Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Matthew 17 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Six days later, Jesus took Peter, James, and John his brother, and led them up a high mountain alone. Sis jou pita, Jésus te pran Pierre, Jacques ak frè li, Jean pou kont yo, e te mennen yo sou yon mòn byen wo.
2 He was transfigured before them: his face shone like the sun, his clothes turned white as light. Konsa, Li te transfòme la devan yo. Figi Li te klere tankou solèy la, e vètman li te vin blanch tankou limyè.
3 Suddenly, Moses and Elijah appeared to them, talking with him. Epi konsa, gade, yo te wè Moïse ak Elie ki t ap pale avèk Li.
4 Peter said to Jesus, "Lord, it's good we're here. If you want, I'll build three shelters—one for you, one for Moses, and one for Elijah." Pierre te di a Jésus: “Senyè, se bon pou nou isit la. Si Ou vle, m ap fè twa tabènak isit la; youn pou Ou, youn pou Moïse, e youn pou Elie.”
5 While he was still speaking, a bright cloud covered them, and a voice from the cloud said, "This is my beloved Son; I delight in him. Listen to him." Pandan Li t ap pale, vwala, yon nwaj byen briyan te kouvri yo. E konsa, yon vwa sòti nan nwaj la e te di: “Sa se Fis byeneme Mwen an. Avèk Li, Mwen byen kontan. Koute Li!”
6 When the disciples heard it, they fell on their faces and were terrified. Lè disip Li yo te tande sa, yo te tonbe sou figi yo byen sezi avèk laperèz.
7 But Jesus came and touched them, "Rise, and do not be afraid." Jésus te vin kote yo. Li te touche yo, e te di: “Leve, e pa pè.”
8 When they looked up, they saw only Jesus. Lè yo leve zye yo, yo pa t wè pèsòn sof ke Jésus ki te la pou kont Li.
9 Descending the mountain, Jesus ordered them, "Tell no one the vision until the Son of Man is raised from the dead." Pandan yo t ap desann mòn nan, Jésus te kòmande yo: “Pa pale pèsòn afè vizyon sila a jiskaske Fis a Lòm nan fin leve soti nan lanmò.”
10 The disciples asked him, "Then why do the scribes say that Elijah must come first?" Epi disip Li yo te mande L: “E poukisa Skrib yo toujou di ke Elie oblije vini avan?”
11 He answered, "Elijah does come, and he will restore all things. Li te reponn yo: “Elie ap vini e l ap restore tout bagay.
12 But I tell you, Elijah has already come, and they didn't recognize him, but treated him as they pleased. So too the Son of Man is about to suffer at their hands." Men Mwen di nou ke Elie te vini deja, e yo pa t rekonèt li, men yo te fè avè l sa ke yo te pito. Menm jan an, Fis a Lòm nan ap soufri nan men yo.”
13 Then the disciples understood that he was speaking to them about John the Baptist. Konsa, disip yo te vin konprann ke Li t ap pale de Jean Baptiste.
14 And when they came to the crowd, a man came up to him, kneeling before him, Lè yo rive bò kote foul la, yon mesye te vin tonbe sou jenou devan Li. Li te di L:
15 and saying, "Lord, have mercy on my son, for he has seizures and suffers terribly, often falling into fire, often into water. “Senyè, gen pitye pou fis mwen an. Li se yon epileptik; li byen malad. Souvan li tonbe nan dife a, e pafwa menm nan dlo.
16 And I brought him to your disciples, and they could not heal him." Mwen te pote li bay disip Ou yo, men yo pa t kapab geri li.”
17 Jesus answered, "Unfaithful, twisted generation! How long must I remain with you, how long put up with you? Bring him here to me." Jésus te reponn. Li te di: “O jenerasyon enkredil e pèvès; pandan konbyen de tan M ap avèk nou? Pandan konbyen de tan M ap sipòte nou? Mennen li ban Mwen!”
18 And Jesus rebuked the demon, and it came out of him, and the boy was healed instantly. Jésus te reprimande lespri a. Dyab la te sòti sou li, epi jennonm nan te geri lapoula.
19 Then the disciples came to Jesus privately and said, "Why could we not cast it out?" Konsa, disip yo te vin kote Jésus an prive. Yo te mande L: “Poukisa nou menm pa t kapab chase l?”
20 He said to them, "Because your faith is small. Truly I tell you: with faith like a mustard seed, you will tell this mountain, 'Move from here to there,' and it will move. Nothing will be impossible for you." Li te di yo: “Paske lafwa nou tèlman piti. Paske konsa Mwen di nou: Si nou gen lafwa gwosè yon grenn moutad, nou ap di a mòn sa a: ‘Deplase ou isit la, ale la,’epi l ap prale. Nanpwen anyen k ap enposib pou nou.
21 Not in this edition Men kalite sila a pa sòti sof ke pa lapriyè, avèk jèn.”
22 While gathering in Galilee, Jesus told them, "The Son of Man is about to be handed over to men, Pandan yo t ap rasanble Galilée, Jésus te di yo: “Fis a Lòm nan prèt pou livre nan men a lèzòm.
23 they will kill him, and on the third day he will be raised." They were deeply grieved. Yo va touye Li, e Li va leve nan twazyèm jou a.” Yo te byen tris.
24 Arriving in Capernaum, the temple tax collectors approached Peter and asked, "Doesn't your teacher pay the temple tax?" Lè yo te ale Capernaüm, sila ki te fè koleksyon taks drachma yo te vin Kote Pierre, Li te mande l: “Èske mèt ou a pa peye taks drachma?”
25 He said, "Yes." When he entered the house, Jesus spoke first: "What do you think, Simon? From whom do earthly kings collect tolls or taxes—from their own sons, or from others?" Li te reponn: “Wi”. Lè Pierre te antre nan kay la, Jésus, akoz Li te konnen sa li t ap mande, te di: “Kisa ou panse, Simon? Nan men ki moun wa sou latè yo ranmase tarif ak enpo? Èske se nan men fis pa yo, oubyen èske se nan men moun yo pa rekonèt?”
26 And when Peter said, "From others," Jesus said to him, "Then the sons are free." Lè li reponn: “Moun yo pa rekonèt”, Jésus te di l: “Konsa, fis yo egzante.
27 "But so we don't offend them, go to the sea, cast a hook, and take the first fish that comes up. Open its mouth and you'll find a coin. Take it and give it to them for me and you." Sepandan, pou nou pa ofanse yo, ale bò kote lanmè a; voye yon filè ladann e rale premye pwason ki vini an. Lè nou ouvri bouch li nou va wè yon statère (yon kòb Women). Pran li pote bay yo pou ou ak Mwen.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]