Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Matthew 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "Take care not to practice your righteousness before others to be seen by them, or you have no reward from your Father in heaven. “Veye pou nou pa pratike ladwati nou devan moun pou yo kapab wè nou. Si se konsa, nou p ap twouve okenn rekonpans nan men Papa nou ki nan syèl la.
2 So when you give to the needy, don't announce it with a trumpet, like the hypocrites do in synagogues and streets, to be praised by people. I assure you: they've already received their full reward. “Pou sa, lè nou ap bay lacharite, pa sonnen yon twonpèt devan nou tankou ipokrit yo konn fè nan sinagòg ak lari yo, pou yo kapab resevwa lonè a lòm. M ap di ou, yo gen tan resevwa tout rekonpans yo.
3 But when you give to the needy, don't let your left hand know what your right hand does, Men lè nou ap bay lacharite, pa kite men goch nou konnen kisa men dwat nou ap fè;
4 so that your gift stays secret. Your Father, who sees in secret, will repay you. ke lacharite nou kapab an sekrè, e Papa nou ki wè an sekrè a, ap bannou rekonpans.
5 "When you pray, don't be like hypocrites who love praying standing in synagogues and on street corners to be seen by others. Truly, I tell you: they've already received their full reward. “Lè nou ap fè lapriyè, pa fè l tankou ipokrit yo. Yo renmen kanpe pou fè lapriyè nan sinagòg yo ak nan kwen lari pou moun kapab wè yo. Anverite, Mwen di nou, yo gen tan twouve tout rekonpans yo.
6 But when you pray, go into your room, shut the door, and pray to your Father in secret. Your Father who sees in secret will reward you. “Men nou menm, lè nou ap priye, ale nan ti chanm andedan kay nou an, e fèmen pòt nou. Priye a Papa nou ki an sekrè a, e Papa nou ki wè an sekrè a ap bay nou rekonpans.
7 When you pray, don't babble like those who don't know the Father, because they think many words will get them heard. “Lè nou ap priye, pa itilize anpil mo vag, e san sans jan payen yo konn fè a; paske yo sipoze ke lapriyè yo ap tande akoz anpil mo.
8 Do not be like them, for your Father knows what you need before you ask him. Men pa fè tankou yo; paske Papa nou konnen kisa nou bezwen menm avan nou mande Li.
9 This, then, is how you should pray: 'Our Father in heaven, may your name be honored as holy, Pou tout sa, priye konsa: “‘Papa nou ki nan syèl la, ke non Ou kapab Sen.
10 your kingdom come, your will be done, on earth as it is in heaven. Ke Wayòm Ou kapab vini, ke volonte Ou kapab fèt sou latè menm jan ke li fèt nan syèl la.
11 Give us today our daily bread. Bay nou pou jou sa a pen ke nou bezwen an,
12 And forgive us our debts, as we also have forgiven our debtors. Epi padone nou ofans nou yo menm jan ke nou padone sila ki fè nou tò yo.
13 And lead us not into temptation, but deliver us from the evil one.' Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de mal. Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.’
14 "For if you forgive others their sins, your heavenly Father will also forgive you. “Paske si nou padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou ki nan syèl la va padone nou menm.
15 But if you do not forgive others their sins, neither will your Father forgive your sins. Men si nou pa padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou p ap padone ofans pa nou yo.
16 "When you fast, don't look gloomy like the hypocrites—they disfigure their faces to show others they're fasting. Truly, I tell you, they have their full reward. “Konsa, lè nou ap fè jèn, pa mete yon figi tris jan ipokrit yo konn fè a. Paske yo neglije aparans yo pou moun kapab wè ke y ap fè jèn. Anverite, yo deja twouve tout rekonpans pa yo.
17 But when you fast, put oil on your head and wash your face, “Men nou menm, lè nou ap fè jèn, onksyone tèt nou avèk lwil e lave figi nou,
18 so you don't appear to others as fasting, but only to your Father, who is hidden. Then your Father, who sees what's hidden, will reward you. pou moun pa wè ke nou ap fè jèn, men se Papa nou ki nan sekrè a k ap wè. Konsa, Papa nou ki wè nan sekrè a ap bannou rekonpans.
19 "Do not store up treasures for yourselves on earth, where moth and rust destroy, and thieves break in and steal. “Pa ranmase trezò nou isit la nan mond sa a kote ensèk avèk lawouj ap detwi yo, e kote vòlè kapab kase antre pou vòlè.
20 But store up treasures in heaven for yourselves, where neither moth nor rust destroys, and thieves can't break in and steal. Men pito nou ranmase pou nou trezò ki nan syèl la kote ensèk avèk lawouj p ap detwi yo, e kote vòlè p ap kase ni vòlè.
21 For where your treasure is, there your heart will be also. Paske kote trezò nou ye se la kè nou va ye tou.
22 "The eye is the body's lamp. If your eye is clear, your whole body will be full of light. “Lanp kò nou se zye nou. Konsa si zye nou klè, tout kò nou ap plen limyè.
23 But if your eye is bad, your whole body will be dark. If then the light in you is darkness, how great that darkness is! Men si zye nou pa bon, tout kò nou ap plen tenèb. “Konsa, si limyè ki nan nou an se tenèb, ki pwofondè tenèb sa a genyen!
24 "No one can serve two masters: he'll hate one and love the other, or hold to one and despise the other. You can't serve our Father and money. “Nanpwen moun ki kab sèvi de mèt; swa l ap rayi youn pou renmen lòt la, oswa l ap renmen youn pou meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak richès.
25 "So I tell you: don't worry about your life—what you'll eat or drink—or body—what you'll wear. Isn't life more than food, body more than clothes? “Pou rezon sa a, Mwen di nou pa enkyete nou pou lavi nou, kisa nou ap manje, ni sa nou ap bwè; ni pou kò nou, pou sa nou ap mete sou li. Èske lavi pa plis ke manje, e kò a plis ke rad nou mete sou li?
26 Look at the birds in the sky: they don't plant, harvest, or store in barns, yet your heavenly Father feeds them. Aren't you worth more than they? Gade zwazo ki anlè yo; yo pa simen, ni rekòlte, ni ranmase pou mete nan depo. Malgre sa, Papa yo bay yo manje. Èske nou pa vo bokou plis ke yo?
27 Can any of you by worrying add a single hour to your life? “Epi kilès nan nou ki avèk enkyetid kapab ogmante vi li menm yon ti kras?
28 And why worry about clothing? Consider the lilies of the field, how they grow: they don't work or spin. E poukisa nou enkyete pou zafè rad? “Gade flè lis ki nan chan yo; yo pa travay, ni fè twal;
29 Yet I tell you: not even Solomon, in all his glory, was dressed like one of these. men Mwen di nou ke menm Salomon nan tout glwa li pa t mete pi bèl rad pase youn nan yo.
30 If our Father clothes the field's grass like this—here today, thrown into the fire tomorrow—won't he much more clothe you, you of little faith? “Men si se konsa ke Bondye abiye zèb chan an, ki la jodi a, e demen ap jete nan dife, konbyen anplis L ap fè pou nou, o nou menm, moun ki manke lafwa!
31 "So don't worry, asking, 'What will we eat?' or 'What will we drink?' or 'What will we wear?' “Konsa, pa enkyete nou, pou di: ‘Kisa n ap manje?’ ni ‘Kisa n ap bwè?’ ni ‘Avèk kisa n ap abiye?’
32 For those who don't know the Father chase all these things, but your heavenly Father knows you need them. Paske se tout bagay sa yo ke tout payen yo cho pou chèche, men Papa nou ki nan syèl la konnen ke nou bezwen tout bagay sa yo.
33 But seek first our Father's kingdom and his righteousness, and all these will be added to you. Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.
34 So don't worry about tomorrow—it will worry about itself. Each day has enough trouble of its own." “Pou sa, pa enkyete nou pou demen, paske demen ap okipe tèt li. Chak jou gen kont pwoblèm li pou regle pou kont li.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]