Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Matthew 8 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When he came down from the mountain, great crowds followed him. Lè Jésus te fin desann mòn nan, yon gran foul te swiv Li.
2 A man with leprosy approached, knelt before him, saying, "Lord, if you're willing, you can make me clean." Epi yon moun lalèp te vin kote L, te bese devan Li. Li te di: “Senyè, si se volonte Ou, Ou kapab fè m vin pwòp”.
3 Jesus reached out his hand and touched him: "I am willing; be clean." His leprosy vanished at once. Jésus te lonje men Li e te touche l. Li te di l: “Se volonte Mwen; vin pwòp.” Imedyatman lèp la te vin pwòp.
4 Jesus told him, "Tell no one, but go show yourself to the priest and offer the gift Moses commanded, as testimony to them." Jésus te di li: “Gade pou ou pa di pèsòn sa, men ale prezante ou devan prèt la, epi bay yo ofrann lan ke Moïse te mande a kon yon temwayaj a yo menm.”
5 When he entered Capernaum, a centurion came to him, appealing to him, Lè Jésus te fin antre Capernaüm, yon chèf sentiwon Women te vin sipliye Li:
6 and saying, "Lord, my servant is lying at home paralyzed, suffering terribly." “Senyè, sèvitè mwen an kouche paralize lakay mwen. L ap soufri anpil.”
7 He said to him, "I will come and heal him." Jésus Li te di li: “M ap vin geri li.”
8 The centurion replied, "Lord, I'm not worthy for you to come under my roof; just say the word, and my servant will be healed. Men sentiwon an te reponn Li: “Senyè, mwen pa dign pou Ou pase anba twati kay mwen, men sèlman di yon mo, e sèvitè mwen an va geri.
9 For I too am a man under authority, with soldiers under me. I tell one, 'Go,' and he goes; another, 'Come,' and he comes; my servant, 'Do this,' and he does it." Paske mwen menm tou se yon moun anba otorite, avèk sòlda anba mwen. Mwen di a youn ‘ale’, li ale, e a yon lòt ‘vini’, e li vini, epi a esklav mwen ‘Fè sa’ e li fè l.”
10 Hearing this, Jesus was amazed and told his followers, "Truly, I tell you, I have found no one in Israel with such faith. Lè Jésus te tande sa, Li te etone e te di a sila ki t ap swiv Li yo: “Anverite, Mwen di nou, Mwen pa twouve lafwa konsa nan okenn moun an Israël.
11 I tell you, many will come from east and west and sit at the table with Abraham, Isaac, and Jacob in our Father's kingdom, Konsa, Mwen di nou ke anpil moun va vin soti nan lès ak lwès pou chita sou tab avèk Abraham, Isaac ak Jacob nan wayòm syèl la;
12 but the kingdom's sons will be thrown into the outer darkness, where there will be weeping and grinding of teeth." men fis yo a wayòm lan ap jete deyò nan fon tenèb. E nan plas sa a, yo va rele anmwey e yo va manje dan yo.”
13 Jesus told the centurion, "Go, let it be done for you as you believed." His servant was healed that hour. Jésus te di a sentiwon an: “Ou mèt ale. Ke sa fèt pou ou jan ou kwè a.” Konsa, sèvitè li a te geri nan menm lè sa a.
14 When Jesus entered Peter's house, he saw Peter's mother-in-law lying in bed with a fever. Lè Jésus te antre lakay Pierre, Li te wè bèlmè li kouche malad sou kabann li avèk lafyèv.
15 He touched her hand; the fever left her, and she rose and served him. Lè Li fin touche men li, lafyèv la te kite l. Konsa, li te leve pou sèvi Li.
16 That evening they brought him many oppressed by demons; he expelled the spirits with a word and healed everyone sick. Lè fènwa te vin rive, yo te pote bay Li anpil moun ki te gen move lespri. Li te jete move lespri sa yo deyò avèk yon mo, e te geri tout malad yo.
17 This fulfilled the prophet Isaiah's words: "He took our weaknesses and carried our diseases." Sa te fèt pou akonpli sa ke pwofèt Ésaïe te pale lè li te di: “Li menm te pran tout enfimite nou yo, e pote tout maladi nou yo.”
18 When Jesus saw a crowd around him, he ordered them to cross to the other side. Lè Jésus te wè yon foul t ap antoure l, Li te pase lòd pou pati ale lòtbò lanmè a.
19 And a scribe came up and said to him, "Teacher, I will follow you wherever you go." Yon sèten skrib te parèt. Li te di L: “Mèt, m ap swiv ou nenpòt kote ou ale.”
20 Jesus told him, "Foxes have dens and birds of the sky have nests, but the Son of Man has nowhere to lay his head." Jésus te di li: “Rena yo gen twou pou yo kache, e zwazo anlè yo gen nich pa yo, men Fis a Lòm nan pa gen kote pou repoze tèt Li.”
21 Another of the disciples said to him, "Lord, let me first go and bury my father." Yon lòt nan disip Li yo te di Li: “Senyè, kite mwen premyèman ale antere papa m.”
22 But Jesus said to him, "Follow me, and leave the dead to bury their own dead." Men Jésus te di li: “Swiv Mwen. Kite mò yo antere mò parèy yo.”
23 When he got into the boat, his disciples followed him. Lè L fin antre nan kannòt la, disip Li yo te swiv Li.
24 Suddenly a great storm arose on the sea, so waves covered the boat—but he was asleep. Epi konsa, te vin leve yon gwo tanpèt sou lanmè a, ki te fè vag lanmè yo kouvri kannòt la; men Jésus, Li menm, t ap dòmi.
25 So they woke him: "Lord, save us! We're dying!" Disip Li yo te vin fè L leve. Yo te di L: “Senyè, sove nou! N ap peri!”
26 He said to them, "Why are you afraid, you of little faith?" Then he stood and rebuked the winds and sea, and a great calm followed. Li te reponn yo: “Poukisa nou pè konsa, moun ak ti lafwa piti?” Konsa Li te leve. Li te reprimande van an avèk lanmè a, e tan an te vin kalm nèt.
27 The men were amazed: "What kind of man is this—even winds and sea obey him?" Moun yo te etone. Yo te di: “Ki kalite moun sa a ye, ke menm van avèk lanmè obeyi Li?”
28 Crossing to the other side, to the region of the Gadarenes, two demon-possessed men came out of the tombs to meet him, so violent no one could pass that way. Lè li te rive lòtbò nan peyi Gadarenyen yo, de moun ki te gen move lespri te rankontre li pandan yo t ap soti nan tonm yo. Yo te tèlman vyolan ke pèsòn pa t kapab pase nan chemen sa a.
29 They shouted, "What do you want with us, Son of God? Have you come here to torment us before the time?" Epi yo te kriye e te di: “Kisa nou gen avè W, Fis Bondye a? Èske Ou vini la pou toumante nou avan lè a?”
30 Now a herd of many pigs was feeding at some distance from them. A yon distans, te gen yon bann kochon ki t ap manje.
31 And the demons begged him, "If you cast us out, send us into the herd of pigs." Epi lespri yo te kòmanse sipliye Li konsa: “Si ou ap mete nou deyò, voye nou nan bann kochon sa yo.”
32 He told them, "Go." They came out and entered the pigs, and the whole herd rushed down the cliff into the sea and died in the waters. Li te di yo: “Ale!” Yo te pati e te ale nan kochon yo. Lapoula, tout bann kochon yo te kouri desann falèz la, tonbe nan lanmè, pou mouri nan dlo a.
33 The herdsmen fled into the city and reported everything, including what had happened to the demon-possessed men. Gadyen yo te kouri ale antre nan vil la kote yo te fè rapò tout bagay sa yo, ansanm avèk sa ki te rive moun move lespri yo.
34 The whole city came out to meet Jesus; seeing him, they begged him to leave their region. Konsa, tout vil la te soti pou rankontre Jésus. Lè yo te wè L, yo te sipliye Li pou kite peyi yo a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]