Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Matthew 13 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 On that day Jesus went out of the house and sat down beside the sea. Nan jou sa a, Jésus te sòti nan kay la e te chita bò kote lanmè a.
2 Large crowds gathered around him, so he got in a boat and sat, while the whole crowd stood on the shore. Yon gran foul te rasanble bò kote L, epi Li te antre chita nan yon kannòt. Foul la te kanpe arebò lanmè a.
3 And he told them many things in parables, saying: "Look, a sower went out to sow. Li te pale anpil bagay avèk yo an parabòl konsa: “Gade byen, yon moun ki t ap plante, te ale deyò pou simen grenn.
4 And as he sowed, some seed fell along the path, and the birds came and devoured it. Pandan li t ap simen, kèk grenn te tonbe akote wout la, e zwazo te vin manje yo.
5 Other seed fell on rocky ground with little soil, and sprang up quickly since the soil lacked depth. Gen lòt ki te tonbe kote ki plen wòch kote te manke tè, epi yo te leve byen vit pwiske tè a te manke pwofondè.
6 When the sun rose, the plants were scorched; since they had no root, they withered. Men lè solèy la vin leve, yo te vin sèch; akoz ke yo te manke rasin, yo te vin fennen.
7 Other seed fell among thorns, and the thorns grew up and choked it. Lòt te tonbe pami pikan e pikan yo te leve toufe yo.
8 Other seed fell on good soil, producing grain: some a hundredfold, some sixty, some thirty. Lòt te tonbe nan bon tè kote yo te bay yon bon rekòlt; kèk miltipliye san fwa, kèk swasant fwa, e kèk trant fwa.
9 Whoever has ears, let them hear." Sila ki gen zòrèy la, kite li tande.”
10 Then the disciples came to him and asked, "Why do you speak to them in parables?" Disip Li yo te vin kote L e te mande: “Poukisa ou pale avèk yo an parabòl konsa?”
11 He said, "You've been given to know the secrets of the kingdom of our Father; they have not. Li te reponn yo: “A nou menm, li pèmèt pou nou konnen sekrè a wayòm syèl la, men pou yo menm, sa poko pèmèt.
12 Whoever has will be given more and have plenty; whoever has none loses even what he has. Paske pou nenpòt moun ki genyen, l ap vin resevwa plis, e l ap gen an abondans; men pou nenpòt moun ki pa genyen, menm sa li genyen an ap retire nan men l.
13 This is why I speak to them in parables: they look but don't see; they listen but don't hear or understand. Se pou sa Mwen pale ak yo an parabòl; paske pandan y ap gade yo p ap wè, e pandan y ap tande yo p ap koute, ni yo p ap konprann.
14 In them Isaiah's prophecy is fulfilled: 'You will hear and hear, yet never understand; you will see and see, yet never perceive.' Se nan yo menm, ke pwofesi Ésaïe a ap akonpli lè l di: ‘Nou va kontinye tande, men nou p ap konprann; nou va kontinye gade, men nap manke apèsi.
15 For this people's heart has grown calloused; they hardly hear with their ears, and they have closed their eyes—otherwise they might see with their eyes, hear with their ears, understand with their heart, and turn, and I would heal them.' Paske kè a pèp sa a pa sansib ankò. Avèk zòrèy yo manke tande e yo fèmen zye yo; otreman yo ta wè avèk zye yo, tande avèk zòrèy yo, konprann avèk kè yo, e retounen pou M ta kapab geri yo.’
16 But blessed are your eyes, for they see, and your ears, for they hear. “Men beni se zye pa nou paske yo wè; e zòrèy nou paske yo tande.
17 I assure you: many prophets and righteous people longed to see what you see, and didn't; to hear what you hear, and didn't. Anverite, Mwen di nou ke anpil pwofèt ak moun ladwati te vle wè sa ke nou menm wè a, men yo pa t janm wè; e pou tande sa ke nou tande a, men yo pa t tande l.
18 Listen, then, to the parable of the sower. “Pou sa, tande parabòl moun ki t ap simen an.
19 Everyone who hears the kingdom's word and doesn't grasp it—the evil one comes and snatches what was sown in his heart. This is the seed sown beside the path. Lè nenpòt moun tande pawòl wayòm nan e li pa konprann li, mechan an (Satan) vini rache sa ki te plante nan kè li a. Sa se grenn ki te simen akote wout la.
20 Seed sown on rocky ground is the one who hears the word, immediately receiving it with joy, Sa ki te simen nan wòch yo se moun ki tande pawòl la e imedyatman li resevwa l avèk jwa;
21 but having no root in themselves, they don't last; when trouble or persecution comes because of the word, they quickly fall away. men li pa gen rasin pou kont li, e li dire sèlman pou yon moman. Lè gen afliksyon avèk pèsekisyon akoz pawòl la, byen vit li chite.
22 The one sown among thorns hears the word, but worry over this age and wealth's deceit choke it, making it unproductive. Epi sila ki te simen pami pikan yo se moun ki tande pawòl la, men tout pwoblèm mond sa a, avèk sediksyon richès yo toufe pawòl la, e li pa donnen fwi.
23 But the seed sown on good soil hears the word and understands it. It bears fruit—100, sixty, or thirty times what was sown." Konsa, sila ki te gen grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki tande pawòl la e ki konprann li. Li vrèman pote fwi ki pwodwi pafwa, san fwa, pafwa swasant fwa, e pafwa trant fwa sa li te simen an.”
24 He gave them another parable: "The kingdom of our Father is like a man who sowed good seed in his field. Jésus te bay yo yon lòt parabòl. Li te di: “Wayòm syèl la se kon yon nonm ki simen bon semans nan chan li.
25 But while everyone slept, his enemy came, sowed weeds among the wheat, and left. Men pandan ouvriye li yo t ap dòmi, lènmi li yo te vin simen zèb pikan pami ble a, e ale.
26 When the wheat sprouted and produced grain, then the weeds appeared as well. Men lè ble a te vin leve e fòme tèt grenn, zèb pikan yo te parèt tou.
27 The owner's servants came saying, 'Master, didn't you sow good seed in your field? Where then did the weeds come from?' Epi esklav a mèt tè yo te vin di l: ‘Mèt, èske nou pa t simen bon semans nan chan ou an? Kijan konsa li vin plen avèk zèb pikan sa yo.’
28 'An enemy did this,' he replied. 'So do you want us to go pull them up?' the servants asked him. “Epi Li te di yo: ‘Yon lènmi te fè sa!’ E esklav yo te di li: ‘Ou pa vle nou ale ranmase yo?’
29 'No,' he said, 'because while you are pulling the weeds, you may uproot the wheat with them. “Men li te di yo: ‘Non, paske pandan nou ap ranmase zèb pikan yo, nou kab derasinen ble a tou.
30 Let both grow together until harvest. At harvest time I'll tell the reapers: Gather the weeds first, bind them in bundles to burn; then gather the wheat into my barn.'" Kite toulède grandi ansanm jouk rekòlt la rive. Nan tan rekòlt la, mwen va di ouvriye yo, premyèman, ranmase zèb pikan yo, mare yo nan pake e brile yo. Men ranmase ble a pou mete li nan depo mwen.’”
31 He told them another parable: "The kingdom of our Father is like a mustard seed a man took and planted in his field. Li te pale yon lòt parabòl a yo menm. Li te di: “Wayòm syèl la tankou yon grenn moutad ke yon nonm te pran pou simen nan jaden li.
32 Though the smallest of all seeds, when grown it becomes the largest of garden plants, a tree where birds come to nest in its branches." Malgre grenn sa a pi piti pase tout lòt grenn yo, lè li vin grandi, li pi gran pase tout lòt plant nan jaden an, e te vin fè yon pyebwa kote tout zwazo ki vole anlè vin fè nich nan branch li yo.”
33 He gave them another parable: "The kingdom of our Father is like yeast a woman took and mixed into about twenty-five pounds of flour, until it spread through all the dough." Li pale yon lòt parabòl a yo menm konsa: “Wayòm syèl la tankou ledven ke yon fanm te pran pou sere nan twa mezi farin jiskaske tout vin leve.”
34 Jesus said all these things to the crowds in parables; he said nothing to them without a parable. Tout bagay sa yo, Jésus te pale a foul la an parabòl, epi Li pa t pale avèk yo san parabòl.
35 This fulfilled what was spoken through the prophet: "I will open my mouth in parables; I will utter what's been hidden since the world was founded." Se te pou akonpli sa ki te pale pa pwofèt yo lè yo te di: “Mwen va ouvri bouch Mwen an parabòl; Mwen va eksprime sekrè ki kache depi fondasyon mond sa a.”
36 Then he left the crowds and entered the house. His disciples approached him and said, "Explain to us the parable of the weeds in the field." Apre sa, Li kite foul la e Li te ale nan kay la. Disip Li yo te vin kote l pou di: “Eksplike nou parabòl konsènan zèb pikan nan chan an.”
37 He answered, "The one who sowed the good seed is the Son of Man. Li te di: “Sila a ki simen bon semans lan se Fis a Lòm nan.
38 The field is the world. The good seed is the kingdom's children; the weeds are the evil one's children. Chan an se lemonn, e bon semans lan, se sila yo ki fis a wayòm nan. Zèb pikan yo se sila yo ki fis a mechan an.
39 The enemy who sowed them is the devil; the harvest is the end of the age; the harvesters are angels. Epi lènmi ki te simen move grenn nan se Satan. Rekòlt la se fen tan yo, epi ouvriye yo se zanj yo.
40 As the weeds are gathered and burned in fire, so it will be at the end of the age. Pou sa, menm jan ke zèb pikan yo ranmase e brile avèk dife, konsa sa ap ye nan fen tan yo.
41 The Son of Man will send his angels to weed out of his kingdom everything that causes sin and all who do evil. Fis a Lòm nan ap voye zanj li yo pou ranmase fè sòti nan wayòm Li an, tout obstak ki fè moun tonbe, avèk tout sila k ap fè mechanste.
42 They will throw them into the blazing furnace, where there is weeping and grinding of teeth. L ap jete yo nan founo dife a e nan plas sa a, y ap kriye e y ap manje dan yo.
43 Then the righteous will shine like the sun in their Father's kingdom. The one with ears should listen." Konsa, sila ki gen ladwati yo ap fè klè tankou solèy la nan wayòm Papa yo a. Sila ki gen zòrèy la, kite l tande.
44 The kingdom of our Father is like treasure hidden in a field. A man found it, hid it again, then joyfully sold all he had to buy that field. “Wayòm syèl la tankou yon trezò ki te sere nan yon chan. Yon nonm te twouve li e te sere l ankò. Ranpli ak lajwa, li te kouri ale vann tout sa li te posede, e te achte chan sa a.
45 "Again, the kingdom of our Father is like a merchant searching for fine pearls. “Ankò, wayòm syèl la tankou yon machann k ap chèche bèl pèl.
46 Finding one priceless pearl, he went and sold all he had and bought it. Lè li twouve youn ki gen gran valè, li te ale vann tout sa li te posede pou te achte l.
47 Again, our Father's kingdom is like a net cast into the lake, gathering fish of every kind. “Ankò, wayòm syèl la se yon filè ki voye nan lanmè pou ranmase tout kalite pwason.
48 When full, the fishermen pulled it ashore, sat down, and collected the good fish in baskets, throwing out the bad. Lè l fin ranpli, yo rale li atè. Yo te chita pou mete bon pwason nan yon veso, e te jete move yo.
49 So it will be at the age's end: angels will go out and separate the wicked from among the righteous, Konsa sa ap ye nan fen tan yo. Zanj yo ap tou parèt e y ap fè triyaj mechan yo pami jis yo.
50 and throw them into the blazing furnace, where they will weep and grind their teeth." Epi y ap jete mechan yo nan founo dife a, kote y ap kriye e manje dan yo.
51 "Have you understood all these things?" "Yes," they replied. “Èske nou konprann tout bagay sa yo?” Yo reponn Li: “Wi”.
52 He said to them, "Every teacher of the law trained for our Father's kingdom is like a homeowner who brings treasures new and old out of his storeroom." Epi Jésus te di yo: “Konsa, chak skrib ki vini yon disip a wayòm nan se tankou yon mèt kay ki fè vin parèt nan trezò li sa ki nèf ak sa ki vye.”
53 When Jesus had finished these parables, he moved on from there. Lè Jésus te fini avèk parabòl sa yo, li kite la.
54 Returning to his hometown, he taught in their synagogue, and they were amazed: "Where does this man get this wisdom and these mighty works? Li rive nan vil pa Li a, e Li te kòmanse preche nan sinagòg yo, jiskaske yo te etone e te di: “Kote nonm sa a twouve sajès sila a ak pouvwa fè mirak sa yo?
55 Isn't this the carpenter's son? Isn't his mother named Mary, and his brothers James, Joseph, Simon, and Judas? Se pa pitit a chapant la? Èske yo pa rele manman L Marie, e frè li yo Jacques, Joseph, Simon ak Judas?
56 Aren't all his sisters here with us? Where then did this man get all these things?" Epi sè Li yo; èske yo tout pa avèk nou? Ebyen, kote nonm sa a twouve tout bagay sa yo?”
57 They took offense at him. But Jesus said to them, "A prophet is honored everywhere except in his hometown and in his own household." Konsa, yo te pran ofans de Li. Men Jésus te di yo: “Yon pwofèt p ap janm manke respè sof ke nan pwòp vil li, ak nan pwòp kay li.”
58 He didn't do many miracles there because of their lack of faith. Li pa t fè anpil mirak la akoz ke yo pa t kwè.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]