Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Matthew 12 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 At that time Jesus went through the grainfields on the Sabbath. His disciples were hungry and began to pluck heads of grain and eat them. Nan lè sa a, Jésus te pase nan chan sereyal yo nan jou Saba a e disip Li yo te vin grangou. Yo te kòmanse keyi tèt grenn sereyal pou manje yo.
2 Seeing this, the Pharisees said to him, "Look—your disciples are doing what's unlawful on the Sabbath." Men lè Farizyen yo te wè sa, yo te di Li: “Gade, disip Ou yo fè sa ki pa pèmi nan yon jou Saba.”
3 He said to them, "Haven't you read what David did when he and his companions were hungry?" Men Li te di yo: “Èske nou pa li sa ke David te fè lè li te vin grangou; li menm avèk lòt moun ki te avè l yo?
4 how he entered the house of our Father and ate the Presence bread, unlawful for him and his companions, reserved only for priests? Jan li te antre nan kay Bondye a, e te manje pen ki te konsakre ki pa t pèmi pou li ta manje, ni pou sa yo ki te avè l yo, men te sèlman pou prèt yo?
5 "Or haven't you read in the Law that on the Sabbath, priests in the temple break the Sabbath and are guiltless? Oubyen èske nou pa t li nan Lalwa a ke nan jou Saba a, prèt yo nan tanp lan te konn vyole Saba a men rete inosan?
6 I tell you, something greater than the temple is here. Men Mwen di nou ke yon choz pi gran pase tanp lan isit la.
7 If you knew what 'I want mercy, not sacrifice' means, you wouldn't have condemned the blameless. Men si nou te konnen kisa sa vle di: ‘Mwen dezire mizerikòd olye sakrifis’, nou pa t ap kondane inosan yo.
8 For the Son of Man is Lord of the Sabbath." Paske Fis a Lòm nan se Senyè Saba a.”
9 He went on from there and entered their synagogue. Konsa, Li te kite la e te ale nan sinagòg yo.
10 A man with a withered hand was there. They asked him, "Is it lawful to heal on the Sabbath?"—hoping to accuse him. Epi vwala, te gen yon mesye avèk yon men ki sèch. Farizyen yo te mande L: “Èske li pèmi pou geri nan jou Saba a?” Yo te mande sa a pou yo ta kapab akize Li.
11 He said to them, "Who among you with a sheep, if it falls in a pit on the Sabbath, won't grab and pull it out? Li te reponn yo: “Ki moun nan sila ki pami nou yo, si li te gen yon mouton ki tonbe nan yon twou nan Saba a, pa t ap lonje pran l e fè l sòti nan twou a?
12 How much more is a person worth than a sheep! So it's lawful to do good on the Sabbath." Konbyen plis valè a yon moun pase yon mouton? Ebyen, li pèmi pou fè sa ki bon nan Saba a.”
13 Then he told him, "Stretch out your hand." He stretched it out, and it was restored, healthy like the other. Konsa, Li di mesye a: “Lonje men ou!” Li te lonje li, e li te retounen nòmal tankou lòt la.
14 But the Pharisees went out and plotted how to destroy him. Men Farizyen yo te soti deyò, pou fè konplo ansanm kont Li, sou kijan yo ta kapab detwi L.
15 Jesus, aware of this, withdrew from there. And many followed him, and he healed them all, Men Jésus te vin konnen tout sa, e Li te retire kò l. Anpil moun te swiv Li, e Li te geri yo tout.
16 and he ordered them not to tell anyone about him. Epi Li te pase lòd pou yo pa fè pèsòn konnen ki moun Li te ye.
17 This was to fulfill what was spoken by the prophet Isaiah: Sa te fèt pou akonpli sa ki te pale pa pwofèt Ésaïe a lè li te di:
18 "Look, my servant—Jesus—whom I have chosen, my beloved in whom my soul delights. I will put my Spirit upon him, and he will proclaim justice to the nations. “Gade sèvitè Mwen ke Mwen te chwazi a; byeneme Mwen ki fè nanm Mwen byen kontan an. M ap mete lespri Mwen sou Li, e Li va pwoklame jistis a payen yo.
19 He will not quarrel or shout, nor will anyone hear his voice in the streets. Li p ap diskite, ni kriye; ni pèsòn p ap tande vwa Li nan lari.
20 A bruised reed he will not break, and a smoldering wick he will not quench, until he brings justice to victory; Yon wozo brize, Li p ap kase, e yon fisèl bouji k ap toufe, Li p ap tenyen, jouk lè Li mennen jistis la rive nan viktwa a.
21 and in his name the nations will put their hope." Nan Non Pa Li, payen yo ap gen espwa.”
22 Then someone brought him a blind, mute demon-oppressed man, and he healed him so the man could speak and see. Apre sa, yo te pote bay Li yon mesye ki te avèg e bèbè akoz yon move lespri. Li te geri li, e bèbè a te vin pale e li te vin wè.
23 And all the crowds were amazed and said, "Can this be the Son of David?" Tout foul la te etone, e te kòmanse di: “Èske se posib ke moun sa a kapab Fis a David?”
24 But hearing this, the Pharisees said, "This man drives out demons only by Beelzebul, prince of demons." Men lè Farizyen yo tande sa, yo te di: “Mesye sa ap chase move lespri sa yo pa Béelzébul ki mèt a tout move lespri yo.”
25 Knowing their thoughts, he said to them, "Every kingdom divided against itself is ruined, and no city or house divided against itself will stand. Li te konnen panse yo, e Li te di yo: “Nenpòt wayòm ki divize kont pwòp tèt li va gaye; e nenpòt vil oswa kay ki divize kont pwòp tèt li p ap kanpe.
26 And if Satan casts out Satan, he is divided against himself. How then will his kingdom stand? Si se Satan k ap jete Satan, li divize kont pwòp tèt li. Konsa kijan wayòm li va kanpe?
27 If I drive out demons by Beelzebul, by whom do your sons drive them out? So they will be your judges. Epi si Mwen menm pa fòs Béelzébul, chase move lespri yo, pa kilès fis nou yo ap jete yo? Pou rezon sa a, se yo menm k ap jije nou.
28 But if I drive out demons by the Spirit of our Father, then the kingdom of our Father has reached you. Men si Mwen chase move lespri yo pa Lespri Bondye a, wayòm Bondye a gen tan vini sou nou.
29 Or how can someone enter a strong man's house and carry off his goods, unless he first restrains the strong man? Then he can loot his house. Oubyen kijan yon moun kapab antre nan kay a nonm fò, pou pran tout byen li, sof ke premyèman li mare nonm fò a? Lè l fini, l ap piyaje kay la.
30 Whoever is not with me is against me, and whoever does not gather with me scatters. “Sila ki pa pou Mwen an, kont Mwen; e sila ki pa ranmase avè M nan ap gaye.
31 So I tell you, every sin and blasphemy will be forgiven people, but blasphemy against the Spirit will not be forgiven. Pou sa, Mwen di nou, nenpòt peche, menm blasfèm kapab padone; men blasfèm kont Lespri Sen an p ap kapab padone.
32 Whoever speaks against the Son of Man will be forgiven; whoever speaks against the Holy Spirit won't be forgiven—neither in this age nor the age to come. Nenpòt moun ki pale yon mo kont Fis a Lòm nan, l ap padone; men nenpòt moun ki pale yon mo kont Lespri Sen an, sa p ap padone, ni nan laj sila a ni nan laj k ap vini an.
33 Make the tree good and its fruit good, or the tree bad and its fruit bad, for a tree is known by its fruit. “Swa pyebwa a bon, e fwi li bon; oubyen pyebwa a pouri e fwi li pouri. Pyebwa a rekonèt pa fwi ke li bay.
34 You brood of vipers! How can you speak good things since you're evil? For the mouth speaks the heart's overflow. Nou menm nich vipè, jan nou mechan; kijan nou sipoze nou kapab pale sa ki bon? Se bouch la ki pale tout sa ki plen kè a.
35 A good person produces good from a good treasure; an evil person produces evil from an evil treasure. Bon moun nan fè sòti nan bon trezò li, sa ki bon; e move moun nan fè sòti nan move trezò li, sa ki mal.
36 I tell you, on judgment day people will answer for every careless word they speak, Epi Mwen di nou ke nan jou jijman an, moun ap rann kont pou chak ti mo ke yo pale anven.
37 for by your words you will be justified, and by your words you will be condemned." Paske pa pawòl nou, nou va jistifye; e pa pawòl nou, nou va kondane.”
38 Then some scribes and Pharisees said, "Teacher, we want a sign from you." Kèk nan Skrib ak Farizyen yo te reponn li konsa: “Mèt, nou vle wè yon sign de Ou menm”.
39 He answered, "This evil, adulterous generation demands a sign. None will be given it except the sign of the prophet Jonah. Men li te reponn yo konsa: “Yon jenerasyon mechan ak adiltè vle yon sign; men pa gen yon sign ke n ap bay sof ke sign ki pou pwofèt Jonas la.
40 As Jonah was three days and three nights in the great fish's belly, so the Son of Man will be three days and three nights in the earth's heart. Menm jan ke Jonas te pase twa jou ak twa nwit nan vant gwo pwason an, konsa Fis a Lòm nan ap pase twa jou ak twa nwit nan kè latè.
41 Ninevites will rise at the judgment with this generation and condemn it, for they repented at Jonah's preaching, and something greater than Jonah is here. Moun Niniv ap kanpe avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske yo te repanti lè Jonas te preche yo. Epi veye byen, yon bagay pi gran pase Jonas gen tan rive isit la.
42 The queen of the South will rise at the judgment with this generation and condemn it, for she came from earth's ends to hear Solomon's wisdom—and look, something greater than Solomon is here. Rèn nan Sid la ap leve avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske li te sòti nan dènye ekstremite latè pou tande sajès Salomon; epi veye byen, yon choz pi gran pase Salomon gen tan rive isit la.
43 When an unclean spirit leaves a person, it travels through dry places seeking rest, and finds none. “Alò, lè yon move lespri kite yon nonm, li pase nan zòn sèk san dlo pou chache repo, men li pa jwenn.
44 Then it says, 'I will return to my house I left.' Coming, it finds it empty, swept, and put in order. Konsa li di: M ap retounen lakay kote mwen te sòti a. Lè li vini li twouve li vid, bale e ranje nan lòd.
45 Then it goes and brings along seven other spirits more evil than itself; they enter and settle there, and that person ends up worse off than before. So it will be with this evil generation." Konsa l ale chache sèt lòt espri pi mal ke li. Yo antre la pou viv avè l, epi dènye eta a moun sa a pi mal pase premye a. Se konsa l ap ye avèk jenerasyon mechan sila a.”
46 While he was still speaking to the crowds, his mother and brothers stood outside, wanting to speak with him. Pandan Li te toujou ap pale avèk foul la, konsa, manman L avèk frè Li yo te vin parèt pa deyò akoz yo te vle pale avèk Li.
47 Someone told him, "Look, your mother and your brothers are standing outside, wanting to speak to you." Yon moun te di li: “Gade, manman Ou avèk frè Ou yo kanpe deyò a pou pale avèk ou!”
48 He answered the one who told him, "Who is my mother, and who are my brothers?" Men Li te reponn sila ki te pale avèk Li pou di l: “Kilès ki manman M? E kilès ki frè M?”
49 And stretching out his hand toward his disciples, he said, "Here are my mother and my brothers! Konsa, byen lonje men L vè disip Li yo, Li te di: “Gade manman M ak frè Mwen yo.
50 For whoever does the will of my Father in heaven is my brother and sister and mother." Paske sila ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la, se li menm ki frè M, sè M, ak manman M.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]