yo: “Kisa nou panse de Kris la? Se Fis a kilès Li ye?” Yo te reponn Li: “Fis a David la”.
43 He asked them, "How then does David, by the Holy Spirit, call him Lord, saying, Li te di yo: “Ebyen, ki jan konsa ke nan Lespri a, David te rele Li ‘Senyè’ lè li te di:
44 'Our Father said to my Lord, "Sit at my right hand, until I put your enemies under your feet"'? “SENYÈ a di a Senyè mwen an, ‘Chita sou men dwat Mwen, jouk lè Mwen mete lènmi ou yo anba pye ou’?
45 If then David calls the Christ Lord, how can the Christ be David's son?" “Si David li menm rele Li ‘Senyè’, kijan Li fè kapab Pitit Li?”
46 No one could answer him a word, and from that day no one dared ask him anything else. Pèsòn pa t kapab reponn Li yon mo, ni yo pa t tante mande Li anyen depi jou sa a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]