Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Matthew 18 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 At that time the disciples came to Jesus, asking, "Who, then, is greatest in the kingdom of our Father?" Nan lè sa a, disip yo te vin jwenn Jésus pou mande L: “Kilès konsa ki pi gran nan wayòm syèl la?”
2 Calling a little child to him, he placed the child among them, Jésus te rele yon timoun vin kote Li, e te plase l nan mitan yo.
3 and said, "I tell you truly: unless you turn and become like little children, you'll never enter our Father's kingdom. Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, anmwenske nou konvèti pou vini tankou timoun yo, nou p ap antre nan wayòm syèl la.
4 Whoever therefore humbles himself like this little child is the greatest in the kingdom of our Father. Nenpòt moun ki vin enb tankou timoun sa a, se li menm ki pi gran nan wayòm syèl la.
5 And whoever welcomes one such little child in my name welcomes me." “Epi nenpòt moun ki resevwa yon pitit tankou sa a nan non Mwen, li resevwa Mwen.
6 "But whoever trips up one of these little ones who believe in me—better to hang a heavy millstone on his neck and drown him in the depths of the sea." Men nenpòt moun ki lakoz pou fè youn nan timoun sa yo ki kwè nan Mwen an vin chape tonbe, li ta mye pou li menm si yon gwo wòch moulen ta mare nan kou li, e li ta vin mouri nan fon lanmè.
7 "Disaster for the world because of things that cause stumbling! They must come, but disaster for whoever brings them. “Malè a mond sa a akoz wòch chite li yo! Wòch chite sa yo pa kapab pa vini, men malè a moun sila a ki fè yo parèt.
8 If your hand or foot makes you stumble, cut it off, throw it away. Better to enter life crippled or lame than keep both hands or both feet and be thrown into the eternal fire." “Si men nou oubyen pye nou fè nou tonbe, koupe l e jete l lwen nou. Li pi bon pou antre nan lavi tankou yon kokobe oubyen bwate, pase ak toude men ak pye nou pou nou ta jete nan lanfè etènèl la.
9 If your eye trips you up, tear it out and throw it away. Better to enter life with one eye than to keep both and be thrown into hell's fire. “Epi si zye nou fè nou tonbe, rache li jete li byen lwen nou. Li pi bon pou antre nan lavi avèk yon sèl grenn zye olye avèk toude pou nou ta jete nan lanfè dife a.
10 "See that you don't look down on one of these little ones. I tell you, their angels in heaven always see my Father's face in heaven." “Veye pou nou pa meprize youn nan timoun sa yo, paske Mwen di nou ke zanj yo nan syèl la toujou wè figi a Papa M ki nan syèl la.
11 Not in this edition Paske Fis a Lòm nan te vini pou sove sila ki te pèdi a.
12 "What do you think? If a man has one hundred sheep and one wanders off, won't he leave the ninety-nine on the hills and go look for the one that wandered? “Kisa nou panse? Si yon moun gen san mouton e youn vin pèdi, èske li p ap kite katre-ven-diz-nèf yo sou mòn nan pou ale chèche sila ki pèdi a?
13 If he finds it, I assure you: he rejoices over it more than over the ninety-nine that never strayed. Epi si li twouve li, Mwen di nou, l ap rejwi plis sou sila a pase lòt katre-ven-diz-nèf ki pa t janm pèdi yo.
14 So it is not your Father in heaven's will that one of these little ones perish.' “Konsa se pa volonte Papa nou nan syèl la pou youn nan Pitit sila yo ta pèdi.
15 "If your brother sins against you, go, show him his fault—you and he alone. If he listens, you've won your brother over. “Si frè ou peche, rele l apa pou pale avèk li. Si li koute ou, ou gen tan rekonsilye ak frè ou a.
16 But if he won't listen, bring one or two more with you, so every matter stands by the mouth of two or three witnesses. Men si li pa koute ou, ale kote l avèk youn oubyen de lòt dekwa ke ‘pa bouch a de oubyen twa temwen tout bagay ki fèt kapab konfime.’
17 If he won't listen to them, tell the church. If he won't listen to the church either, treat him like an outsider or a tax collector. Epi si li refize koute yo, pale avèk legliz la, e si li refize koute menm legliz la, kite li devni a ou menm tankou yon payen oswa youn nan kolektè kontribisyon yo.
18 Truly I tell you, whatever you bind on earth will be bound in heaven, and whatever you loose on earth, loosed in heaven. “Anverite Mwen di nou: “Nenpòt sa nou mare sou latè, l ap mare nan syèl la; e nenpòt sa nou lage sou latè, l ap lage nan syèl la.
19 Again, truly I tell you: if two of you on earth agree about anything they ask, my Father in heaven will do it for them. “Ankò Mwen di nou ke si de nan nou dakò sou latè sou nenpòt bagay ke yo mande, li va fèt pou yo pa Papa M ki nan syèl la.
20 For where two or three are gathered together in my name, there I am among them." Paske kote de oubyen twa reyini ansanm nan non Mwen, Mwen la nan mitan yo.”
21 Then Peter came to Jesus: "Lord, how many times must I forgive my brother who sins against me? Up to seven times?" Apre sa, Pierre te vin kote L e te mande L: “Senyè, konbyen fwa frè m kapab peche kont mwen pou m toujou padone l? Jis sèt fwa?”
22 Jesus answered, "I tell you, not seven times, but seventy-seven times. Jésus te reponn li: “Mwen p ap di ou sèt fwa, men jiska swasann-dis fwa sèt.
23 So the kingdom of our Father is like a king who wanted to settle accounts with his servants. “Pou rezon sa a, wayòm syèl la kapab konpare avèk yon sèten wa ki te vle regle kont lajan yo avèk esklav li yo.
24 When he began settling accounts, a man owing a fortune was brought to him. Lè li kòmanse regle yo, yo mennen bay li yon nonm ki te dwe li di-mil talan (yon fòtin imans.)
25 Since he could not pay, his master ordered him and his wife, children, and all he had sold, and the debt repaid." Men akoz ke li pa t gen mwayen pou peye, mèt li te kòmande ke yo ta vann mesyè a, ni madanm li ak Pitit li yo ak tout sa li te posede, pou ranbousman an ta kapab fèt.
26 So the servant knelt before him, pleading, "Be patient with me, and I will repay everything. “Konsa, esklav la vin tonbe atè pwostène devan li, e te di: ‘Gen pasyans avè m e m ap peye ou tout.’
27 The master of that servant, his heart moved with compassion, released him and forgave him the debt." Konsa, mèt esklav sila a te santi konpasyon pou li, te lage li e te padone dèt la.
28 "That servant then went out, found a fellow servant who owed him one hundred days' wages, grabbed him, and began choking him: 'Pay back what you owe me!'" “Men esklav la te ale twouve yon lòt esklav parèy li, ki te dwe l san denye (yon ti kòb). Li te sezi li, e te kòmanse trangle l e te di: ‘Peye sa ou dwe a’.
29 So his fellow servant knelt and pleaded with him, "Be patient with me; I'll repay you. “Esklav parèy li a te tonbe pwostène e te sipliye l: ‘Pran pasyans avè m, e m ap peye ou.’
30 But he refused, went and threw him into prison until he paid the debt. Men li pa t vle fè sa. Li te voye jete l nan prizon jis lè li ta kapab repeye tout sa li te dwe a.
31 Seeing what had happened, his fellow servants were deeply grieved, went, and told their master all that had happened." “Lè lòt esklav yo te wè sa ki te rive a, yo te byen twouble. Yo te vin bay yon rapò a mèt pa yo a sou tout sa ki te rive yo.
32 Then the master summoned him. "Wicked servant," he said, "I forgave you all that debt because you begged me. “Konsa, mèt li a te voye yon manda pou fè l vini. Li te di l: Ala esklav mechan ou ye! Mwen te padone ou tout dèt sa a, paske ou te sipliye m.
33 Shouldn't you also have shown your fellow servant mercy, as I showed you mercy? Konsa, èske ou pa t dwe gen konpasyon pou esklav parèy ou a menm jan ke mwen te gen konpasyon pou ou a?
34 Furious, his master handed him to the torturers until he repaid the whole debt. Epi mèt li a, byen fache, te livre bay moun nan pou l tòtire jis lè li ta repeye tout sa li te dwe l la.
35 My heavenly Father will do the same to you, unless each forgives his brother from the heart." “Konsa Papa M nan syèl la va fè a nou menm osi si nou pa padone frè nou yo jis nan kè nou.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]