Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Matthew 9 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Jesus stepped into a boat, crossed over, and came to his own town. Jésus te antre nan yon kannòt pou travèse dlo a, e te vin rive nan pwòp vil Li a.
2 Some brought him a paralyzed man lying on a mat. Seeing their faith, Jesus told the paralyzed man, "Take heart, son; your sins are forgiven." Epi konsa, yo te pote bay Li yon moun paralize ki kouche sou yon kabann. Lè Jésus te wè lafwa yo, Li te di a moun paralize a: “Pran kouraj fis Mwen, peche ou yo padone.”
3 At this, some of the teachers of the law said to themselves, "This man is blaspheming." Kèk nan skrib yo te reflechi nan kè yo: “Moun sa a ap blasfeme.”
4 Knowing their thoughts, Jesus said, "Why do you harbor evil in your hearts? Men Jésus te konnen panse yo e Li te di: “Poukisa nou ap reflechi mal nan kè nou?
5 Which is easier: to say, 'Your sins are forgiven,' or to say, 'Get up and walk'? Kisa ki pi fasil pou di: ‘Peche ou yo padone’, oubyen ‘leve mache’?
6 But so you know the Son of Man has authority on earth to forgive sins"—then he told the paralyzed man, "Get up, take your mat, and go home." Men pou nou kapab konprann ke Fis a lòm nan gen otorite sou latè pou padone peche”, Li te di a paralitik la: “Leve, pran kabann ou e ale lakay ou!”
7 And the man got up and went home. Epi konsa, Li te leve ale lakay li.
8 Seeing this, the crowds were awed and praised our Father, who gave people such authority. Lè foul la te wè sa, yo te etonnen, e yo te bay glwa a Bondye ki te bay otorite konsa a lèzòm.
9 Moving on from there, Jesus saw a man named Matthew sitting at the tax booth. "Follow me," he said. Matthew got up and followed him. Lè Jésus te kite kote sa a, Li te wè yon nonm yo rele Matthieu ki te chita nan biwo kontribisyon an. Li te di l: “Swiv Mwen!” Epi li te leve e te swiv Li.
10 As Jesus ate in Matthew's house, many tax collectors and sinners joined him and his disciples at the table. Li vin rive pandan Li te sou tab nan kay la, ke anpil ouvriye travay Kontribisyon an, avèk anpil pechè t ap manje avèk Jésus ak disip Li yo.
11 Seeing this, the Pharisees asked his disciples, "Why does your teacher eat with tax collectors and sinners?" Lè Farizyen yo te wè sa, yo te di a disip Li yo: “Poukisa Mèt nou ap manje avèk moun kontribisyon ak pechè sa yo?”
12 On hearing this, Jesus said, "It is not the healthy who need a doctor, but the sick. Men, lè Jésus tande sa, Li te di: “Se pa sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo.
13 But go and learn what this means: 'I want mercy, not sacrifice.' For I didn't come to call the righteous, but sinners." Men ale konprann kisa sa vle di: ‘Mwen dezire mizerikòd, pa sakrifis’, paske mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo.”
14 Then John's disciples came, asking him, "Why do we and the Pharisees fast often, but your disciples don't?" Aprè sa, disip a Jean yo te vini mande L: “Poukisa nou menm avèk Farizyen yo fè jèn, men disip Ou yo pa fè l?”
15 Jesus replied, "Can the groom's friends mourn while he's with them? But days are coming when the groom is taken from them—then they'll fast. Jésus di yo konsa: “Èske moun k ap fete avèk mesye maryaj la kapab tris pandan mesye a toujou la? Men jou yo ap vini lè mesye a p ap la ankò e nan tan sa a, yo va fè jèn.
16 No one sews an unshrunk patch on an old garment; the patch pulls away from it, leaving a worse tear. Men pèsòn pa pyese yon vye rad avèk yon twal nèf dekwa ke twal nèf la pa vin chire lè l ap ratresi pou chire rad la pi mal.
17 People don't pour new wine into old wineskins; otherwise the skins burst, the wine spills, and they're ruined. Instead, new wine goes into new wineskins, so both are kept." Ni moun pa mete diven nèf nan po kwi ansyen, sinon po a ap fann, diven an va tonbe, e ansyen po a va gate. Men yo mete diven nèf nan po nèf pou tou de kapab konsève.”
18 While he spoke, a synagogue leader came, knelt before him, and said, "My daughter just died. But come, lay your hand on her, and she will live." Pandan Li t ap pale konsa avèk yo, yon ofisye sinagòg la te vin bese devan Li e te di L: “Fi mwen an apèn fin mouri, men si ou vin mete men ou sou li, l ap viv.”
19 Jesus got up and went with him, and so did his disciples. Jésus te leve e te swiv li ansanm avèk tout disip Li yo.
20 Just then a woman bleeding twelve years came up behind and touched his cloak's edge. Konsa, yon fanm ki te soufri yon maladi pèt de san depi douz ane te parèt pa dèyè Li, e te touche rebò vètman Li;
21 She kept saying to herself, "If I only touch his cloak, I will be healed." paske li t ap di nan tèt li: “Si sèlman mwen kapab touche rebò vètman Li, m ap geri.”
22 Jesus turned, saw her. "Courage, daughter," he said, "your faith has healed you." The woman was healed at that moment. Men Jésus te vire wè li e te di li: “Fi mwen, pran kouraj, fwa ou gen tan fè ou geri.” Lapoula, fanm nan te gen tan geri.
23 When Jesus entered the synagogue leader's house and saw the flute players and the noisy crowd, Konsa, lè Jésus te rive lakay ofisye a, Li te wè moun ki t ap jwe flit avèk yon foul ki t ap fè anpil bwi avèk dezòd.
24 he said, "Go away. The girl is not dead but asleep." But they laughed at him. Li te di: “Fè yon ti deplase; fi a pa mouri, men se dòmi, l ap dòmi.” Epi yo te kòmanse ri sou Li.
25 When the crowd was sent out, he went in, took her hand, and the girl got up. Men lè foul la te soti deyò, Li te antre, pran men li, e fi a te vin leve.
26 News of this spread through all that region. Nouvèl sa a te kouri toupatou nan peyi a.
27 As Jesus left there, two blind men followed, shouting, "Have mercy on us, Son of David!" Lè Jésus te rive pi lwen, de moun avèg t ap swiv Li. Konsa, yo t ap kriye: “Fè nou gras Fis a David la!”
28 Entering the house, the blind men came to him. He asked, "Do you believe I am able to do this?" "Yes, Lord," they said. Lè L te fin antre nan kay la, yo te vin kote L. Li te mande yo: “Èske nou kwè ke Mwen kapab fè sa?” Yo te reponn Li: “Wi, Senyè”.
29 Then he touched their eyes and said, "Let it be done to you according to your faith". Li te touche zye yo e te di: “Ke sa fèt selon lafwa nou.”
30 Their eyes opened. Jesus warned them sternly, "See that no one knows about this." Epi zye yo te vin louvri. Jésus te pale ak yo sevèman: “Gade byen, pa kite pèsòn konnen bagay sa a.”
31 But they went out and spread the news about him all over that region. Men yo te ale deyò e te gaye nouvèl la toupatou nan peyi a.
32 As they went out, a mute, demon-possessed man was brought to Jesus. E pandan yo t ap soti deyò, konsa, yo te pote bay Li yon moun bèbè avèk yon move lespri.
33 Once the demon was driven out, the mute man spoke. The crowds were amazed and said, "Nothing like this has ever appeared in Israel." Lè Li fin jete move lespri a, bèbè a vin pale. Tout foul la te byen etone. Yo te di: “Nou pa janm wè anyen parèy a sa an Israël.”
34 But the Pharisees said, "He drives out demons by the prince of demons." Men Farizyen yo t ap di: “Li chase move lespri yo pa pouvwa a mèt move lespri yo.”
35 Jesus traveled every town and village, teaching in their synagogues, announcing the good news of our Father's kingdom, and healing every disease and sickness. Jésus t ap prale toupatou nan tout vil ak tout bouk yo. Li t ap enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap geri tout kalite maladi ak pwoblèm fizik.
36 Seeing the crowds, he felt compassion for them, because they were troubled and helpless, like sheep without a shepherd. Epi lè Li wè tout foul moun yo, Li te gen konpasyon pou yo, paske yo te dezole e dekouraje tankou mouton ki san gadò.
37 Then he said to his disciples, "The harvest is plentiful but the workers are few. Konsa Li di a disip Li yo: “Rekòlt la anpil, men ouvriye yo manke.
38 So ask the Father of the harvest to send out workers into his harvest field." Pou sa, sipliye Senyè rekòlt la pou voye ouvriye nan rekòlt Li a.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]