Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Matthew 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 After Jesus was born in Bethlehem, Judea, in the days of King Herod, magi from the east arrived in Jerusalem, Aprè Jésus te fin fèt Bethléem nan peyi Judée pandan Hérode te wa, konsa yon ekip mesye saj ki sòti nan lès te rive Jérusalem pou mande;
2 saying, "Where is the one born king of the Jews? For we saw his star in the east and have come to worship him." “Kote sila ki fèt Wa a Jwif yo a? Nou gen tan wè zetwal Li nan pati lès la, e nou vini pou adore Li.”
3 When Herod the king heard this, he was troubled, and all Jerusalem with him. Lè Hérode te tande sa, li te vin twouble, e tout Jérusalem avèk li.
4 He gathered all the people's chief priests and scribes, asking where the Christ was to be born. Li te rasanble tout chèf prèt yo avèk skrib a pèp la, e te kòmanse mande yo kote Kris la t ap fèt la.
5 They told him, "In Bethlehem of Judea, for this is what was written through the prophet: Yo te di li: “Nan Bethléem a Judée jan li te ekri pa pwofèt la”;
6 'Yet you, Bethlehem, in Judah's land, are certainly not the least among Judah's rulers; for from you a ruler will emerge who will shepherd Israel, my people.'" “E ou menm, Bethléem, peyi Judée, ou pa manke valè pami chèf Judée yo: paske yon Gran Chèf k ap sòti nan ou menm, Li va vin yon bèje pou pèp Mwen an, Israël”.
7 Then Herod secretly summoned the magi and learned from them the exact time the star had appeared. Konsa, Hérode te rele mesye saj yo an sekrè pou fè yon ankèt egzakt pou konnen kilè zetwal la te parèt la.
8 He sent them to Bethlehem, saying, "Go, search carefully for the child. When you find him, come back and tell me, so that I too may go and worship him." Li te voye yo Bethléem e li te di yo: “Ale Chèche pou twouve Pitit la, e lè nou jwenn li, voye di m sa, pou m ka ale adore Li tou.”
9 After hearing the king, they set out; the star they had seen in the east went ahead of them until it stopped over where the child was. Lè yo fin tande wa a, yo ale fè wout yo, e konsa zetwal la ke yo te wè nan lès la, te ale devan yo jiskaske li te vin kanpe kote menm ke Pitit la te ye a.
10 When they saw the star, they rejoiced with overwhelming joy. Lè yo te wè zetwal la, yo te rejwi anpil avèk anpil jwa.
11 Entering the house, they saw the child with Mary his mother, fell down and worshiped him. They opened their treasure boxes and gave him gifts: gold, frankincense, and myrrh. Yo te ale nan kay la e te wè Pitit la avèk Marie, manman Li. Yo te pwostène devan Li pou te adore L. Yo te ouvri trezò yo e te prezante L kòm kado, lò, lansan, ak lami.
12 Warned in a dream not to return to Herod, they went back to their own country by a different route. Men akoz ke yo te avèti nan yon rèv ke yo pa t dwe retounen kote Hérode, yo te ale nan peyi yo pa yon lòt wout.
13 After they left, an angel of our Father appeared to Joseph in a dream: "Get up, take the child and his mother, flee to Egypt, and stay until I tell you—Herod is about to search for the child to kill him." Lè yo fin pati, lapoula yon zanj Bondye te vin parèt a Joseph nan yon rèv. Li te di l: “Leve pran Pitit la avèk manman L epi kouri ale an Égypte. Rete la jiskaske mwen di ou, paske Hérode ap chèche Zanfan sila a pou l ka detwi L.”
14 And he got up and took the child and his mother by night and left for Egypt, Joseph te leve pran Pitit la avèk manman L pandan nwit lan pou te ale an Égypte.
15 and stayed there until Herod died, fulfilling what our Father said through the prophet: "Out of Egypt I called my son." Li te rete la jiskaske Hérode te mouri. Sa te fèt pou akonpli sa Senyè a te pale pa pwofèt la pou li ta kapab akonpli lè l te di: “Pou soti an Égypte, Mwen te rele Fis Mwen an”.
16 Then Herod, seeing the magi had outwitted him, grew furious and sent men to kill all boys two years old and under in Bethlehem and its whole region, matching the time he'd learned from the magi. Lè Hérode te vin wè ke li te twonpe pa mesye saj yo, li te vin anraje. Konsa, li te voye touye tout ti gason mwens ke de zan nan tout anviwon Bethléem nan, selon tan li te vin konprann pa mesye saj yo.
17 This fulfilled what was spoken through Jeremiah the prophet: Konsa, sa ki te pale pa pwofèt Jérémie an te vin akonpli lè l te di konsa:
18 "A voice was heard in Ramah, weeping and loud mourning, Rachel weeping for her children; she refused to be comforted, because they are no more." “Yon vwa te tande nan Rama; yo te kriye e fè gwo lamantasyon. Rachel ki t ap kriye pou Pitit li yo; li te refize konsole, paske yo pa t la ankò.”
19 But when Herod died, an angel of our Father appeared in a dream to Joseph in Egypt, Men lè Hérode te vin mouri, yon zanj te parèt an Égypte pou di Joseph nan yon rèv:
20 saying, "Get up, take the child and his mother, go to Israel's land, for those seeking the child's life are dead." “Leve, pran Pitit la avèk manman L pou ale nan peyi Israël, paske sila yo ki t ap chèche touye Pitit la gen tan mouri.”
21 So he got up, took the child and his mother, and went to Israel's land. Konsa Joseph te leve pran Pitit la avèk manman L, e te ale nan peyi Israël.
22 Hearing that Archelaus was ruling Judea in place of his father Herod, he was afraid to go there. Warned in a dream, he withdrew to the region of Galilee. Men lè li tande ke Archélaüs te gwo chèf nan Judée nan plas papa li, Hérode, li te pè ale la. Lè li te fin avèti pa Bondye nan yon rèv, li te sòti la, e te ale nan anviwon Galilée yo.
23 He went and lived in a town called Nazareth, fulfilling the prophets' words: "He will be called a Nazarene." Li te vin rete nan yon vil yo rele Nazareth pou sa ke pwofèt yo te pale yo ta kapab akonpli: “Yo va rele Li yon Nazareyen”.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]