Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Matthew 16 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The Pharisees and Sadducees came to test him, asking him to show them a sign from heaven. Farizyen ak Sadiseyen yo te vin kote Jésus pou sonde L. Yo te mande Li pou bay yo yon sign ki sòti nan syèl la.
2 He replied, "When evening comes, you say, 'The weather will be fair, for the sky is red.' Men Li te reponn yo: “Lè se nan aswè, nou di ‘l ap fè bon tan, paske syèl la wouj’.
3 "And in the morning, 'Stormy today, for the sky is red and gloomy.' You know how to read the sky's face, but can't read the times' signs. Epi nan maten, ‘pral gen yon tanpèt jodi a, paske syèl la wouj e menasan.’ Ipokrit! Nou konn kalkile aparans syèl la, men nou pa konn disène sign nan tan sila yo?
4 "An evil, unfaithful generation seeks a sign; no sign will be given except the sign of Jonah." Then he left them and went away. Yon jenerasyon mechan e adiltè ap chache yon sign, men yo p ap resevwa l, eksepte sign ki pou Jonas la.” Konsa, Li te sòti kite yo.
5 When the disciples crossed to the other side, they had forgotten to bring bread. Lè disip yo te ale lòtbò lanmè a, yo te bliye pote pen.
6 Jesus said to them, "Watch out and beware of the yeast of the Pharisees and Sadducees." Jésus te di yo: “Veye e fè atansyon pou ledven Farizyen ak Sadiseyen yo.”
7 They discussed this among themselves and said, "It is because we brought no bread." Yo te kòmanse diskite pami yo menm. Yo te di: “Se paske nou pa pote pen an.”
8 Aware of this, Jesus said, "Why discuss among yourselves, you of little faith, that you have no bread? Men Jésus, okouran de sa, te di yo: “O moun ak ti lafwa piti yo, poukisa nou diskite pami nou ke nou pa gen pen?
9 Still, don't you understand? Don't you remember the five loaves for the 5,000, and how many baskets you collected? Èske nou poko konprann ni sonje jiska prezan senk pen ki te pou senk mil mesye yo, e konbyen panyen nou te ranmase?
10 "Or the seven loaves for the 4,000, and how many baskets you gathered? Ni sèt pen ki te pou kat mil moun yo, e konbyen gran panyen nou te ranmase?
11 "Why don't you understand I wasn't talking to you about bread? Watch out for the yeast of the Pharisees and Sadducees." Kijan ke nou pa konprann ke Mwen pa t pale avèk nou pou afè pen? Men fè atansyon ak ledven Farizyen ak Sadiseyen yo.”
12 Then they understood that he had not told them to beware of the yeast in bread, but of the Pharisees' and Sadducees' teaching. Konsa, yo te vin konprann ke Li pa t pale de ledven nan pen, men enstriksyon a Farizyen ak Sadiseyen yo.
13 Arriving in the area of Caesarea Philippi, Jesus asked his disciples, "Who do people say the Son of Man is?" Alò, lè Jésus te vini nan landwa Césarée de Philippe, Li te kòmanse mande disip Li yo: “Ki moun yo di ke Fis a Lòm nan ye?”
14 They said, "Some say John the Baptist, others Elijah, still others Jeremiah or one of the prophets." Yo te di: “Kèk moun di ke se Jean Baptiste, lòt Elie, e lòt, Jérémie oswa youn nan pwofèt yo.”
15 He said to them, "But who do you say that I am?" Li te di yo: “Men nou menm, ki moun nou di Mwen ye?”
16 Simon Peter replied, "You are the Christ, the Son of the living Father." Simon Pierre te reponn Li: “Ou menm se Kris La, Fis a Bondye vivan an.”
17 Jesus replied, "Simon son of Jonah, you are blessed—flesh and blood didn't reveal this to you, but my Father in heaven. Jésus te reponn li: “Ou menm ou beni, Simon, fis Jonas la, paske chè avèk san pa t revele ou sa, men Papa M ki nan syèl la.
18 "And I tell you: you are Peter, and on this rock I will build my church; the gates of the grave will not overpower it. Epi Mwen di Ou ke ou menm, ou se Pierre e se sou wòch sa a M ap bati legliz Mwen an, e pòtay peyi mò yo p ap kapab venk li.
19 "I will give you the keys of our Father's kingdom; whatever you bind on earth will have been bound in heaven, and whatever you release on earth will have been released in heaven." M ap bay ou kle wayòm syèl la; nenpòt sa ou mare sou latè, ap mare nan syèl la; e nenpòt sa ou demare sou latè, ap demare nan syèl la.”
20 Then he strictly ordered the disciples to tell no one that he was the Christ. Apre sa, Li te avèti yo pou pa di pèsòn ke se Kris la ke Li te ye.
21 From then on, Jesus began telling his disciples he must go to Jerusalem, suffer much from the elders, chief priests, and scribes, be killed, and be raised on the third day. Depi lè sa a, Jésus te kòmanse montre disip Li yo ke Li te oblije ale Jérusalem pou soufri anpil bagay nan men lansyen yo, wo prèt yo ak skrib yo; pou yo ta menm touye L, e pou L ta leve nan twazyèm jou a.
22 Peter took him aside and rebuked him: "Never, Lord! This will never happen to you." Konsa, Pierre te mennen L akote. Li te di L: “Ke Bondye anpeche sa, Senyè! Sa p ap janm rive Ou.”
23 But he turned and told Peter, "Get behind me, Satan! You are an obstacle to me, because you're not thinking about what our Father cares about, but what people care about." Men Li te vire bò kote Pierre: “Mete ou dèyè M Satan! Ou menm, ou se yon wòch chite pou Mwen. Ou pa mete tèt ou nan enterè Bondye, men nan enterè a lòm.”
24 Then Jesus told his disciples, "Whoever wants to come after me must deny himself, take up his cross, and follow me. Jésus te di a disip Li yo: “Si yon moun vle swiv Mwen, li dwe nye tèt li, pran kwa li e swiv Mwen.
25 "For whoever wants to save his life will lose it, but whoever loses his life for my sake will find it. Paske nenpòt moun ki vle sove vi li, ap pèdi li; men nenpòt moun ki pèdi vi li pou koz Mwen menm, ap twouve li.
26 "What good is it if a person gains the whole world but loses his soul? Or what can a person give in exchange for his soul? Paske ki pwofi yon nonm ap twouve si li vin genyen tout lemonn, men li pèdi pwòp nanm li? Kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm li?
27 "For the Son of Man is about to come in his Father's glory with his angels, and will then repay each person according to what they have done. “Paske Fis a Lòm nan ap vini nan tout glwa Papa Li, avèk zanj Li yo, e y ap rekonpanse tout moun selon zak yo.
28 "Truly I tell you: some standing here will not taste death until they see the Son of Man coming in his kingdom." “Anverite, Mwen di nou, gen nan nou ki kanpe la a ki p ap goute lanmò jiskaske yo wè Fis a Lòm nan k ap vini nan wayòm Li an.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]