Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Matthew 21 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 As they neared Jerusalem and reached Bethphage, at the Mount of Olives, Jesus sent two disciples ahead, Lè yo te pwoche Jérusalem pou rive kote Bethphagé nan Mòn Oliv la, Jésus te voye de nan disip li yo,
2 telling them, "Go to the village ahead of you. You'll at once find a donkey tied, with a colt beside her. Untie them and bring them to me. epi te di yo: “Ale nan vilaj anfas nou an, epi nou va twouve yon bourik ki mare la avèk pitit li. Demare yo, e mennen yo ban Mwen.
3 If anyone says anything to you, say, 'The Lord needs them,' and the Lord will send them at once." Epi si yon moun di nou yon bagay, nou va di li konsa: ‘Senyè a gen bezwen yo’, epi lapoula, l ap voye yo.”
4 This took place to fulfill what the prophet had said: Tout sa te fèt pou sa ki te pale pa pwofèt la ta kapab akonpli, lè li te di:
5 "Say to the daughter of Zion, 'Look, your king is coming to you, humble and mounted on a donkey, on a colt, the foal of a beast of burden.'" “Pale a fi Sion an, Men gade, Wa ou ap vin kote ou, dou, e monte sou yon bourik, yon jenn bourik, Pitit a yon bèt ki pote chaj”.
6 The disciples went and did as Jesus had directed them. Epi disip yo te ale fè tout sa Li te mande yo.
7 They brought the donkey and colt, put their cloaks on the animals, and Jesus sat on the cloaks. Konsa yo te mennen bourik la avèk Pitit li a e te mete vètman yo, epi konsa, sou vètman yo Li te chita.
8 Most of the crowd spread their cloaks on the road; others cut branches from the trees and spread them on the road. Pifò nan foul la te plase vètman yo louvri sou wout la, e kèk lòt t ap koupe branch nan bwa yo pou plase sou wout la.
9 The crowds ahead of him and behind him kept shouting, "Hosanna to the Son of David! Blessed is he who comes in the name of our Father! Hosanna in the highest!" Foul la ki te ale devan Li, ni sa ki te swiv Li t ap rele: “Ozana (Glwa a Bondye) a Fis a David la! Beni se Sila ki vini nan non Senyè a! Ozana nan pi wo a!”
10 And when he entered Jerusalem, the whole city was stirred, asking, "Who is this?" Lè Li te antre Jérusalem, tout vil la te byen boulvèse e t ap di: “Ki moun sa ye?”
11 And the crowds said, "This is the prophet Jesus, from Nazareth of Galilee." Epi foul la t ap di: “Sa se pwofèt Jésus ki sòti Nazareth nan Galilée a”.
12 Then Jesus entered the temple, drove out all selling and buying there, overturned the money-changers' tables and the dove sellers' seats. Jésus te antre nan tanp lan e te chase mete tout moun deyò ki t ap achte e vann nan tanp lan. Li te chavire tab a moun ki t ap chanje lajan yo, avèk chèz a moun ki t ap vann toutrèl yo.
13 He told them, "It is written: 'My house will be called a house of prayer,' but you're making it a den of robbers." Li te di yo: “Li ekri: ‘Lakay Mwen an va rele yon kay pou lapriyè,’ men nou menm, nou fè li yon twou kachèt pou vòlè!”
14 And the blind and the lame came to him in the temple, and he healed them. Avèg yo avèk bwate yo te vin kote L nan tanp lan, e Li te geri yo.
15 When the chief priests and teachers of the law saw the wonders he did, and the children shouting in the temple, "Hosanna to the Son of David!" they grew angry, Men lè chèf prèt yo avèk skrib yo te wè tout mèvèy ke Li te fè yo, epi timoun nan tanp yo ki t ap kriye: “Ozana a Fis a David la!”, yo te ankòlè anpil.
16 and said to him, "Do you hear what these say?" Jesus said to them, "Yes. Have you never read, 'Out of the mouths of infants and nursing babies you have prepared praise'?" Epi yo te di Li: “Ou pa tande kisa timoun sa yo ap di?” Jésus te reponn yo: “Wi, nou pa janm konn li ‘Nan bouch a timoun avèk ti bebe k ap tete yo, nou prepare lwanj pou Ou menm’”?
17 He left them, went out of the city to Bethany, and spent the night there. Li te kite yo, e sòti pou ale nan vil Béthanie pou pase nwit lan.
18 Early in the morning, as he returned to the city, he was hungry. Alò nan maten, Li te retounen nan vil la. Li te vin grangou.
19 Seeing a fig tree by the road, he went to it but found only leaves. He said, "May you never bear fruit again!" At once the tree withered. Li te wè yon sèl pye fig frans akote wout la. Men lè L vin kote l, Li pa twouve anyen sof ke fèy yo. Konsa Li pale li: “Ou p ap janm gen fwi ki sòti sou ou ankò!” Epi lapoula, pye fig frans lan te vin fennen nèt.
20 Seeing this, the disciples were amazed and asked, "How did the fig tree wither so fast?" Lè yo wè sa, disip yo te etone. Yo te di: “Kijan fig frans sa a fè vin fennen nan yon moman konsa?”
21 Jesus answered, "I tell you the truth: with faith, no doubting, you'll not only do what happened to the fig tree—you'll even tell this mountain, 'Be lifted up and thrown into the sea,' and it will happen. Jésus te reponn e te di yo: “Anverite Mwen di nou: Si nou gen lafwa e nou pa doute, non sèlman n ap fè sa ki te fèt a fig frans lan, men menm si nou di a mòn sa a: ‘Leve ale jete ou nan lanmè’, sa va fèt.
22 And whatever you ask in prayer, if you believe, you will receive it." Epi tout sa nou mande nan lapriyè e kwè, nou va resevwa li.”
23 Entering the temple, he was teaching when the chief priests and elders of the people came and asked, "What authority do you have for these things, and who gave you this authority?" Lè Li te fin antre nan tanp lan, chèf prèt yo avèk lansyen pami pèp la te vin kote L pandan Li t ap enstwi pou mande L: “Pa ki otorite Ou fè bagay sa yo? Se kilès ki te bay ou otorite sila a?”
24 Jesus replied, "I'll ask you one thing too. Tell me the answer, and I'll say by what authority I do these things. Jésus te reponn yo: “M ap mande nou yon bagay tou, e si nou reponn Mwen, M ap fè nou konnen pa ki otorite Mwen fè bagay sila yo.
25 John's baptism—where was it from? From heaven, or from man?" They discussed among themselves, "If we say, 'From heaven,' he will say to us, 'Then why did you not believe him?' Batèm a Jean an, kibò li sòti? Èske sous li se syèl la, oubyen lòm?” Konsa, yo te kòmanse rezone pami yo menm. Yo te di: “Si nou di ‘syèl la’, L ap di nou ‘ebyen poukisa nou pa t kwè l?’
26 But if we say, 'From man,' we fear the crowd—they all view John as a prophet." Men si nou di ‘lòm’, nou pè foul la, paske yo tout kwè ke Jean te yon pwofèt.”
27 They answered Jesus, "We don't know." He said, "Neither will I tell you by what authority I do these things." Yo te reponn Jésus. Yo te di: “Nou pa konnen”. Li te reponn yo: “Ni Mwen menm p ap di nou pa ki otorite Mwen fè bagay sa yo.”
28 "But what do you think? A man had two sons. Coming to the first, he said, 'Son, go work today in the vineyard.' “Men kisa nou panse? Yon nonm te gen de fis. Li te vini a premye a, e te di l: ‘Fis mwen, ale travay pou mwen jodi a nan chan rezen an.’”
29 And he answered, 'I will not,' but later he changed his mind and went. “Li te reponn: ‘M p ap prale’. Men, apre li te regrèt sa, e li te ale.
30 He went to the second and said the same. This one answered, 'I'll go, sir'—but didn't go. “Nonm nan te rive kote dezyèm nan, e te di menm bagay la. Men li menm te reponn, e te di: Avozòd! Men li pa t ale.
31 Which of the two did his father's will?" They said, "The first." Jesus told them, "Truly I tell you, tax collectors and prostitutes enter the kingdom of our Father ahead of you." Kilès nan de fis sa yo ki te fè volonte a papa l?” Yo te reponn: “Premye a”. Jésus te di yo: “Anverite, Mwen di nou ke kolektè kontribisyon yo avèk fanm movèz vi yo va antre nan wayòm syèl la avan nou menm.
32 "For John came to you in the way of righteousness, and you didn't believe him, but tax collectors and prostitutes did. Even after seeing that, you didn't change your minds and believe him." Paske Jean te vini a nou menm nan chemen ladwati, men nou pa t kwè li; men kolektè kontribisyon yo avèk fanm movèz vi yo te kwè li.. Men nou menm ki te wè sa, nou pa t menm repanti lè l fin fèt pou nou ta kwè li.
33 "Hear another parable: A landowner planted a vineyard, put a fence around it, dug a winepress in it, built a watchtower, leased it to tenants, and went away on a trip. “Koute yon lòt parabòl. Te gen yon mèt tè ki te plante yon chan rezen. Li te antoure li avèk yon miray. Li te fouye yon rezèvwa pou kraze rezen yo, e te bati yon tou ki wo. Li te antann demwatye ak kiltivatè yo, e te ale fè yon vwayaj.
34 When the harvest time drew near, he sent his servants to the tenants to collect his fruit. “Lè lè rekòlt la te rive, li te voye esklav li yo jwenn kiltivatè yo pou resevwa pwodwi pa li a.
35 But the tenants seized his servants—they beat one, killed another, and stoned another. Konsa, kiltivatè yo te pran esklav li yo, te bat youn, te touye yon lòt, e yo te kalonnen twazyèm lan avèk kout wòch.
36 Again he sent other servants, more than the first, and they treated them the same way. “Ankò li te voye yon lòt ekip esklav pi gran pase premye yo, e yo fè yo menm bagay la.
37 Finally he sent his son to them, saying, 'They will respect my son.' “Men anfen, li te voye fis li a. Li te di: ‘Y ap respekte fis mwen an.’
38 But the tenants, seeing the son, said to each other, 'This is the heir; come, let's kill him and seize his inheritance.' Men lè kiltivatè yo te wè fis la, yo te di pami yo, ‘Sa se eritye a. Vini, annou touye li epi sezi eritaj li a.’
39 So they seized him, threw him out of the vineyard, and killed him. Konsa, yo te pran li, voye li deyò chan an e yo te touye li.”
40 Now when the owner of the vineyard comes, what will he do to those tenants?" “Akoz sa, lè mèt teren an vini, kisa l ap fè avèk kiltivatè sa yo?”
41 They answered, "He will destroy those evil men horribly, and lease the vineyard to other farmers who will give him the fruit in season." Yo te di Li: “L ap mennen malveyan sa yo a yon move fen, epi li va lwe chan sa a bay lòt kiltivatè k ap peye li sa yo dwe yo nan pwòp lè yo.”
42 Jesus said to them, "Have you never read in the Scriptures: 'The stone the builders rejected became the cornerstone; this came from our Father, and it's marvelous in our eyes'?" Jésus te di yo: “Èske nou pa janm li nan Ekriti Sen yo, ‘Wòch ke sila ki t ap bati yo te rejte a, te devni wòch ang prensipal la. Sa te sòti nan Senyè a, e se te yon mèvèy nan zye nou.’?”
43 "So I tell you: the kingdom of our Father will be taken from you and given to a nation that produces its fruits. “Akoz sa Mwen di nou: Wayòm syèl la ap vin pran nan men nou pou plase bay yon nasyon k ap pwodwi fwi li.
44 Whoever falls on this stone will be shattered; whoever it falls on will be crushed." Epi sila ki tonbe sou wòch sila ap kraze an mòso, men sou sila ke li tonbe a, l ap gaye li tankou poud.”
45 When the chief priests and the Pharisees heard his parables, they realized he was speaking about them. Lè chèf prèt ak Farizyen yo te tande parabòl Li yo, yo te konprann ke Li t ap pale de yo menm.
46 They wanted to arrest him but feared the crowds, who considered him a prophet. Lè yo te chèche mwayen sezi Li, yo te krent foul la paske yo te konsidere Li kon yon pwofèt.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]