Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Matthew 19 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When Jesus finished these words, he left Galilee and went into the region of Judea, across the Jordan. Lè Jésus te fin pale pawòl sa yo, li te kite Galilée pou ale nan rejyon Judée, lòtbò Jourdain an.
2 Large crowds followed him, and he healed them there. Gran foul yo te swiv Li, e Li te geri yo la.
3 Pharisees came to test him, asking, "Is it lawful for a man to divorce his wife for any cause?" Kèk Farizyen te vin kote Li pou fè pase L eprèv. Yo mande L: “Èske li pèmèt pou yon nonm divòse ak madanm li pou okenn rezon?”
4 He answered, "Haven't you read that our Father, who made them at the beginning, made them male and female, Li te reponn yo: “Èske nou pa konn li ke Sila ki te kreye yo depi nan kòmansman an, te fè yo mal ak femèl,
5 and said, 'So a man will leave his father and mother and cling to his wife, and the two will become one flesh'? ke: ‘pou koz sa a, yon nonm ap kite papa li ak manman li pou vin atache a madanm li, epi yo de a ap vini yon sèl chè?
6 So they are no longer two but one flesh; therefore, let no one separate what our Father has joined." Konsa, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. Sa ke Bondye mete ansanm, pa kite okenn moun separe l.’”
7 They said to him, "Why then did Moses command that a man give a divorce certificate and send her away?" Yo te mande L: “Ebyen, poukisa Moïse te kòmande yo pou ‘Bay li yon sètifika divòs e voye li ale?’”
8 He told them, "Moses let you divorce your wives because your hearts were hard, but it wasn't like that from the beginning. Li te reponn yo: “Akoz kè di nou, Moïse te pèmèt nou divòse ak madanm nou yo, men depi nan kòmansman an, se pa konsa li te ye.
9 I tell you: whoever divorces his wife—except for sexual sin—and marries another commits adultery." Mwen di nou: Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, sof ke pou imoralite, epi marye avèk yon lòt fanm, li fè adiltè.”
10 The disciples said to him, "If that's the case between husband and wife, it's better not to marry." Disip Li yo te di L: “Si se konsa relasyon a yon mesye ye avèk madanm li, li pi bon pou pa marye.”
11 He said to them, "Not everyone can accept this word—only those it's given to. Men Li te di yo: “Se pa tout moun ki kapab aksepte sa nou di a, men sèl sa yo ke li te bay.
12 There are eunuchs born that way from their mother's womb; there are eunuchs made that way by others; and there are eunuchs who made themselves so for the kingdom of our Father. Let the one who can accept this, accept it." Paske gen enik ki te fèt konsa depi nan vant manman yo, e gen enik ki te fèt konsa pa lòm; e gen enik ki te fèt konsa pou tèt yo, pou koz a wayòm syèl la. Sila ki kapab aksepte sa, kite l aksepte li.”
13 Then little children were brought to him so he could lay hands on them and pray, but the disciples rebuked those bringing them. Apre sa, yo te mennen kèk timoun kote L pou Li ta kapab mete men Li sou yo e priye pou yo; men disip yo te reprimande yo.
14 But Jesus said, "Let the little children come to me—don't stop them, for the kingdom of our Father belongs to ones like these." Konsa, Jésus te di: “Bay timoun yo pèmi, e pa anpeche yo vin kote Mwen, paske wayòm syèl la se pou sila ki tankou yo”.
15 And he laid his hands on them and went on from there. Apre Li mete men Li sou yo, Li kite la.
16 Just then a man approached him and asked, "Teacher, what good must I do to obtain eternal life?" Konsa, youn moun te vini la, e te di: “Mèt, ki bon bagay Mwen kapab fè pou m jwenn lavi etènèl?”
17 He said to him, "Why ask me about what is good? Only one is good. If you want to enter life, keep the commandments." Li te di l: “Poukisa ou ap kesyone M sou sa ki bon? Gen yon sèl ki bon, Bondye. Men si ou vle antre nan lavi, kenbe kòmandman yo.”
18 "Which ones?" he asked. Jesus said, "Do not murder, do not commit adultery, do not steal, do not testify falsely, Li te mande Li: “Kilès nan yo?” Jésus te reponn li: “Ou pa pou touye moun, ou pa pou fè adiltè, ou pa pou vòlè, ou pa pou pote fo temwayaj.
19 honor your father and mother, and love your neighbor as yourself." Onore papa ou avèk manman ou, epi renmen pwochen ou tankou tèt ou.”
20 The young man said to him, "All these I have kept. What do I still lack?" Jennonm nan te di L: “Tout bagay sa yo, mwen fè yo. Kisa mwen manke?”
21 Jesus told him, "If you want to be complete, go, sell your possessions and give to the poor—you'll have treasure in heaven—then come, follow me." Jésus te di l: “Si ou vle pafè, ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e w ap gen richès nan syèl la; epi vin swiv Mwen.”
22 When the young man heard this, he went away grieving, because he had great wealth. Men lè jennonm nan te tande pawòl sa a, li te sòti dezole, paske li te gen anpil byen.
23 Jesus said to his disciples, "Truly, I tell you: a rich person will hardly enter our Father's kingdom. Jésus te di a disip Li yo: “Anverite Mwen di nou: Li difisil pou yon nonm rich antre nan wayòm syèl la.
24 I tell you again: a camel fits through the eye of a needle easier than a rich person enters our Father's kingdom." Ankò, Mwen di nou: Li pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon zegwi, pase pou yon nonm rich antre nan wayòm Bondye a.”
25 When the disciples heard this, they were greatly astonished and asked, "Who then can be saved?" Lè disip Li yo te tande sa, yo te etone e te di: “Kilès konsa ki kab sove?”
26 Jesus looked at them and said, "This is impossible for people, but everything is possible with our Father." Jésus te byen gade yo, e te di: “Avèk moun, li pa posib, men avèk Bondye, tout bagay posib.”
27 Then Peter said to him, "Look, we've left everything and followed you. What then will we have?" Konsa Pierre te reponn Li. Li te di: “Gade, nou fin kite tout bagay pou te swiv Ou. Kisa k ap gen pou nou?”
28 Jesus told them, "Truly: in the renewal, when the Son of Man sits on his glorious throne, you who followed me will also sit on twelve thrones, judging the twelve tribes of Israel. Jésus te di yo: “Anverite, Mwen di nou ke nou ki te swiv Mwen yo, nan tan renouvèlman tout bagay la, lè Fis a Lòm nan vin chita sou twòn Li nan tout glwa Li, nou menm tou, n ap chita sou douz twòn pou jije douz tribi Israël yo.
29 "Everyone who has left houses or brothers or sisters or father or mother or children or fields for my name will receive one hundred times more and inherit eternal life. “Tout moun ki kite kay yo oubyen frè yo oubyen sè yo, papa, Manman, zanfan, oubyen tè pou koz a Non Mwen, ap resevwa anpil fwa sa a, e va eritye lavi etènèl.
30 But many who are first will be last, and many who are last will be first." Men anpil moun ki premye ap dènye, e dènye yo, ap vin premye.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]