Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Matthew 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Seeing the crowds, Jesus went up the mountain; when he sat down, his disciples came to him. Lè Jésus te wè foul la, Li te monte sou mòn nan. Lè Li fin chita, disip Li yo te vin kote L.
2 And he opened his mouth and began to teach them, saying: Li te louvri bouch Li e te kòmanse enstwi yo konsa:
3 "Blessed are the poor in spirit, for theirs is the kingdom of our Father. “Beni se sila yo ki malere an espri; paske wayòm syèl la se pou yo.
4 Blessed are those who mourn, for they will be comforted. Beni se sila yo ki soufri doulè akoz gwo pèt; yo va konsole.
5 Blessed are the meek, for they will inherit the earth. Beni se sila yo ki enb; yo va resevwa tout latè kòm eritaj.
6 Blessed are those who hunger and thirst for righteousness, for they will be satisfied. Beni se sila yo ki grangou avèk swaf pou ladwati; yo va satisfè.
7 Blessed are the merciful, for they will receive mercy. Beni se sila yo ki bay mizerikòd; yo va resevwa mizerikòd.
8 Blessed are the pure in heart, for they will see our Father. Beni se sila yo ki gen kè pwòp nèt; yo va wè Bondye.
9 Blessed are the peacemakers, for they will be called children of our Father. Beni se sila yo ki fè lapè; yo va rele yo fis Bondye.
10 Blessed are those who are persecuted for righteousness' sake, for theirs is the kingdom of our Father. Beni se sila yo ki te pèsekite pou ladwati; wayòm syèl la se pou yo.
11 "Blessed are you when people insult, persecute, and lie about every kind of evil against you because of me. “Beni se nou menm lè moun ensilte nou, pèsekite nou e pale san verite tout kalite mal kont nou pou koz a Non Mwen.
12 Rejoice and be glad, for your reward is great in heaven, for they persecuted the prophets before you the same way. Rejwi e fè kè nou kontan. Rekonpans nou nan syèl la gran; paske se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te avan nou yo.
13 "You are the salt of the earth. But if salt loses its taste, how can it be salted again? It's no longer good for anything but being thrown out and trampled by people. “Nou se sèl latè; men si sèl la pèdi gou li, kijan pou l fè l rekouvri gou sèl ankò? Li p ap bon ankò sof pou voye jete e pile anba pye moun.
14 "You are the light of the world. A city set on a hill cannot be hidden. “Nou se limyè lemonn; yon vil ki plase sou tèt yon mòn pa kapab kache.
15 No one lights a lamp and puts it under a basket, but sets it on a stand to light everyone in the house. Ni moun p ap limen yon lanp pou mete li anba yon panyen; men sou yon tab kote li va bay limyè pou tout sila yo ki nan kay la.
16 Likewise, let your light shine before people, so they see your good works and glorify your Father in heaven. Kite limyè nou an klere devan tout moun pou yo kapab wè bon zèv nou, e bay glwa a Papa nou ki nan syèl la.
17 "Don't think I came to abolish the Law or the Prophets—I didn't come to abolish them, but to fulfill them. “Pa panse ke Mwen te vini pou aboli Lalwa ak pwofèt yo. Mwen pa te vini pou aboli, men pou akonpli.
18 For truly I tell you: until heaven and earth pass, not one letter, not one stroke, will pass from the Law until everything is done. Paske vrèman Mwen di nou jiskaske syèl la avèk tè a disparèt, ni yon ti lèt, ni yon ti mak p ap disparèt nan Lalwa a, jiskaske tout bagay fin acheve.
19 So whoever breaks one of these least commands and teaches others the same will be called least in the kingdom of our Father; but whoever keeps and teaches them will be called great in the kingdom of our Father. Pou sa, nenpòt moun ki anile menm youn ki pi piti nan kòmandman sa yo, e bay enstriksyon a lòt pou fè sa, l ap rele pi piti nan wayòm syèl la. Men sila ki kenbe yo e enstwi lòt pou fè yo tou, li va rele pi gran nan wayòm syèl la.
20 For I tell you, unless you are more righteous than the scribes and Pharisees, you'll never enter the kingdom of our Father. Paske m ap di nou ke si ladwati nou pa depase sila a skrib avèk Farizyen yo, nou p ap janm antre nan wayòm syèl la.
21 "You've heard that it was said to those of old, 'Do not murder; whoever murders is subject to judgment.' Nou konn tande ke tout ansyen yo te di: ‘Nou pa pou touye moun’ e ‘Nenpòt moun ki touye moun ap rann kont devan tribinal’.
22 But I tell you: whoever is angry with his brother risks judgment. Whoever insults his brother risks the council, and whoever says, 'You fool!' risks fiery hell. Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki fache avèk frè li, ap koupab devan tribinal. Epi nenpòt moun ki di: ‘Raka’ (pou ryen) ap koupab devan tribinal pi wo a, epi sila ki di: ‘enbesil’ ap koupab pou l antre nan lanfè.
23 "So if you're offering your gift at the altar and recall there that your brother has something against you, “Pou sa, lè ou ap prezante ofrann ou sou lotèl la, e pandan ou la, ou sonje ke frè ou a gen yon bagay kont ou,
24 leave your gift there before the altar, go make peace with your brother first, then come offer your gift. kite ofrann ou an la devan lotèl a e ale fè wout ou. Premyeman, rekonsilye avèk frè ou, e apre vin prezante ofrann ou an.
25 Make peace with your accuser quickly, while still on the way with him, or he may hand you over to the judge, the judge to the officer, and you may be thrown into prison. “Fè zanmi depi nan wout avèk lènmi k ap mennen ou tribinal la, pou li pa livre ou devan jij la, e jij la va livre ou bay otorite pou jete ou nan prizon.
26 Truly I tell you, you will never get out until you have paid the last penny. Anverite Mwen di nou, nou p ap soti la jiskaske nou peye dènye santim nan.”
27 "You have heard that it was said, 'You shall not commit adultery.' “Nou konn tande ke yo te di: ‘Nou pa pou fè adiltè’;
28 But I tell you: everyone who looks at a woman lustfully has already committed adultery with her in his heart. men Mwen di nou ke nenpòt moun ki gade yon fanm avèk lanvi pou li, gen tan fè adiltè avèk li deja nan kè l.
29 If your right eye makes you stumble, tear it out and throw it away—better to lose one part of your body than have your whole body thrown into hell. “Konsa, si zye dwat ou fè ou tonbe, rache li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou pèdi yon manm nan kò ou, pase pou kite tout kò ou jete nan lanfè.
30 If your right hand makes you sin, cut it off and throw it away. Better to lose one part of you than have your whole body go into hell. Si men dwat ou fè ou tonbe, koupe li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou yon pati nan kò ou ta pèdi olye pou tout kò ou ta ale nan lanfè.”
31 "It was also said, 'Whoever divorces his wife must give her a certificate of divorce.' “Epi yo te konn di: ‘Nenpòt moun ki voye madanm li ale; kite li bay li yon sètifika divòs pou voye l ale.’
32 I tell you: whoever divorces his wife, except for sexual sin, makes her a victim of adultery; and whoever marries a divorced woman commits adultery. Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki voye madanm li ale, sof pou enfidelite, fè l komèt adiltè, e nenpòt moun ki marye avèk yon fanm divòse fè adiltè.
33 "Again, you've heard it was said to the ancients: 'Don't break your oath—fulfill it to our Father.' “Ankò, nou konn tande yo te di a lansyen yo: ‘Nou pa pou fè fo sèman, men nou gen pou akonpli tout sa ke nou sèmante a Bondye’.
34 But I tell you, do not swear an oath at all: neither by heaven, for it is our Father's throne, Men Mwen di nou: Pa sèmante menm, ni pa syèl la, paske se twòn Bondye li ye;
35 nor by the earth, for it's the footstool for his feet, nor by Jerusalem, for it's the city of the great King. ni pa tè a, paske se kote Li mete pye Li, ni pa Jérusalem, paske se Gran Vil a Gran Wa a.
36 And do not swear by your head, for you cannot make a single hair white or black. Ni nou pa pou sèmante sou tèt nou paske nou pa kapab fè menm yon grenn cheve vin blan, ni nwa.
37 Let your 'Yes' be 'Yes,' and your 'No,' 'No'; anything beyond this comes from the evil one. Men kite pawòl nou sèlman ‘wi’ pou ‘wi’ e ‘non’ pou ‘non’. Nenpòt bagay ki depase sa yo soti nan mèt mechanste a.
38 "You have heard that it was said, 'Eye for eye and tooth for tooth.' “Nou konn tande ke yo konn di: ‘Zye pou zye e dan pou dan’;
39 But I tell you: don't resist an evil person. If someone slaps your right cheek, turn the other cheek to him too. men Mwen di nou: Pa reziste a sila ki mechan an, men si nenpòt moun frape nou bò figi dwat nou, vire bay li lòt la tou.
40 If anyone wants to sue you and take your tunic, let him have your cloak too. Si nenpòt moun vle fè pwosè kont nou pou l pran chemiz nou, bay li palto a tou.
41 And if anyone forces you to go one mile, go with him two. Nenpòt moun ki fòse nou pou mache yon kilomèt avèk li, fè de kilomèt.
42 Give to whoever asks you, and don't turn away whoever wants to borrow from you. Bay a sila ki mande nou an, e pa vire do bay sila ki vle prete nan men nou an.
43 "You have heard that it was said, 'You will love your neighbor and hate your enemy.' “Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’
44 But I tell you, love your enemies and pray for those who persecute you, Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo,
45 so you may become children of your Father in heaven, because he makes his sun rise on evil and good and sends rain on just and unjust. pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.
46 If you love those who love you, what reward is that? Don't even tax collectors do the same? “Paske si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki rekonpans nou ka resevwa? Èske kolektè kontribisyon yo pa fè menm bagay la tou?
47 If you greet only your brothers, what more do you do than others? Don't even the Gentiles do that? Epi si nou salye frè nou yo sèlman, kisa nou fè plis ke lòt moun yo? Èske payen yo pa fè menm bagay la tou?
48 Be perfect, therefore, as your heavenly Father is perfect." Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]