Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Luke 7 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 After he had finished saying all this to the people, he entered Capernaum. Lè Li te fin konplete tout diskou Li a nan tande a pèp la, Li te ale Capernaüm.
2 A centurion's servant who was dear to him was sick and at the point of death. Epi esklav a yon sèten santenye, ke li te renmen anpil, te malad e te prèt pou mouri.
3 Hearing about Jesus, the centurion sent Jewish elders, asking him to come and heal his servant. Lè li te tande afè Jésus a, chèf santenye a te voye kèk nan Jwif ansyen yo pou mande Li vin sove lavi a esklav li a.
4 Reaching Jesus, they pleaded urgently: he deserves to have you do this for him, Lè yo te rive kote Jésus, yo te sipliye L avèk tout kè yo. Yo te di: “Li merite pou Ou ta fè sa pou li.
5 for he loves our nation, and he is the one who built us our synagogue. Paske li renmen nasyon nou an. Se te li ki te bati sinagòg nou an.”
6 Jesus went with them. He was nearly at the house when the centurion sent friends to say, "Lord, don't trouble yourself—I'm not worthy for you to enter under my roof. Jésus te pran wout la avèk yo. Lè Li te vin prè kay la, santenye a te voye zanmi yo pou di L: “Senyè, pa twouble tèt Ou plis, paske mwen pa dign pou Ou ta antre menm anba twati kay mwen.
7 So I did not presume to come to you. But say the word, and let my servant be healed. Pou rezon sa a, mwen pa t menm konsidere ke m te dign pou m te vin kote Ou. Men sèlman di yon mo e sèvitè mwen an va geri.
8 For I too am a man under authority, with soldiers under me. I tell one, 'Go,' and he goes; another, 'Come,' and he comes; my servant, 'Do this,' and he does it." Paske mwen tou se yon moun plase anba otorite, avèk sòlda yo anba m. Mwen di a sila a: ‘Ale’, e li ale, e a yon lòt ‘Vini’, e li vini; e a esklav mwen ‘Fè sa’, e li tou fè l.”
9 Hearing this, Jesus was amazed at the centurion, turned to the crowd following him, and said, "I tell you, I have not found such faith even in Israel." Alò, lè Jésus te tande sa, Li te etone de li. Li te vire di foul ki t ap swiv Li a: “Mwen di nou, pa menm an Israël Mwen pa t twouve yon si gran lafwa.”
10 And when those who had been sent returned to the house, they found the servant well. Epi lè sila ki te voye yo te vin retounen, yo te twouve esklav la an bòn sante.
11 Soon after, he went to a town called Nain, with his disciples and a big crowd. Pa anpil tan apre sa, Li te ale nan yon vil yo rele Naïn. Disip Li yo t ap ale avè l akonpanye pa yon gwo foul moun.
12 As he neared the town gate, a dead man was being carried out—an only son to his mother, a widow—and a large crowd from the town was with her. Pandan Li t ap pwoche pòtay lavil la, gade, yo t ap pote yon nonm mouri. Li te sèl fis a manman l ki te yon vèv. Yon foul konsiderab te avè l.
13 When the Lord saw her, he felt compassion for her and said, "Don't cry." Lè Senyè a te wè l, li te gen konpasyon pou li. Li te di l: “Pa kriye.”
14 He stepped up and touched the bier; the carriers stopped, and he said, "Young man, I tell you, get up." Li te pwoche, te touche sèkèy la, e moun potè yo te kanpe san deplase. Li te di: “Jennonm, Mwen di ou leve!”
15 And the dead man sat up and began to speak, and Jesus gave him to his mother. Moun mouri an te vin chita, e te kòmanse pale. Konsa, Jésus te remèt li bay manman l.
16 Fear gripped them all; they praised our Father: "A great prophet has risen among us!" "Our Father has visited his people!" Lakrent te sezi yo tout, yo t ap bay glwa a Bondye, e te di: “Yon gran pwofèt gen tan leve pami nou!” E “Bondye vizite pèp Li a”!
17 And this report about him spread through the whole of Judea and all the surrounding country. Rapò sila a konsènan Li te gaye toupatou nan Juda ak tout landwa nan distri yo.
18 John's disciples told him all these things. Then John called two of his disciples, Disip a Jean yo te bay li rapò konsènan tout bagay sa yo.
19 sent them to the Lord: "Are you the one who is to come, or should we look for another?" Konsa, li te rele de nan disip li yo, e te voye yo kote Senyè a pou mande: “Èske Ou se Sila k ap vini an, oubyen èske n ap tann yon lòt?”
20 When the men reached him, they said, "John the Baptist sent us to you, asking, 'Are you the one who is to come, or should we expect someone else?'" Lè mesye yo te rive a Li menm, yo te di: “Jean-Baptiste voye nou kote Ou menm pou mande ‘Èske Ou se Sila k ap vini an, oubyen èske n ap tann yon lòt?’”
21 In that hour he healed many of diseases, plagues, and evil spirits, and gave sight to many blind. Nan menm lè sa a, Li te geri anpil moun avèk maladi, afliksyon, ak move lespri; epi Li te bay vizyon a anpil moun ki te avèg.
22 He answered them, "Go tell John what you've seen and heard: the blind see, the lame walk, lepers become clean, the deaf hear, the dead rise, and the poor hear good news. Li te reponn e te di yo: “Ale bay rapò a Jean sou sa nou wè ak tande. ‘Avèg yo vin wè, bwate yo vin mache, lepre yo vin pwòp, soud yo tande, mò yo leve, e malere yo gen bòn nouvèl la preche a yo menm.
23 And blessed is the one who is not offended by me." Beni se sila ki pa pran ofans akoz Mwen.’”
24 When John's messengers left, Jesus spoke to the crowds about John: "What did you go into the wilderness to see? A reed swaying in the wind? Lè mesaje a Jean yo te sòti, Li te kòmanse pale a foul la sou Jean: “Kisa nou te ale nan dezè a pou wè? Yon wozo k ap souke pa van?
25 What then did you go out to see? A man dressed in soft clothes? Look—those dressed in splendor, living in luxury, are in kings' palaces. Men kisa nou te ale pou wè? Yon nonm abiye an twal swa? Gade byen, sila ki abiye byen bèl e ki viv nan richès yo se nan palè wayal yo ye.
26 But what did you go out to see—a prophet? Yes, I tell you: more than a prophet. Men kisa nou te ale wè? Yon pwofèt? Wi, Mwen di nou, se youn ki plis ke yon pwofèt.
27 This is the one Scripture speaks of: 'Look, I'm sending my messenger ahead of you to prepare your way before you.' “Se li menm sou sila yo te ekri a: ‘Veye byen, Mwen voye, mesaje Mwen devan fas Ou, ki va prepare chemen Ou an devan Ou.’
28 I tell you: no one born of women is greater than John—yet the least in our Father's kingdom is greater than he." “Mwen di nou, pami sila ki ne de fanm yo, nanpwen youn ki pi gran ke Jean; malgre sila ki pi piti nan wayòm Bondye a, pi gran pase li.”
29 (When all the people, including the tax collectors, heard this, they declared our Father just, having been baptized with John's baptism, Lè tout pèp la avèk kolektè kontribisyon yo te tande sa, yo te rekonèt jistis Bondye; akoz yo te batize avèk batèm Jean an.
30 but the Pharisees and lawyers rejected our Father's purpose for themselves, not baptized by him.). Men Farizyen yo avèk avoka yo te rejte volonte a Bondye pou yo menm, akoz ke yo pa t batize avèk batèm a Jean an.
31 "To what then should I compare the people of this generation, and what are they like? “A kisa Mwen kapab konpare lèzòm nan jenerasyon sila a, e ak kisa yo sanble?
32 They are like children sitting in the marketplace, calling to each other: 'We played the flute for you, and you didn't dance; we sang a dirge, and you didn't weep.' Yo tankou timoun ki chita nan plas mache a, e k ap rele youn lòt; epi yo di: ‘Nou te jwe flit la pou ou, e ou pa t danse; nou te chante yon antèman, e ou pa t kriye.’
33 For John the Baptist came eating no bread, drinking no wine, and you say, 'He has a demon.' Paske Jean-Baptiste te vinisan manje pen, ni bwè diven; epi nou di ke li te gen yon dyab!
34 The Son of Man came eating and drinking, and you say, 'See, a glutton and a drunkard, a friend of tax collectors and sinners!' Fis a Lòm nan vini nan manje, ak bwè; epi nou di: ‘Gade, yon nonm ki manje twòp, yon moun sou, yon zanmi a kolektè kontribisyon avèk pechè yo!
35 Yet wisdom is justified by all her children." Men sajès lajistifye pa tout pitit li yo.
36 A Pharisee invited him to eat with him; he went into the Pharisee's house and reclined at the table. Alò, youn nan Farizyen yo t ap mande L pou dine avèk li. Konsa, Li te antre lakay Farizyen an, e te rete sou tab la.
37 A woman in the city, a sinner, learned he was reclining at table in the Pharisee's house and brought an alabaster bottle of perfume. E te gen yon fanm nan vil la ki te yon pechè. Lè l vin konprann ke Li te sou tab lakay Farizyen an, li te pote yon bokal blan plen avèk pafen albat.
38 Standing behind him at his feet, weeping, she began wetting his feet with her tears, wiped them with her hair, kissed his feet, and anointed them with the perfume. Li te kanpe dèyè Li, kote pye Li. Pandan l ap kriye, li te kòmanse mouye pye Li avèk dlo ki sòti nan zye li, epi siye yo avèk cheve li. Li te kontinye siye yo avèk cheve tèt li e bese nan pye Li, pou onksyone yo avèk pafen an.
39 Seeing this, the Pharisee who'd invited him thought, "If he were a prophet, he'd know who's touching him and what kind of woman she is—a sinner." Alò, lè Farizyen ki te envite Li a te wè sa, li te di a pwòp tèt li: “Si mesye sa a te yon pwofèt, Li t ap konnen ki kalite moun fanm sa a ye k ap touche Li a, ke li se yon pechè.”
40 Jesus replied to him, "Simon, I have something to say to you." He said, "Say it, Teacher." Jésus te reponn li: “Simon, Mwen gen yon bagay pou di ou.” Li te di: “Pale, Mèt.”
41 "A certain moneylender had two debtors. One owed 500 denarii, and the other fifty. Yon sèten moun ki prete lajan te gen de zòm ki te dwe l: youn te dwe l senk-san denye, epi lòt la, senkant.
42 Since neither could pay, he canceled both debts. So which of them will love him more?" Lè yo pa t kapab repeye, avèk gras, li te padone yo toulède. Pou sa, kilès nan yo k ap renmen li plis?”
43 Simon answered, "I suppose the one he forgave the larger debt." Jesus said, "You judged rightly." Simon te reponn e te di: “Mwen sipoze ke se sila ke li te padone plis la.” “ Li te di li: “Ou jije byen”.
44 Turning to the woman, he told Simon, "Do you see this woman? I entered your house—you gave no water for my feet, but she wet my feet with her tears and wiped them with her hair. Lè Li vire vè fanm nan, Li te di Simon: “Èske ou wè fanm sa a? Mwen te antre lakay ou. Ou pa t ban M dlo pou pye Mwen, men li mouye pye M avèk dlo zye li, e li te siye yo avèk cheve li.
45 You gave me no kiss, but she, from when I came in, hasn't stopped kissing my feet. Ou pa t bo M; men li menm, depi lè M antre a li pa sispann bo pye Mwen.
46 You did not anoint my head with oil, but she has anointed my feet with perfume. Ou pa t onksyone tèt Mwen avèk lwil, men li te onksyone pye Mwen avèk pafen.
47 So I tell you, her many sins are forgiven, because she loved much. But whoever is forgiven little loves little." “Pou rezon sa a Mwen di ou, peche li yo ki te anpil, vin padone, paske li te renmen anpil: men sila a ki padone piti, renmen piti.”
48 And he said to her, "Your sins are forgiven." Answit Li te di li: “Peche ou yo padone”.
49 Then his fellow guests began asking each other, "Who is this, who even forgives sins?" Sila ki te sou tab avèk Li yo te kòmanse di a yo menm: “Ki moun sa ye ki menm padone peche?”
50 And he said to the woman, "Your faith has saved you; go in peace." Epi Li te di a fanm nan: “Lafwa ou sove ou; ale anpè.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]