Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Matthew 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In those days John the Baptist came, preaching in the wilderness of Judea, Alò, nan jou sa yo, Jean Baptiste te vin parèt. Li t ap preche nan gran savann Judée a, e li t ap di:
2 "Repent, for the kingdom of our Father has come near." “Repanti paske Wayòm Syèl la gen tan parèt.”
3 This is the one Isaiah the prophet spoke of, saying: "A voice calling out in the wilderness: Prepare the way of the Lord, make his paths straight." Paske sila a se de li menm ke pwofèt Esaïe te pale a lè l te di: “Men vwa a youn k ap kriye nan savann nan, Prepare chemen Bondye a! Fè chemen Li yo dwat”!
4 John wore clothes of camel hair, with a leather belt around his waist; his food was locusts and wild honey. Alò, Jean li menm te gen yon rad fèt avèk pwal chamo avèk yon sentiwon fèt an kwi nan senti li. Li te konn manje krikèt avèk siwo myèl sovaj.
5 Then Jerusalem and all Judea and all the region around the Jordan went out to him, Jérusalem avèk tout Judée t ap vin kote l, avèk tout zòn ozanviwon Jourdain an.
6 and they were baptized by him in the Jordan River, confessing their sins. Yo t ap batize pa li menm nan lariviyè Jourdain an pandan yo t ap konfese peche yo.
7 Seeing many Pharisees and Sadducees coming to be baptized, he said to them, "You brood of vipers! Who warned you to flee the coming wrath? Men lè li te wè anpil Farizyen avèk Sadiseyen ki t ap vini pou batèm nan, li te di yo: “Men yon bann vipè; kilès ki te di nou chape anba kòlè k ap vini an?
8 Bear fruit, then, worthy of repentance. Pou sa, pote yon fwi ki dign de repantans lan.
9 Don't presume to say to yourselves, 'Abraham is our father,' for I tell you: our Father can raise up children for Abraham from these stones. Pa sipoze ke nou kapab di pwòp tèt nou: ‘Nou gen Abraham kòm papa’. Paske m ap di nou ke Bondye kapab fè leve soti nan wòch sa yo, pitit Abraham yo.
10 The axe already lies at the root of the trees, so every tree not bearing good fruit is cut down and thrown into the fire. Rach la tou parèt nan rasin bwa yo; konsa, tout ab ki pa pote bon fwi va koupe pou jete nan lanfè.”
11 "I baptize you with water for repentance, but the one coming after me is stronger than I am—I'm not worthy to carry his sandals. He will baptize you with the Holy Spirit and fire. “Pou mwen menm, m ap batize nou avèk dlo pou repantans, men sila a k ap vini aprè mwen an pi fò pase m. Mwen pa menm dign pou m retire sandal Li yo. Li menm L ap batize nou avèk Lespri Sen an, epi avèk dife.
12 His winnowing fork is in his hand; he'll clear his threshing floor, gather his wheat into the barn, but burn the chaff with fire that never goes out." Fouch vannen an deja nan men Li. L ap netwaye glasi a nèt e mete tout ble yo nan depo, men L ap brile tout pay la avèk yon dife ki p ap kapab etenn.”
13 Then Jesus came from Galilee to the Jordan to John, to be baptized by him. Nan lè sa a, Jésus te rive soti Galilée toupre larivyè Jourdain an. Li te vin kote Jean pou L ta kapab batize.
14 But John tried to stop him: "I need baptism from you, yet you come to me?" Men Jean te eseye anpeche Li. Li te di: “Mwen bezwen batize pa Ou menm, men Ou vin kote mwen?”
15 Jesus replied to him, "Allow it now, for this is how we must fulfill all righteousness." So John allowed him. Men Jésus te reponn li. Li te di l: “Kite sa fèt nan moman sa a; paske se konsa li dwe fèt pou nou kapab akonpli tout ladwati.” Konsa li te kite sa fèt.
16 After Jesus was baptized, he came up out of the water at once, and suddenly the heavens opened to him; he saw the Spirit of our Father coming down like a dove and settling on him. Aprè Jésus te batize, Li te soti tou dwat nan dlo a, e lapoula syèl yo te vin louvri. Li te wè Lespri Bondye a desann kon yon toutrèl e vin poze sou Li.
17 Then a voice from heaven said, "This is my Son, the one I love; I delight in him." Epi yon vwa ki te soti nan syèl yo te di: “Sa se Fis byeneme Mwen an, e nan Li menm, Mwen pran plezi.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]