Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Matthew 7 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "Do not judge, so that you may not be judged. “Pa jije pou nou menm pa vin jije.
2 For you'll be judged by the judgment you use, and measured by the measure you give. Paske menm jan ke nou jije a, nou menm tou, nou va vin jije; pa menm mezi ke nou sèvi a, yo va mezire bay nou.
3 Why look at the speck in your brother's eye but miss the log in your own? E poukisa nou gade ti kras poud ki nan zye frè nou an, men nou pa wè gwo bout bwa ki nan zye pa nou an?
4 Or how can you tell your brother, 'Let me remove the speck from your eye,' when a log is in yours? O kijan nou kapab di frè nou an: ‘Kite m retire ti kras sa a ki nan zye ou a’, epi gade, gwo bout bwa nan zye w?
5 Hypocrite, first remove the log from your own eye; then you'll see clearly to remove the speck from your brother's eye. Ipokrit! Premyeman, retire gwo bout bwa nan zye ou a, e konsa w ap kapab wè byen klè pou retire ti kras ki nan zye frè ou a.
6 "Don't give dogs what is holy, or throw your pearls before pigs—they'll trample them underfoot, then turn and tear you apart. “Pa bay sa ki sen a chen yo; ni pa jete pèl nou yo devan kochon yo, sinon yo va foule yo anba pye epi vire pou chire nou an mòso.
7 "Ask, and you'll receive it; seek, and you'll find; knock, and it'll open for you. “Mande, e nou va resevwa. Chache, e nou va twouve. Frape nan pòt la, e l ap louvri.
8 For everyone who asks receives, whoever seeks finds, and whoever knocks, it will be opened. Paske tout moun ki mande ap resevwa. E sila ki chèche yo va twouve. E a sila ki frape yo, pòt la va louvri.
9 Or what person among you, if his son asks him for bread, will give him a stone? O ki moun pami nou lè Pitit li mande yon moso pen, l ap bay li yon wòch?
10 Or if he asks for a fish, will give him a snake? O si li mande yon pwason, èske l ap bay li yon koulèv?
11 So if you, being evil, know how to give your children good gifts, how much more will your Father in heaven give good things to those who ask him? Si nou menm ki mechan, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis, Papa nou ki nan syèl la ap bay sa ki bon a sila ki mande Li yo.
12 "So in everything, treat people the way you want them to treat you; for this is the Law and the Prophets. Pou sa, menm jan ke nou vle moun aji avèk nou, fè yo menm bagay la, paske sa se Lalwa, ak Pwofèt yo.
13 "Enter through the narrow gate, for the gate is wide, the road broad, leading to destruction, and many enter through it. “Antre pa pòt etwat la; paske pòt laj la, e chemen byen gwo ki mennen nan destriksyon an. Gen anpil moun k ap antre pa li menm.
14 But the gate is narrow, the road narrow, that leads to life; few find it. Paske pòt etwat la, e chemen piti ki mennen a lavi a. Ni pa gen anpil moun k ap twouve l.
15 "Beware false prophets: they come to you in sheep's clothing but are ravenous wolves inside. “Veye nou ak fo pwofèt yo, ki vin kote nou ak vètman brebi; men anndan se lou visye yo ye.
16 By their fruit you will recognize them. Are grapes gathered from thornbushes, or figs from thistles? Nou ap konnen yo pa fwi yo. Rezen pa janm soti nan raje pikan, ni fig frans nan move zèb.
17 In the same way, every good tree bears good fruit, but the bad tree bears bad fruit. Menm jan an, chak bon ab ap bay bon fwi, men yon move ab ap bay move fwi.
18 A good tree cannot bear bad fruit, nor can a bad tree bear good fruit. Yon bon ab p ap kapab bay move fwi, ni yon move ab p ap pwodwi bon fwi.
19 Every tree that does not bear good fruit is cut down and thrown into the fire. Chak ab ki pa bay bon fwi ap koupe jete nan lanfè.
20 So then, by their fruit you will recognize them. Konsa, nou ap konnen yo pa fwi yo.
21 "Not everyone who says to me, 'Lord, Lord,' will enter the kingdom of our Father, but the one who does the will of my Father in heaven. “Se pa tout moun ki rele ‘Senyè, Senyè’ k ap antre nan wayòm syèl la, men sila yo ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la.
22 Many will say to me on that day, 'Lord, Lord, didn't we prophesy in your name, drive out demons in your name, do many miracles in your name?' Anpil ap di Mwen nan jou sa: ‘Senyè, Senyè, èske nou pa t pwofetize nan non Ou? Èske nan non Ou, nou pa t chase move lespri yo e nan non Ou, nou pa t fè anpil mirak?’
23 Then I will tell them plainly: 'I never knew you; get away from me, you lawbreakers.' Konsa, nan moman sa a, M ap deklare: ‘Mwen pa t janm konnen nou. Kite Mwen, nou tout ki pratike lenjistis.’
24 "So anyone who hears these words of mine and does them will be like a wise man whose house was built on the rock. “Pou sa, tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen bay yo, e ki aji sou yo, y ap tankou yon nonm saj ki bati kay li sou wòch.
25 Rain fell, floods came, winds blew and beat against that house, but it didn't fall, because it was founded on rock. Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la, men li pa t tonbe paske fondasyon li te sou wòch.
26 And everyone who hears these words of mine and doesn't do them is like a foolish man who built his house on sand. Tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen pale yo, e ki pa aji sou yo, y ap tankou yon moun sòt. Li te bati kay li sou sab.
27 The rain fell, floods came, winds blew and hit that house, and it fell—and its fall was great." Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la. Li te tonbe, e tonbe sa a te byen gwo.”
28 When Jesus had finished saying these words, the crowds were astonished at his teaching, Lè Jésus te fin pale mo sa yo, foul la te byen etone pou jan Li te enstwi yo a.
29 because he was teaching them as one who had authority, and not as their scribes. Paske Li te enstwi yo tankou yon moun avèk otorite, e pa tankou skrib yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]