Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Matthew 10 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Jesus called his twelve disciples and gave them authority over unclean spirits, to drive them out and heal every disease and every sickness. Jésus te rele douz disip li yo. Li te bay yo pouvwa sou move lespri yo, pou chase yo deyò, e pou geri tout kalite enfimite avèk maladi.
2 The twelve apostles' names: first, Simon called Peter, and Andrew his brother; James son of Zebedee, and John his brother; Alò, non a douz apot yo te konsa: Premye a, Simon, ke yo rele Pierre, André, frè li, Jacques, fis a Zébédée, Jean, frè li,
3 Philip and Bartholomew; Thomas and Matthew the tax collector; James son of Alphaeus and Thaddaeus; Philippe ak Barthélèmy; Thomas ak Matthieu ki te kolektè kontribisyon an, Jacques, fis Alphée a, ak Thaddée;
4 Simon the Zealot and Judas Iscariot, who also betrayed him. Simon, Zelòt la ak Judas Iscariot, sila ki te trayi Jésus a.
5 Jesus sent these twelve, instructing them: "Do not go to Gentile regions or enter a Samaritan town. Douz sila yo Jésus te voye lè Li te fin enstwi yo konsa: “Pa antre nan chemen payen yo, ni pa antre nan okenn vil ki pou Samariten yo,
6 Go rather to the lost sheep of the house of Israel. Men pito ale vè mouton ki pèdi lakay Israël yo.
7 As you go, proclaim this message: 'The kingdom of our Father has come near.' Pandan n ap prale, preche epi di: ‘Wayòm syèl la prèt pou rive.’
8 Heal the sick, raise the dead, cleanse those with leprosy, drive out demons. Freely you received; freely give. Geri malad yo, leve mò yo, pirifye lepre yo, chase move lespri yo. Nou te resevwa gratis, nou mèt bay gratis.
9 Do not take any gold or silver or copper in your belts. Nou pa pou pran ni lò, ni lajan ni kwiv pou mete nan bous senti nou,
10 No travel bag, no second shirt, no sandals, no staff—the worker deserves his food. Ni yon sak pou vwayaj nou, pa menm de chemiz, ni sapat, ni baton; paske yon ouvriye merite soutyen li.
11 Whatever town or village you enter, find out who is worthy there, and stay there until you leave. “Nan nenpòt vil oubyen bouk ke nou antre, mande kilès ki gen merit nan li, epi ak li pou nou rete jis lè nou kite vil sa a.
12 As you enter the home, greet it. Pandan n ap antre nan kay la, bay li salitasyon nou.
13 If the home is worthy, let your peace rest on it; if not, let it return to you. Epi si kay la gen merit, ke benediksyon lapè nou rete sou li, men si li pa gen merit, ke benediksyon lapè nou retounen sou nou.
14 If anyone won't welcome you or hear your words, shake the dust off your feet as you leave that house or town. Nenpòt moun ki pa resevwa nou, ni pa okipe pawòl nou, lè nou kite kay sa a, oubyen vil sa a, souke pye nou pou pousyè li pa rete.
15 Truly I tell you: Sodom and Gomorrah will fare better on judgment day than that town. Anverite Mwen di nou, l ap pi tolerab pou peyi Sodome ak Gomorrhe nan jou jijman an pase vil sa a.”
16 Look, I send you out as sheep among wolves; so be as shrewd as serpents, as innocent as doves. Veye byen, Mwen voye nou tankou mouton nan mitan lou. Konsa, se pou nou saj kon sèpan, men inosan kon toutrèl.
17 Beware of people; they will hand you over to councils and whip you in their synagogues. Men veye lèzòm, y ap livre nou devan tribinal yo, e y ap bat nou ak fwèt nan sinagòg yo.
18 For my sake you'll be brought before governors and kings, as testimony to them and the Gentiles. Konsa, y ap menm fè nou vini devan ofisye ak wa yo pou non Mwen, kon yon temwayaj de yo menm ak lòt nasyon yo.
19 But when they hand you over, don't worry about what to say or how—for what to say will be given you at that time, Men lè yo livre nou nan men yo, pa enkyete pou sa n ap di; paske nou va resevwa nan lè sa, sa nou gen pou nou pale.
20 for it will not be you speaking, but the Spirit of your Father speaking through you. Paske se pa nou menm k ap pale, men se Lespri Papa nou an k ap pale nan nou.
21 Brother will betray brother to death, father his child; children will rise against their parents and have them killed. Frè va livre frè l a lanmò, e papa va livre Pitit li. Zanfan yo ap leve kont paran yo e fè mete yo a lanmò.
22 Everyone will hate you because of my name, but whoever holds out to the end will be saved. Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen, men sila ki reziste jiska lafen an ap sove.
23 When persecuted in one town, flee to the next. I tell you truly: you won't finish Israel's towns before the Son of Man comes. Men nenpòt lè ke yo pèsekite nou nan yon vil, sove ale nan yon lòt. Paske anverite Mwen di nou, nou p ap gen tan fin pase nan tout vil Israël yo, pou lè Fis a Lòm nan vini.
24 The student is not above the teacher, nor the servant above his master. Yon disip pa pi wo pase enstriktè li, ni yon esklav pase mèt li.
25 It's enough for the student to become like the teacher, and the servant like the master. If they call the head of the house Beelzebul, how much more his household! Se kont pou yon disip pou li vini menm jan avèk enstriktè li, e yon esklav menm jan ak mèt li. Si yo rele mèt kay la Béelzébul, konbyen anplis pou yo kalomye manm kay li yo!
26 So do not be afraid of them. There is nothing concealed that will not be disclosed, or hidden that will not be made known. Pou sa, pa pè yo; paske pa gen anyen ki kouvri ki p ap dekouvri, e kache ki p ap revele.
27 What I tell you in the dark, say in daylight; what's whispered in your ear, proclaim from rooftops. Sa ke Mwen di nou nan tenèb, pale li nan plen limyè, e sa ke nou tande yo chikote nan zòrèy nou, pwoklame li sou twati kay la.
28 Don't fear those who kill the body but not the soul; instead fear the One able to destroy both soul and body in hell. Epi pa pè sa ki kapab touye kò a men ki pa ka touye nanm nan. Men pito pè sila ki kapab detwi ni nanm nan, ni kò a nan lanfè.
29 Aren't two sparrows sold for a penny? Yet not one falls to the ground without your Father. Èske yo pa vann de zwazo pou yon santim? Malgre sa, pa gen youn nan yo k ap tonbe atè san ke Papa nou pa konnen.
30 And even the very hairs of your head are all numbered. Men menm chak ti grenn cheve nan tèt nou gen tan kontwole.
31 So do not be afraid; you are worth more than many sparrows. Konsa, nou pa bezwen pè. Nou gen bokou plis valè pase anpil zwazo.
32 Therefore, whoever acknowledges me before others, I will also acknowledge before my Father in heaven. Pou sa, tout moun ki konfese M devan lòm, Mwen menm osi, M ap konfese l devan Papa m ki nan syèl la.
33 But whoever denies me before others, I'll deny before my Father in heaven. Men nenpòt moun ki renye m devan lòm, M ap renye l devan papa M ki nan syèl la.
34 Do not think I came to bring peace on earth; I came not to bring peace but a sword. Pa sipoze ke Mwen vini pou pote lapè sou latè. Mwen pa t vini pou pote lapè, men nepe.
35 For I came to pit a man against his father, a daughter against her mother, a daughter-in-law against her mother-in-law, Mwen te vini pou mete yon nonm kont papa li, yon fi kont manman li, e yon bèlfi kont bèlmè Li.
36 a man's enemies will be the members of his own household. Epi lènmi a yon nonm ap manm a pwòp kay li.
37 Whoever loves father or mother above me is unworthy of me; whoever loves son or daughter above me is unworthy of me. Sila ki renmen papa li oubyen manman li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen; e sila ki renmen fis li, oubyen fi li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen.
38 Whoever does not take up his cross and follow me is not worthy of me. Epi sila ki pa pran kwa li pou swiv Mwen, li pa merite Mwen.
39 Whoever finds his life loses it, and whoever loses his life for my sake finds it. Sila k ap konsève lavi li, li va pèdi li; men sila ki pèdi vi li pou Mwen, l ap twouve li.
40 Whoever welcomes you welcomes me, and whoever welcomes me welcomes the One who sent me. Sila ki resevwa nou menm, resevwa M; e si la ki resevwa Mwen, resevwa Sila ki te voye Mwen an.
41 Whoever welcomes a prophet as a prophet gets a prophet's reward, and whoever welcomes a righteous person as a righteous person gets a righteous person's reward. Sila ki resevwa yon pwofèt nan non a yon pwofèt ap resevwa rekonpans a yon pwofèt. Epi li ki resevwa yon nonm ladwati nan non a yon nonm ladwati, va resevwa rekonpans la a yon nonm dwat.
42 And whoever gives just a cup of cold water to one of these little ones because he is my disciple, truly I tell you, will never lose his reward." Nenpòt moun ki nan non a yon disip, bay youn nan pitit sa yo menm yon tas dlo frèt pou bwe; anverite, Mwen di nou li pa p pèdi rekonpans li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]