Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Matthew 14 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 At that time Herod the tetrarch heard the reports about Jesus. Nan lè sa a, Hérode, tetrak la, te tande nouvèl a Jésus.
2 He told his attendants, "This is John the Baptist, raised from the dead—that's why these powers are at work in him." Konsa, Li te di a sèvitè pa li yo: “Se Jean Baptiste sa a ye. Li gen tan leve soti vivan nan lanmò. Se pou sa li kapab fè tout mirak sa yo.”
3 For Herod had arrested John, chained him, and locked him in prison over Herodias, his brother Philip's wife, Paske lè Hérode te fè yo arete Jean, li te mare li e mete li nan prizon akoz Hérodias, madanm a frè li, Philippe.
4 because John had been telling him, "It is not lawful for you to have her." Paske Jean t ap di li ke li pa pèmèt pou l ta genyen l kon madanm.
5 Herod wanted to kill him but feared the crowd, since they held John as a prophet. Epi malgre ke Hérode te vle touye li, li te pè pèp la paske yo te konsidere li kon yon pwofèt.
6 But when Herod's birthday came, the daughter of Herodias danced before them and pleased Herod, Men lè fèt nesans Hérode te rive, Pitit a Hérodias te vin danse devan yo, e Hérode te trè kontan.
7 so he promised with an oath to give her whatever she asked. Konsa, li menm te sèmante pou bay li nenpòt sa ke li te mande li.
8 Prompted by her mother, she said, "Give me John the Baptist's head here, on a platter." Akoz ke fi a te ankouraje pa manman l, li te di: “Ban m isit la menm sou yon plato, tèt a Jean Baptiste.”
9 The king was grieved, but because of his oaths and his dinner guests, he gave the order, Malgre sa te fè l tris, wa a te kòmande sa fèt akoz sèman an, e akoz tout vizitè ki te la avèk yo.
10 and he sent and had John beheaded in the prison. Li te voye fè yo koupe tèt a Jean nan prizon an.
11 His head was brought on a platter, given to the girl, who brought it to her mother. Yo te pote tèt li sou yon plato e te bay fi a. Konsa, fi a te pote l bay manman l.
12 Then John's disciples came, took the body, and buried it; and they went and told Jesus. Disip li yo te vin pran kò a e te antere l. Apre, yo te ale bay rapò a Jésus.
13 Hearing this, Jesus withdrew by boat to a remote place alone. But the crowds heard and followed him on foot from the towns. Lè Jésus tande sa, Li te retire kò L nan yon kannòt pou kont Li nan yon landwa izole. Lè foul la te tande sa, yo te sòti lavil la apye pou swiv Li.
14 When he went ashore, he saw a big crowd, felt compassion for them, and healed their sick. Lè L te debake atè, Li te wè yon gran foul. Li te gen konpasyon pou yo, e Li te geri malad yo.
15 When evening came, the disciples said to him, "This is an isolated place, and the hour is already late. Send the crowds away to go into the villages and buy themselves food." Lè li te vin fènwa, disip yo te vin di Li: “Plas sa a dezète, e lè a gen tan depase. Konsa, voye foul la ale pou yo kapab rive nan bouk yo pou achte kèk manje.”
16 But Jesus told them, "They don't need to leave. You feed them." Men Jésus te di yo: “Yo pa bezwen ale. Nou menm, bay yo manje!”
17 They said to him, "We have nothing here but five loaves and two fish." Yo te di Li: “Nou gen sèlman senk pen ak de grenn pwason.”
18 He said, "Bring them here to me." Li te di: “Pote yo ban Mwen!”
19 He told the crowds to sit on the grass. Taking the five loaves and two fish, he looked up to heaven, gave thanks, broke the loaves, and gave them to the disciples, who gave them to the crowds. Li te kòmande tout foul la chita atè. Li te pran senk pen avèk de pwason yo. Li te gade anwo nan syèl la, e te beni manje a. Li te kase pen yo, Li te bay disip yo, epi disip yo te bay foul la.
20 They all ate and were satisfied, and they picked up twelve baskets full of the leftover pieces. Tout te manje e tout te byen satisfè. Yo te ranmase sa ki te rete nan mòso kase yo, e yo te rete douz panyen byen plen.
21 Those who ate were about 5,000 men, besides women and children. Te gen anviwon senk-mil gason ki te manje san konte fanm avèk timoun.
22 Immediately he made the disciples board the boat and go ahead of him to the other side, while he sent the crowds away. Imedyatman, Li te fè disip yo antre nan kannòt la pou ale lòtbò a, pandan Li menm te voye foul la ale.
23 After sending the crowds away, he went up the mountain privately to pray. When evening came, he was there alone. Apre li te voye foul la ale, Li te monte mòn nan Li sèl Li, pou L ta kapab priye. Lè lannwit vin rive, Li te la pou kont Li.
24 The boat was already far from land, battered by waves, the wind against them. Men kannòt la te deja byen lwen tè a, byen bat pa vag lanmè yo, paske van an te byen move.
25 About three o'clock in the morning he came to them, walking on the sea. Nan katriyèm vèy nwit lan, Li te vin kote yo ap mache sou lanmè a.
26 Seeing him walking on the sea, the disciples were terrified, saying, "A ghost!" and cried out in fear. Lè disip Li yo te wè L ap mache sou lanmè a, yo te krent, e yo te di: “Sa se yon fantom” epi yo te kriye fò avèk laperèz.
27 But Jesus spoke to them at once: "Take courage! It is I; do not be afraid." Men imedyatman, Jésus te pale avèk yo e te di: “Pran kouraj! Se Mwen menm! Pa pè.”
28 Peter answered him, "Lord, if it is you, command me to come to you on the water." Konsa, Pierre te reponn Li: “Senyè, si se Ou menm, kòmande m vin kote Ou sou dlo a.”
29 He said, "Come." Peter got out of the boat, walked on water, and went toward Jesus. Li te reponn: “Vini!” Pierre te sòti nan kannòt la, e te mache sou dlo a vè Jésus.
30 But seeing the strong wind, he was afraid, and beginning to sink, he cried out, "Lord, save me!" Men lè l te wè van an, li te vin pè, e te kòmanse desann nan dlo a. Li te rele: “Senyè, sove m!”
31 Jesus immediately reached out his hand, caught him, and said, "You of little faith, why did you doubt?" Lapoula, Jésus te lonje men li e te kenbe l. Li te di l konsa: “Ou menm avèk mank lafwa, poukisa ou te doute?”
32 And when they got into the boat, the wind died down. Lè yo te fin antre nan kannòt la, van an te vin sispann.
33 Then those in the boat worshiped him, saying, "Truly you are the Son of our Father." Sila ki te nan kannòt yo te adore Li. Yo te di: “Anverite, Ou se Fis Bondye a!”
34 When they had crossed over, they came to land at Gennesaret. Lè yo te fin travèse, yo te rive atè nan Génésareth.
35 When the men of that place recognized him, they sent word through that whole region and brought him all who were sick. Lè moun nan plas sa yo te rekonèt Li, yo te voye nouvèl nan tout ozanviwon an, e yo te pote bay Li tout sila ki te malad yo.
36 They begged him to let them just touch the fringe of his robe, and all who touched it were healed. Yo t ap sipliye L pou yo ta kapab sèlman touche rebò a vètman Li, e tout sila ki te touche L yo te geri nèt.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]