Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Matthew 11 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 After Jesus finished instructing his twelve disciples, he left there to teach and preach in their towns. Lè Jésus te fin bay enstriksyon a douz disip Li yo, Li te kite kote sa a pou enstwi e preche nan vil pa yo.
2 John, hearing in prison of the Christ's works, sent word through his disciples, Alò, lè Jean, depi nan prizon an, te tande tout zèv ke Kris la t ap fè yo. Konsa, li te voye yon mesaj pa disip Li yo.
3 and asked him, "Are you the one who is to come, or should we look for another?" Li te mande L: “Èske Ou se Sila ke nou t ap tann nan, oubyen èske nou bezwen tann yon lòt?”
4 Jesus answered them, "Go and report to John what you hear and see: Jésus te reponn yo e te di: “Ale fè rapò a Jean selon tout sa nou tande e wè:
5 "Blind eyes see, the lame walk, those with leprosy are made clean, the deaf hear, the dead are raised, and good news is preached to the poor. Avèg yo vin wè, sila ki t ap bwate yo vin mache dwat, lepre yo vin pirifye, soud yo vin tande, mò yo vin resisite, e malere yo tande bòn nouvèl la.
6 And blessed is the one who does not stumble on account of me." Beni se sila ki pa chite akoz Mwen menm nan.”
7 As they left, Jesus began telling the crowds about John: "What did you go out into the wilderness to see? A reed shaken by the wind? Pandan mesye sa yo, disip a Jean Baptiste yo t ap prale, Jésus te kòmanse pale avèk foul la konsènan Jean: “Kisa nou te ale wè nan savann nan? Yon wozo ki souke pa van?
8 But why go out—to see a man dressed in soft clothes? Look, those who wear soft clothes are in royal palaces. Men kisa nou te ale wè? Yon nonm abiye ak rad ki swa? Sila ki mete rad swa yo rete nan palè a wa yo.
9 But why did you go out? To see a prophet? Yes, I tell you, far more than a prophet. Men kisa nou te sòti pou wè? Yon pwofèt? Wi, Mwen di nou e se youn ki plis ke yon pwofèt.
10 This is the one written about: 'Look, I send my messenger ahead of you, who will prepare your way before you.' Se selon sila menm ke pwofèt yo te ekri: Gade byen! Mwen voye mesaje Mwen an devan fas nou, ki va prepare chemen an devan nou.”
11 Truly I tell you: among those born of women, none greater than John the Baptist has arisen; yet the least in our Father's kingdom is greater than he. Anverite Mwen di nou, pami sila ki fèt pa fanm yo, pa janm leve youn ki pi gran ke Jean Baptiste; malgre sa, sila ki pi piti nan wayòm syèl la, pi gran pase li.
12 From John the Baptist's days until now, the kingdom of our Father endures violence, and the violent seize it. Depi jou a Jean Baptiste yo jis rive kounye a, wayòm syèl la ap soufri vyolans, e lòm vyolan yo pran li pa lafòs.
13 For all the Prophets and the Law prophesied until John, Paske tout pwofèt yo ansanm ak Lalwa a te pwofetize jiska Jean.
14 and if you are willing to accept it, he is the Elijah who was to come. Konsa, si nou kapab aksepte l, se li menm ki Elie, sila ki te genyen pou vini an.
15 Whoever has ears, let him hear. Sila ki gen zòrèy pou tande, kite l tande.
16 To what can I compare this generation? It's like children sitting in the marketplaces, calling out to others: “Men a kisa Mwen kapab konpare jenerasyon sila a? Li tankou timoun ki chita nan mache a, k ap rele lòt timoun
17 'We played the flute for you, and you did not dance; we sang a funeral song, and you did not mourn.' pou di: ‘Nou te jwe flit pou nou, e nou pa t danse. Nou te chante yon antèman, e nou pa t kriye’.
18 For John came neither eating nor drinking, and they say, 'He has a demon.' Paske Jean te vini san manje ni bwè, e yo di: ‘Li gen yon move lespri’!
19 The Son of Man came eating and drinking, and they say, 'A glutton and drunkard, a friend of tax collectors and sinners!' Yet wisdom is proved right by her deeds." Men Fis a Lòm nan te vini avèk manje e avèk bwè, e yo di: ‘Gade, li manje twòp, li bwè twòp, e li fè zanmi avèk moun biwo kontribisyon an, ak pechè yo!’ Men sajès la toujou jistifye pa zanfan li yo.”
20 Then he began denouncing the towns where he'd done most of his miracles, because they hadn't repented. Li te kòmanse repwoche vil kote pi fò mirak yo te fèt yo, paske yo pa t repanti.
21 "Woe to you, Chorazin! Woe to you, Bethsaida! For if the miracles done in you had been done in Tyre and Sidon, they'd have turned back long ago in mourning clothes and ashes. Malè a ou menm, Chorazin! Malè a ou menm, Bethsaïda! Si mirak ki te fèt nan nou yo, te fèt nan Tyr ak Sidon, yo t ap gen tan repanti lontan avèk rad sak ak sann.
22 But I tell you: judgment day will be more bearable for Tyre and Sidon than for you. Malgre sa Mwen di nou, l ap pi tolerab pou Tir ak Sidon nan jou jijman an pase pou nou menm.
23 And you, Capernaum—will you be lifted to heaven? You'll be brought down to the grave. If the miracles done in you had been done in Sodom, it would still stand today. Epi nou menm, Capernaüm; nou p ap monte nan syèl la! Nou konnen sa? Nou ap desann nan Lanfè. Paske si mirak ki te fèt nan nou yo, te fèt nan Sodome; yo ta toujou la jodi a.
24 But I tell you: Sodom's land will fare better on judgment day than you." Malgre sa, Mwen di nou ke li va pi tolerab pou peyi Sodome nan jou jijman an pase pou nou menm.
25 At that time Jesus said, "I praise you, Father, Sovereign of heaven and earth, for hiding this from the wise and discerning, and revealing it to infants. Nan lè sa a, Jésus te reponn. Li te di: “Mwen bay Ou glwa, O Papa, Senyè syèl la ak tè a, ke Ou kache bagay sa yo pou saj avèk entèlijan yo pa wè, e Ou te montre yo menm a zanfan yo.
26 Yes, Father, for this pleased you. Wi Papa, konsa sa te fè plezi nan zye Ou.
27 Everything was entrusted to me by my Father. Only the Father knows the Son, only the Son knows the Father, and anyone the Son chooses to reveal the Father to. Papa M fin lonje ban Mwen tout bagay. Pèsòn pa konnen Fis la, sof Papa a; ni pèsòn pa konnen Papa a, sof ke Fis La, ak nenpòt moun ke Fis La vle revele Li menm.
28 "Come to me, all you who are weary and burdened, and I will give you rest. “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo.
29 Put my yoke on you and learn from me, since I'm gentle and humble in heart, and you'll find rest for your souls. Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou.
30 For my yoke is easy, and my burden is light." Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]