Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Mark 10 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 He left there for the region of Judea and beyond the Jordan; crowds gathered to him again, and as usual he taught them once more. Lè l leve, Li te kite la pou landwa Juda a, ak lòtbò Jourdain an. Foul yo te antoure Li ankò, e selon koutim Li, Li te kòmanse enstwi yo ankò.
2 Some Pharisees came to test him, asking, "Is it lawful for a man to divorce his wife?" Kèk Farizyen te vin kote L pou sonde L, e te kesyone L pou si li te pèmi pou yon mesye divòse ak madanm li.
3 He answered them, "What did Moses command you?" Konsa, Li te reponn li e te di: “Kisa Moïse te kòmande nou?”
4 They said, "Moses permitted a man to write a certificate of divorce and send her away." Yo te di: “Moïse te bay dwa pou yon mesye ekri yon sètifika pou l divòse ak li, epi voye l ale.”
5 Jesus told them, "He wrote you this command because your hearts were hard. Men Jésus te di yo: “Akoz kè di nou, li te ekri nou kòmandman sa a.
6 But from the beginning of creation, our Father made them male and female. Men depi kòmansman kreyasyon an, Bondye te fè yo mal ak femèl.
7 'For this reason a man will leave his father and mother and be joined to his wife, Pou rezon sa a, yon gason va kite papa li ak manman li,
8 and the two will become one flesh.' So they are no longer two, but one flesh. epi yo de a ap vin fè yon sèl chè. An konsekans, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè.
9 Therefore what our Father has joined together, let no one separate." Pou rezon sa a, sa ke Bondye gen tan lye ansanm, pa kite okenn moun separe l.”
10 Back in the house, the disciples asked him about this again. Anndan kay la, disip yo te kesyone Li ankò.
11 He said to them, "Whoever divorces his wife and marries another commits adultery against her, E Li te di yo: “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li pou marye avèk yon lòt fanm, fè adiltè kont li.
12 and if she divorces her husband and marries another, she commits adultery." E si fanm nan divòse ak mari li e marye avèk yon lòt, li menm tou fè adiltè.”
13 People were bringing children to him so that he might touch them, but the disciples rebuked them. Konsa yo t ap pote timoun bay li pou L ta kapab touche yo, e disip yo te reprimande yo.
14 When Jesus saw this, he grew angry and said, "Let the children come to me; don't stop them, for the kingdom of our Father belongs to such as these. Men lè Jésus te wè sa, Li te mekontan e te di yo: “Kite timoun yo vini kote Mwen; pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou sila ki tankou sa yo.
15 Truly I tell you, whoever doesn't receive our Father's kingdom like a child will never enter it." Anverite Mwen di nou: nenpòt moun ki pa resevwa wayòm Bondye a kon yon timoun, li p ap antre li menm.”
16 And he took them in his arms and blessed them, laying his hands on them. Epi li te pran yo nan bra Li, te beni yo, e te poze men L sou yo.
17 As he started down the road, a man ran up, knelt before him, and asked, "Good Teacher, what must I do to inherit eternal life?" Pandan Li t ap prepare pou yon vwayaj, yon nonm te kouri kote L, te mete l ajenou devan Li. Li te mande L: “Bon Mèt, kisa mwen dwe fè pou eritye lavi etènèl?”
18 Jesus asked, "Why call me good? No one is good except our Father alone. Epi Jésus te di Li: “Poukisa ou rele M bon? Nanpwen moun ki bon sof ke Bondye sèl.
19 You know the commandments: 'don't murder, commit adultery, steal, or give false testimony; don't defraud; honor your father and mother.'" Ou konnen kòmandman yo, ‘Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, pa twonpe moun, onore papa ou avèk manman ou’.”
20 He said to him, "Teacher, all these I have kept since my youth." Konsa li te di Li: “Mèt, mwen fè tout bagay sa yo depi mwen timoun.”
21 Jesus looked at him and loved him. "One thing you lack: go, sell everything you own, give to the poor—you'll have treasure in heaven—then come follow me." Jésus te byen gade li. Li te gen yon lanmou pou li. Li te di l: “Yon bagay ou manke; ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e ou va gen richès nan syèl la. E konsa, vin swiv Mwen.”
22 At this word his face fell, and he went away grieving, for he had many possessions. Men avèk pawòl sa yo, li te vin atriste. Li te kite lye sa a, byen dezole, paske li te yon moun ki te gen anpil byen.
23 Jesus looked around and told his disciples, "How hard it will be for the wealthy to enter the kingdom of our Father!" Jésus te gade toupatou e te di a disip li yo: “Ala sa ap difisil pou sila ki gen anpil richès antre nan wayòm Bondye a!”
24 The disciples were amazed at his words. Jesus said to them again, "Children, how hard it is to enter the kingdom of our Father! Disip Li yo te etone de pawòl Li yo. Men Jésus te reponn yo ankò e te di yo: “Zanfan yo, ala sa difisil pou antre nan wayòm Bondye a!
25 A camel goes through a needle's eye easier than a rich person enters our Father's kingdom." L ap pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon egwi, pase pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a.”
26 They were even more astonished and said to one another, "Then who can be saved?" Yo te menm pi etone. Yo te di l: “Ebyen, kilès ki kab sove?”
27 Jesus looked at them and said, "With man, impossible; but not with our Father, for all things are possible with our Father." Tou ap gade yo Jésus te di: “Avèk moun, sa pa posib, men li pa konsa avèk Bondye. Paske tout bagay posib avèk Bondye.”
28 Peter began to say to him, "Look, we have left everything and followed you." Pierre te kòmanse di L: “Gade, nou gen tan kite tout bagay e te swiv Ou.”
29 Jesus said, "Truly I tell you, no one has left house or brothers or sisters or mother or father or children or fields for my sake and for the gospel, Jésus te di: “Anverite Mwen di nou, ‘Nanpwen pèsòn ki kite kay li, oswa frè li, oswa sè li ak pitit li, ni manman ni papa, oswa jaden li pou koz Mwen ak pou koz levanjil la,
30 "who won't receive a hundredfold now, in this time—houses, brothers, sisters, mothers, children, fields, with persecutions—and in the age to come, eternal life. men ke l ap resevwa san fwa plis koulye a, nan tan sila a, kay, frè, sè ansanm avèk pèsekisyon yo; e nan laj k ap vini an, lavi etènèl.
31 But many who are first will be last, and the last first." Men anpil moun ki premye ap vin dènye; e dènye yo va vin premye.
32 On the road up to Jerusalem, Jesus walked ahead of them. They were amazed, and those following were afraid. Taking the twelve aside again, he began telling them what was about to happen to him: Yo te sou wout la pou ale Jérusalem e Jésus t ap mache pi devan yo. Yo te etone, e sila ki te swiv yo te pè anpil. Ankò Li te rele douz yo akote e te kòmanse di yo kisa ki ta vin rive Li.
33 "Look, we're going up to Jerusalem. The Son of Man will be handed over to the chief priests and scribes, who will condemn him to death and hand him over to the Gentiles. “Byen gade, nou ap monte Jérusalem. Fis a Lòm nan va livre a chèf prèt yo avèk skrib yo. Yo va kondane Li a lanmò, e yo va livre li a payen yo.
34 They will mock him, spit on him, flog him, and kill him; after three days he will rise." Epi y ap moke L, krache sou Li, bay Li gwo kout fwèt, e touye L. Twa jou pita, L ap resisite.”
35 James and John, Zebedee's sons, came to him and said, "Teacher, we want you to do for us whatever we ask." Jacques, Jean, avèk de fis Zébédée yo te vin kote L. Yo te di L: “Mèt, nou vle ke Ou fè pou nou nenpòt sa ke nou mande Ou”.
36 He said to them, "What do you want me to do for you?" Li te di yo: “Kisa nou vle M fè pou nou”?
37 They said to him, "Let us sit in your glory, one at your right, one at your left." Yo te di L: “Bannou dwa pou nou kapab chita nan glwa Ou, youn sou bò dwat Ou, e youn sou bò gòch Ou nan glwa Ou.”
38 Jesus said to them, "You don't know what you're asking. Can you drink the cup I drink, or be baptized with the baptism I'm baptized with?" Men Jésus te di yo: “Nou pa konnen sa n ap mande a. Èske nou kapab bwè tas ke M ap bwè a, oubyen batize avèk batèm ke Mwen ap batize a?”
39 "We can," they said. Jesus said to them, "The cup I drink, you will drink; the baptism I'm baptized with, you will be baptized with, Yo te di L: “Nou kapab”. Jésus te reponn yo: “Tas ke M ap bwè a, nou ap bwè. Epi nou ap batize avèk menm batèm ke M ap batize a.
40 but sitting at my right or left isn't mine to give - that's for those it's prepared for." Men pou chita bò dwat Mwen, oubyen bò gòch Mwen an, sila a se pa pa M nan pou M ta bay, men se pou sila ke li te prepare yo.”
41 Hearing this, the ten grew indignant at James and John. Lè yo tande sa, dis lòt yo te kòmanse santi ke yo te mekontan avèk Jacques ak Jean.
42 Jesus called them together and said, "You know that those regarded as rulers of the Gentiles dominate them, and their great ones wield power over them. Konsa, Jésus te rele yo a Li menm. Li te di yo: “Nou konnen ke sila ki rekonèt kon chèf pami payen yo domine sou yo, epi gwo chèf yo egzèse otorite sou yo.
43 But it isn't so among you. Instead, whoever wants to be great among you must be your servant, Men li pa konsa pami nou menm, men nenpòt moun ki vle vin gran pami nou, va sèvi nou.
44 and whoever wants to be first among you must be slave of all. Nenpòt moun ki vle premye pami nou, va vin esklav a nou tout.
45 For even the Son of Man came not to be served, but to serve, and to give his life as a ransom for many." Paske menm Fis a Lòm nan pa t vin pou yo sèvi Li, men pou bay vi li kon yon ranson pou anpil lòt.”
46 They came to Jericho. As Jesus and his disciples were leaving with a large crowd, blind Bartimaeus son of Timaeus sat begging by the road. Konsa yo te rive Jéricho. E pandan Li t ap kite Jéricho avèk disip Li yo, ansanm ak yon gwo foul la, yon avèg ki t ap mande, ki te rele Bartimée, fis a Timée, te chita akote wout la.
47 Hearing it was Jesus of Nazareth, he began to cry out, "Jesus, Son of David, have mercy on me!" Lè l tande ke se te Jésus, Nazareyen an, li te kòmanse kriye fò e te di: “Jésus, Fis a David la, gen pitye pou mwen!”
48 Many scolded him to be silent, but he shouted even louder, "Son of David, have mercy on me!" Konsa, anpil moun t ap pale ak li sevèman pou li ta pe la, men li te kriye pi fò: “Fis a David la: gen pitye pou mwen!”
49 Jesus stopped and said, "Call him." So they called the blind man: "Courage! Get up—he's calling you." Konsa, Jésus te rete la, e te di: “Rele Li.” Yo te rele avèg la. Yo te di l: “Pran kouraj! Leve kanpe! L ap rele ou!”
50 Throwing off his cloak, he jumped up and came to Jesus. Li te jete akote gwo vètman li, te vòltije kanpe byen vit, e te rive kote Jésus.
51 Jesus told him, "What do you want me to do for you?" The blind man told him, "Rabboni, let me see again." Jésus te reponn li, e te di l: “Kisa ou vle M fè pou ou?” Mesye avèg la te di L: “Rabouni (ki vle di Mèt), mwen vle wè ankò!”
52 Jesus told him, "Go; your faith has healed you." At once he regained his sight and followed Jesus on the road. Jésus te di l: “Ale! Lafwa ou fè ou geri.” Lapoula, li te wè ankò, e li t ap swiv Li sou wout la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]