Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Matthew 15 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then Pharisees and scribes came to Jesus from Jerusalem and said, Apre sa, kèk Farizyen ak Skrib ki te sòti Jérusalem te vin kote Jésus pou mande L:
2 "Why do your disciples break the elders' tradition? They don't wash their hands when they eat." “Poukisa disip ou yo vyole tradisyon a lansyen nou yo? Paske yo pa lave men yo lè yo manje pen.”
3 He answered, "Why do you also break our Father's commandment for your tradition? Li te reponn yo: “E poukisa nou menm vyole kòmandman Bondye a pou koz a tradisyon nou yo?
4 For our Father said, 'Honor your father and your mother,' and, 'Whoever curses father or mother must surely be put to death.' Paske Bondye te di: ‘Onore papa ou avèk manman ou,’ epi: ‘Sila ki pale mal a manman li oswa a papa li, va mete a lanmò.’”
5 But you say, 'Whoever tells his father or mother, "Whatever you gained from me is a gift devoted to our Father," Men nou di: “Nenpòt moun ki di a manman l oswa papa l, tout sa mwen genyen ki ta kapab ede ou se pou Bondye,
6 he need not honor his father with it.' You've canceled our Father's word for your tradition's sake. li pa oblije onore ni papa l ni manman l”. Konsa, nou te anile pawòl Bondye a pou koz tradisyon pa nou an.
7 You hypocrites! Isaiah prophesied rightly about you when he said: Nou menm ipokrit; anverite, Ésaïe te bay pwofesi sou nou lè l te di:
8 'This people honors me with their lips, but their heart is far from me; Pèp sa a onore M avèk lèv yo, men kè yo byen lwen Mwen.
9 they worship me in vain, teaching the commandments of men as doctrine.'" An ven yo adore M; lè yo enstwi kòm doktrin, prensip a lòm.
10 Then he called the crowd to him and said, "Listen and understand: Apre sa, Li te rele foul akote Li a, e Li te di yo: “Tande e konprann;
11 Not what enters the mouth makes a person unclean, but what comes out of the mouth makes a person unclean." Se pa sa ki antre nan bouch la ki kontamine yon nonm, men se sa ki sòti nan bouch la ki kontamine l.”
12 Then the disciples came to him and said, "Do you know the Pharisees were offended hearing this saying?" Alò, disip Li yo te vin kote L. Yo te di L: “Èske Ou konnen ke Farizyen yo te blese lè yo te tande pawòl sa a?”
13 He replied, "Every plant my heavenly Father didn't plant will be uprooted. Men Li te reponn yo e di: “Chak plant ke Papa M pa plante, ap vin rache.
14 Leave them; they are blind guides. If a blind man guides a blind man, both fall into a pit." Pa okipe yo. Yo se avèg k ap gide avèg. Si yon avèg ap gide yon avèg, se toude k ap tonbe nan yon twou.”
15 Peter said to him, "Explain this parable to us." Pierre te reponn, e te di L: “Eksplike nou parabòl sa a.”
16 "Are you still as dull as the others?" Jesus said. Li te di: “Èske nou menm, nou toujou manke konprann nan?
17 "Don't you understand that whatever enters the mouth passes into the stomach and is then expelled? Èske nou pa konprann ke tout bagay ki antre nan bouch, e ki pase nan vant, ap vin elimine?
18 But what comes out of the mouth comes from the heart, and that makes a person unclean. Men bagay ki sòti nan bouch yo, se nan kè yo sòti, e se sa yo ki kontamine yon moun.
19 For the heart produces evil thoughts: murder, adultery, sexual sin, theft, false testimony, slander. “Paske se nan kè move panse yo sòti; touye moun, adiltè, imoralite seksyèl, vòlè, fo temwen, tripotay.
20 These make a person unclean, but eating with unwashed hands does not make anyone unclean." Se bagay sa yo ki kontamine yon moun, men manje san lave men pa kapab kontamine yon moun.”
21 Leaving that place, Jesus withdrew to the region of Tyre and Sidon. Konsa, Jésus te kite la, e retire kò l pou landwa Tyr ak Sidon.
22 A Canaanite woman from that region came, crying out, "Have mercy on me, Lord, Son of David! My daughter is severely tormented by a demon." Epi gade, yon fanm Canaan nan rejyon sa a te vin parèt. Li te kòmanse kriye fò e te di: “Fè m gras, Senyè, Fis a David la! Fi mwen an gen yon move lespri.”
23 He answered her nothing. His disciples came and urged him, "Send her away—she keeps shouting after us." Men Li pa t reponn li yon mo. Disip Li yo te vin kote L. Yo te di L: “Fè l ale; l ap rele dèyè nou tout kote nou ale”.
24 He answered, "I was sent only to the lost sheep of the house of Israel." Men Li te reponn e te di: “Mwen te voye sèlman pou mouton pèdi nan lakay Israël la.”
25 But she came and knelt before him, saying, "Lord, help me!" Men fanm nan te vin bese devan Li, e te di: “Senyè, ede m!”
26 He replied, "It is not right to take the children's bread and throw it to the dogs." Men Li te reponn: “Li pa bon pou pran manje ki pou timoun yo pou jete l bay chen.”
27 "Yes, Lord," she said, "yet even the dogs eat the crumbs that fall from their masters' table." Men li te di: “Wi Senyè, men menm chen yo manje ti kras manje k ap tonbe sòti sou tab mèt la.”
28 Jesus replied, "Woman, your faith is great. Let it happen as you wish." And her daughter was healed from that hour. Jésus te reponn li: “Men fanm, lafwa ou gran! Ke sa fèt jan ou vle a”. Epi fi li a te geri lapoula.
29 Leaving there, Jesus went along the Sea of Galilee, went up the mountain, and sat down there. Lè Li kite la, Jésus te ale bò kote Lanmè Galilée a. Li te monte yon mòn e Li te chita la.
30 Large crowds came to him with the lame, blind, crippled, mute, and many others, laying them at his feet, and he healed them. Gran foul la te vin kote Li. Yo t ap mennen avèk yo sila ki te bwete, kokobe, avèg, bèbè ak anpil lòt. Yo te depoze yo bò kote pye Li e Li te geri yo.
31 So the crowd was amazed, seeing the mute speak, the crippled healed, the lame walk, and the blind see; they gave glory to the Father of Israel. Konsa, foul la te vin etone lè yo te wè bèbè pale, kokobe restore, bwete mache, avèk avèg yo ki te wè e yo te bay glwa a Bondye Israël la.
32 Jesus called his disciples to him and said, "I feel for this crowd—they've already been with me three days with nothing to eat. I don't want to send them away hungry; they might collapse on the road." Jésus te rele disip Li yo pou vin kote L. Li te di: “Mwen santi konpasyon pou foul la, paske yo la avè M koulye a pandan twa jou, e yo pa gen anyen pou yo manje. Mwen pa vle voye yo ale grangou, paske yo kab fennen sou wout la.”
33 The disciples asked, "Where in this remote place could we find enough bread to feed such a crowd?" Disip Li yo te mande L: “Kibò nou ta twouve kantite pen sa a nan yon andwa izole konsa pou bay yon gran foul konsa?”
34 "How many loaves do you have?" Jesus asked. "Seven," they said, "and a few small fish." Jésus te mande yo: “Konbyen pen nou genyen”? Yo te di: “Sèt, avèk kèk ti pwason.”
35 So he told the crowd to sit down on the ground. Li te kòmande foul la chita atè.
36 And he took the seven loaves and fish, gave thanks, broke them, gave them to the disciples, and they gave them to the crowds. Li te pran sèt ti pen yo avèk pwason an. Lè Li te fin remèsye Bondye pou yo, Li te kase yo, e te bay disip Li yo, ki te bay tout foul la.
37 They all ate and were satisfied, and they gathered up seven baskets full of the leftover pieces. Konsa, tout moun te manje e te satisfè. Lè yo te ranmase mòso kase ki te rete yo, te rete sèt gran panyen byen plen.
38 Those who ate were 4,000 men, besides women and children. Sila ki te manje yo te kat mil gason plis fanm avèk timoun.
39 After sending the crowds away, he boarded the boat and went to the region of Magadan. Apre Li voye foul la ale, Li te monte nan yon kannòt e te ale nan rejyon Magadan nan.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]