Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Matthew 20 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "For the kingdom of our Father is like a landowner who went out at dawn to hire workers for his vineyard. “Paske wayòm syèl la tankou yon mèt tè ki ale deyò granmaten pou anplwaye ouvriye pou chan rezen li.
2 He agreed to pay the workers a full day's wage and sent them into his vineyard. Lè li te fin antann li avèk ouvriye yo pou yon denye (frè kòb jounalye) pou jou a, li voye yo nan chan an.
3 About nine o'clock in the morning he went out and saw others standing idle in the marketplace. “Vè twazyèm lè, li te soti pou wè lòt moun san anyen pou fè, ki te kanpe nan mache a.
4 He told them, 'You too, go into the vineyard; I'll pay you whatever's right.' So they went. Li te di yo: ‘Nou menm tou, ale nan chan rezen an, epi nenpòt bagay ki jis, m ap bannou.’ Konsa, yo ale.
5 Going out again about noon and about three in the afternoon, he did the same. “Ankò li ale deyò vè sizyèm lè, nevyèm lè, e te fè menm bagay la.
6 About five in the afternoon, he went out and found others standing there. He asked, 'Why have you stood here idle all day?'" “Vè onzyèm lè, li te ale deyò e te twouve lòt moun ki tap kanpe. Li te di yo: ‘Poukisa nou kanpe la tout lajounen san fè anyen?’
7 "They said, 'Because no one hired us.' He said, 'You also go into the vineyard.' “Yo te reponn li: ‘Paske pèsòn pa anplwaye nou.’ “Li te di yo: ‘Nou menm tou, ale nan chan rezen an.’
8 "When evening came, the vineyard owner told his foreman, 'Call the workers and pay them their wages, from the last to the first.' “Lè aswè rive, mèt chan rezen an te di fòmann nan: ‘Rele ouvriye yo pou peye yo salè yo. Kòmanse avèk dènye ekip la, pou ale nan premye a.’
9 And when those hired about five o'clock came, each of them received a full day's wage. “Lè ouvriye ki te antre vè onzyèm lè yo te vini, yo chak te resevwa yon denye.
10 When the first came, they thought they would get more, but each got a full day's wage too. Konsa, lè sa ki te anplwaye anpremye yo te vini, yo te sipoze yo t ap resevwa plis, men yo chak te resevwa yon denye.
11 And on receiving it they grumbled at the landowner, Alò, lè yo te resevwa l, yo te plenyen kont mèt tè a.
12 saying, 'These last worked only one hour, yet you made them equal to us, who bore the day's burden and the scorching heat.' Yo te di: ‘Moun sa yo te travay sèlman pou yon èdtan, men ou fè yo menm jan avèk nou ki pote tout fado a, avèk chalè ki t ap brile nou tout jounen an.’
13 "He answered one of them, 'Friend, I'm not wronging you. Didn't you agree with me for a full day's wage?' “Men li te reponn a youn nan yo: ‘Zanmi m, mwen pa fè ou okenn tò. Èske ou pa t vin dakò pou yon denye?
14 Take what's yours and go. I want to give this last worker the same as you. Pran sa ki pou ou a, epi al fè wout ou. Se volonte m pou bay moun sa menm fòs avèk ou.
15 Can't I do what I want with what's mine? Or are you jealous because I'm generous? Èske m pa gen dwa fè sa mwen vle avèk sa ki pou mwen? Oubyen èske zye ou plen ak lanvi paske mwen gen jenewozite?’
16 So the last will be first, and the first last." “Konsa dènye a ap vin premye, e premye a ap vin dènye.”
17 As Jesus was going up to Jerusalem, he took the twelve aside and said to them on the way, Lè Jésus te apèn parèt pou monte a Jérusalem, Li te pran douz disip yo akote pou kont yo. Pandan yo nan wout la, Li te di yo:
18 "See, we are going up to Jerusalem, and the Son of Man will be given over to the chief priests and scribes, who will condemn him to death, “Gade, n ap monte Jérusalem, epi Fis a Lòm nan ap livre a chèf prèt yo ak Skrib yo, e y ap kondane Li a lanmò.
19 and hand him over to the Gentiles to mock and flog and crucify—and on the third day he will be raised." Konsa, y ap livre Li a payen yo pou yo ka moke L e bay Li kout fwèt, e y ap krisifye Li. Epi nan twazyèm jou a, L ap leve.”
20 Then Zebedee's sons' mother came to him with her sons, kneeling to ask something of him. Manman a fis Zébédée yo te vin kote L avèk fis li yo. Li te bese devan L pou mande L yon favè.
21 He asked her, "What do you want?" She said, "Say my two sons will sit one at your right, one at your left, in your kingdom." Li te di L: “Kisa ou vle?” Li te di L: “Pase lòd pou nan Wayòm ou an, de fis mwen yo kapab chita youn sou bò dwat Ou ak youn sou bò goch Ou.”
22 But Jesus replied, "You don't know what you're asking. Can you drink the cup I am about to drink?" "We can," they said. Men Jésus te reponn: “Nou pa konnen kisa n ap mande a. Èske nou kapab bwè tas ke Mwen prè pou M bwè a?” Yo te di Li: “Nou kapab”.
23 He said, "You will drink my cup, but seating at my right and left is not mine to give—it belongs to those my Father has prepared it for." Li te di yo: “Tas Mwen an nou ap bwè, men pou chita adwat Mwen, oubyen agoch Mwen, se pa Mwen ki pou bay li, men se pou sila papa M te prepare li yo.”
24 When the ten heard this, they were angry at the two brothers. Konsa, lè dis yo te tande sa, yo te vin trè fache avèk de frè yo.
25 Jesus called them over and said, "You know the rulers of the Gentiles lord it over them, and their powerful men hold authority over them. Men Jésus te rele yo a Li menm e te di yo: “Ou konnen ke chèf payen yo pran pozisyon yo kon gwo chèf sou yo, epi moun enpòtan pa yo egzèse gwo otorite sou yo.
26 Not so among you. Rather, whoever wants to be great among you must be your servant, “Li pa konsa pami nou, men sila ki ta vle gran pami nou an, ap vin sèvitè nou.
27 and whoever wants to be first among you must be your slave, Epi sila a ki vle premye pami nou an, va vin esklav nou.
28 just as the Son of Man came not to be served but to serve, and to give his life as a ransom for many." Menm jan ke Fis a Lòm nan pa t vini pou fè lòt sèvi Li, men pou sèvi lòt yo, e pou bay vi li pou ranson vi a anpil lòt moun.”
29 And as they went out of Jericho, a great crowd followed him. Pandan yo t ap kite Jéricho, yon gran foul te swiv Li.
30 Two blind men sitting by the road heard Jesus was passing and cried out, "Lord, have mercy on us, Son of David!" Epi konsa de moun avèg ki te chita akote wout la, lè yo te tande ke Jésus t ap pase la, te kòmanse kriye: “Senyè, gen pitye pou nou, Fis a David la!”
31 The crowd scolded them to be quiet, but they shouted louder, "Have mercy on us, Lord, Son of David!" Men moun yo te pale ak yo sevèman pou yo sispann pale, men yo rele pi fò: “Senyè, gen pitye pou nou, Fis a David la”.
32 And stopping, Jesus called them and said, "What do you want me to do for you?" Epi Jésus te rete la. Li te rele yo, e te di: “Kisa nou ta renmen Mwen fè pou nou?”
33 They said to him, "Lord, let our eyes be opened." Yo te reponn Li: “Senyè, nou vle zye nou louvri”.
34 And Jesus, moved with compassion, touched their eyes, and immediately they recovered their sight and followed him. Jésus, ranpli avèk konpasyon, te touche zye yo. Imedyatman yo te vin wè, e yo te swiv Li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]