Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Matthew 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then the Holy Spirit led Jesus into the wilderness to be tempted by the devil. Apre sa, Lespri Sen an te mennen Jésus nan savann nan pou L ta kapab tante pa Satan.
2 And after fasting forty days and forty nights, he was hungry. Lè Li te fin fè jèn karant jou avèk karant nwit lan, Li te grangou.
3 The tempter came and said, "If you're the Son of God, tell these stones to become bread." Konsa, Tantatè a te parèt, e te di Li: “Si Ou se Fis Bondye a, kòmande wòch sa yo vin pen.”
4 But he answered, "It is written, 'People do not live by bread alone, but by every word from our Father's mouth.'" Men Li te reponn li e te di l: “Sa ekri Lòm pa pou viv sèlman pa pen, men pa chak mo ki sòti nan bouch Bondye”.
5 Then the devil took him into the holy city, stood him on the temple's highest point, Apre sa, Satan te mennen Li antre nan vil sen, Jérusalem nan. Li te fè L kanpe sou pi wo pwent tanp lan.
6 and told him, "If you're God's Son, throw yourself down, since Scripture says, 'He will command his angels about you, and they will carry you on their hands, so you won't strike your foot on a stone.'" Konsa, li te di Li: “Si Ou menm se Fis Bondye a, jete kò Ou anba, paske sa ekri: ‘L ap bay zanj Li yo lòd de Ou menm, e ‘ak men yo, y ap bay Ou soutyen pou ke Ou pa ta menm frape pye Ou kont yon wòch’”.
7 Jesus said to him, "Again it is written, 'You must not put your Father to the test.'" Jésus te di l: “Anplis sa ekri: ‘Ou pa pou tante Senyè a, Bondye Ou a’”.
8 Again the devil took him to a very high mountain and showed him all the world's kingdoms and their glory. Ankò dyab la te mennen Li nan yon mòn wo e te montre Li tout wayòm nan mond lan, avèk tout glwa yo.
9 He said to him, "All these I will give you, if you bow down and worship me." Li te di Li: “Tout bagay sa yo, mwen va bay Ou yo si Ou pwostène pou adore mwen.”
10 Then Jesus told him, "Get away, Satan! For Scripture says, 'Worship your Father, and serve only him.'" Konsa, Jésus te di li: “Soti la Satan! Paske sa ekri: ‘Ou va adore Senyè a, Bondye ou a, e sèvi Li menm sèl’”.
11 Then the devil left him, and suddenly angels came and took care of him. Konsa, dyab la te kite Li, e lapoula, zanj yo te vini sèvi Li.
12 Now when he heard that John had been arrested, he withdrew into Galilee. Alò lè Jésus te tande ke Jean te arete, Li te retire kò li pou L antre Galilée.
13 He left Nazareth and settled in Capernaum, by the sea, in the territory of Zebulun and Naphtali, Lè Li kite Nazareth, Li te vin rete Capernanüm, toupre lanmè a, nan zòn Zabulon avèk Nephtali.
14 so that what was spoken by the prophet Isaiah might be fulfilled: Sa te fèt pou akonpli sa ke pwofèt Esaïe te pale lè li te di:
15 "The land of Zebulun and the land of Naphtali, the way of the sea, beyond the Jordan, Galilee of the Gentiles, “Peyi Zabulon ak peyi Nephtali, toupre lanmè a, lòtbò Jourdain an, Galilée ki pou payen yo”
16 the people dwelling in darkness have seen a great light, and for those dwelling in the region and shadow of death, on them a light has dawned." “Pèp la ki te chita nan tenèb la te wè yon gwo limyè; e sila yo ki te chita nan peyi lonbraj lanmò a, sou yo menm yon limyè te vin parèt.”
17 From that time Jesus began to preach, saying, "Repent, for the kingdom of our Father is near." Depi lè sa a, Jésus te kòmanse preche. Li te di:“Repanti, paske wayòm syèl la pwòch.”
18 Walking by the Sea of Galilee, he saw two brothers, Simon called Peter and his brother Andrew, casting a net into the sea—they were fishermen. Alò pandan Jésus t ap mache sou kote lanmè Galilée a, Li te wè de frè yo, Simon, ke yo rele Pierre, ak André, frè li. Yo t ap voye yon filè nan lanmè a, paske se moun lapèch yo te ye.
19 And he said to them, "Follow me, and I will make you fishers of people." Li te di yo: “Swiv Mwen e M ap fè nou vin fè lapèch moun.”
20 Immediately they left their nets and followed him. Lapoula, yo te kite filè yo pou yo te swiv Li.
21 Going on from there, he saw two more brothers—James son of Zebedee and John his brother—in the boat with their father Zebedee, mending nets, and called them. Lè Li te vin ale pi lwen, Li te wè de lòt frè, Jacques fis a Zébédé avèk Jean, frè li. Yo te nan kannòt la avèk Zébédé, papa yo. Yo t ap repare filè yo. Li te rele yo.
22 Immediately they left the boat and their father and followed him. Imedyatman, yo te kite kannòt la avèk papa yo pou yo te swiv Li.
23 He went all through Galilee, teaching in their synagogues, announcing the good news of the kingdom, and healing every disease and sickness among the people. Jésus t ap prale toupatou nan tout Galilée. Li t ap enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap fè gerizon tout kalite maladi pami pèp la.
24 News of him spread through all Syria. They brought him all who were sick—gripped by various diseases and pains, oppressed by demons, epileptic, paralyzed—and he healed them. Nouvèl Li te gaye toupatou nan peyi Syrie. Yo te pote bay Li tout sila ki te gen maladi avèk tout kalite doulè yo, sila ki te gen move lespri yo, sila ki te fè gwo kriz, ki te vin paralize yo, e Li te geri yo.
25 Large crowds followed him from Galilee, the Decapolis, Jerusalem, Judea, and beyond the Jordan. Gran foul la te swiv Li soti Galilée, Decapolis, Jérusalem avèk Judée e rive jis lòtbò Jourdain an.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]