Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Mark 9 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 He said to them, "Truly I tell you: some standing here will not taste death before they see the kingdom of our Father come with power." Jésus te di yo: “Anverite Mwen di nou, gen kèk moun nan sila ki kanpe la yo ki p ap goute lanmò jouk lè yo fin wè wayòm Bondye a rive avèk pouvwa.”
2 Six days later Jesus took Peter, James, and John, and led them up a high mountain alone, and he was transfigured before them. Sis jou pita, Jésus te pran avè L, Pierre, Jacques, avèk Jean, e te mennen yo sou yon mòn wo pou kont yo. La, devan yo, Li te transfòme nan yon lòt fòm.
3 His clothes became radiant, dazzling white—whiter than anyone on earth could bleach them. Rad Li yo te vin klere jis yo blanchi nèt, blanch kon okenn moun k ap fè lesiv nan mond sa a, pa t janm kab fè.
4 And Elijah appeared to them along with Moses, and they were talking with Jesus. Konsa, Élie ak Moïse te parèt devan yo ansanm, e yo t ap pale avèk Jésus.
5 Peter said to Jesus, "Rabbi, it's good that we're here. Let's make three shelters—one for you, one for Moses, and one for Elijah." Pierre te reponn pou di Jésus: “Mèt, se bon pou nou isit la; annou fè twa tabènak, youn pou Ou, youn pou Moïse, e youn pou Élie.”
6 He did not know what to say, for they were terrified. Paske li pa t konnen ki repons pou bay, akoz kè yo te plen avèk laperèz.
7 A cloud appeared and overshadowed them, and a voice came from the cloud: "This is my beloved Son. Listen to him!" Konsa, yon nwaj te fòme ki te vin mete yo nan fon lonbraj, e yon vwa te vin sòti nan nwaj la, “Sa se Fis Mwen; koute Li!”
8 Suddenly, when they looked around, they no longer saw anyone with them except Jesus. Nan menm moman sa a, yo te gade toupatou e pa t wè pèsòn avèk yo ankò, sof ke Jésus sèl.
9 Coming down the mountain, he ordered them to tell no one what they'd seen until the Son of Man rose from the dead. Pandan yo t ap desann mòn nan, Li te bay yo lòd pou pa di pèsòn sa yo te wè a, jouk lè ke Fis a Lòm nan ta leve soti nan lanmò.
10 So they kept the matter to themselves, questioning what rising from the dead could mean. Yo te reflechi anpil sou pawòl sa a, e te diskite youn avèk lòt sou sa sa vle di: “leve soti nan lanmò an”.
11 And they asked him, "Why do the scribes say that Elijah must come first?" Yo te mande Li: “Poukisa skrib yo di ke Élie oblije vini avan an?”
12 He said, "Elijah does come first and restores everything. Then why is it written the Son of Man must suffer much and be treated with contempt? Li te di yo: “Élie vrèman ap vini avan pou restore tout bagay. Men poukisa li ekri sou Fis a Lòm nan ke Li va soufri anpil bagay, e vin meprize?
13 But I tell you, Elijah has come, and they did to him whatever they pleased, as it is written about him." Men Mwen di nou Élie vrèman gen tan vini, e yo te fè l sa ke yo te pito, jan ke sa ekri sou li a.”
14 Coming to the other disciples, they saw a large crowd around the disciples, and scribes arguing with them. Lè yo te retounen kote disip yo, yo te wè yon gwo foul ki te antoure yo, e kèk skrib ki t ap diskite avèk yo.
15 As soon as the whole crowd saw Jesus, they were astonished and ran to greet him. Imedyatman, lè tout foul la te wè Li, yo te etone, e yo te kouri vini salye Li.
16 He asked them, "What are you arguing about with the scribes?" E Li te mande yo: “Kisa nou ap diskite avèk yo la a?”
17 Someone in the crowd answered him, "Teacher, I brought my son to you; he has a spirit that won't let him speak. Epi yon moun nan foul la te reponn Li: “Mèt, mwen te pote bay Ou fis Mwen an, ki gen yon move lespri ki fè l bèbè;
18 Whenever it seizes him, it throws him down. He foams at the mouth, grinds his teeth, and stiffens. I asked your disciples to drive it out, but they couldn't." epi lè li sezi l, li voye li atè. Li kimen nan bouch e manje dan l; kò li vin tou rèd. Mwen te pale disip Ou yo pou chase l, men yo pa t kapab.”
19 He replied, "You unbelieving generation, how long must I stay with you? How long must I endure you? Bring him to me." Konsa, Li te reponn yo e te di: “O jenerasyon enkredil, pou konbyen de tan ankò M ap avèk nou? Konbyen de tan ankò M ap sipòte nou? Fè l vin kote Mwen!”
20 They brought the boy to him. Seeing Jesus, the spirit instantly convulsed him; he fell to the ground, thrashing and foaming at the mouth. Yo te pote gason an kote Li. E lè li te wè L, lapoula lespri a te jete li nan yon gwo kriz. Li te tonbe atè, te kòmanse woule toupatou e kimen nan bouch.
21 Jesus asked the boy's father, "How long has this been happening to him?" "From childhood," he said. Jésus te mande papa li: “Depi kilè bagay sa a konn rive li?” Li te di: “Depi li timoun.
22 "It has often thrown him into fire and water to destroy him. But if you can do anything, pity us and help us." Souvan li konn voye li ni nan dlo, ni nan dife pou l detwi l. Men si Ou kapab fè yon bagay, gen pitye pou nou, e ede nou!”
23 Jesus said to him, "'If you can'? Everything is possible for the one who believes." Jésus te di li: “Si Ou kapab? Tout bagay posib pou sila a ki kwè a.”
24 Immediately the boy's father cried, "I believe; help my unbelief!" Konsa, papa a tigason an te kriye fò e te di: “Mwen kwè; ede enkredilite Mwen an.”
25 Seeing a crowd running together, Jesus rebuked the unclean spirit: "Mute and deaf spirit, I command you—come out of him and never enter him again!" Lè Jésus te wè yon foul moun t ap rasanble, Li te reprimande move lespri a. Li te di L: “Ou menm lespri soud e bèbè, Mwen kòmande ou, sòti nan li, e pa antre nan li ankò.”
26 Crying out and convulsing him hard, it came out. He looked like a corpse, so many said, "He's dead." Lè lespri a fin kriye fò, e jete li nan gwo kriz tèrib, li te sòti. Ti gason an te tèlman parèt kon yon kadav, ki te fè pi fò nan yo te di: “Li mouri!”
27 But Jesus took him by the hand and raised him up, and he stood. Men Jésus te pran li pa men li, te leve l, e Li te kanpe.
28 When Jesus had gone indoors, his disciples asked him privately, "Why couldn't we drive it out?" Lè Li te vini nan kay la, disip Li yo te kòmanse kesyone Li an prive: “Poukisa nou pa t kapab chase l?”
29 He told them, "This kind can come out only by prayer." Li te di yo: “Kalite sila a p ap kab sòti pa anyen, sof ke lapriyè.”
30 They left there and passed through Galilee. Jesus did not want anyone to know where they were, Depi la yo te ale pase nan tout Galilée, e Li pa t vle ke pèsòn konnen anyen sou sa.
31 because he was teaching his disciples, telling them, "The Son of Man is being handed into human hands. They will kill him, and three days later he will rise." Paske Li t ap enstwi disip Li yo e t ap di yo: “Fis a Lòm nan va livre nan men a lèzòm, e yo va touye Li. Epi lè Li fin touye, L ap resisite ankò twa jou pita.”
32 But they did not understand what he meant, and they were afraid to ask him. Men yo pa t konprann pawòl sila a, e yo te pè mande L.
33 They came to Capernaum. In the house he asked them, "What were you arguing about on the way?" Yo te vini Capernaüm, e lè Li te nan kay la, Li te kòmanse kesyone yo: “De kisa nou t ap diskite nan wout la?”
34 But they were silent, since they had argued along the way about who was greatest. Men yo te rete an silans; paske nan wout la, yo t ap diskite de kilès nan yo ki te pi gran.
35 He sat down, called the Twelve, and told them, "Anyone who wants to be first must be last of all and servant of all." Lè Li te fin chita, Li te rele douz yo, e Li te di yo: “Si yon moun vle premye, li va dènye de tout moun, e vin sèvitè a tout moun.”
36 He took a little child, stood him among them, took the child in his arms, and said to them: Li te pran yon timoun, e te fè l chita devan yo. Epi lè L pran li nan bra Li, Li te di yo:
37 "Whoever accepts one of these little children in my name accepts me; whoever accepts me accepts not me but the one who sent me." “Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou sila a nan non pa M, resevwa M; e nenpòt moun ki resevwa M, li pa resevwa Mwen, men Sila ki voye Mwen an.”
38 John said to him, "Teacher, we saw someone driving out demons in your name and tried to stop him, since he doesn't follow us." Jean te di Li: “Mèt, nou te wè yon moun ki t ap chase move lespri yo nan non Ou, e nou te eseye fè l sispann, paske li pa t ap swiv nou.”
39 But Jesus said, "Don't stop him—no one who does a miracle in my name can soon speak evil of me. Men Jésus te di: “Pa anpeche li, paske pa gen moun k ap fè yon mirak nan non Mwen, e apre byen vit ki ka pale mal de Mwen.
40 For whoever is not against us is for us. Paske sila ki pa kont nou an, li pou nou.
41 Truly I tell you, whoever gives you a cup of water to drink because you belong to Christ will never lose his reward. Paske nenpòt moun ki bay nou yon tas dlo pou bwè akoz nou nan Kris yo, anverite Mwen di nou, li p ap pèdi rekonpans li.
42 Whoever trips up one of these little ones who believe in me—better for him to have a large millstone hung around his neck and be thrown into the sea. “Nenpòt moun ki fè youn nan pitit sa yo ki kwè vin chape tonbe, li t ap pi bon pou li si yo te mete yon gwo wòch moulen nan kou li, e jete l nan lanmè.
43 If your hand trips you up, cut it off. Better to enter life maimed than with two hands to go into hell, into the unquenchable fire. “Si men nou fè nou chape tonbe, koupe l nèt; li pi bon pou nou ta antre nan lavi kokobe, pase avèk de men, pou nou ta jete nan twou san fon an, nan lanfè ki “pa kapab etenn nan,
44 Not in this edition ‘kote vè pa mouri, e dife pa janm etenn.’
45 If your foot trips you up, cut it off. Better to enter life lame than be thrown into hell with two feet. “E si pye nou fè nou chape tonbe, koupe li nèt; li pi bon pou nou antre nan lavi bwete, pase genyen tou de pye nou, e vin jete nan lanfè,
46 Not in this edition kote vè pa mouri, e dife pa janm etenn.
47 If your eye trips you up, throw it out. Better to enter the kingdom of our Father with one eye than be thrown into hell with two, “Si zye nou fè nou chape tonbe, retire li jete; li pi bon pou nou antre nan wayòm Bondye a avèk yon sèl zye, pase jete nan lanfè avèk de zye.
48 where 'their worm never dies and the fire never goes out.' Kote vè pa mouri, e dife pa janm etenn.
49 For everyone will be salted with fire. “Paske tout moun va vin sale ak dife, e chak sakrifis ap sizonnen ak sèl.
50 Salt is good, but if it loses its saltiness, how can you season it again? Keep salt among yourselves, and be at peace with each other." “Disèl la bon, men si disèl la vin pèdi gou, kilès k ap fè l gen gou sèl ankò. Fòk nou gen sèl nan nou, e rete anpè youn avèk lòt.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]